Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Prezantasyon twa nouvo liv pibliye kay Trilingual Press :

Kiki Wainwright : Tanbou liberasyon / Tambour de la libération / Drum of Liberation
Don D. William : Flèch Palmis pa Fizi
Kwitoya : Pawolitik, Yon pale anralba

The front cover of Tanbou liberasyon by Kiki Wainwright.

Kiki Wainwright : Tanbou liberasyon / Tambour de la libération / Drum of Liberation

Kiki Wainwright : Dezyèm piblikasyon liv n ap anonse se yon seleksyon powèm an twa lang (ayisyen, franse e angle) powèt-mizisyen Kiki Wainwright fèk met deyò, Tanbou liberasyon/Tambour de la libération / Drum of Liberation [ISBN : 978-1-936431-28-8]. Powèm Kiki yo (tout moun rele l Kiki) trè touchan. Tout metafò li yo se yon kout ponya kont opresyon moun pa lòt moun. Nou remake yon bèl omaj li bay ansyen militan pou liberasyon ak dwa Ayisyen, defen Karl Levêque, ki mouri nan Monreyal, Kanada, an 1986. Powèm-omaj la rele « Kout chapo pou Kal Levèk » ; an nou li yon pati :

Kal pa t ti kal gason :
radyo se te pa l
jounal se te pa l
mizik se te pa l
teyoloji se te pa l.
Se pa toulejou nou kontre
yon senti nwa nan karate.

Toudenkou tou li ka womantik, kou nan powèm « Chak kou nou te kontre… » :

Chak kou nou te kontre
flè te konn boujonnen sou tout chimen w,
zwazo te konn chante kote ou pase.

Chak fwa nou te kontre,
mwen te konn santi lavi bèl
ak koulè tablo
Laurenceau
osnon yon penti
Lebreton.

Nan powèm « Kite kè w pale » a, ou ka wè kote otè a chita sou koze ki pap mache dwat nan lasosyete :

Ou pa pitimi san gadò
pa kite zòt betize w, ou dyanm
istwa w nan liv
rele sou kò w pou yo pa pran w pou senèryen.

Ou wè menm vòltij konsyans sa a ak emosyon liberasyon sa a kit nan pati franse, kit nan pati angle liv la. An n di lektè yo tou an pasan, Kiki se yon gran mizisyen ak aktè teyat. Li chante anpil powèm li yo an mizik, kouwè Jean Ferrat fè pou powèm Aragon yo.

Kiki Wainwright is a musician/composer, singer, poet, writer, storyteller, novelist, comedian, playwright, former dancer/choreographer whose artistic life spans over 60 years. He has spent a great part of his life on stage. He has performed in the United States, in Haiti and in Canada. We have seen Kiki in Antigone an Kreyòl by Félix Morisseau-Leroy; D.P.M. Kanntè by Jan Mapou; Reclaiming Choukoun by Bob Lapierre, etc. He is the Vice-President of Sosyete Koukouy in Miami, which is a literary movement founded in Haiti in 1965. Tanbou liberasyon/Tambour de la libération / Drum of Liberation (oct. 2016) is his latest book.

Kiki Wainwright se yon mizisyen/konpozitè, chantè, powèt, ekriven, kontè (story teller), womansye, komedyen, aktè teyat, ak ansyen dansè/koregrafè nan dans fòlklò ayisyen, ki ap pèfòme depi plis ke 60 tan. Li pase yon bon pati nan vi li ap fè teyat. Li pèfòme Ayiti, Ozetazini ak Kanada. Pami pyès teyat yo nou ka site kèk, tankou Antigone an Kreyòl de Félix Morisseau-Leroy ; Kanntè de Jan Mapou ; Choukoun de Bob Lapierre, elatriye. Kiki se Vis Prezidan Sosyete Koukouy nan Miyami, yon mouvman literè ki derape Ayiti nan lane 1965. Tanbou liberasyon/Tambour de la libération / Drum of Liberation (okt. 2016) se dènye liv misye.

