Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann Ayisyen

Powèm pa Mesmin Charles

Maswife

Ayiti mwen renmen w
Kou manman k te pouse m
Nan mitan kè la nati.
Lanmou m pou ou si fò
Chak fwa w pase nan tèt mwen
M santi kou lòlòy mwen ap pati.
Se kòm kwa l ap maspinen
Anba mayèt lavi k ap pilonnen zantray ou.
Lajounen kou lannwit
Se vizyon malatchonn deranje lamizè w
K ap sakaje lespri m
Jistan l preske fè m fou.
Si m te abandone w lè m te jenn
M potko gen bon jarèt konprann
Ni m pat kab fè ka w tout bon.
Fò m tal chèche chimen lavi
Pou m te ka kanpe nan chan lagè
Pou sakaje branch lespwa
Ki ka asire demen n.
Padone m si m pat fè ka w
Chak fwa w te reklame m
Men m santi m potko fò
Pou m te reponn prezan
Nan rale mennen vini pou soulaje ka ou.
Listwa w malerezman te toujou oun mòn kalvè.
Malgre èksplwa zansèt yo pou fòje nasyon an
Li vle tounen w maswife pou tout pitit ou yo
K ap pote chay lavi depli plis pase desan zan
San yo pa ka wè devan.
Sa ki pi enkyetan
yo fin tounen mafweze
zonbi desounen
ki pedi direksyon solèy.
Se yon tray y ap pase anba politik chire pit
k ap boulvèse lemonn.
Yo pa menm ka kanpe anba drapo linyon
ki te bann lendepandans.
Se yon pakèt patripòch maryonnèt panzouyis
ki pa gen yon gout san nasyonalis
k ap jwe jwèt majò jon
anba ladrès kondiktè kriminèl
sou tèt tout you nasyon.
Yo bann pote tout non desounen
pou demantibile logèy pèp vanyan
jis nou vin tounen yon ti sousou ak kwi malediksyon.
Kou panzou sa a n pa ka defèt lan
tounen yon baboukèt dyòl kwense
yon kòd pann tèt sere
k ap koupe souf lavi n
chak fwa nou ta vle fè yon chape.
Nou ka di menm lanati pa vle kolabore.
Tonnè
kilè sa va change ?
Non
nou pa ka pèdi lespwa !
Lènmi an fò se vre
men si n kenbe chimen libète
li te mèt lan ziltik anba syèk malatchonn
fò nou jwenn you chanjman.
Pa gen pèp ki pa pase tray
Menm si pa nou an pa gen parèy
fò n pa janm fèmen pòt lespwa.
San sa, lanmò Desalin pa ta gen sans
Lanmo zansèt yo pa ta gen sans.
Se pou n pandye nan kwa lavi a
menn si l se yon maswife.
Pèp ayisyen
nou pa fouti lage !

Batèy

nan mitan tyè douvanjou
yon solèy lapipi
nan kwen je syèl k ap fikse latè
file nan fant balistrad
pou l rale n anba zèsèl lannwit
senk kè maten kòk te fèk chante
siflèt komandè desounen tout nèg
ka p fè yon dènye rèv sou mizè lakay
kite madanm kite pitit
al chèche lavi nan peyi panyòl
kote kann pi anmè pase asowosi
sipòte maspinen
anba men gad fwontyè
k tap ranmase gason
pou travay nan zafra
batèy domikani
tankou kòk kalite
k pran yon move kout zepon
nèg ak tout soulezon dòmi
nan mitan tèt
te rive sou chantye
san n pa ka pwoteste
madanm dèwo timoun nan grangou
nou pa gen okenn lòt atou
pase se koupe kann
le nèg ape sonje sa fè plis ke de syèk
gwo ewo n yo te toufe
zantray lesklavay kriminèl
raj gason pase sou kann
tankou se tèt kolon kamoken n t ap koupe
kann tonbe a gòh kann tonbe adwat
jous rive lanjelis
pou n fè yon kwota se san n nou bay
bouch gouvenman peyi n
zipe kou yon bwat sadin
zafè tribilasyon
k pandye nan kè vyewo
yo menm kouri bri
magouy fèt sou tèt koupèd kann
yo koupe nan salè n
pou finanse pòch yo
pandans dwa delòm pase anba pye
anpil fwa n pa menm ka touche
e si n pèmèt pwoteste
yo refoulen lakay san peye
pwoblèm nèg nan batèy
se miwa peyizan lakay
yon bann reziye
k ap soufri san rete
san lespwa yon demen miyò
nèg batèy
nèg lakay
nèg Dayiti

