Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Spring 2014

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Ayiti demen

—esè pa Tontongi

Lè kanmarad Hugues Saint-Fort te envite m vin patisipe nan « pwojè yon liv kolektif an kreyòl » limenm ak Jean Refusé t’ap prepare sou tranblemanntè a, mwen wè li ta pi bon pou m reponn a envitasyon an pa yon detou nan literati. Li rive ke m t’ap li pandan envitasyon an vini an dènye liv Edwidge Danticat a, Create Dangerously/Kreye nan danje. Donk mwen deside ekri yon esè k’ap kouvri alafwa yon kritik sou Create Dangerously ak yon voyeje sou goudougoudou. Poukisa mwen chwazi Danticat ak liv sila li a ? Toudabò paske Danticat senbolize—pou lebyen oubyen pou lemal—, sa ki bon ak sa ki pa bon nan sosyete ayisyen an.

Epitou, paske liv la kondanse nan paj li yo anpil kategori ak fasad pwoblematik kritik ayisyen an : lekzil, laglwa, lamizè, babari, represyon sanginè, dominasyon etranje, andirans, rezistans, elatriye.

Pou sa ki pa bon ann Ayiti yo, yon ekzanp se lefètke Edwidge Danticat, kouwè yon dal lòt Ayisyen, te sètoblije kite peyi danfans li alaj douz zan pou l emigre nan Etazini. Yon movèz pas anpil Ayisyen asepte avèk konviksyon lavi l ap vin pi bon. Pou ekzanp sa ki bon an limenm, sèke ED vin fè lonè Ayiti pou lefètke l ekri youn nan zèv roman ak memwa ki pi remakad yo nan literati mondyal tan koulyea.

Create Dangerously/Kreye nan danje se yon chedèv, yon chelèn literè ki sot anba men yon ekriven ki rive nan matirite majesteryèl li. Mwen li pratikman tout zèv Danticat pibliye ann angle depi The Farming of Bones / Travay tè pou zo (1998). Mwen renmen anpil roman sa a, ke m konsidere kou yon michan travay literè premye ran, sitou fason maton manmzèl manye lang angle a e fè yon istwa masak ak malsite vin tounen yon istwa damou ak andirans e lwayote memoryèl. Mwen renmen tou fason Danticat rekreye yon anbyans istorik e emosyonèl nan epòk fen ane 1930 yo nan chan kann nan Dominikani pami koupèkann ayisyen yo, mechanste sistèm batey a, jenosid pa sanginè/sèvitè diktati Trujillo yo, solidarite ak imanite pami vyeyo/koupèkann yo.

Tout lòt zèv Danticat ki swiv premye liv li Krik ! Krak ! (1996) ak The Farming of Bones, kontinye leve drapo elegans travay li (menmsi gen kèk nan yo ki gen plis awè avèk marketing yon etikèt « Danticat » ke avèk yon ekzijans literè). Toudmenm, jefò pou kreye kalite layite nètalkole nan dènye zèv manmzèl la.

Create Dangerously/Kreye nan danje anbazèle yon seri de ti tèks kout ki se alafwa esè, tikont ak memwa. Anpil ladan yo trè touchan, kouwè chapit li ekri sou Alerte Bélance la « I speak out / M’ap pale nèt », yon senpatizan Lavalas asasen FRAPH yo te maspinen ak kout manchèt e jete pou mò nan Titanyen ann oktòb 1993. Nonsèlman Alerte Bélance siviv, men li jwenn fòs pou l’al Ozetazini e denonse e rele nan lajistis reskonsab atak la nan emisyon Phil Donahue Show nan televizyon. Nan yon entèvyou avèk Beverly Bell, manmzèl Bélance di pou l rezime eksperyans malouk la : « Twa mwa apre m te reveye nan lanmò nan Titanyen, mwen te sou de pye militè mwen. Mwen vwayaje nan Etazini pou m eseye konbat mizè Ayiti ak mizè pèp ayisyen an. Mwen pale sou sò fi bann sanginè semè lanmò yo te vyole, timoun nan krèch yo t’ap vyole ; m’al nan televizyon ak nan radyo, mwen pale ak kongrèsmann meriken, ak jounalis, ak aktivis pou dwa moun. Mwen pale nan manifestasyon, nan konferans deprès, nan legliz, nan odisyon nan Kongrè [meriken] pou m di : “Men. Men sa mwen te soufri”. »

Danticat kite Alerte Bélance pale avèk pwòp vwa li nan tèks la e rann omaj ak rezilyans kouraj manmzèl : « Temwayaj li a te yon michan kado pou anpil lòt yo ki te toujou ap chache ret anvi, e pou pliske uit mil lòt ki te mouri anba men gouvènman jent la. »

Alerte bélance te pèsonize rezistans yon pèp ke fòs sanginè jent militè a ak eskadwon lanmò FRAPH yo, ansanm ak alye yo aletranje, pat ka elimine malgre tout brimad, kraze-zo ak masak.

