Home page • Table of Contents • Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Konpè Zòf (Ewald Delva)

Twòp bil

Konpatriyòt, nou pran twòp bil
Bil ap rann lavi-n difisil
Si n ap peye bil, n ap trangle
Frè-m, mèyè likide enpe
Bil gaz, bil dlo, bil asirans
Deja se yon gwo penitans
Bil machin ak bil mekanik
Ann pa pale bil elektrik
Lwaye kay anvan nou bat je
Lwil chofe kay fè-n ret bouchbe
Lè nou touche se grate tèt
Se chak semèn pou-n fè makèt
Bil lopital, medikaman
Fè doum, transfè, se gwo touman
Malgre tou sa, nou gen kanè
Anverite n gen kouraj fè.

Pou-n ede lòt, pou-n bay koutmen
Ann pa achte sa-n pa bezwen
Pou blan kwafè pa pran piyay
Nou menm tètchòv ann wè lakay
Nou pa bezwen kat kredikat
N ap ret esklav kou tikatkat
Nan peye bil tout lajounen
Ki koz nou pap janm retounen.

Si n ap pran bil, nou pap pranfil
Se rat kay k ap manje pay kay
Si bò isit nou pa vle bil
Eske-n bezwen pran Bil lakay ?
Bil lakay ap ban nou plis bil
Bil lakay se pale anpil
Yo bann Bil pou rekonstriksyon
M pa kwè se Bil ki solisyon
Valè milya k ap depanse
Nou ka di-m ki wout yo pase ?
An nou ret gade pou nou wè
Sentoma, se lè-l wè, li kwè
M ap redi nou, nou pap pranfil
Depi nou aksepte pran bil.

(12 Janvye 2011)

Bouki pa fin boukinèt

Nou te met Bouki nan salon
Jodi-a l ap fè nou leson
Bouki pwouve-l pa boukinèt
Li depase Malis ki mèt
Li fè sa Malis pat ka fè
Tank li fè, li fèedefè
San bri, san kont, l achte silans
Tout moun ki t ap fè awogans
Ann di si te gen twazyèm ke
Sanble Bouki t ap repase.
Si Malis pat kwè-l twò save
Li t ap la pou jouktan l bouke
Si-l pat chante twòp kantamwa
Li te kab vin pwoklame-l wa
Poutank mas pèp la te renmen-l
Tout moun t ap vin met men nan men-l.

Lè-w jwenn jèvrin pou ka kouri
Sa pa sifi, fò-w konn kache
Kache, lolo, diplomasi
Pou wayòm ou toujou kanpe.
Sosyete pa bezwen konnen
Ki fason wap antre sòti
Depi-l chita l ap byenmennen
Kite mele-l sa moun ap di.
Salnav te panse-l byen kanpe
Tirezyas te di-l pap ale
Ipolit fè kont movesan.

Tout rèv sa yo nan twoufoban.
Ann fè enpe kite enpe
Pou-n gade jan listwa prale.
Jevèt ap mande-w pou kenbe
Se tout tan kòd la pa kase
Depi-l tande rele anmwe
Ou an premye l ap ekzile
L ap fè tankou-l pat janm konnen-w
Bouki, m ap mande-w pou pran men-w
Tonton Bouki, ou pat dwe la
Ou pap fè twa fwa pase la
Si-w kwè-m manti, gade pou wè
Jou-w ap konte pou nan vestyè
Apre w ap di si-w te konnen
Si-w te konnen deja twòta
Anvan-l twòta bay yon koutmen
Depoze kle-a pa anba
E bay dèyè-w detwa bon tap
Pou tann jijman-w devan lepap.

—Konpè Zòf (Ewald Delva)

Powèm pa Nicole Titus

Yon Tanpèt Glas

Nèj ki tonbe jodi a glase, di, klere.
Avan lontan, glas antoure, vlope
Tout branch pyebwa yo ki te deja san fèy,
Kouwè yon pakèt rasin sèch.
Se pi move nèj ki te kapab tonbe. Se glas.
Moun ret anndan kay, vwati pa prèske kab woule.
Lèzòm tonbe, oto fè patinaj, gwo kolizyon.

Solèy la k ap klere deyò a,
Reflete nan glas la, prèt pou avegle moun.
Se yon jounen pèdi. Nouyòk paralize.
Men, aswè, lè tout limyè nan lari yo limen,
Te gen w kado ki t ap ret tann nou pou konsole n.
Lè n gade deyò a, dèyè vit fenèt nou, nou jwenn ak yon mèvèy.
Se kouwè lari a te aliyen ak dè dizèn de chandelye kristal
Ranje lè de kote, byen wo, byen gani, byen travay.

