Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et courrier: Redaksyon@tanbou.com



Paul Laraque:

Powèt e militan pye nan dlo

Premye fwa mwen te rankontre Paul Laraque se te nan Nouyòk, an 1977, nan fèt komemorasyon swasantdizyèm ane nesans Jacques Roumain. Mwen te enpresyone pa diskou tètchaje nèg save sa a, ki pat kontante li pale de zèv («œuvres») Roumain sèlman, men ki te sitou plase travay literè ak aksyon militan patriyòt konsekan sa a nan tradisyon lit pèp ayisyen an e nan kontèks tribilasyon aktyèl pèp la tap sibi an 1977.

Les frères Laraque (de gauche à droite) Paul, Guy et Franck. Dans les rapports dialectiques de la politique et de la littérature, Franck donne la priorité à la politique, Guy à la littérature, et Paul tient la balance égale entre les deux.

Les frères Laraque (de gauche à droite) Paul, Guy et Franck. Dans les rapports dialectiques de la politique et de la littérature, Franck donne la priorité à la politique, Guy à la littérature, et Paul tient la balance égale entre les deux.

Laraque se yon powèt, ekriven, editoryalis ak militan ayisyen ki byen koni nan sèk entelektyèl pwogresis entènasyonal yo. Ansyen kolonèl lame Dayiti, li deside, an 1958, ke sistèm politik ayisyen ka chanje sèlman pa yon revolisyon sosyalis ki respekte dwa moun, ki enstitye jistis sosyal nan sosyete a e ki etabli «Dezyèm Endepandans» peyi a. Powèt angaje, Laraque kwè nan yon pwezi ki ka sèvi kou «zam konba» pandan ke l ap chante «l’éclosion du merveilleux», oubyen cham dousè lanmou pou yon fanm. Pwezi misye se yon sòt vi libere nan limenm, libere nan tout ekspresyon li. Ak laj 72 rekolt kafe, Laraque pase e konnen anpil sezon ak mouvman literè, kote nan kelke ladan yo li te fè echanj lèt avèk Andre Breton, Eluard, Ezra Pond, e li menm resevwa pi gwo pri literè nan peyi Kiba sosyalis: Pri La Casa Americas.

Jodia, an 1993, Laraque toujou la ap lite, ap pwoteste e ap ekri pwezi liberasyon. Apre Koudeta 30 septanm ’91, li ekri plizyè atik pou l denonse dominasyon enperyalis ameriken an sou Ayiti ansanm ak diktati kriminèl panzouyis yo. Kou nou ka wè nan powèm e nan mesaj pou Jean Métellus ki sòti nan paj jounal sa a, Laraque toujou rete militan je-klere ak powèt tètchaje ayisyen an ki vle kontinye poze keksyon yo jiskaske repons yo vin jwenn. Nan foto ki akonpaye tèks sa yo, nou wè Paul avèk Guy e Frank Laraque. Guy se yon powèt militan ke gouvenman poutchis makout la tiye apre Koudeta a. Frank se yon pwofesè nan inivèsite vil Nouyòk la, ki toujou ap goumen, kouwè fre li Paul, pou jistis sosyal ak pou Dezyèm Endepandans liberasyon total-kapital pèp ayisyen an.

Paul Laraque ekri yon mesaj pou tokay li, Jean Métellus, ki te pase nan lakou Etazini, ke nou pibliye nan paj revi an pou ankouraje chak grenn moun ki ta renmen rann omaj a tokay li ke l estime ki merite lonè. Jean Métellus, yon michan ekriven ki ponn anpil roman, anpil pyès teyat, anpil poèm, anpil atik jounal; zèv li nan literati kou nan zafè lasyans rete yon moniman, yon «chedèv» wòtpòte pou Ayiti. Konsa tou gason Paul Laraque, se youn tou nan atizan lakilti e kòk bon zepon nan gagè kote pèp ayisyen an ap goumen pou yon lòt sosyete tou nèf, yon peyi santi bon, yon pèp banda, fyè e serye. Merit Paul Laraque nan batay sa a, chita konfyans ak kredi li taye pou tèt li lòske nou konnen li se youn nan ansyen kolonèl Lame Dayiti ki pa vann nanm li bay klas moun k ap toupizi peyi an, ni pase pa anba bò kote pwisans etranje yo pou livre pèp la bay aloufa. Laraque genlè l jire pou l mouri dwat, je klere! Pwezi li ak tout lòt fòm literè li chwazi ekri kanpe fèm pou nouvèl jenerasyon yo. Ayibobo pou li nan kannal Tanbou, Ayibobo tou pou Métellus.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com