De ekzekisyon Douin ak Numa a Goudougoudou

Nan yon chapit nan liv la Danticat titre « Acheiropoietos », li pale de ekzekisyon Louis Drouin ak Marcel Numa jounen 12 novanm 1964 devan papòt simityè Pòtoprens lan, men yo mare dèyè do yo ki plase kont fasad nòdwès miray la. Ou santi enpak emosyonèl pwofon istwa a te genyen sou otè a : « Pèsonn pat absoliman sèten jodia ki kote ekzatteman yo te antere Numa ak Drouin (...) Daprè imaj mwen wè de ekzekisyon an, lè m’ap mache nan koridò sere ki bay ant mozole a ak tonb yo mwen chache imajine plasman kadav yo. »

Mwenmenm tou, menmlè mwen gen yon bon kantite diferans daj avèk Danticat, mwen toujou santi fòs emosyon kolè ekzekisyon Drouin ak Numa a te koze nan kè mwen. Kouwè li mwen santi m ante pa memwa zak sa a, ki te twouble m anpil lè m te jèn tigason nan klas elemantè.

Krim sa a jwe yon wòl santral nan asenal represyon rejim divalyeris la paske li montre piblikman, nan zye lemonn ak monnonk nan zòn Nò (pou ki konba kont kominis te pi enpòtan ke konba kont sanginè makout), ke l kanpe pou l fè tout sa ki nesesè pou pèmanansyalizasyon rejim li an, ke l te kanpe pou l fè kontra avèk tout fòs dimal ak malfeksite pou li kenbe lennmi ak tout pèsepsyon lennmitaj andeyò teritwa nasyonal la.

Ekzekisyon Drouin ak Numa—ansanm avèk asasina Jacques Stephen Alexis, frè Daumec yo (Lucien, Dato, Frantz et Marcel), elatriye, anvan sa—te sitou yon mizangad pou tout moun pran gad yo. Asosyasyon simityè, ploton ekzekisyon, dènye sakreman pa yon monpè katolik, zamafe, lanmò sèten, elatriye, vin kreye yon fòs senbolik ekstraòdinè ki bay rejim sanginè a yon ora, yon aspè relijye pou lemal, yon konplisite total avèk alafwa Bondye, Lisifè e Rezon Absoli Leta.

Apre ekzekisyon an, lè m’ap pase bò simityè a mwen toujou voye zye m bò kote nan miray deyò simityè a, sou pwent nòdwès la, kote ou wè yon dal twou anpil boulèt ploton ekzekisyon te kreye. Mwen toujou reimajine posti militan de sitwayen kouraje sila yo ke ni menas ni menm apwòch lanmò pa Pada Dòk pat debranle yo nan konviksyon peyi a te anba men malfektè, ke yo mande pou pèp la vin dekwape yo.

Depasman ekzekisyon Drouin ak Numa egal depasman yon estad babarik, yon estad antwopofajik nan politik ayisyen ki vin kontinye avèk masak nan Casale an 1969, ak nan Jean-Rabèl an 1987.

Li enteresan pou remake ke se te menm jan an gouvènman Nord Alexis a te fè ekzekite Massillon Coicou ak de frè l yo Pierre-Louis e Horace Coicou, ansanm avèk sis lòt patriyòt, nan lannwit 14–15 mas 1908. Toulède ekzekisyon sa yo, a 56 ane de distans, te rive devan miray simityè Pòtoprens la. Men lè pa Divalye a te fèt nan mitan jounen, devan yon popilas pou temwen, avèk maksimòm piblisite pou degaje maksimòm efè pwopagann kont tout rezistans, pa Nò Aleksi a limenm te fèt nan mitan lannwit lè tout moun t’ap dòmi.

Siyifikasyon literati ak memwa istorik

Kouwè Frank Larak ki pa kwè ou ka dekole ekonomi, politik ak literati, mwen toujou kwè lavi ak literati se yon sèl. Pwezi m se ekspresyon sa mwen santi, sa mwen espere, sa mwen ta renmen, sa ki endiye m nan ekzistans lavi reyèl mwen. Jan-Jak Rouso, Jan-Pòl Sartr, Jak Roumen te premye enterè entelektyèl mwen. Ankenn nan yo pat aseptab nan kirikilòm etid asepsab pou rejim divalyeris la. Se anba manch chemiz (oubyen preske anba manch chemiz) nou te konn pase youn bay lòt zèv mesye sa yo ak anpil lòt otè rejim lan te konsidere kou « sibvèsif ».