Konbit Peyizan

pote manchèt pote pikwa pote wou pote digo
kote gason vanyan pou nal fè yon kombit pou yo
vaksin mare voye boula
simbal tanbou kraze yon kata
anba ochan poun reveye
mèt kay ki pran nan wyon kòve bare
senk kè maten nan kè douvanjou jeran lakou ap rale solèy
ki t ap dòmi nan mitan vant syèl
pou l ka trase chimen lawouze
pou eskwad travay jaden pwopriyete
pote bobori pot te ak kafe
pou kè travayè ka soulaje
kleren tafya dlo nan krich ak kalbas
tout makonnen nan pye laplas
k ap tann repa kolasyon
pou l ka fè distribisyon
anba solèy cho plen midi
nan mitan zèb pwa grate lyann foumi
sou nich flanman pikan kwenna
Yoyo ap bay kalinda
alòs simidò ap voye boula
Yaya anwo Yaya anba
ankouraje gwoup travay di
anba zèsèl laprèmidi
anvan mèt jaden fè konsta
pou l deklare kòve kaba
pandan solèy ap ranje kabann
lannwit nan mitan savann
travayè reyini nan lakou
pou yon dènye repa ki gen gou
twons mayi moulen ak pitimi
laye nan mitan sòs pwa mi ak sopoudre
pou remonte fòs peyizan
k ap chante lavi pou lontan
kombit peyizan kombit lanmou
kombit delivrans pou Ayiti.

—Mesmin Charles

Powèm pa Andremann Pierre

Powèt Baboukèt

Si mwen te gen konesans gwo powèt
Pou mwen t ap panse ekri bèl pwezi
Mwen ta fè anpil moun k ap soufwi plezi
Ak anpil bèl pawòl pa pakèt
Lavi yon powèt kapab yon jou prete san remèt
Sa l ap di ka parèt pou yon lòt twò pemèt
Kòm Bondye bay chen maleng ni dèyè tèt
M ap pran ekriti kòm zouti pou kase tout baboukèt…

(Jan. 2016)

Sankonsyans

Nan peyi jeneral malpouwont Sankonsyans
Nanpwen moun ki zanmi ak yon fanmi Pasyans
Yo tout koupab nan kondanasyon tonton Fèkonfyans
Pandan yo tout te konn manje ak kouzen li Sandefans
Yo tout vin anpile lakay vye konpè malpwòpte Sanpitye
Yo grandi, leve ansanm avèk vwazen mouche Imilye
Yo se bonjan pitit pitit gran papa defen Mòtifye
Tout gen menm rèv marye ak pitit kòmandan janmen Planifye

(Fev. 2016)

Toutan tèt pa koupe

Lasi ki nan je lavi
Melanje ak vomisman lamizè
Kapab tounen pen ak diven
Nan kò sila yo ki poko fè vè
Divizyon fè lavi degwosi
Nan fon kè penitans k’ap dòmi
Zetwal chanjman trip kòde 
Anba lòd lalin ki privatize
Lakansyèl espere met chapo
Toutan tèt poko koupe…

(Fev. 2016)

