Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Spring 2014

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Peyi dayiti pa yon defi

—pa Jean-Dany Joachim

M gen lontan m ap reflechi an silans sou sitiyasyon peyi a ki sanble ak yon defi pwa lou ki chita sou kòtòf lestomak tout pitit vant li yo. Mwen gen lontan tou m ap mouri poul mwen dousman pou m ka eseye byen konprann, sitou ke se nan peyi etranje lavi lage m depi plis ke ventan. Mwen aprann mete kò m ba pou m pa pale twò vit, pou m pa tounen medizan, pou bouch mwen pa prese di pawòl nanm mwen pa byen dijere. M aprann fè anpil ekzèsis alevini nan tèt mwen sou tout kan ki parèt yo, pou m ka konprann ak ki lojik yo aji, pouki se tèl zak yo poze nan tèl sikonstans. Se youn nan gwo trajedi nan lavi tout moun ki grandi ak rèv, ki grandi ak anpil lanbisyon pou kominote yo, pou yo gade lavi k ap file devan je yo, y ap gade laj k ap sige rantre sou yo, san anyen nan sa yo te dòmi reve yo pa janm reyalize.

Se te vè zòn trèz ak katòz zan ke mwen te kòmanse pran konsyans tout bon vre sou kondisyon peyi a. M te kòmanse reflechi nan fason pa m sou kesyon lenjistis, kesyon eksplwatasyon ak represyon. Malgre mal sa te parèt mal, nanpwen anyen ki te ka fè m kwè lè mwen t ap grandi, ke sitiyasyon peyi a te ka debouche sou sa l ye jodi a. Siman se paske nan laj sa a, m te sèlman konprann pwoblèm peyi a antan ke yon bagay anndan, kote tout solisyon yo te gen pou wè sèlman ak moun nan peyi a. Se vre tou, m potko gen ase enfòmasyon sou kijan de rapò ki te genyen ant peyi pa nou an ak kèk lòt.

Alaverite, premye vre desepsyon m, se apre mouvman dechoukay 1986 la, lè diktati nan epòk la te fin tonbe. Se te yon gwo jwèt gagòt ki te kòmanse. Malgre se te yon mouvman ki te gen anpil tan nan preparasyon, ak patisipasyon manm tout sektè nan peyi a, anegad de sa, sanble pa t gen okenn preparasyon pou fè fas ak dewoulman evenman chak jou yo. M te sezi pou m te wè kote majorite vwa ki te ekziste yo, se te yon sèl bagay la ki te enterese yo, se te vin prezidan peyi a. Majorite mas pèp la pa t konprann sèn ki t ap dewoule devan je l chak jou a. Anpil bagay te mal pase nan sezon sa a. Menmjan avèk anpil lòt moun nan peyi a, mwen te konprann depi rejim diktati a tonbe, tout lòt pòt yo t ap debloke otomatikman. Gen anpil moun ki te deyò lontan ki te antre nan peyi a, enpi ki te blije pati tounen trap trap kote yo te sòti a. Se yon kokennchenn opòtinite peyi a te pèdi nan tan sa a, men nou paka mize sou sa pou vitam etènam, fòk nou kontinye vanse.

Premye etap solisyon ki pou mete peyi Dayiti sou pye l la pral bezwwen patisipasyon tout moun ki kalifye yo pou reponn a lapèl. Fòk se yon revolisyon ki kòmanse nan nanm. Yon revolisyon konsyans, san kout zam, san trayizon, san panzou. Yon mouvman rekonsilyasyon pèsonèl de chak sitwayen ak peyi a. Sa pa gen anyen pou li wè ni ak relijyon, ni ak ran sosyal. Li pa enposib, e li ka fèt, men fòk gen motivasyon ak patisipasyon tout moun. Imajine pou yon moman, ke tout dirijan kèlkeswa sektè a, piblik kou prive, tout moun ki responsab yo : senatè, jij, depite, pwofesè lekòl, senp travayè, yo tout an jeneral ta pran jwe wòl yo ak konsyans. Yo tout ta rann yo kont ke se devwa yo pou yo fè sa ki nesesè pou fè peyi a mache anvan tout lòt konsiderasyon. Enpi pou tout moun ta kòmanse trete peyi a tankou zafè pa yo, pwòp eritaj yo, ke yo dwe pwoteje pou lòt jenerasyon demen yo. Sa t ap fè yon gwo diferans.

Peyi a gen ase moun ki kalifye ladan l : fanm kou gason. Peyi a gen ase moun ki gen konesans nesesè pou fè l mache nòmalman. Se pa mank lidè peyi a genyen. Li sèlman enpòtan pou tout moun jwe wòl yo kòmsadwatèt epitou na wè diferans lan. Istwa peyi a long. Istwa pèp la long tou ; gen anpil fo pa ki te fè, nou pa ka kache sa. Istwa peyi a gen anpil tach sou li, men malgre tou sa, nou gen anpil chans toujou pou nasyon an ka chape, pou l leve kanpe.