Nan tèks mwen « Ayiti kou yon pwojè imen inivèsel » mwen pale de faktè istorik, jeopolitik ak ekonomik yo ki fè Ayiti pov, pipatikilyèman sabotaj de tout sòt ak eskokri (kouwè paekzanp dèt endemnite Lafrans enpoze sou Ayiti apre endepandans la) ki konbinen pou izole Ayiti e kenbe li tankou yon anti-modèl pou lòt pèp ki ta vle libere tèt yo.

Sa m fè m plezi wè kouman analiz Antonio Negri ak Michael Hardt fè nan liv yo an Commonwealth ranfòse sa mwen di nan tèks pa m lan. Ann site an gwo sa yo di : « Revolisyon ayisyen an, aprè tou (...) pi fidèl anvè ideoloji repiblikèn lan ke Revolisyon anglè, etazinyen oubyen fransè a, omwen nan nan yon aspè santral : si tout moun te kreye egal e lib, sa vle di sètènman ankenn moun pa ka esklav. Poutan Ayiti parèt raman nan rakontay istorik yo sou Laj Revolisyon an. Mach pwosesis Revolisyon ayisyen an chaje avèk fòs kontradiktwa, touni trajik ak rezilta ki vin dezas, men sa pa chanje lefèt ke l rete, malgre tou, premye revolisyon modèn. Men lè n di sa a se paske nou defini repiblik ak modènite selon pwòp definisyon ideolojik yo bay tèt yo, pa selon sibstans materyèl ak enstitisyonèl yo, tandiske Revolisyon ayisyen an elaji repiblik la men trayi modènite a. Libere esklav vyole règ pwopyete ansanm al lalwa kont divizyon rasyal (kouwè Atik 14 Konstitisyon Ayisyen 1805 fè a, ki deklare tout Ayisyen nwa kèlkeswa koulè po yo), ki devalye yerachi rasyal enstitisyonalize yo. Petèt li pa siprenan ke vas majorite repibliken ewopeyen ak nò-ameriken nan epòk la (e nan epòk pa n lan) konsidere Revolisyon ayisyen an tankou yon evenman enpasab. » (Commonwealth, Negri e Hardt, Harvard University Press, 2009).

Liv sa a se twazyèm pati yon triloji otè sa yo koumanse avèk premye zèv majistral yo, Empire (2000), ki suiv pa Mutltitude (2004). Asosyasyon de otè sa yo parèt yon tijan dwòl okòmansman : Negri te nan prizon ann Itali pou akizasyon krim teroris, tandiske Hardt te yon pwofesè inivèsite etazinyen. Empire se yon zèv ki analize globalism e Nouvèl Òd Entènasyonal la selon yon pèspektiv neo-marxis. Teori esansyèl li avanse sèke mekanism kontwòl e rejenerasyon sistèm kapitalis la vin kreye yon epistemoloji fonksyonèl global ki opere pa pwòp lojik (oubyen absans lojik) pa li, men ki repwodui menm rapò de dominasyon ak kontòl sistèm kapitalis tradisyonèl la. Empire se fo sans nesesite istorik, vwamenm « natirèl » nouvo rapò de dominasyon kapitalis yo vle pase kòmsi pa ta gen yon altènatif serye pou ranplase yo.

Dezyèm zèv triloji a, Multitude, redefini, oubyen pi presizeman, retounen nan definisyon orijinal praksis bio-politik ak rasanbleman kominal mas yo. Tèz Negri ak Hardt sou rasanbleman miltitid yo vin pran fòm materyèl nan mouvman « Occupy Wall Street » la ki pran pye Ozetazini ak Ewòp nan ete 2011 lan. Potansyèl revolisyonè yon miltitid genyen sil deside yon zaksyon kominal an mas pou l fòmile demand li e atikile, prezante yon altènativ liberasyon, se yon bagay fenomenal listwa layite depi dèmilye zane jiska tan modèn yo. Zaksyon Espatakis la an 72–73 Epòk Anvan-Jezikri ; zaksyon revolisyenè La Komin Pari yo an 1789 ak 1871, oubyen pa revòlte Sen Domeng yo an 1791, oubyen revolisyon sovyetik LaRusi an 1917, rive nan « Prentan Arab » yo an 2011, se otan de zaksyon miltitid ki montre pètinans mouvman pwotestasyon de mas yo.

