Nan lokasyon 2017 lan, 213 lane apre viktwa pèp ayisyen an sou sistèm eskavajis lan, n ap koube nou byen ba devan kouraj istorik pèp ayisyen an pandan n ap pote larezonnen nou. N ap voye yon kokenn kout chapo bay tout òganizasyon k ap lite pou lavi ka fleri, pou pyebwa lajistis ka donnen, pou sous dlo laverite ka koule, pou lesklavaj kaba nèt ale.
An patikiliye, n ap fomile kat V pou pèp la.
V pou vanyan : Pou rezistans lan kontinye djanm, pou lit lan donnen, pran rasin lan zantray lakou yo, koridò mizè yo, lan mòn yo, lan bidonvil yo, elatriye. Tout moun, fanm kou gason, vanyan ki te bay lavi yo, ki pre pou bay lavi yo pou chanje figi peyi a, kwape agranman lokal ak entènasyonal k ap souse richès peyi a, anpeche timoun devlope, simayen pwachòkò, plante grenn lamizè epi kanpe yon Ayiti diy k ap deplòtonnen nan enterè mas pèp la.
V pou veye : Veye je louvri, pa pran lan pwomès malatchong kandida tout plim tout plimay k ap fè nou pran lalin pou fromaj, kaka poul pou bè. Veye vakabon ak atoufè k ap fè nou konprann avni peyi a se lan èd etranje li chita. Veye pastè k ap vann nou tijezi lan po krab. Veye sevitè enperyalis k ap mete devan je nou fo pwogram devlopman.
V pou vèvè : Trase vèvè pou delivrans, pou kouray, pou solidarite ak tout moun k ap batay kont lenjistis, pou fòs ak espwa, ak kwayans lan avni peyi a. Vèvè ki senbolize solèy leve, inite lan batay pou transfòme sitiyasyon peyi a. Vèvè pou akouchman yon nasyon tou nèf kote tout wòch tounen wòch lan dlo, kote latè pwodwi manje pou tout moun sandistenksyon. Vèvè pou rasin kilti nou fleri byen wo, pou nou viv nan amoni ak pwòp tèt nou, anviwonman nou, pase nou.
V pou viktwa : Viktwa sou tout fòm ak fòs fè nwa ki vle blayi sou peyi a. Viktwa kont lenpinite, kont lenjistis, kont leksplwatasyon, kont lamizè, kont fòs fènwa. Viktwa pou yon lòt jou boujonnen, pou timoun sispann kode anba grangou, soufri maladi ak lamizè. Viktwa pou patriyòt konsekan fè yonn ak tè a, pran rasin vital lan mwèl tè a. Viktwa pou enèji kiltirèl peyi a transfòme li lan yon gwo mouvman, yon toubiyon ki pou derasinen movè zèb, rache tout sa ki pa sa.
Depi fondasyon nasyon an, fòs enperyalis yo pa janm sispann destabilize pwojè byennèt pèp ayisyen an. Men rezistans li pa janm kaba. Yo rive sabote li sou tout fòm ; lò se pa debakman militè pou okipasyon, se enpozisyon rejim diktati retwograd, osnon se fòse lan gòj li politik ekonomik pou demantibile òganizasyon sosyal peyi a.
Yo itilize tout kalte estrateji pou dewoute pwojè libète ak byennèt la. Men pèp ayisyen an rete tennfas nan rapouswiv batay la menm lè chak jou ki jou kolon lokal yo mete ak fòs enperyalis yo lage anpil pikankwenna sou chimen libète ak byennèt la.
Kòm pèp k ap lite se wozo, li kapab pliye men li pap kase. REHMONCO ap swete pèp ayisyen an pou 2017 la plis detèminasyon nan lit la pou libète ka makònen ak byennèt nèt ale jan zansèt yo te vle l.
Pou otantifikasyon :
Renel Exentus, Ricardo Gustave, fevriye 2017, rehmoncohaiti1915@gmail.com