Kiki Wainwright est un poète, écrivain, conteur, romancier, comédien, acteur de théâtre, dramaturge et ancien danseur/ chorégraphe de danse folklorique haïtienne dont la vie artistique s’étend sur plus de 60 années. Il a passé une grande partie de sa vie sur la scène. On l’a vu aux États-Unis, en Haïti et au Canada. Dans Antigone en créole haïtien de Félix Morisseau-Leroy ; Kanntè de Jan Mapou ; Reclaiming Choukoun de Bob Lapierre, etc. Il est le Vice-Président de la Sosyete Koukouy à Miami, un mouvement littéraire, fondé en Haïti en 1965. Tanbou liberasyon/Tambour de la libération / Drum of Liberation (oct. 2016) est son dernier ouvrage.

Order Drum of Liberation now


The front cover of Pawolitik: Yon pale anralba by Kwitoya.

Kwitoya : Pawolitik, Yon pale anralba

Se avèk anpil plezi n ap anonse piblikasyon twa nouvo liv an kreyòl ayisyen ak tradiksyon. Premye a se yon koleksyon powèm pa Kwitoya : Pawolitik : Yon pale anralba [ISBN : 978-1-936431-30-4]. Ou ka santi ki sòt izaj ekritoryèl otè a de lang ayisyen an, san retire kote li fè izaj yon mo oswa de mo tounen yon sèl mo kwaze, kouwè « voumsedo », « dansekole », « bèlrèv », elatriye.

Men li pa rete la, li itilize lang lan, lang matènèl li a, pou li di bagay pa l jan pa l. kou ou wè nan powèm « Tengplaw » la :

si n oblije ri an nou fè
sa bèl san zwilit
si n oblige pale an nou kite
vokab yo san ipotek
si n oblige danse an nou fè
pa yo satouyèt lonbrik latè
si n oblige kriye an nou rele
vit anvan lapli vare

lanmè se simityè k ap resevwa
grafik syèl la tengpaw.

Pwolitik se yon rekèy powèm ki mennen w kote ou pa vle ale anba men yon gran mayestwo lèt ak filing. Apa yon long powèm pwoz titre « Jiskilè », kote otè a ap rememore sou tan lè l te piti ap leve nan Pòtoprens, prèske tout powèm yo se ti powèm kout, anpil ladan pa kouvwi plis ke yon tyè paj la, tankou « Depi Ponwouj » :

ti zing tan mwen
pou m niche lavi a
pa klè di tou
depi ponwouj
movevan ap triminen m
lespwa m ap babye
kon yon manman drapo.

Kwitoya se yon ansyen militan PUCH ki kontinye ap goumen pou chanje lavi ann Ayiti. Men jan otè a esplike soutit liv la « Yon pale anralba » : « Angajman l pou emansipasyon fanm lan… pou pwogrè libète lanmou ak byennèt pou nou tout se filwouj kozri a. Se ralba a marasa yo souvan detire repliye epi kite mizik la jwe rèd an anomi sou tout emosyon ak enpilsyon. Tanto pawolitik la se ochan. Se rèv. Se kriye. Se souri. Se yon griyendan atizaye… »

Kwitoya fèt Pòtoprens, Ayiti, jou ki te 15 jiye 1955. Manman l ak papa l te ba l kenbe non Jean-Robert Christian Victoria. Li leve Kwitoya a pou make angajman l nan batay politik e kiltirèl mas yo an Ayiti tankou yon gad l ap pote san madou ni tyaw. Ansyen manm dirijan PUCH (kandida pou komitesantral). Kreyasyon twoupteyat Tanbou Pwogresis an 1986, pou reprezantasyon nan Enstiti Franse dAyiti an 1987pyèsteyat Boulezètòk li ekri e mete ansèn. Kwitoya, militan politik nan nanm, pwofesè lekòl, animatè plizyè club artistique et littéraire nan Pòtoprens, manm fondatè cercle d’études Jacques Stéphen Alexis, kofondatè revi Tanbou, manm fondatè Solidarite pou Pwogrè ann Ayiti (ki panko gen rekonesans legal), ansyen manm Kò Konsilè nan New England. Pawolitik : Yon pale anralba (okt. 2016) se dènye liv misye.

Order Pawolitik now


The front cover of Flèch palmis pa fizi.

