Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Repibik Ayti Logo du Konsèy Administyrasyon Akademi Kreyòl Ayisyen

Mesaj Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA)

Monseyè Pierre-André Pierre
Little Haiti Book Festival 2019—Foli Liv
Miami 5 me 2019

Monseyè Pierre-André Pierre, nouvo prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen.

Monseyè Pierre-André Pierre, nouvo prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen. Foto: Le Nouvelliste.

Onè.

Mesyedam lasosyete, bonjou.

Mwen kontan vini pale avèk nou antan prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an.

Nan non tout Akademisyen yo ak nan non Konsèy Administyrasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA), mwen di onè respè pou ekip òganizatè evennman Little Haiti Book Festival 2019, foli liv Miami.

Onè respè pou Ministè Kilti ak Kominikasyon ki prezan avèk nou. Onè respè pou lòt Akademisyen ki prezan tou nan aktivite sa a, Féquière Vilsaint, Michel-Ange Hyppolite, Nicolas André.

Onè respè pou Sosyete Koukouy ak ekip Miami International Bookfair ak tout patnè li yo, ki mare sosis yo ansanm pou akouche bèl manifestasyon kiltirèl sa a nan Little Haiti, nan mwa me sa a nou tabli kòm «Mwa Kiltirèl Ayiti» nan Miami. Onè respè pou Prezidan Sosyete Koukouy Jean Marie Willer Denis, Jean Mapou ak tout kolaboratè li yo. Mesye sa a se manm Konsèy Konsiltatif Akademi Kreyòl Ayisyen an.

Onè respè pou tout ekriven, konferansye, librè, atis ak atizan ki reponn prezan pou pote touch ak koulè pa yo pou yon pi bèl fèt liv, konesans, lide ak kilti. Onè respè pou chak konpatriyòt, chak festivalye, chak moun san distenksyon, ki fè deplasman pou vin bay inisyativ sila a yon ochan li byen merite. Onè respè laprès, tout medya yo, espesyalman medya Ayisyen yo ki ap gaye nouvèl la. Onè respè pou tout patisipan yo.

Mwen rann mwen kont kè m twò piti pou m pote dividal kontantman ki abite m jodi a kòm envite nan youn nan pi gwo evennman literè ak atistik dyaspora ayisyen an nan peyi Etazini. Mwen kontan konstate lang, literati ak kilti kreyòl ayisyen an genyen yon plas fondamantal nan pwogramasyon Little Haiti Book Festival la. Sa moutre aklè Ayisyen pa pèdi yon yota nan lanmou ak enterè yo genyen pou peyi yo, pou kilti yo ak pou lang yo. N ap mache avèk lang kreyòl nou kèlkeswa kote nou ale nan dènye limit latè.

De goch a dwat: Frenand Leger, Tontongi, Pauris Jean-Baptiste e Renauld Govain nan Fakilte Lengwistik Aplike an oktòb 2018.

De goch a dwat: Frenand Leger, Tontongi, Pauris Jean-Baptiste e Renauld Govain nan Fakilte Lengwistik Aplike an oktòb 2018.

Dyaspora nou an, se yon richès pou peyi nou an, Ayiti. Mwen pa p pale richès voye transfè Ayiti. Wi, se bèl bagay! Mwen pa p pale non plis richès anpil ayisyen ki fè gwo etid oubyen gwo eksperyans nan Etazini, bagay ki kapab ede Ayiti. Richès mwen vle pale nou an, se kilti. Se yon richès Bondye ban nou, pou nou separe li antre nou e avèk lòt pèp. Men nan richès kilti nou an, nou gen lang kreyòl nou an ki se poto mitan li. Jodi a kòm reprezantan Akademi Kreyòl Ayisyen an, mwen vini wè avèk nou kouman Dyaspora a pral ede nou batay pou nou monte drapo kreyòl la byen wo! Pi wo! Akademi an, se 36 Akademisyen fi ak gason. Akademisyen ki Ayiti, ki nan Dyaspora a. Travay la anpil. Batay la difisil, li rèd. 36 moun avèk tout bon volonte yo, avèk tout fòs kouraj yo, yo pa kapab ale byen lwen si pi plis Ayisyen pa mete men.