Lè van kalm, trankil, ki t a pwomennen
Poukont li nan mitan lari a,
Soufle nan branch òne ak kouvèti transparan glas la,
Se te kouwè dè milye de vè ki ta p trenke.
Yon bwi klen-klen, metal, kristal,
Tankou se te nan w bankè wayal, elegan moun te ye,
Repann nan lari deyò a, de pyebwa a pyebwa.
Gwo chandelye vivan yo koube dousman isi, laba,
Kòmsi yo t ap salye n, ak remèsye n
Apre yo anonse prezans gwo van an ki rive.
Limyè klere ki reflete toutotou glas yo,
Fè kòmsi n te vrèman nan w peyi rèv,
Nan mitan yon bèl kont wa ak rèn.
Men kòm nou pa t abiye pou yon sware wayal,
Nou kanpe trankilman dèyè vit fenèt la,
N admire pou yon tan mèvèy la an silans,
Aprèkwa nou fèmen rido nou tou dousman, n al dòmi.

(1994)

Yon Ti Tanpèt Nèj

Nèj la k ap tonbe fò, blanch,
Kouwè yon pakèt bout koton
Deyò a, monte wo, fè pil byen vit.
Avan lontan, li kouvri tout kay nan wout li
Ak yon tapi blanch, kòm si l te vle efase
Tout bagay Lèzom te janm bati.

Yon gwo van menm, kouwè yon timoun malelve,
Foure men l nan mitan nèj pwòp la, l sakaje li.
Li pran nèj atè, li voltije l monte anlè
Frape l nan vit kote m kanpe a, li di m, «Okipe afè ou !»
Apresa l kouri, wòb li ap vole pasi pala nan figi moun.
Lò l fini, li disparèt.

Moun tounen vire gade l. Genyen ki bouche zye yo, nen yo.
Lò y pa atann, li reparèt, ak tout fòs,
Bourade tout bagay li jwenn nan wout li, epi l kache.
Lèzom menm, kwak yo angran, yo vin konprann se pa yo ki chèf.
Pou yo sa konprann sa pi byen ankò, van an mete l ansanm ak nèj la,
Pou fè yo yon travay.
Koulye a, ou tande, kèp, kèp, kèp—
Pèl k ap frape devan tout pewon moun.
Sa l ye, nèj la ki fije figi l apre l fin pase tan l
Nan movèz kompayi ak van malen an.
Lèzom pa kontan ditou menm. Do yo fè yo mal.

Tanperati a desann senk degre.
Nèj la ak van an ri yo !
Apresa fin pase, yon gwo solèy leve
Ki pa fè anyen menm pou amelyore bagay yo.
Ou wè Lèzom k ap tatonnen kouwè tibebe
Sou glasi blanch, klere a,
Ki glise koulye a kou kalalou.
Se lè sa a yo wè vre kiyès ki chèf sou latè.

Ivè

Deyò a twoub kouwè l kouvri ak lafimen.
Men se pa lafimen non ; se lanèj k ap tonbe.
Yon van angran, pouse vwal transparan an,
Tanto isi, tanto laba, kouwè yon toubiyon bwouya.
Dèyè fenèt kote m kanpe byen kòlte, byen cho a,
M obsève lanati ki sèl rèn,
K ap fè ak defèt poukont li.
Lèzom rete anndan. Yo pè met tèt deyò.
Men genyen ladan yo,
Brave danje ke yo ye,
Ki pa pran nèj la pou anyen,
Ki jwe menm nan pousyè glise
Ke mètrès la kite deyò a kòm temwayaj puisans pouvwa l la.
Yo fè l tounen w espò. Yo fè lajan ladan l.
Avrèdi, Lèzom kapab vre.
Y adapte yo ak nenpòt kondisyon pou wè si yo kab viv.
Pòv lèzom, sa pou yo fè ?
Yo pa anyen.
Men, fò n wè vre, nan tan lontan yo te pitit Bondye.