Lapli Dimanch

Lapli se yon piten ki trè mètdam
Li ka fè plizyè jou l ap tonbe
San epanye pòv devan Nòtredam
Poutan yon pòsyon moun pa mouye
Lapli chèf deta Ayiti yo fè epi yo defè
Nanpwen yon jounalis ki ka poze kesyon
Men kou pou ratibwaze tout karavachè
Nanpwen jounalis lòt bò dlo yo ka bay pwesyon
Lapli gwo loray ak zèkle zotobwe Ayisyen
Se lapòpòt opozisyon yo ki se yon pakèt novis
Yo pat janm sensè depi nan tan ansyen
Malisye ki nan pouvwa yo se yon bann mekantilis
Lapòpòt : Rechinya Karavachè : Banbochè

(2016)

Bèlte Politik

Lalin profite de kapris solèy
Pou klere kou li lannwit
Zanmi mizik yo se pa zanmi mistik
Move je yo se pwazon politik
Zanmi mistik yo se move je zanmi politik
Fè mizik politik move je nan mistik
Se gwo teknik ak anpil panik
Tik Tak bangbang Liki Lik
Pou detwi move je nan politik mande anpil taktik !!!

(Fevriye. 2016)

—Andremann Pierre Fort Pierce, FL

Powèm pa Ewald Dela (Zòf)

“Tonton Titonton”

Pa leve tèt gade Tonton
Sitou nan je, lè l ap pale
Menm lè l pap bat nou ak baton
Pa eksite l pouse l fache
ògèy ka fè n pran nan mera
Mete n sou lis, bloke viza
Lè sa n pap gen je pou n kriye
N ap gen pwoblèm pou n jwenn manje.

Tonton pa vle moun popilè
Ni kandida k gen jekale
Si l fèmen je l, n a fè pwogrè
Nou pap bezwen l kòm pwoteje
Moun ti tèt fèb, moun ti lespri
Se avèk yo Tonton travay
Moun ki pa konn jan pou l chwazi
Louvri pòt, ba l fè briganday.

Save yo, li fè yo batay
Pou yo chwazi yo kòm poulen
Genyen k’ofri l plis avantay
Pou yo ka jwenn yon bouchepen
Tonton souri tank men l chaje
Paske l jwenn plis ke sa l mande
Sa k achte vès, al bay koutlang
Tonton konn fè yo filalang.

Ti nèg siyen sa yo pat vle
Kontra anlè, sou tè, sou dlo
Anba lanmè, se pa pale
Dayè ki moun sa p fè defo
Men sèl bagay, jou l pa bezwen w
Ou an premye l ap relache
Swa l’arete w, ou l fè trennen w
Devan listwa k pap janm bliye.

Ou mèt tande koupe, rache
Se tout otan l poko pale
Depi l di krik, moun obeyi
Kilè n ap janm gen yon peyi
Ipokrit, Tètkalebobis
Bliye si yo nasyonalis
Pa gen Chalmay, Makout kreve
Tout ap vannen dlo nan laye.

Kaka, pipi se bon bagay

Se yon gran frè, ak yon ti frè
Fò souvan konn sòti ansanm
Youn konn devan, lòt la dèyè
Tankou mouche avèk madanm
Pi gran pa janm nan regadan
Ou pap janm wè l sòti tou sèl
Men lòt ti frè a pi frekan
Li pa bezwen frè l pou l pran zèl.

Yo pa bezwen diskou, powèm
Sitou lè yo mande sòti
Ni yo pa aksepte pwoblèm
Devan moun k ap ba yo defi
E si w konprann w ap ba yo vag
Nan mitan moun, y ap fè w soufri
Yo ka fè w mache an zigzag
Fè grimas an majigridi.

Frè jònsitwon an plen odas
San anonse, l konn deklanche
Men vrèman pou l sòti sou plas
Lè w twò kontan, ou kè w sote
Jònabriko a, se lè ou pè
Nan akwochay, lè w kraponnen
Ou pa bezwen di se erè
Yo toujou la sou bò chimen.

