Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Éte 2014

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Merites Abelard

Nan Pye w

Ayiti, yon fanm mwen pa ka bliye
Se jwe m t’ap jwe
M pa t’ap janm ale tout bon vre.
Ou konnen mwen menm avè w pa kab kite.
Nou tèlman fin abitye!
Ou konnen se tout jounen m’ap plede tcheke,
Plede voye je,
Wè jan lavi w’ap mache ?

Ou te gate m twòp cheri
M paka rete lwen
San ou, M santi m prèt pou mouri.
Lè m tande ti moun yo ap dòmi nan lari,
Ap mouye nan lapli,
Cheri fò m tounen
fò m vin bay w yon kout men

M bouke kanpe lwen ap foure je gade
Kòm si m se yon etranje
Ki pa two konsène
Men, ayiti cheri, ou konnen ?
Nou gen anpil bagay pou nou regle
M kwè tout bon fòk mwen tounen

Ayiti, bèl fanm dous mwen
M’ap reve ou lan nwit kou lajounen
M santi riban lonbrit mwen
Antotye nan tete w, manmèl lavi
Lè m lwen w, m pòtre yon timoun potovi

M te mèt fè tout ti koken
M’ap admèt m pa fouti kite w
Ou konnen se ou menm ki fanm pa m
Gen lè w te ban mwen yon ti poud cham

Gen lòt zouzoun k’ap fè m zye dou
Se vre wi doudou
Men ou konnen m pa fou
Tout lanmoum se pou ou
Men cheri ou konnen m jalou ?

Ayiti cheri ou konnen
Se vre ou se yon bèl fanm
Men yon fanm piten
Ou se yon bèl fanm bouzen
Ou mache pran tout sendenden
Ki pase ou nan tenten
Yo fin touye ou anba bouden
Se sa k fè w’ap mal mennnen
Cheri, ou pa wè jan figi ou fennen ?

Men ayiti cheri ou konnen ?
M’pare pou m bliye tout sa k te pase
An n rekonsilye
M anvi tounen
Paske se sèl pou ou nan kè m ki genyen
Yon kokenn chenn jaden
Yon gwo jaden renmen
M’ap tounen
M’ap tounen
M’ap fout tounen

—Merites Abelard

Powèm pa Elsie Suréna

Haïku

yon nèg sot double m
li gen menm pafen avè w
si w konn jan m sonje w...

jou m pa ka manyen w
toulede men m yo
p ap itil anyen

fèt sen valanten
son mizik, moun ap chante...
pòtab mwen pa sonnen

mwen fèmen liv la
m ap pare pou m al dòmi
li pou kont li tou?

ou salye m... de lwen
w adi se sèl mwen k sonje
jan n te renmen bo

Yon jou kou jodi a
m a rive bliye non w tou
yon jou, pa jodi a

Pafwa konsa

Konn gen maten m leve
M pa konprann anyen

Nou fin pase tout nuit la ansanm
Epi lè m reveye, m pou kont mwen

Konn gen lè nan mitan jounen an
M pa konprann anyen

M fin pare yon manje m konnen w ap renmen tou
Epi lè m al chita bò tab la, asyèt pa w la rete vid

Konn gen apremidi
M pa konprann anyen

M fè yon singo pandan w ap pase men sou tèt mwen
Epi lè m vin louvri je m, pyès moun

Konn gen moman lè m pral dòmi
M pa konprann anyen

M ranje zòrye pa w la toukole ak pa m lan
Epi lò m lonje bra m, li pa jwenn ak kò w

Konn gen maten m leve
M pa fouti konprann poukisa w pa bò kote m

Anba lapli

Titalè a
M te kanpe bò yon larivyè
K ap desann
Anba lapli a
Mwen t ap gade yon kanna
Li t ap gade larivyè a
K ap koule
Blokotow blow
Yon tren kouri pase
W ansanm avè m jodi a
W ap gade m k ap gade yon kanna
K ap gade larivyè a
K ap koule desann
Ou kanpe dèyè do m
Bra w ozalantou kò m
Tèt mwen kage sou zepòl ou
Anba lapli a

Lasisin

San mache prese
Aswè a m ap vwayaje
Sou tout kò w
Tout kote m ka poze
Men m ak bouch mwen
Lè m rive m rive