(1994)

—Nicole Titus

Powèm pa Andre Fouad

Si m’ap chèche

M’ap cheche yon powèm
ki pou ba’m zel pou’m vole
ma va peze’l nan balans ke’m
pou’m konnen kantite pwa’l genyen

Ma va ajenou douvan pye lanmè
pou powem lanmou sa ba’m zèl
pou’m vole piwo piwo latourefèl
pu’m vole piwo piwo tèt katedral yo
pou’m vole piwo piwo la sitadèl

Piwo piwo tèt montay yo
piwo piwo estati la libète a
piwo piwo piwo piwo tèt lanmè yo
piwo piwo piwo tèt lezòm yo

piwo piwo piwo
piwo piwo piwo
piwo piwo piwo
piwo piwo piwo
piwo piwo piwo

Sou po je’m lalin lan poze mak li
li poze tankou ti zwazo
annpann ti goute rèv
annpann ti goute beze
annpann ti repozwa lajwa

Tout jou mwen yo benyen nan rèv dwòl
timoun k’ap dòmi alabèletwal

M’ap chèche yon bèl powèm pou’w
piwo piwo
piwo
piwo
piwo piwo

Chadavaye

Chadavaye drivaye
m’ap drivaye
chadavaye drivaye
m’ap drivaye

drivaye solèy gravye kòd kase
pat amodle la vin’n defèt

tan an se yon bèjè alman anraj
ripikan.! ripikan!
ri lama! ri lama!
la frechè akimafè ap penyen lage

boulva balkon
cheve chabon dife
bouch la tranblad
kann kale la dous anmè

chadavaye drivaye
m’ap drivaye
chadavaye drivaye
m’ap drivaye

la vi fele miyèt miyèt
sou chak grenn sab mouye zile karayib 0
kat geografi’n plen mak twou van
youbiyon van

Ti moso lanmou

M’anvi mode yo
nan pwent tete goch yo

se la mwen jwenn
yon pwelyem pawòl pintire
pou’m di chak zwazo k’ap vole
bò fenèt lanmè mwen

yon pousyè anvi
pou’m fè siy de lakwa douvan estati lanmou

mo yo se nechèl mwen
pou’m touche zòtèy Bondye

chak zetwal nan kare syèl la
se yon bann mo
k’ap limen brenn mwen

(tire de cd’m Chimen souvni’m, 2008)

Toutouni

La te joure manman nou gwo katre delapremidi
li touse sou nou
li bave sou nou
li rele sou nou
li dezabiye nou

pousye leve
li leve anba jipon peyi’m
pousye leve mete’n nan lari

pousye leve
n’ap konte kadav solèy ki depatya
sou boulva lanmò

m’anvi pale, m’anvi jwe
m’anvi ponpe, m’anvi kadanse

m’anvi tounen mo yo lanvè
m’anvi fè bèlbèl ak yon lòt peyi
m’anvi fe bèlbèl ak zwazo yon lòt vil

m’anvi fè bèlbèl ak yon lòt peyi
pou li sispann tounen toupi
nan men latè
yo te woule’m debò

—Andre Fouad

Powèm de Tontongi

Sis mwa apre dekonstonbray

Sis mwa apre dekonstonbray
Se yon sèl traktè moun wè sou Granri
Yon sèl vila an mab souvnans nan plantasyon
Chaje ak motif neokoloni sou Dèlma.
Pil debri kontinye makiye Pòtoprens
Zantray li dyondyonnen pil tant pou moun dòmi.

Sis mwa apre dekonstonbray
Koup Mondyal detounen kout lanmèd malpwòpte
Gòl Forlan ak Inyesta defoule reyalite malouk
Bellerive ak Clinton mande pou lajan debouse
Sot lakay peyi gwo zouzoun ki sèmante sèt fwa
Devan Loni pou ede rekonstwiksyon ak kout kreyon
Sou lokipasyon dan griyen malandren an kas ble
San fè meya koulpa pou diri k’ap toupizi agrikilti.

Anpil tan apre dekonstonbray
Peyi a kontinye depeple opaotwoogalop
Osekou pou sove madichon pran lepa
Tout sa k pèdi yo rete gwo pèdan nan ran ban
Pwofitè anvayi toupatou nan lakou kay Kwakou.

Anpil tan apre dekonstonbray
Ankenn pwomès pa janm reyalize
Kòlèk Bò-de-mè rete byen eskanpe
Menm fo komedi pa fè Lafrans debranle
Yo ret refize peye pou vòl endemnite.

Sis mwa apre dekonstonbray
Tout sa k pèdi yo rete gwo pèdan nan ran ban
Sivivan poko pran bouk chandèl
Mande ladelivrans pou Ayiti Toma.
Anpil tan apre dekonstonbray
Apre tout emosyon anba kadran je CNN
Anderson Cooper ak Doktè Gupta lage bon dokiman
Lajan pa janm deplase sot nan bous Tonton Nwèl.
Anpil tan apre dekonstonbray
Revolisyon ret toujou yon sèl solisyon.