Don D. William : Flèch Palmis Pa Fizi

Flèch Palmis Pa Fizi [ISBN: 978-1-936431-28-1] se istwa womans Gary Lafalèz, yon doktè, ak Sandra (istwa a pa di w non fanmi li), yon jèn enfimyè k ap travay nan menm lopital ak Doktè Lafalèz. Filalay koutizay ant de pwotagonis sa yo louvwi woman an ak yon tansyon ki kwaze ak sispans.

Woman an, kòm tout woman ki sedwa, genyen tout yon pakèt entrig ak palavire. Youn nan yo se yon lòt doktè, Doktè Antwàn, ki fè Doktè Gary konnen li enterese nan Sandra e mande li pou l ede l koutize manmzèl. Natirèlman Gary pa t renmen pwopozisyon sila a. Lwen pou l ta ede Antwàn file Sandra, misye ofwi manmzèl pou l vin travay avè l nan depatman pa l.

Lè finalman Gary fè Antwàn fè konesans ak Sandra, li pa t renmen reyaksyon Antwàn, li konplenn, e rakontè istwa a di w : « Antwàn kite biwo a men avan l fèmen pòt la, li fè m yon siy “mèsi zanmi m”, kòmkwa se mwen k ap fè sa mache pou li. Poutan m pa t kontan tande misye rele fanm nan “Sandie”. Ki bagay sa ? Franchman m te pran sa mal kwak mwen pa t montre sa. Sitiyasyon sa a tou fè Sandra bliye kesyon l te poze sou fanmi m lan, olye de yon repons, li pito l mande m :

Antwàn se zanmi w ?
Wi, nou zanmi lontan sa, epi n ap travay ansanm depi plizyè ane.
Men kòman fè w diferan de misye konsa ?
Sa w vle di pa sa Sandie ? Mwen pa konprann.

Manmzèl ri, Gary ensiste :

serye Sandie. Poukisa w ri ? Se pa blag.

Se pa kesyon w lan non ki fè m ri Gary, se paske w rele m Sandie.

Men wi, se konsa zanmi w rele w pa vre. Mwen deja konsidere tèt mwen kòm zanmi w. Donk…

Vrèman, men w poko travay pou pote tit bon zanmi m, donk ou poko gen otorizasyon rele m Sandie. Lè m santi w s’on zanmi tout bon m ap ba w otorizasyon fè sa.

Di m, ki jan de travay ki nesesè pou genyen amitye w ?

Gary, ou poko reponn kesyon m nan, ou bliye ? »

Vin gen tou lòt pwotagonis kou Minouch ak Anita ki vin antre nan entrig yo. Gen kote ou t a di Gary deside lage Sandra nan men Doktè Antwàn, men se yon jwèt Sandra pa gen ankenn enterè pou l jwe…

Don William se yon jèn otè ayisyen k ap viv nan Nyou Jèze, nan Etazini. Fl Flèch Palmis Pa Fizi se dezyèm woman misye. Men sa nan kèk mo rechèchè kreyòlis Emmanuel Védrine di sou do liv la :

« Lè w kòmanse li woman sa a, ou ka prese di pèsonaj santral la, etan yon gason, ap eseye pran yon avantay bab e moustach pou konkeri kè Sandra, men pa twonpe w… Se yon amou sense lè menm Sandra potko konprann sa. Se nan suiv misye nan simityè a, kote l pral depoze yon flè sou tonm defen madanm li… Se lè sa a Sandra pral konnen ki tip gason sensè misye ye. Se lè sa a lanmou Sandra pral manifeste tout bon…»

Don D. William fèt nan yon mwa jiyè nan Dèlma vil Pòtoprens, Ayiti. Li se tou yon powèt. Nan laj 17 an, li rantre Etazini pou kontinye etid li nan Nyou Jèze. Men, se Pòtoprens fòmasyon kiltirèl li te kòmanse apre l fin fè konesans ak Coriolan Ardouin, Oswald Durand epi Ansi Derose. Depi lè sa yon lanmou otantik pou ekriti ak ekri te tabli nan fon kè l. Li pèmèt gason kou fanm eksprime santiman yo ak yon seri ekspresyon ki tipik nan lang kreyòl la. Donk se ak yon grap plezi jodi a Don D. William ap pataje rekèy istwa Fèy Palmis Pa Fizi.

—Tanbou, 28 fevriye 2017

Order Flèch Palmis Pa Fizi now

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com