Mouvman kontestasyon « Prentan Arab » la rive jete anpil gouvènman krazezo totalitè nan Mwayenn-Oryan, e li kenbe demand pou lavi miyò a jiska jounen jodia. Malerezman, mouvman an vin pèdi lejitimite li lè OTAN, sou kouvèti legal ONI, entèveni nan kriz Libi a. Kouwè ann Ejip, premye reflèks rejim Kolonèl Kadafi a sete represyon sovay kont mouvman kontestasyon an. Sepandan, kote puisans oksidantal yo, Etazini an tèt, te kenbe kò yo pou yo pa entèvni ann Ejip, yo pat bay tèt yo ankenn retni pou yo entèvni an Libi. Diferans la natirèlman se paske Libi genyen anpil petwòl. Lè ou wè inisyativ entèvansyon soti de Lafrans ak Angletè (de peyi kolonyalis ki gen bon rapò komèsyal avèk Kolonèl Kadafi, men ki wè avantaj yo ka tire nan yon alyans avèk mouvman pwotestasyon pèp libyen an, ke yomenm ede òganize e radikalize), ou ka wè gen yon bagay malouk nan tip de « entèvansyon imanitè » sila yo.

Kou nou wè ankò yon fwa nan kriz libyen an, puisans peyi Lwès yo, Etazini an tèt, toujou chache manipile lit pèp yo anfavè enterè pa yo. Se konsa yo pretann yo alye avèk lit demokratik pèp libyen an pou yo ka kontwole min petwòl libyen yo anfavè konpayi petwòl transnasyonal yo.

Si ou tande e kwè bèl jistifikasyon « imanitè » sila yo, sonje ke menm fòmil sa yo te itilize pou tiye Allende, bòykote Castro e ranvèse Aristid ak Sadam Hussein oubyen pou deklare lagè « entansite ba » kont Sandinis yo an Nikaragua, oubyen ankò pou anvayi Afganistan kote, sou pretèks pou yo vanje atak 11-Septanm 2001 yo, Etazini lanse yon lagè destriktif ki ap kontinye jouk jounen jodia (avril 2013).

Se ki fè sa pli trajik e pi tris lè nou wè nou pa ka rele pou « entèvansyon imanitè » nan masak pèp siryen an pa fòs sanginè rejim Assad la lè nou konnen peyi entèvenan e entèvansyonis yo gen pwòp ajannda enperyalis pa yo k’ap vin odetriman pèp siryen an.

Flanbo lanmò ki ante memwa

Atravè tout liv la Danticat blayi flanbo lanmò plizyè defen memorab ki ante memwa ayisyen, anpil ladan yo konekte ak toutpwisans diktati Divalye yo: Drouin ak Numa, wi, epitou Marie Chauvet, Jean Dominique, kouzen Danticat a, Maxo. Chapit sou Jean Dominique la montre grann admirasyon Danticat genyen pou jounalis angaje sila a, yon nonm li di anpil Ayisyen te vin konsidere kòm « ewoyikman envensib » akoz ke l te siviv diktati divalyeris yo (pwòp frè li, Philippe Dominique, te peri nan defèt atak kont Kasèn Desalin lan an 1958). Se byen ironik ke se sou gouvènman Aristid la yo asasinen Jean Dominique lè w konnen li pase tout vi li ap travay pou yon rejim demokratik ann Ayiti (ke l te espere Aristid te reprezante e ke l pat pran lontan pou l te vin detwonpe l). Kouwè Danticat di : « Sa ki parèt enkwayab e memorab sou diskisyon osijè Jean Dominique nan moman lanmò li se pasyon eksepsyonèl li genyen pou Ayiti e kouman pasyon sa a vin finalman trayi li. »

Pitit fi memwa yo : Ayiti ann amou, an kolè e an foli

Kouwè Jean Dominique nan domèn jounalism, Marie Vieux-Chauvet se yon kokennchenn potomitan nan domèn literati, espesyalman nan perestil liberasyon Ayiti. Li kouri kite Ayiti an 1968 nan vag represyon papadokyen kont tout nanm vivan ki pat vann konsyans yo. Zèv prensipal li, Amour, colère, folie, yon roman, penn avèk klèvwayans yon moun dwe inivè sanginè papadokyen an. Li ekri pita yon lòt roman, Les Rapaces, ki pale de Ayiti li sonje a, sètadi nan òbit papadokyen ak nan malvi tropikal komedyen ki pap jwe lakomedi.