—Elsie Suréna

Powèm pa Jean-Dany Joachim

Lekti piblik

Powèt la antre nan sal la,

Foul la kanpe sou de pye
Pou bat bravo.
Manmzèl mache dwat sou podyòm nan,
Tankou yon chanpyon k ap monte sou ring.
Pandan aplodisman an ap monte kou loray,
Powèt la salye kat kwen.
Bravo a mouri ti tak pa ti tak.
Powèt la ouvè liv li,
Pandan l ap gade piblik la drèt nan je.
Manmzèl fèmen de je l,
Epi l kòmanse lekti a.
Li li nan vwa pa yo;
Manmzèl di kijan li rele;
Li li non yo;
Li li makòn lapenn yo;
Li li peyi yo a;
Li li chay gaspiyaj yo a;
Li li lagè yo a;
Li li frajilite yo;
Lèfini li rakonte yo pwòp istwa yo.
Powèt la te anvi rakonte istwa pa l:
Lè mari l te pati,
Non pitit fi l la,
Peyi l la, li te kite dèyè,
Lavi lòtbò lizyè
Nèg sa a li tèlman renmen,
Jouk nèg la sispann renmen l.
Vwa powèt la te byen kalm.
Yon lòt fwa ankò li di non li,
Epitou li ouvè je l
Tout moun te gen tan disparèt.

Kay powèt la

Nan kay powèt la
Li ekri bouke flè
L ekri lalin
L ekri dlo nan je
L ekri lespwa k ap tanpete
Li bwè konsyans li nan mizik mo yo
Li fè viwonn peyi lekzil li a
Li flannen nan tout riyèl yo
Ki chak lalin nouvèl
Kontinye efase ekzistans li.

Ochan pou premye powèm nan

Ayibobo
Pou plim osnon kreyon sa a
Ki te ekri premye mo a
Sou premye premye paj la—Ayibobo
Ayibobo
Pou premye mo a
Ki te louvri pòt
Bay yon jenn konsyans lapawòl—Ayibobo
Ayibobo
Pou paj sa a
Ki te sèl temwen
Lapawòl k ap tounen mo—Ayibobo
Ayibobo
Pou ti kay sa a
Arebò lari a
Kote premye powèm nan te fèt la—Ayibobo
Ayibobo
Pou Matant Hermance
Ki te chita tande tout
San jamè fèmen pòt—Ayibobo
Ayibobo
Pou peyi a
Ak tout syèl la
Tout lanmè a—Ayibobo

Selavi

Si manman pa t kase langajman an
Epi lame a pa t kwape demand papa m nan
Si lapli pat sispann tonbe
Epi pyebwa te kontinye pouse
Si solèy la pa t fè chimen kwochi
Epitou te gen grenn semans pou lòt rekòt la
Si lè endiy la pa t rive twò vit
Epi malèpandye pa t ret fè vye kwen
Si lavni m pa t kouri pran devan m
Pouse m tounen toudousman nan dènye ran
Pandan lavi a kanpe doubout
Pou asiste dènye kout klòch la
Lò nou tout fin pèdi pye
Pou menm pousyè nou pa rete. Se lavi !

—Jean-Dany Joachim

(Tire nan rekèy Crossroads/Chimenkwaze, 2013)

Powèm pa Kwitoya (Jean-Robert Victoria)

Pou l revandike Letènite

Deyès mwen an!
depi zye w tonbe dèyè souri w
mwen sèten ou pral vini fò
tankou yon bèlsipriz
figi w pral mistè menmjan ak
lalin lan k ap mire vijinite
yon nwitmasif

ou pral bege bèl
pale depale
degrape rezon m
degrennen bonnanj mwen
epi plante istwa n
pou latè peple dri founi
nan tout sezon

malgre malediksyon an n ap manje
pòmpeche a avèk plis chalè
jis solèy la zanmi n
n ap renmen ak plis savwa pou lalin
tire pwosèvèbal lanmou sa a: se
sèl rezon limanite genyen
pou l revandike letenite.

Chak maten se espas vyèj

maten an van pase nan cheve m
li dekare pwenkadino
akansyèl la file dèyè l

pyepoupye sou menm wout la
lanjelis fè lorizon jedou

mwen bezwen van an pase
nan cheve m pi souvan

piske chak maten se espas vyèj
lèzòm genyen pou yo
redefini libète epi kare
lavi anfas lanmò.