(Jiyè 2010)

—Tontongi

Powèm pa Gary Daniel

Sivye

Latoupi tipas kout
Latoupi tipas long
Yayad latoupi wap-wap vap
Bloke ren ekstrèmdwat pye gòch

Tipas kout, tipas long
Defans lan kanpe dyanm
Apèd pou koken
Sivil, degoutan aksyonè
Nou tout pap restavèk
Fron ak min mare
Ne dri, ne plat dyòl boude
Rigwaz pou nèg ginen
Zafè kanaval san koulè
San mizik n’a dansè
A blan n’a tire
Monte mòn kabrit
Rale nan pilboro
Patinen nan rouletete
Nan fanmpadra n’a voye
Labou maske tout figi
bare je rouj
Mouchen nen bouche
Dyòl klete
Sèvo ak roukou makiye
Zòt prann nan twa rwa
Bay lespri do
An re mi fa sòl la si
Lannuit bare bal chante
Pou n danse s’oun pye
Apèd pou tout koken
Pou konesan sivil aksyonè
Zafè sak pa genyen
Sak dwe ni vle genyen
E ki genyen
Zafè, salfè l’fè
Ke w konn li konn ekri
Ret bèkèkè, rat pa gen 2 k
Apèd pou tout koken
Konesan sivil aksyonè
Peyi meriken, franse
Kanadyen e latriye
Cha, chaloska pral vire ron
Wa yan ap vire ron
deplòtonnen tan
Tann, tann sou tann
Tout mounn pral jwenn pa yo
San w pa jwenn pa w
Anba tonnèl, anba sole
Anba galta
Peristilomakoutokristyanokominokomèsyosivilosida
Etikolentènasyonalofatalokoutoyosekouranjekoutotik
Dage lespwa
Pike souf
Apre goudougoudou eklat’oun nasyon
Ki pran nan twa rwa
Sou tab foutbòl lavi
Mannosanon toup pou nou !
Swasankatozfwa sèt fwa.

Patekwè

Fokseli pa mounte tab
Mounn engra
Men longrenn katpousan bwokenn !

Twoubadou

Bannjo anba tonnèl
Serenad kongo bèl lalin
Payèt zetwal k’fè-m dodo.

Foli

N’ap goumen ak lonbray
Eskelèt lavi men
Kouray lespri defalke jodi.

Awoutsay !

Bèl fanm, bèl te…
Bèl da…
Devan’l fè-m chante kokiyoko.

Fofè

Lan fè nwa
Bann fè plis dega
Pataswèl zòt fè bèkatè.

Kat rouj

w-ap vale zuit
gen tikòk pa pri
san paspouki

Domeyans

Pou Sèe-frè-m RoNo

Lannuit
16 pou rive 17 dawou
Mwen pakab dòmi nètalkole
lespri m anboulatche
ap travay kon mabi fre,
chak boul reyaksyon
demele mas aksyon
k’mande benediksyon
nan jenifleksyon
rekonsilyasyon
nan kominyon inifikasyon
tout faksyon popilasyon
pou liberasyon san sansasyon
ni tribilasyon pou lanasyon
nan libasyon 17 oktob
ak kantasyon 12 janvye
pou Jak Stefenn Aleksi
pa Jak Edwa Aleksi

je-m louvri yan
pot sèvèl mwen de batan
sou pye kokob-anm
ap mache zoukoutap-zoukout-anm
nan pey-anm
ak makout-anm
makout lavalasy-anm
jandamomilisy-anm
tout rebèlopoz-anm
mizisy-anm
menm bourik elefan-m
apre kou nouvo fot
nan mas nanm san vwa
potvwa pey-ann
batan fenèt ladelivrans
domeyans lòt batan
se rekonsilyasyon
san kondisyon
pou nou tout Ayisyen
men pa pou lemonn an aksyon.
Nan tribilasyon youn nasyon.

—Gary Daniel

«The Rock (Wòch la)» pa Jean Philip Jean-Pierre, luil sou twal, 24x32, patisipan nan ekzibisyon «Kan penso nou yo tranble», 2011.

«The Rock (Wòch la)» pa Jean Philip Jean-Pierre, luil sou twal, 24x32, patisipan nan ekzibisyon «Kan penso nou yo tranble», 2011.

Home Page • Table of Contents • Send your writings and your letters to: Editors@tanbou.com