Marie Vieux-Chauvet estope tout sikilasyon Amour, colère, folie, lè li reyalize lavi tout fanmi l ann Ayiti te an danje. Li achte tout rès kantite liv la ki te deja an sikilasyon nan libreri oubyen tout lòt kote, e detwi yo. Li mouri de kansè sèvo ann ekzil Ozetazini nan ane 1973. Danticat di de li nan fen chapit la : « Mwenmenm tou mwen ta renmen asire m Marie Vieux-Chauvet mouri apeze ke l te ekri, tankou sè li k’ap viv, romansyèz/memwaris Jan J. Dominique, avèk pasyon, san laperèz, danjerezman, liv sa yo li ekri yo. Plis m’ap ekri mwenmenm se plis mwen sèten ke l te fè sa. »

Li pa difisil pou konprann poukisa Danticat renmen Marie Vieux-Chauvet. Istwa MVC relate yo vle fè sikile yon istwa ki poko konnen oubyen pèsonn pa vle rekonèt. Se yon demach ewoyik ki enpresyone lespri yon ekriven ayisyen ann ekzil ki raple l pwòp troma separasyon pa li alaj douz zan, san konte lòt movèz memwa li ka reprime. Edwidge Danticat, li, ekri istwa ki deja konnen men tout moun vle bliye, men kouwè Marie Vieux-Chauvet li ekri pou memwa anrejistre yon istwa ki pat dwe revele, ouswa ou ka revele avèk risk e peril, danjerezman.

Mwen pèsonèlman kontan wè Danticat pale sou Marie Chauvet nan memwa li. Sa ki distenge Danticat de anpil lòt ekriven nan nenpòt lang e nan Dyaspora a, se sousi li montre pou konsèvasyon memwa, konsèvasyon listwa, konsèvasyon anpirism epòk la.

Nan menm chapit « Daughters of Memory » a, kote li pale de MVC a, Danticat deplore lefètke lekòl yo te konn fè l memorize leson sou kat sezon Ewopeyen yo te ofisyalize yo—prentan, ete, otònn e ivè—, san ke yo pat « rekonèt sezon sèch yo ouswa sezon lapli, oubyen tou sezon siklòn yo ki toutalantou nou ». Li apresye lefètke nou pa di, kouwè elèv lekòl nan ansyen koloni fransè ann Afrik yo « nos ancêtres, les Gaulois ». Tant mieux ! Men boukinizasyon kolonizatè te ranplase pa boukinizasyon diktatè tontonmakoutik : « Men te toujou gen kèk efasman ki te nesesè, youn ladan yo se lefètke, akoz diktati a ak baboukèt brital li yo, mwen pa konn ankenn timoun ki te li yon roman pa yon otè ki ne Ayisyen. »

Men malerezman, kouwè René Depestre ki, nan Le Métier à métisser, te twouve konsolasyon nan kout rigwaz yon pè Breton rasis paske li te satisfè swaf li pou gran klasik fransè yo, Danticat sanble jwenn konsolasyon nan enpozisyon kilti fransè a nan lekòl difèt ke l te renmen Miss Roy, yon pwofesè ki renmen di « comme a dit l’autre » anvan l site Voltaire, Racine, Baudelaire, zèv ki pwofesè a di timoun yo dwe ekspoze ak yo pou yo ka vin konplètman « sivilize ». Danticat dit : « Mwen vin pita yon diplome literati fransè nan inivèsite akoz mwen te sekrètman adore manmzèl. » Se byen domaj Danticat pase si vit, e san ankenn espri kritik, sou metodoloji ak kirikilòm bòne Miss Roy a, e sou yon pwoblematik ki si enpòtan nan kriz ayisyen an.

Yon lòt romansyèz Danticat pale de li nan liv sa a, se Jan J. Dominique, pitit fi Jean Dominique. Manmzèl se otè roman Mémoire d’une amnésiaque, yon « tit ak paradòks » Danticat di li renmen : « Kouman yon amnezyak, yon moun ki pèdi memwa, memorize ? » Men tit la se yon simagri, yon taktik mawonnay paske Jan Dominique sonje plis ke l fè panse l bliye. Lejann tontonmakout la fasine l, yon tonton mechan ki pran timoun devègonde, mete yo nan dyakout oubyen makout li e yo disparèt pou jamè. Mwen pa li roman J.J. Dominique la, men sa mwen wè nan rezime Danticat a, se yon deplorasyon okipasyon meriken an ki koumanse jounen 15 jiyè 1915 la ; Jan Dominique refere l avè l kou « bòt » yo. Danticat repòte ke nan tan okipasyon an 15.000 Ayisyen pèdi lavi yo ; li site W.E.B. Dubois ki di « Etazinyen nan lagè avèk Ayiti » nan yon rapò yon misyon k’ap rechèchè fè veridik. Dubois kontinye : « Kongrè pat janm otorize lagè a. Josephus Daniels [sekretè gadkòt prezidan Woodrow Wilson] te ilegalman e enjisteman okipe yon peyi etranje lib e masakre abitan peyi a pa dè milye. »

