Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Maximilien Laroche fè lareverans bay lavi

—pa Manno Ejèn

« Soso soso Benwa / Grenadye Benwa / Ti nèg ki rele Kan an ki mouri ». (Yon chante tradisyonèl)

Mwa jen ak mwa jiyè a pase tankou van pyepoudre nan sezon Latousen ki lage koukouwouj nan fèy sèch. Yo mache pote lakwa nan milye entelektyèl ayisyen, fè lapenn koule lakay anpil fanmi, tankou larivyè k ape desann. Yon sèl kou yo pase pran Claude Pierre, Serge Legagneur, Jean-Claude Fignolé. Epi, pou fini, se sou zanmi, kanmarad nou Maximilien Laroche yo fè ladènye.

Maximilien Laroche.

Maximilien Laroche.

Se ak kè sere, yon kè merilan Regwoupman Ekriven Kreyòl aprann nouvèl, ekriven Maximilien Laroche fè lareverans, li bay lavi a do, apre yon emoraji serebral, nan sware 26 jiyè 2017 la, nan lopital Saint Sacrément, nan vil Kebèk, Kanada, kote li t ape viv ak fanmi li, depi nan ane 1960. Lantèman an ape chante samdi 12 dawou 2017 la, vè 2è apremidi, nan lergliz St-Charles Garnier, nan vil Kebèk (nan Kebèk, Kanada).

Genyen moun nou konnen, nou te abitye frekante si tèlman pre ki make nou. Grandèt yo, mete ak sajès pèsonalite yo, ansanm ak tout fòs majik karaktè yo reprezante, ki ba yo dimansyon yon pyebwa venerab. Ak rasin yo byen anchouke nan fondas kiltirèl ayisyen an, se kòmkidire yo genyen yon fòs espirityèl ki abite yo, ki fè repozwa lakay yo. Maximililien Laroche se te yonn nan yo. Grandèt yon gwo pye mapou1 ki te kanpe tou drèt, ape flerize anflèch nan literati ayisyen an. Branch li byen toufi layite nan tout Karayib la, jete lonbray pa lòtbò lantouray, sou lòt kontinan, depi an Amerik, ale jouk an Ewop.

Maximilyen Laroche se yon kritik literè, espesyalis nan literati konpare, pwofesè retrete, ki t ape dirije Gwoup rechèch sou literati Karayib yo (GRELCA), nan Université Laval, nan vil Kebèk. Li te patisipe nan divès kòlòk ak etid epi manm plizyè jiri entènasyonal. Li se yonn nan ra entelektyèl nou yo ki te plonje fenfon, jouk nan fondas kilti ayisyen an, nan bibliyotèk kolektif la, pou t ale chache ralonj nesesè pou li te kapab amelyore relasyon matlotay ki ekziste ant de lanng ofisyèl peyi a.

Tout esè li yo se yon fason envante pou li te rekonsilye entelektyèl ayisyen ak pwòp tèt yo, epi kontribye nan pwoteksyon sosyete a kont tout bann vye demon azèl k ape peze souse li nan dòmi, epi twouble konsyans divès moun nan mache pyeyatè nan rèv jeklè y ape fè gran jounen. Ki fè, travay Maximilyen yo depase kad fòmèl yo, tradisyonèl yo pou te leve lakritik nan yon nivo atizay, ba li yon karaktè literè ki merite pou etidye poukont pa li, pou sa li ye. Nan sans, sijè li abòde yo se te yon eskiz envante pou li te konprann, esplike epi apwofondi pi plis toujou divès aspè ki chape, pou anpil moun, nan literati ak nan oraliti ayisyen an.

Yonn nan espesyalite èv Laroche yo, se kapasite ekriven an te genyen pou li te « chawaye ekzanp ki manke lòt kote pou aprann epi konprann », nan konpare literati ayisyen ak lòt literati etranje. Men tou, ede nou antre nan pwovèb nou yo, vwayaje nan kont yo, sezi mizikasyon chante yo, dekòtike fòm diskou ak pawoli mit sosyal yo, tradisyonèl yo degaje, epi mezire fòs yo, dekouvri fondèt yo… ak pou fasilite lektè a konprann, mennen li nan nivo « pèfòmans estilistik ki kache nan jwèt pawoli lanng lan, aprann dekòde dedoubleman mo ayisyen yo ».