Kit Ayiti, kit Etazini an nou leve kanpe pou bay lang kreyòl la jarèt, pou nou bay kilti nou jarèt. Akademi an bezwen Ayisyen bò isit la, pou pote kole nan bay kreyòl la jarèt. Bravo deja pou lang nou an ki ofisyèl nan lakou Eta Nouyòk. Bravo pou lang nou an k ap vale teren toupatou nan Florid. Mezanmi, mwen konte sou nou pou richès kiltirèl lang nou an, pou nou separe li avèk sè ak frè nou Ayisyen parèy nou, epi tou avèk tout ras lòt peyi ki vin chache lavi Etazini. Se pou nou klewonnen toupatou kreyòl la se richès. Y ap anseye li, y ap etidye li nan inivèsite pabò isit. Chili yo t ap aprann 400 polisye pale kreyòl. Bèl koral toupatou sou latè ap chante fòlklò nou, nan lang nou. Nan peyi Chin, byen lwen Ayiti, atout nou pa t gen relasyon diplomatik avèk peyi a, sa pa pwoblèm pou yo mete kanpe yon fakilte lang kreyòl.

Akademi an deja mare kòn li avèk Dyaspora a, paske ki genyen Akademisyen ki soti toupatou nan Etazini, ki soti Kanada. Gen 4 Akademisyen ki prezan nan aktivite sa jodi a. Mwen vini chache nou, pou nou gen plis jwè nan ekip la. Ansanm ansanm, annou fè yo wè kreyòl la se kat idantite nou, se mak fabrik nou, se nanm nou.

Mwen ta renmen fè nou remake yon bagay. Nou wè kreyòl la se yon pakèt lang. Kreyòl la se Ayisyen ki fè li, epi Ayisyen trennen li dèyè li toupatou, tout kote li pase. Se sèl lang nan Amerik la ki monte drapo li jan Ayisyen fè li monte. Ou pa p jwenn okenn lòt lang ki soti nan zile Antiy yo, ki soti nan pèp toulède Amerik yo, epi ki vin taye banda alawonnbadè. Ki lòt peyi nan Amerik la ki kreye lang pa li, epi lang lan ap fleri jouk nan Chin? Ki lòt lang yon pèp nan Amerik la kreye, epi yo mennen li ofisyèl nan lakou lavil Nouyòk, nan lakou Eta Nouyòk? Epi li rive Monreyal, kote chat vil Monreyal la gen tradiksyon kreyòl li ofisyèl? Pou li rive la a nan Chili, kote y ap bay kou kreyòl pou polisye ?

Kreyòl la zansèt nou yo te kite pou nou an li toujou djanm. Malgre zòt ba l yon gagann pou te kase kou li pou estèmine li nan lane 1918, pandan okipasyon ameriken an, kote pou premye fwa yo mete franse kòm lang ofisyèl obligatwa nan peyi Ayiti, malgre tousa, kreyòl la reziste e li kenbe pi rèd. Kreyòl ki pale, kreyòl ki konprann. Epi, l ap mache toujou, epi l ap make pwen.

