Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Lomeyans pou gason Manno Chalmay

(Joseph Emmanuel Charlemagne : 14 avril 1948–10 desanm 2017)

—pa Yvon Lamour

Gason Manno Chalmay frekan epi li radi ; men fout, nanpwen moun ki ka donan, ki sèvyab, epi ki gen kè nan men tankou li. L ap pran nan men ou pou li bay moun k ap mande li, malere ki nan malsite, oswa kèk lòt ki nan nesesite anbachal, oswa anba zye li. Se konsa chante li yo rive penetre epi tradui, tenkantenk, etadam ak kondisyon moun li kontre yo.

Manno Charlemagne singing and playing guitar on stage.

Manno Charlemagne sou sèn.

Rekonèt renpouren « sa k ap peze ak sa k ap reziste » se boulpik li. Lè l ap benyen nan lanmè, nanpwen tankou li, se lòtbò kannal, nan fon fon fon dlo, kote pechè peche, kote kannòt pase l al naje. Nou mèt si, antanke ti landenng nan kodake sa li wè ak sa l tande, li konn ranmase kèk bout nòt mizik ak bon bèt anba bouch pechè li konn kontre yo. Li te sèlman fè klas katriyèm segondè nan Lise Tousen Louvèti nan Pòtoprens, men li te vitman damou li nan gwo liv pou l te ka kore bon agiman piman-bouk, mete bèl abiman oraliti chelèn sou sitiyasyon politik-sosyal malokipe gwo mas pèp la kontinye sibi yo, epi louvri zye pi plis sou yo. Memwa mwen kenbe tras tout moman m te konn ansanm ak Manno ap chante, jwe gita, fè politik, bay blag yo.

Lakou, anba peristil, devan bann rara-rabòday se te konsèvatwa mizik msye, repozwa rasin li, epitou rezèvwa pou manbre chak mesaj nan pawoli, melodi ak amoni ki soti nan gòj, dwèt ak kòd gita li lè talan ak konviksyon li ap simaye vibrasyon. Kareman epi bandaman tou, tout wonf pasaj li nan koral kay frè katolik yo nan zèv li yo tou. Nan mini-dyaz « Les Remarquables de Carrefour », li te demontre aklè don ak dòz mizisyen, chantè, konpozitè epi enpwovizatè li nan chante tankou « Yesterday », mizik òkès angle ki te rele « The Beatles » la, epitou chante sanmba Frantz Coulanges ki rele « Malsite » a. Poutèt eskanp-figi rès lokalite toupatou nan sosyete nou an sanble tèt-koupe, Manno pral jwenn sous, zouti ak zengredyan pou enspirasyon li depi byen bonè, kote li fèt, leve, epi grandi yo : Granri ak lòt ri Pòtoprens, tout kwen ak rakwen nan Kafou yo. Egal, chante Manno se pou chanjman reyalite sosyal ak bezwen devlòpman tout peyi a ankè, kit se pou moun Bèdehèn, Beladè, Jeremi, Latòti, Tirivyèdenip, tankou pou Okap ak Pòtoprens tou. Manno ak konpayèl li Mako se te byen-jwenn ak byen-kontre nan simaye mesaj sa a. Zèv nèg sa yo simante bèl vwa, bèl mizik, bèl pèfòmans ak mesaj kolosal ansanm.

Apa rekonsilye, yo fè nou rekonsilye ak tèt nou, zèv msye yo konekte nou ak zansèt yo, istwa, lang, ak kilti nou, san nou pa bliye yo se remontan pou ekzil, epi sewòm pou dyaspora a. Zetwal msye sot file anba plizyè maladi-kansè pandan li te genyen sèlman 69 rekòt-kafe sou tèt li ; madanm dèyè, ansanm ak pitit, pitit-pitit, frè, sè, fanmi-pre, fanmi-lwen, kamarad, zanmi, fanatik, kòlèg ak konpatriyòt. Twaka nan 69 rekòt-kafe sa yo se koutrèl, koutje ak koutsan pou desounen sosyete ayisyen an. Gran senbòl pou vansman mizik rasin ak konviksyon politik, men move modèl nètalkole kòm dirijan pou detwa grenn ane li yo anndan Leta a. Zanmitay, kòkòday, epi lebra ak gouvènman initil te prèske mennen msye sou chemen latwonpans. Men pawòl yon bon zanmi nou : « Manno pou mwen se kankou yon zonyon. Tout bon frechè li, tout zès li, tout sibstans li se lè w rive retire vye kouch po seche yo ki te plòtonnen zonyon an apre ane 1994. Se Manno sa a mwen vle pou rete nan memwa mwen : kote pawòl ak aksyon te fè youn, kote chante pou libète ak batay san laperèz pou dwa moun te makonnen kankou treseriban. »

Kòm nou yonn pa vin fè matyè sale bò isit la, an nou kite msye ale devan ; nou-menm, nou dèyè. Manno Chalmay, ou gentan tounen yon patrimwàn nasyonal pou pèp ayisyen !

(Desanm 2017)

—Yvon Lamour, zanmi-adolesans Manno / Cambridge, Massachusetts

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com