Anpil san koule, se vre. Anpil dlo je koule tou. Anpil soufrans ki kreye anpil sitiyasyon kenbe nan kè, malgre sa, sa pa vle di nou pa ka rekòmanse yon lòt wout ansanm. Nou pap kapab pase de kout bale pou nou efase tout tras peryòd difisil sa yo, nanpwen manti nan sa. Nou pa ka nonplis tou fè eksperyans difisil sa yo tounen antrav ki pou pa pèmèt nou kontinye avanse antan ke yon nasyon moun ki deja gen yon plas enpòtan nan sosyete mondyal la. Mouvman leve atè sa a oblije soti nan trip peyi a. Se lè tout branch, tout sektè rekonèt enpòtans li. Se pa yon mouvman pou yon grenn lidè, ni yon grenn prezidan, osnon yon gwoup moun espesyal sèlman. Eksperyans prouve nou ke modèl sa yo pa bay bon rezilta nan peyi a. Se pral yon mouvman tout moun. Li pa oblije gen yon non espesyal nonplis tou. Li pa oblije menmjan ak okenn eksperyans okenn lòt kote. Peyi Dayiti ap travèse sa yo rele yon katastwòf jounen jodi a ki pa ekziste nan okenn lòt peyi sou latè. E se poutètsa mwen rete kwè yon mouvman inik enpòtan anpil pou kòmanse travay rekòmansman sa a. Istwa nou antan ke pèp te kòmanse nan difikilte, nan soufrans, nan imilyasyon tou. Pandan lontan nou te viktim ekzagsyon blokaj kanpe lwen, ak blokaj ekonomik, tou sa pou te detounen nou, pou fè nou pèdi pye antan ke yon peyi. Gen lontan n ap travay pou debarase nou de tras eritaj move jèm sa yo. Anpil fwa ankò nou viktim zak division ak enjerans anba men lòt nasyon ki fè nou bite pandan lontan nan chemen nou antan ke pèp. Nou paka kite sa kontinye, nou dwe reprann kap nou.

M pa vle di pou peyi a antre nan koki l tankou yon krab mazòrèy k ap eseye fè tout bagay poukont li. Se pa yon demach ki t ap janm posib. Lemond jounen jodi a ak koze mondyalizasyon an fin tounen yon sèl blòk kote chak peyi pran plas pa l. Peyi Dayiti tou dwe jwenn plas li kòmsadwatèt. Mwen vle pale de yon priz de konsyans antan ke ayisen, ayisyen responsab, ayisyen motive ak angaje ; se la rasin mouvman sa a pral soti. Sètènman li pral gen lòt branch toupatou ki pou ba l lebra paske sèvo peyi a epapiye toupatou sou kat kwen latè. Entèlektyèl ayisyen, syantis ayisyen, edikatè ayisyen, atis ayisyen, travayè ayisyen, yo tout ap pèfòme san fot lakay lèzòt ak anpil lareverans, anpil respè. Li posib tou pou ansanm ak tout lòt konpayèl ki nan peyi a, yo rive bay menm pèfòmans sa yo lakay yo tou. Gen etidyan ayisyen jodi a k ap fòme nan tout gwo inivèsite nan peyi nan lemond antye. Se avèk fyète plis ke twaka ladan yo ta kontan vin mete konpetans yo osèvis peyi zansèt yo te soti a. Nou pa ka kite tout resous ayisyen sa yo kontinye al sèvi enterè lòt nasyon pou lavi diran.

Si nou byen gade tou, nou ka wè ke majorite lidè ak dirijan nan tout sektè ki nan peyi a se de moun fòme nan domèn pa yo. Jan pwovèb la di a, yo tout te fè de jou kay Ponyon. M rete kwè ke avèk lavolonte pou yo sèvi peyi yo anvan tout lòt anbisyon, ya va kapab mete mouvman leve atè sa a sou pye antan ke yon ekzanp pou tout lòt jenerasyon k ap vini yo ka swiv. Sa a, se pa yon rèv je klè, nonplis tou se pa pwezi nan dyòl powèt. Se youn nan dènye kat onèt ki pral repèmèt ayisyen toupatou reprann fyète yo antan ke moun, antan ke pèp. Pèsonn jounen jodi a paka nye, kèlkeswa mezi pòch li, kèlkeswa ran sosyal li, lè peyi Dayiti mal reprezante, se nou tout ki santi yon move gou nan bouch nou, nou tout ki santi yon ti tèt fè mal nan lestomak. Li pa posib pou reyalite difisil ki tabli nan peyi a kontinye pandan pi lontan toujou. Li pa nan avantaj pèsonn. Si sa kontinye piplis, menm moun ki abitye gen monopòl pouvwa osnon monopòl ekonomi nan peyi a, pral kòmanse santi konsekans yo.