Guernica pa nou an

Dènye chapit liv la, titre « Our Guernica / Guernica pa n lan » kouvri jan non an sijere a gran boulvèsman tranblemanntè a, ke pèp la bay tinon jwèt goudougoudou. Referans a Guernica a, vil fòs avyasyon lame Jeneral Franko ansanm ak avyon Lufhtanza nazi alman te bonbade e detwi diran lagè sivil espayòl la (1936–1939), endike byennantandi kokennchenn destriksyon tranblemanntè a koze, alekzanp zaksyon fachis dekonstonbray ki ede siprime revolisyon sosyalis espayòl la. Èske Danticat vle sijere ke goudougoudou se yon mons Ayisyen te kreye e reskonsab ? Antouka, menmsi l pa di li, ou ka rezime Danticat pa lwen pou l panse konsa, menm jan li pa lwen pou l rann Etazini reskonsab de lanmò kouzen li, Maxo, ke Homeland Security te refize petisyon pou l ret Ozetazini. Se menm Homeland Security sa a ki te kenbe tonton Danticat, Joseph, nan prizon nan Miyami an 2004, kote li mouri pa mank tretman (yo refize ba l swen medikal pou sentòm kansè nan gòj paske yo panse se simagri li t’ap fè).

Jounen 12 janvye 2010, kat etaj kay tonbe sou Maxo ; malgre jefò fanmi, zanmi, etranje ki t’ap fouye nan debri yo, se kèlke jou apre yo jwenn kadav Maxo. Lektè Danticat yo ka raple yo ke Maxo te avèk tonton li Joseph lè imigrasyon te estope l nan ayewopò Miyami e jete yo toulède nan yon kan detansyon ki se yon vrè kan konsantrasyon. Yo pat menm gen lapenn pou li pou lanmò tonton li nan yon sitiyasyon si lamantab paske yo vòltije l retounen ann Ayiti pa lontan apre.

Lektè yo ka sonje tou ke se menm monnonk Danticat sa a ke li te ekri tout yon liv sou li pou onore memwa li (Brother, I’m Dying) men ki pat ka fè lektè yo bliye ke monnonk Joseph te yon ansyen tontonmakout ki t’ap fui lajistis. Natirèlman sa pa jistifye trètman inimen imigrasyon etazinyen te fè l sibi a.

Eksperyans sa a, san konte eksperyans orijinal lekzil, emigrasyon, san konte eksperyans antanke fanm nwa nan Establishment entelektyèl etazinyen an, san konte tou, jeneralman, eksperyans alterite, ezksperyans antanke zòt nan milye etranje depi laj sansib de trèz zan, se otan de kominalite de kondisyon ak destine ki fè Danticat rete yon ekriven ayisyen ak ma esans natifnatal menmsi li ekri plis e prensipalman ann anglè. Sila yo ki li liv la ann anglè ka apresye ekriti matonik manmzèl deplwaye nan yon lang li aprann apre li te deja fòme.

Ayiti demen

Youn nan eleman prensipal nan pwojè liv la, se kesyon ki sa ki fèt pou rekonstui Ayiti apre tranblemanntè a. Create Dangerously pa bay ankenn repons ak kesyon an, paske senpman se pat objektif li te bay tèt li. Danticat te pi enterese, devan gran trajedi tranblemanntè a, montre pwoblematik la (tradisyon vyolans anti-pèp, kontwòl enperyalis, sistèm sosyopolitik malouk) e eksprime yon endiyasyon. Men li klè li souwete bagay yo ta miyò e yon avni pi imanize pou Ayiti.

Depi re-entèvansyon Etazini ak Lafrans nan zafè politik Ayiti an fevriye 2004 la (sou pretèks pou evite yon bendesan ant ofansiv militè pa opozisyon an kont fòs defans gouvènman Aristid la), peyi a ap degrenngole nan dejenerasyon. Se vre ke depi sou dezyèm mwatye rejim Pòl Ejèn Maglwa a, rive sou rejim Divalye a, e akoz de pratik tiranik, otokratik, dirijan yo, destriksyon enstitisyonèl peyi a te kòmanse. Entèvansyon Etazini-Lafrans la, plis tranblemanntè 12 janvye 2010 la, vin rann yon sitiyasyon ki te deja depatyaw senkant fwa pi malouk.