Chak maten se espas vyèj

maten an van pase nan cheve m
li dekare pwenkadino
akansyèl la file dèyè l

pyepoupye sou menm wout la
lanjelis fè lorizon jedou

mwen bezwen van an pase
nan cheve m pi souvan

piske chak maten se espas vyèj
lèzòm genyen pou yo
redefini libète epi kare
lavi anfas lanmò.

Ayisyen an

ayisyen an sou pwentlang ou
konsyans ou chelèn
ou bezwen sèlman kenbe men l

avè l panse w kouri dantèl
nan jiponlalin
li paye emosyon w

pa grizonnen l nan marivoday
pale l ekri l tank w ap fonn nan li
tank l ap koule w nan moul li

nan loraj nan fènwa pale l
pou janbe kalfou
pandan w ap blaze derizyon

nan raje nan galèt pale l
nan konsènasyon yo pale l
ekri l sou chak falanj tè a

piske w ap pase li l ap rete la
la avèk rèv ou nan nwit yo
jis inivè an met zanno pou li

ayisyen an manbre sans ou
ou ka di : donbrèy la kòryas
kalalou an glise men poukisa

ou vle diglòt tonmtonm lan ?
kite ayisyen w lan koule flèv non
pou lespri w donnen bèl lide

pale ayisyen an non jis van
kouri dlo nan savanndezole
jis zwazo tounen sou pyebwa

lanjelis va tire chapo pou li epi
entwodwi l ba lorizon
nan yon kabare byenbanda

ayisyen w la ayisyen m lan
se sètifika n an nou pote l sou
zèpòl nou nan tout jaden

malgre langpèpè yo ap dige l
byenlontan déjà se li k ap garanti
lavni n san ipotèk.

Fanm dAyiti

mwen konnen yon peyi k ap peple
fanm dri

yon kalite fanmboulpik limanite

lè solèy la katòzkara
fanm sila yo senp kon
elokisyon papiyon
sou pyelorye

fanm peyi m lan pwofonde
kon flonn myèl k ap moukmouk
yon gatomyèl

fanm ayisyèn lan sila gen cham

ak pouvwa

pou m mouri nan ponyèt l

zwazo k nan syèl la kopye

boulay kourandè an

pou l kokade fanmdAyiti an

fanm sila manman mwen

se yon iltimatòm!

Prizdife pa l la

ritimas soubèlè m te kanpe
solèy la t ap detire kò l
sou mwen
lè pise chyen an te chode
do pye m

animal lan tache
mwen m sige dèyè l
pran l nan de pye dèyè l yo
se sèl rezon k anpeche m kanpe

se sèten n ap rive yon kote
tè an ap chodife
vwala nou de an ap deja
yon pè bouldife
nan revolisyon latè
pou l remèt solèy la
prizdife pa l la.

Dèyè grapdaylavi

mwen sonje bann etwal nwa
touzwizwit yo
te konn galimatya paj kaye m

a dizan mwen t ap mache nan
laripòtoprens
bonnanj mwen te kite kò m dèyè
yon taptap ki t ap fè bak teke l

si taptap la te kraze m farín
pèsonn jodi a pa t ap konnen
anpil elèvlekòl annAyiti te konn
dedouble dèyè grapdaylavi.

—Kwitoya (Jean-Robert Victoria)

Powèm pa Fred Edson Lafortune

Port-au-Prince, Haiti, after the earthquake in 2010. —photo by John Ripton

(Ekstrè tire nan An n al Lazil)

tout batan pòt fèmen sou douvanjou
depi lè w pati
yon gwo pwela pandje sou fenèt mwen
isit pa gen solèy
pa gen bonjou
isit pa gen lanmou
pa gen je dou
chak fwa lannuit pwente
mwen panse avè w
tout bagay te fini yon lè konsa
lè lavi pase trepase tankou rad mal pase
tout batan pòt fèmen sou lorizon
m’ap viv ak pwòp tèt mwen
mwen menm avè m tankou de imaj
de potovi
de zonbi k’ap chache wout sèl nan absans ou
chak fwa lannuit tonbe
rèv mwen plane sou zèl chòdchòd
k’ap chache wout tèt anba