Malgre toulède jwe gran wòl
Yo trè nesesè pou lavi
An menmtan tou, yo trè frivòl
Depi youn wè, lòt la anvi.
Bon non ti frè a se Pipi
Ou fè l kanpe, ou akwoupi
Depi li jwenn yon pozisyon
Li pa dèyè twòp presizyon.

Gran frè a menm mande respè
Se nan kache li jwenn lonè
Sinon, l kapab pran fè w kouri
Depi w tande l mande sòti
Depa koulè l, avèk sant kò l
Ka fè w chache kote l kanpe
E si w pile l, l ap fè w pran vòl
Malgre w san zèl, l ap fè w ponpe.
Bon non misye rele Kaka
Pou byen avè l, fò w beseba
Men li chaje ak lòt ti non
Li menm gen non ki gen prenon
Matyè fekal, bout pouloupou
Watè, twalèt, bezwen, poupou
Men tout non sa yo se bobin
Lye randevou l, se twou latrin.

Ti frè a tou gen move sant
Li konn lage l apre kèk jou
Poutan sèvis yo fè lavant
Rechèch yo pot anpil sekou
Yo toulède konn deklare
Eta sante ki moun ou ye
Pa refize ni youn, ni lòt
A nenpòt moun ki frape pòt.

Nou pa vrèman peyi k pi pòv

Nou pa vrèman peyi k pi pòv
Jan y ap repete vaykevay
Men n rekonèt po tèt nou chòv
Yon bann kwafè ap pran piyay
Nou gen resous pou n jwenn manje
Men vant nou sou kont etranje
Nèg lakay pa gen kont a rann
Yo prefere achte revann
Malgre nou chaje anpil fri
Ki te kapab met endistri.

Nou pa vrèman peyi k pi pòv
Ki pèdi dèyè do Bondye
E povrete n pa sen-e-sof
Li sot anba men san pitye
Moun k ap pwofite fè piyay
Sou do yon mas pèp travayè
Ki pa jennen pou fè koutay
Depi sa kapab fè bonè
Yon kenz pousan popilasyon
Ki pa janm gen lòt solisyon.

Nou pa vrèman peyi k pi pòv
Paske etranje lemante
Nan lang Angle, lanmou se lòv
Eske se lòv, ou eksplwate
Si w vini pou eksplwatasyon
Paske nan mwen gen solisyon
E si w ta di : Ou pa renmen m
M ap mande w : Pouki men w nan men m
An nou pito di verite
Nou se yon min w ap eksplore.

Ponpon, Pongongon

Tankou Molyè, an griyendan
Pou peyi m, m pa bezwen lajan
M ap enspekte tout dan kanni
Se devwa m anvè Ayiti.
Chak fwa m gade moun yo, m vin tris
Kòman “Sisi” fè pran Ponpon
Yon bèl tèt kòm enperatris
Fè aksepte yon pongongon.

Yon tilandeng ki la pou jwèt
Pou tout bandi k bezwen fè fèt
Sisi gen lè potko gen ran
E m pa kwè tou se pou lajan
Li pat ko wè l enperatris
K fè l damou yon residivis
Menm si w mande Ponpon, pouki
Kòm magouyè l ap ba w manti.

Bondye bay tout èt vivan nen
Pa sèlman pou ka respire
Men pou pran sant, san fè koken
Sa k santi bon, ou sa k move
Men sanble pou yon bouche pen
Tankou Medò, nen Ponpon frèt
Oubyen petèt, li pa genyen
Ki lakòz nou ka disparèt.

Kisa k pi bèl ke verite
Lè nanm ak pawòl ou fè youn
Devan listwa ou pap jije
Menm lè sa pa fè w gwozouzoun
Lajan w fè mal, pap pwofite
Depi nan monn sa sou latè
Ankò pi rèd lè w vwayaje
Dwat pou lanfè kay Lisifè.