Devan fayit Leta ayisyen fas ak responsablite li, kou nou te wè nan inaksyon gouvènman Preval la devan katastwòf goudougoudou a ; devan grandisman kontwòl etranje sou zafè Ayiti, kou nou wè nan wòl santral CIRH la jwe nan manipilasyon sistèm elektoral ayisyen an jiska vin fè eli yon atis vizyonè, ilimine kouwè Neron, kou prezidan. Se vre yon bon pati nan pèp la te ede fè Michel Martelly genyen eleksyon an ; se vre tou li bay yon diskou ki ale nan sans moun yo. Men se bliye mirak teknolojik ak teknik elektoral dènye kri yo ka fè, selon imajri popilè a, yo ka fè yon kochon santi bon. Apre prè de zan opouvwa, li klè ke pwoblèm prezidans Martelly a, sèke li panse li ka out smart, woule tout moun.

Li itilize swadizan rekonsilyasyon nasyonal pou li reyabilite Jan-Klod Divalye san tenikont de sansiblite viktim rejim sanginè malouk papa l ak limenm te blayi sou Ayiti. Wi, nou tout dwe pou rekonsilyasyon nasyonal, enimite ak destriksyon mityèl youn kont lòt, se potorik pratik ki kontribye nan okipasyon Nasyonzini, sètadi esansyèlman okipasyon merikano-franko-kanado-anglo, peyi Dayiti.

Sepandan, pa ka gen yon vrè rekonsilyasyon nasyonal san jistis pou viktim yo, san rekonesans pa koupab oubyen pèpetrè yo zak mechanste yo te komèt kont viktim yo oubyen kont moun an jeneral. Pa jistis, pa rekonsilyasyon.

Konklizyon

Nou fè detou sila a senpman pou nou demontre pwoblematik ayisyen an pa yon fè izole oubyen yon absidite andeyò yon lojik. Li fè pati de yon angrenaj epistemik ak kondisyonnman sosyo-ekzistansyèl ki ap bezwen yon travay konsyantizasyon politik djanm e kontinyèl pou rive kontrekare angrenaj epistemik sila a.

Literati se chwa privilejye mwen fè pou m pote kout men nan devlopman Ayiti, peyi mwen, ki, malgre ke pafwa li se yon manman asasen pou anpil pititi li, rete pou mwen ak anpil lòt konpatriyòt sous emosyon konpletid ankenn lòt peyi paka jwe.

Mwen ta renmen nan esè sila a fikse atansyon nou sou yon Ayiti ki pa ankenn kliche neo-kolonyalis, men pito yon pwojè imen inivèsèl ; kouwè mwen di nan esè mansyone pi wo a (« Ayiti kou yon pwojè imen inivèsèl », Revi Tanbou, 2010) : Ayiti endepandan ap viv koulye a yon pas istorik eksepsyonèl ki vle menm fè kesyone lejitimite istorik li, dimwen jistès desizyon endepandans li. Se byen regretab.

Mwen rejte tip de espekilasyon sila yo paske yo vle retounen sou anvan yon fè istorik enkontounab la : lefètke esklave yo, kouwè Frantz Fanon ak Jean-Paul Sartre di, rejwenn imanite yo nan lefètke yo antame rezistans militan, yon vyolans antivyolans, kont sistèm kolonyal esklavajis la ki te dezimanize yo.

Genyen dezoutwa kondisyon enpòtan ki dwe reyini pou yon Ayiti endepandan kontinye ret endepandan e ap jwi wòl eklerè pou liberasyon tout peyi ki domine yo. Premye kondisyon an, se pou nou fòse Nasyon Zini renonse bay tèt li wòl pwotektè Ayiti. Ayiti se yon peyi endepandan ki rekonèt pa Chat Entènasyonal ki regile trete ak lwa sa yo. Pwen nou pral site la yo ka rezime demand esensyèl pou Ayiti pou demen, sètadi apati de jou ki suiv jodi a :