An bon Ayisyen, Maximilien te genyen ladrès lanng lan pou te detrese riban divès fason ayisyen itilize mo yo nan langaj yo. Se sa li fè, pa ekzanp, ak espresyon « Kou Manman lanman ! » an2 kote, non sèlman li bay orijin mo « lanman » an, ki se yon plant, yon legim. Men tou, bay tout dimansyon mo « manman an » kapab pran. Soti nan kote mèvils li charye, pase nan etonnman li esprime, epi pou ale nan divès degre santimman, elatriye. Se pousa, nan dènye liv li a, « Le poids des mots » (2013), li te denonse fason rapid « nou li liv yo, nou tande chante nou yo two vit ».

Maximilyen Laroche, ki pale plizyè lanng alafwa, se yonn nan ra ekriven ayisyen ki ekri nan de lanng ofisyèl yo, ki pibliye pi plis liv : « Le miracle et la métamorphose », yon etid konparezon ant literati Kebèk ak Ayiti (1970) ; « L’image comme écho », yon esè sou literati ak kilti ayisyen an, sou kote mèvilis reyalite a (1978) ; « L’avènement de la littérature haïtienne », yon liv bilan sou mòd, fòm, lanng, ekriti ak keksyonnman sou yon literati (1987) ; « Le Patriarche, le marron et la dossa », yon etid sou marasa nan woman ayisyen an (1988) ; « La Découverte de l’Amérique par les Américains », esè sou literati konpare a (1989) ; « Bizango » (1997) ; « La double scène de la représentation : oraliture et littérature dans la Caraïbe » (2000) ; « Teke » (2000), « Mythologie haïtienne » (2002) ; « Principe Marasa », (2004) ; « Sémiologie des apparences » ; « Le poids des mots » (2013), elatriye.

Anplis tout kantite liv, tèks li pibliye, men nan karyè li kòm pwofesè, chèchè, eseyis, pwofesè, kritik, konferansye… Maximilyen resevwa plizyè tit ak onè, Conseil de la langue française du Québec nonmen li, manm Ordre des francophones de l’Amérique (1988), epi an Ayiti yo te fè li Chevalier de l’Ordre national, Honneur et Mérite de la République d’Haïti (1999).

Se dilere pou konstate mapou a tonbe prèske san fè gwo bri. Jis kèk ti atik nan medya, pou lafòm. Men li leve yon vwal sou milye entelektyèl ayisyen an ki fonksyonnen an kliyantelis, an mounpayis. Kritik la pa kapab detache yo pou rekonèt richès travay moun pou sa li ye. Yo pa konnen apresye kontribisyon yon pèsonaj, ni salye valè, savalouwe yon èv. Yo se yon bannn etènèl etidyan ki rekonèt sèlman mèt yo, ansyen pwofesè yo. Se dilere sa !

Regwoupman Ekriven Kreyòl pèdi yonn nan mètapanse li. Yon nonm ki te ayisyen toutbon vre. Yon pansè kreyòl ki ala baz kreyasyon REK. Nan non tout manm ak zanmi li yo, Regwoupman an bese chapo li rapyetè pou savalouwe patans yon potorik, yon mapou ki tonbe. Si nou nonmen non wou, se pa pou detounen chimen wou. Ak yon kòd madyòk sèt koulè nou mare senti nou, pou nou sa di wou bon vwayaj kanmanrad ! Travay akonpli, ale anpè, foumi fou va pote nouvèl ban nou. Pou yon kreyolizay kanmarad !

Manno Ejèn, Prezidan Regwoupman Ekriven Kreyòl

Manm Sosyete Koukouy
Emmanueleugene87@gmail.com
regwoupmanekrivenkreyol@gmail.com
Tel : 1 514 822-0865
(Tèks sa te soti pou lapremyè fwa sou paj REK la)

Nòt

1. Yon pye mapou kapab mezire jiska swasant mèt wotè konsa. Pou peyizan ayisyen yo, sitou nan milye vodoun an, pye mapou se kote espri rete.
2. « La longue marche des femmes haïtiennes: de la sœur à la mère ; A Haitian women’s long march: from sister to mother », (Université Laval, Québec, Canada).

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com