Te gen Ponpon blan, Ponpon wouj
Ki te konn batay pou tèt ras
Tankou yo, w ap jwenn koukouwouj
Ou pap jwenn kwen, ni okenn plas
Pou al kache menm kay Tonton
Pou evite pran kout baton
Non w nan listwa pap efase
Menm lè w konprann w ap ekzile.

Se konsa yo ye

Nou pa gen pati “Dwat”, ni “Gòch”
Men, nou chaje ak patripòch
Moun ki san ideyoloji
K ap pyafe sou do Ayiti
Pou yo soti nan madebat
Bouch yo agòch, pòch yo adwat.

Adwat yo se machann peyi
K ap likide tout Ayiti
“Santris” yo, fo nasyonalis
Woulèt anba pye yo plen vis
Yo tout ap boule an mètdam
Yo se : wete pye w, banm met pa m
Youn pa gen pwojè inite
Se tout koukou klere pou je w.

Menm swadizan sa k “Modere”
Yo se gwo rat mòde soufle
Yo pòv jodi, yo rich demen
Yo nan tout kan pou bay koutmen.

Pa okipe sa k “Radikal”
Pafwa ou wè rad yo pi sal
Y ap fè diskou pikedevan
Ak awogans di mo vyolan
Devan je moun yo pap fè bak
Men dèyèdo, y ap pran grennbak

Mas pèp la ap toujou babye
Paske pati yo pa serye
Yo pa gen ideyoloji
K ap akouche demokrasi.

Depi eli yo nan Palman
Y al fè zyedou a Gouvènman
Sou pretèks pou yo ka ede
Tout bon pwojè ki ka pase
Malatchong yo, y ap fèmen je
Depi yo jwenn yon menkontre
Y ap dekwafe chapo legal
Pou pozisyon ki anòmal
E refèmen nan fon tiwa
Koz batay ki mennen yo la.
Vizyon sèvo n se koripsyon
Zafè n mouri san solisyon
Nan awozaj la fò n jwenn pa n
Deplis, fò n konsève viza n.

Ni pati “Dwat”, ni pati “Gòch”
Yo tout ap mache dwategòch
Pou pouvwa, lonè, ak lajan
Y ap fè l, y ap pran l nenpòt kijan
Kòman pou kat la pa bwouye
Kite m di w, se konsa yo ye.

Pa koute youn sou bèl diskou
Pale franse, ou bèl eslogan
Yo menm k ap mete n ajenou
Kase figi nou ak fo gan
Lè nou ta vle revandike
Yo pap kite n manifeste
Deja rèv yo reyalize
Paske yo pat janm konsène
Sa k fè zèl kat nou ap bwouye
Se paske se konsa yo ye.

Sispann bay tèt nou manti

Pa kite moun pran n nan lalin
Nou tout se pitit Desalin
Nou pa gen menm trè verite
Men pou sanble, nou tout sanble
Si Lanperè pran koutpitit
Depi nan pòt lendepandans
Malgresa li gen bon merit
Li adopte nou san mefyans
Pou l kite yon peyi ini
Ke l rebatize Ayiti.

Yon gran jeni ki te esklav
Kite pou nou yon libète
Jodi a tankou pil epav
Nou vann kolon l pou plat manje
Tankou Ezayi a Jakòb
Nou bliye si nou eritye
Pou de penish, pou senkantkòb
Nou tout manje manje bliye.

Si nou te gen san Desalin
Pouki lanmò l pa janm jije?
Sou dife, m pap met gazolin
Mwen pi vle nou rekonsilye
Men pap gen padon an apre
Pazavan rekonsilyasyon
Sinon, nou pap janm devlope
Wout pwogrè pa gen divizyon.

Po klè, po nwa, nou tout se menm
E se nou tout ki eritye
Bliye koze zòt pa renmen m
Pou nou jwenn pi bon alemye
E si w di : Se sèl ou k pitit
Lòt la, kisa w ap fè avè l
Nou mezire nan menm mamit
Ou pap byen, si w pa wè bonè l
N ap rete tankou chen ak chat
K ap dechèpiye Ayiti
Olye chat al dèyè pran rat
E chen tou dèyè zo lavi
N ap ret kanpe sou klou gagit
Pap gen nou youn k ap gen merit.