  1. Ayiti dwe endepandan e pran desizyon pou avni li ki otodetèmine, sètadi ki pa detèmine oubyen enpoze pa puisans etranje.
  2. Ayiti dwe kite chan depandans anvè Etazini ak charite entènasyonal.
  3. Yon grann kantite Ayisyen k’apviv aletranje oubyen ki leve nan peyi etranje dwe deside pou yo retounen viv ann Ayiti oubyen envesti ekonomikman, kiltirèlman, pwofesyonèlman, pèsonèlman nan devlopman Ayiti.
  4. Tout pwojè devlopman pou Ayiti dwe baze sou yon modèl devlopman otojenik, sètadi ki konte sou devlopman pwòp resous Ayiti (entelektyèlman e materyèlman) pou devlope li. Yon apwòch ki se opoze fo apwòch devlopman anvigè a koulyea, ki li baze sou delegasyon pouvwa, prerogatif ak responsablite bay ONG yo e depandans anvè charite entènasyonal swadizan imanitè.
  5. Lang nasyonal ayisyen (ke anpil moun rele « kreyòl » avèk yon konotasyon kolonyalis, men ke nou sijere pou yo rele senpan « ayisyen »), dwe vin sèvi kou lang vrèman nasyonal, sètadi kou lang administrasyon Leta yo, kou lang kominikasyon nan medya yo e kou lang enstriksyon nan lekòl ak inivèsite. L’ap sèvi kou lang nasyonal egalego avèk lòt lang nasyonal ayisyen an, fransè.
  6. Ayiti dwe sòti nan sistèm globalis enperyalis la ki baze sou aliyman avèk mache kapitalis la ki kontwole pa Etazini ak lòt peyi dominatè ki pa gen enterè Ayiti akè. Ayiti dwe ankouraje reyaliyman fòs rejyonal yo nan sans pou defann enterè komen yo e pou fè kontrepwa kont hejemonism peyi enperyalis yo.

Finalman, liv sa a se yon defi m leve pou montre kreyòl ayisyen an se yon lang totalkapital ki kouvri tout sijè ak kategori konesans e ki pwouve ou ka distike sa ou vle ladann l kèlkeswa jan literè oubyen disiplin ou vle anplwaye a. Nou anplwaye isit la kritik literè an kreyòl ayisyen nan sans, elegans ak elevasyon ki ka anplwaye nan tout lòt lang nan lemonn. Zèv ak otè ki enterese m yo se èv ak otè ki rann kont de lavi jan li ye nan reyalite e ki pap eseye mistifye moun. Chak otè nan liv la repwodui nan zèv yo konfli ki makonnen nan relasyon èt imen youn avèk lòt e rann kont de divès memwa ki anrejistre yo, ak diferant konpòtman, atitid, enterè ki alimante yo.

Se pa donk san rezon ke nou fè montre e pote atansyon nou nan seri esè sila yo sou sèten ekriven ke nou panse ki gen yon enfliyans konsiderad ka lektora yo a. Kou lektè yo ka wè, liv sila a jèminen sou yon long peryòd ak ane ki koumanse depi ane 1960 yo. Se eksprèseman nou ajoute tèks «Ayiti kou yon pwojè imen inivèsèl » nan fen liv la : Nou vle montre ke Ayiti se pa yon pwoblèm, ni yon enkonbreman ke yon moun te vle vòltije jete lwen li. Li se yon defi inivèsèl pou tout konsyans kritik ki vle onore libète ansanm ak lit istorik pèp yo ki senboloze l e ki vle rann li vivan. Natirèlman, li se menmlè a tou, yon prerogativ ayisyen ki pa ka delege bay ankenn antite nonnasyonal, kèlkeswa bòn volonte yo ta montre. Solidarite wi, men pa charite ; fratènite entènasyonal, wi, men pa kontwòl neokolonyalis anba vwal « entèvansyon imanitè ».

Create Dangerously se youn nan de zou twa liv Danticat mwen renmen anpil. Li pa pale twòp de de trajedi 12 janvye 2010 la, men nan tikal paj li konsakre sou memwa goudougoudou, emosyon l parèt tou natirèlman, avèk senplisite, avèk yon onètete despri li toujou montre nan zèv li. Mwen twouve pasaj kote li pale de lè lame meriken, ki okipe ayewopò nasypnal ayisyen an, refize pasaj moun ki gen paspò ayisyen (anfavè moun ki gen paspò meriken). Mwen renmen pi patikilyèman lè li di emosyon alafwa tris e vigouran ki antre nan nannan kè li lè avyon retou a t’ap demare pou l al Ozetazini, lè youn nan pasaje yo rele « God bless America » ; kou yon pitit k’ap kite yon manman, li di li santi l « ouvètman pwotektris de yon Ayiti ki deja depalfini, mwen tande mwenmenm ki rele “God bless Haiti, too (Bondye beni Ayiti tou)”, ki fè lòt pasaje yo voye kèk koutje bò kote m. »*

—Tontongi mas 2013

* Tcheke Edwidge Danticat : Create Dangerously, Princeton University Press, 2010

(Esè sa a ap parèt nan pwochen liv mwen an Memwa baboukèt / La gueule du trublion)

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Spring 2014

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com