Dwa lasante, dwa manje ak bwè, dwa edikasyon se de bagay fondamantal pou tout kretyenvivan kèlkeswa relijyon yo, kèlkeswa ras yo, kèlkeswa koulè yo. Peyi a gen ase resous pou reponn ak bezwen de baz sa yo, se volonte kolektif la sèlman ki manke, fòk nou kòmanse travay sou sa. Nanpwen reflechi de fwa, depi nou rive tabli fòs detèminasyon sila a, nanpwen okenn eprèv ki pou tounen met peyi a chita plat atè ankò.

Gen lòt peyi jounen jodi ki fè fas a kèk pwoblèm ke nou pa janm genyen antan ke pèp. Anpil lòt pèp peyi sou latè ka kanpe sou pye jodi a, se gras ak travay nou te kòmanse. Nou gen chans nou toujou pou n mete nou opa avèk listwa. Gen anpil move kou ki te bay, se vre nou paka bliye yo. Men li enpòtan tou pou nou aprann kreye plas pou tout bò ka chita ansanm jodi a ak nan lòt ane ki pou vini yo. Yon zòn konfò kot tout moun kanpe ansanm : sa k ap vin rekonèt tò yo, ak lòt k ap asepte padone ak rekòmanse mache nan menm wout ak sa ki rekonèt ke yo te aji mal nan lepase. Anpil fwa nan listwa moun, lè pou lapè fèt apre de sitiyasyon difisil, malerezman gwo pati travay la se toujou nan sektè ki te viktim nan li soti. Se sektè sa a, ki te fin pran kou a, ki pral rale yon fren sou eskonbrit kou pou kou a, pou vin aksepte chanjman lakay lèzòt yo kit e fè agresyon an. Se pa yon demach k ap senp. Se pa yon bagay konsa konsa, l ap mande anpil dekowòm ak anpil fòs, sitou pou sektè ki konsène yo. Li pa enposib. Li pral mande pou nou reaprann gade nou tankou yon yon sèl fanmi an k ap viv nan yon sèl kay. Nou ka fè l. Se youn nan pi gwo efò nou pral akonpli antan ke pèp. Se limenm tou ki pou mennen nou sou wout pou fè nou pa janm pèdi pa ankò, jamè, jamè. Peyi a ap toujou gen moun rich, peyi a ap toujou gen sa ki gen plis mwayen pase lòt, se nòmal, men peyi Dayiti ka tounen yon plas kote menm pòv pral kapab viv ak diyite. Se pa yon bagay ki enposib. Ke nou vle l ou pa, mouvman sa a dwe derape pou nou ka evite sa yo ka rele yon katastwòf total pou peyi a. Paka gen okenn avni posib pou nou kòm yon nasyon, toutotan nou pa kòmanse mete an mach mouvman konsyans kolektif sa a.

Wi, se vre tou, kèlkeswa mal sa mal, nou pa ka pa mansyone ke toujou gen kèk grenn sitwayen fanm kou gason, anndan peyi a menmjan ak lòtbò dlo, ki pa janm sispann fè gwo efò pou kòz nasyon an. Se poutèt sa li pi enpòtan ankò pou tout moun mete men ansanm rapid rapid, pou kòmanse travay tèt ansanm nan ak patisipasyon tout ayisyen nan tout sektè. Se pa yon aktivite kèk grenn moun sèlman. Misyon an pa enposib. Peyi Dayiti gen chans li toujou, li pa yon defi.

—Jean-Dany Joachim

Nòt Editè/ NDLR : Editè Tanbou a dakò anprensip ak Jean-Dany Joachim pou yon tèt ansanm ant tout Ayisyen pou ede peyi Dayiti soti nan kriz konik k’ap toumante la. Sa nou senpman regrèt se lefètke li pa mansyone jistis ak jistis sosyal kou yon priyorite nan pwosesis chanjman an. Nou pa dakò anpatikilye lè otè a di : « Peyi a ap toujou gen moun rich, peyi a ap toujou gen sa ki gen plis mwayen pase lòt, se nòmal, men peyi Dayiti ka tounen yon plas kote menm pòv pral kapab viv ak diyite. Se pa yon bagay ki enposib. » Dizon sa a sanble regobye ajannda minimalis e defetis Aristid la ki di li te vle fè peyi Dayiti chanje « de lamizè a lapovrete ». Apa rezèv sa yo, nou twouve l yon bèl tèks, ki gen bon rezonnman e ki ekri trè byen e klè.

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Spring 2014

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com