—Ewald Delva (ZòF)

Pwezi pa Tontongi

Pou pre de yon mwa, de 8 jiyè rive 5 dawout 2014, Izrayèl lanse yon atak san lache, sistematik, krazezo sou vil Gaza ki tiye 1900 moun, 80% nan yo sivil, san konte yon grann kantite timoun. Daprè Nasyon Zini kantite moun ki blese depase 9000. Destwiksyon ofansiv sa a koze se tankou reyalite lanfè, enfraestrikti peyi a totalman demantibile. Soufrans toupatou. Kalite michan agresyon sila a fè l kalifye san diskisyon kòm krim kont limanite pou ki yo dwe pousuiv e pini Izrayèl. Trajedi sa a enspire powèm sila a.

Teworism sou nanm moun

(dedikase a Mahmoud Darwish)
Li fè laverite tounen yon non-di ki sakre
e silans tou yon vèti kou yon rezon sivik
oubyen fòs brital, bra dwat enperatif sekirite
ak lòt salopri ak makakri ki anpeche lespri layite.

Se rijidite Kosmos la, moun yo di
Labib te anonse l sa gen kèk tan de sa
ansanm ak Torah a, misil yo ak Iron Dom,
yon gwo Kouvèti Fè ki grape wokèt Hamas yo
depi nan syèl ak tout rès yo.
M’ap toufe ! M’ap toufe !

Avèk Batteries Patriots ou yo ki ka detounen laterè
avèk tout cha blende ou yo k ap kannonnen malè
avèk tout oratè elokan ou genyen nan Harvard
avèk tout dal envetisman ou fè nan Wall Street ak nan Lond
avèk alyans ou fè ak Sèl Sipèpwisans dimond
ki plane sou tèt nou kou yon èg andyable
kou yon lonbray k ap anglobe n, fliyid, atmosferik ;
avèk tout michan mèvèy teknolojik ou yo
k ap manniganse tankou kanaval loraj kale ;
avèk tout senpozyòm AIPAC ap òganize *
pou ilimine fanatik ki aklame w kouwè Lapwovidans
avèk fason ou rapyese Gaza kou yon fwomaj swis
ak sous dlo yo ou detounen sèl bò kote vilaj pa w
avèk tout gran akonplisman ou yo
ansanm ak meday annò ou yo—kou yon Panoptikon
ki fèmen sou lanmè Mediterane—,
avèk tout bèl lonè desten konble lavi w,
epoutan w ap tiye timoun inosan
epi kondane anpil vèv nan lapovrete.

Li fè desans tounen yon enkoni
epi konsyans yon bagay ki dwe entèdi ;
li dikte kouman tout bagay dwe mache
san wetire lagè ak lapè ak rekòmansman lavi,
yon pwosesis pafè kou repetisyon sezon yo,
lopital yo, moun yo koupe manb yo, vilaj ki peri yo,
sa se yon lòt bagay. Se lamayòt ! Se Ilizyon w !

Li fè sonnen nan zòrèy ou alèt teworis
EIIL ba yo rezon,yo di, **
se pwofesi mounakwaf ki ka gide chimen w.
Nou ka menm renmen youn ak lòt, se vre,
men sa se pa ditou yon jwèt, ou konnen ?

Epi menm chay doulè nou ak rèl nou,
san nou ki gaye k ap koule anba yon dal debri
viktwa ou pòte nan tout lagè w lanse
pat ka estope swaf vorasite w, yo di,
ou toujou kontinye ap tiye tizanfan
e voye Zot ou deklare endezirab nan agoni.