Nan peyi nou, kreyòl la pou Leta sanble se sou papye li ofisyèl sèlman. Men nan peyi nou tou, kit nan mòn, kit lakanpay, kit lavil, se limenm sèl kòk ki chante, kreyòl nou an. Se lang pèp la. Se li ki ofisyèl pou pèp la nan tout Ayiti. Nan peyi nou, pwovèb se li, chante se li, joure se li, nan mache se li, nan kanaval ak nan rara se li, nan manifestasyon se li, nan pifò radyo ak televizyon se li, menmsi pou kèk moun, se franse a ki sèl lang ofisyèl jouk jounen jodi a, paske se sou papye kreyòl la li ofisyèl vre, nou pa p bouke repete sa. Mezanmi, se sa ki fè nou bezwen batay, nou bezwen moun, nou bezwen sòlda pou ede nou rive jwenn viktwa sa a. Si nan vil Nouyòk la, se pa manti, kreyòl ofisyèl reyèlman vre, men se poko Ayiti tout bon. Ki lè n ap gen tout dokiman ofisyèl lakay nou an kreyòl ? Ki lè lajisitis nan peyi Ayiti ap fèt an kreyòl? Ki lè Leta ap fòme kad li yo pou pa gen diskriminasyon lang nan administrasyon piblik la, elatriye?

Lang Kreyòl nou an, se sèl lang nan tout Amerik la, se sèl lang nouvo ki kreye e k ap viv toujou, ki pa pèdi e ki vin entènasyonal. Lè m di lang nouvo, m vle di gen lòt lang ki pi ansyen, ki te la anvan. Ou gen lang premye abitan yo nan Amerik la, yo anpil. Brezil, Bolivi, Chili, Meksik plen lang otoktòn yo pale. Men se pou lakay yo.

Lang pa nou an, lang kreyòl la se yon lang nouvo pa rapò a tout lòt sa yo. Men se sèl limenm kreyòl la, nan tout Amerik la ki fè kalite siksè sa, malgre depi san (100) lane politisyen anba lokipasyon te mete l sou kote ; malgre lòt etranje te vini soti Lafrans osinon Kanada pou vin fè yon «okipasyon mantal» avèk lang fransè : «en veux-tu, en voilà», pou plati kreyòl la. Anverite, kreyòl la toujou la, tennfas, epi l ap kenbe pi rèd.

Akademi Kreyòl Ayisyen an ap pwofite moman sila a pou li savalouwe travay ak detèminasyon tout konpatriyòt, tout etranje, ki temwànye atachman yo ak Ayiti atravè pwomosyon lang li ak kilti li. Akademi an pran nòt sou divès travay syantifik etidyan, pwofesè ak inivèsite isit la antreprann pou pouse lang kreyòl pi douvan sou chimen pwogrè. Mwen ka site Akademisyen Féquière Vilsaint, k ap travay isit la nan Florid, ki rive pibliye plizyè tòm Ansiklopedi an kreyòl. Akademi an di ochan pou kokennchenn travay sa a. Pandanstan, AKA a, bò kote pa li, ap kontinye travay kinalaganach pou li mete bon jan zouti disponib pou travay la fèt pi byen. Nou deja pibliye yon Rezolisyon sou òtograf lang kreyòl la, kote nou distribye li pratikman nan dis (10) depatman jewografik peyi Ayiti. Asanble Akademisyen yo ap travay sou 2èm Rezolisyon an k ap gen pou parèt anvan lontan.

Mezanmi ! M pa vle fini pou m pa remèsye yon lòt fwa ankò tout patnè yo ak Sosyete Koukouy k ap travay depi lane 1965 pou drapo lang, literati ak kilti kreyòl ayisyen an toujou flote ak fyète Etazini, Kanada tankou Ayiti. Konpliman pou inisyativ kiltirèl sa a ki rasanble Ayisyen k ap viv Ayiti ak Ayisyen k ap viv andeyò Ayiti ak patnè nan Miami ak tout lòt moun ki kontan vin dekouvri Ayiti atravè kreyatè li yo nan evennman sa a. Kenbe l. Kenbe l nèt ale.

Mèsi anpil. Viv lang kreyòl la! Viv kilti nou! Viv Ayiti!

—Monsenyè Pierre-André Pierre Prezidan Konsèy Administrasyon, Akademi Kreyòl Ayisyen

Signature de Monsenyè Pierre-André Pierre, Prezidan Konsèy Administrasyon, Akademi Kreyòl Ayisyen

6, ri Magerit, Tijo (rue des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn: (509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0817-18; enfomasyon@akademikreyol.net

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com