...........

lakay pa janm kite m
lakay anba zòrye m
lakay s’on gwo lakou ak grenadin
lorye woz ak monbenbata
chadèk ak lyannpanye
lakay s’on ti sous dlo
yon chèz dodin
yon branch mango pou randevou lanmou
lakay pa janm kite m
se la mwen ak doub mwen soti
se la mwen ak doub mwen rete
tout batan pòt fèmen sou lorizon
depi lè w pati
yon rido blan pandje sou plafon kè m
lari a frèt kou lanmò
yon papiyon gri poze
nouvèl yo pase tankou fè chabon
tout limyè tenyen
chak nòt mizik s’on silans
yon powèm mal ekri

...........

an n al lazil cheri
n’a monte mòn oko
n’a kase fèy kouvri malè
n’a tire lobe
n’a wouke zanj nan dlo
n’a trase vèvè
n’a danse marinèt
n’a vole lougawou
n’a mare lapli nan pwent jipon
pou nou ka pran lannuit daso
an n al lazil cheri
posesyon zetwal pral kòmanse
kay grann milo se repozwa
an n al avè m tanpri
n’a woule sèso
n’a bwè kokoye ole
n’a kouri byen lwen
tankou timoun fwonte
chèche lanmou nan fetay kay
n’a voye pikwa
n’a bite tè
konsa konsa na bwote dlo
pou nou wouze biskèt solèy

..........

monn nan gen yon gou sann
yon sann dife nan fontèn tèt
monn nan gen yon gou san
yon sanzave tou pwatrinè
chak klòch ki sonnen
s’on zetwal ki pèdi limyè
chak tanbou ki frape
gen yon bòn ki deplase
nan lantouray latè
depi nan kòmansman
limanite fè fo pa
nan lantonwa lanmò
lemonn s’on majigridi
sèt milya kretyen vivan
sèt milya djòl gran louvri
yon sèkèy madoulè devan marekay
yon i toutouni
nan adwaz restavèk
lemonn ap kouri san mòflè
sou wout azoumounou
lemonn ap kouri an boul nan do
kou towo bèf sipa

..........

n’ap valkande san twòkèt
nan sekrè lenvizib
yon kout tanbou nan tenpan zòrèy
yon bri vaksin ak banbou
sou bouch ou
yon zon dife zetwal bliye
a ! sekrè ma dlo s’on tabliye
fèy akasya lonbray rèv lòm
n’ap valkande san twòkèt
yon riban ble jouke nan kou
nou pote nan memwa n
yon tòch limen sou pewon peristil
san twòket n’ap valkande
yon kwa
yon flè
yon zon dife
lemonn ap konte dènye jou l
yon planch trase triyang lanmou

.........

mwen menm avè w
s’on vwalakte k’ap vire nan lejann tan an
chak fwa lannuit tonbe
mwen panse avè w
tout bagay te fini yon lè konsa
lè yon lòt tan te kòmanse
an n al lazil nan vwayaj anelimyè
ak pousyè zetwal pou makiye souri w
an n al lazil ak vitès reyon limyè
pou mezire lespas nan pwent tete w
a ! kisa ki enfiniman gran
ki pa enfiniman piti
kisa ki enfiniman piti
ki pa enfiniman gran
dèyè tout batan pòt k’ap louvri bò lorizon
chak gout dlo s’on inivè
ki pran ekstansyon nan pla men w

..........

lazil temwen tout enstan linivè
lè zetwal wè tou nwa
kòmsi chak moman sou latè
kòmsi chak moman latè
s’on pa chat nan lanmò
lazil temwen tout enstan linivè
lè tout batan pòt s’on mont blese sou kochèt lorizon
kòmsi tout sa ki pat janm pase
kòmsi tout sa ki pap janm rive
tout ekziste nan moman tan an
a ! tout mont di ki tan l fè
pa gen mont ki di sa tan ye
tout batan pòt fèmen bò lorizon
isit pa gen konkonm
pa gen gonbo
isit pa gen kribich
pa gen piskèt
chak fwa lannuit tonbe
mwen panse avè w
kòmsi bouch ou sou bouch mwen
s’on boujon flè lè seren fin tonbe

(Tire nan rekèy powèm An n al Lazil, 2014)

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Été 2014

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com