Ou gen pouvwa pou desounen lojik
e sa mache pou ou mèvèyman,
menm dlo nan zye nou, yo di,
te sèvi w pou w vin atenn grandè pou pèp ou
men pou pèp pa nou ou blayi dezolasyon.
Kouwè tanpèt yo, kouwè toubiyon siklòn van
ou detwi lavi moun selon jan ou vle
e jete mwatye yon nasyon nan lari,
lè lòt bò miray la w ap briye nan esplandè
e bonb ou yo simayen kouwè yon plidetwal
sou Gaza ki tonbe nan blakawout toupatou.

Ou gen pouvwa ki beni pa Lesyèl
pou anpeche zye wè malfezans laterè,
pou anpeche zorèy tande plent doulè
pou anpeche bouch pale avwa wot
epoutan w ap tiye timoun ogranjou.

Kontanporen m yo fè m wont,
yon bann zonbi granchan ki lach,
yon bann opòtinis sou granri,
yon bann alyene yo kondisyone
ak nanm yo sekirize ; ou kite yo fè disparèt
ti fi n yo, ou kite yo vyole yo, ou kite yo vann yo,
ou pretann kondane avanti malsite Bush ann Irak
epi ou konplimante pak Obama-Nantanayu-sou-Gaza.
Ou fè laperèz tounen yon woutin kotidyen
ki pa deranje pèsonn sètènman pa machann zam yo
ni McDonald nan kwen an of course not.

Li fè de ou yon repòtè lach nan CNN
yon konplis MSNBC ki kondane Rula Jebreal
paske li di tou wo sa tout moun di tou ba ; ***
li fè de ou yon fo fonksyonè netr Leta
li retounen w nan eta imanite pirifye,
chè kadav chaje kras k ap viv pou moman an
li retounen w nan eta sanitè sen
ki refize kontaminasyon pa lakonesans.

Avèk menas anviwonnman, risk nan travay,
san konte chatiman esklizyon,
kontanplasyon lanfè malere sanzabri,
reflèks la dewoule pou kont li,
konsyans ou anba kle
ou vin gen twòp bagay pou w pèdi dezòmè.

Timoun yo ki pa sot nan lakretyennte,
se pou lanmò yo sèvi pou viktwa sou teworis lokal,
ou bay tèt ou jistifikasyon ki obeyi règ yo,
malfezans prezante kou yon pati byenfezans
—epi ou fèmen deba a, an n pale de Ukrènn
oubyen de Koup Dimond lan. Nou bezwen amizman
ak divètisman pou rann pwòp avèglri nou tolerab.

Tout bagay byen anba solèy la
jiska lòt randevou a ak Gaza,
yon Gaza ki endiye pou baboukèt yo ba li,
endiye pou move sò yo bay yon pèp onorab,
endiye pou ipokrizi Gran Dominan yo
pou lojik akomodasyon mechanste zanmi yo
ak alye yo ki gen viktwa nan lagè y ap mennen
sou yon bann nanm nan prizon k ap soufwi
Anderson Cooper ka iyore avèk tout vèti li,
outraj la selektif, ou konnen, paske se Gaza,
Gaza fanm rebèl, Gaza ki refize mouri an silans.

—Tontongi 25 jiyè 2014

* AIPAC : Akwonim pou “American Israel Public AffairsCommittee”. Yon gwoup militan (lobby) ki sipòte Izrayèl.

** EIIL : Akwonim fransè État islamique en Irak et au Levant, yon gwoup sounit jiyadis ann Irak.

*** CNN ak MSNBC (akwonim anglè Cable News Network ak Microsoft National Broadcasting Company, rezo televizyon kable Ozetazini). MSNBC mande Rula Jebreal pou l pa retounen kòm kontribitè apre li kritike patipri pro-Izrayelyen medya etazinyen yo nan yon pwogram televizyon jou 21 jiyè 2014. Pat gen pèsonn, kit nan pèsonèl yo kit nan estaf ki pwoteste kont vyolasyon flagrandeli libète laprès sila a.

The Ben Thanh Market in Saigon.

Le marché Ben Thanh à Saigon, décembre 2015. —photo par David Henry

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com