Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2012–Hiver 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)

Lide mwen sou Akademi an:

Nan lide pa mwen kreye youn akademi se mete sou pye youn ekip moùn pou reglemante tout travay ki ap fèt sou kreyòl an kreyòl. Konsa, ekip travay sa a ka pote non Akademi, Biwo lanng kreyòl Ayiti, Ofis lanng kreyòl la elatriye. Kèlkeswa jan nou vle rele li a. Kèlkeswa fòm nou vle ba li a, nou bezwen youn espas santral pou evite travay tout voum se do ki gen tandans enstale kò li nan devlopman lanng kreyòl Ayiti a.

Se pa senpman Akademi franse ki anpeche moùn ekri lanng franse a jan yo vle. Se pa senpman akademi franse ki fè moùn suiv regleman ki genyen nan lanng franse a; annatandan, kèlkeswa gwoup òganize ki ekziste pou kontwole epi oryante materyèl ki ap pibliye an kreyòl yo, nou bezwen yoùn an Ayiti a. Lanng angle pa gen akademi, poutan pyèsmounn pa ekri angle nan lib. San dout genyen youn ekip moùn ki ap travay pou reglemante chanjman ki ap fèt nan lanng lan, paske tout lanng ap evolye ane apre ane, epi fèt pou genyen youn biwo pou kodifye nouvote yo. Se espas sa a nou bezwen pou kreyòl Ayiti a. Nan Kebèk, genyen Office de la langue française ki la pou reglemante aktivite lenguistik nan pwovens Kebèk la epi asire yo, lanng franse a rete ak diyite li nan mitan tout pwovens ki pale angle yo. An Ayiti nou bezwen youn ekip moùn ki pou ap veye dezòd ki ap fèt sou teren kreyòl la.

Rezondèt regwoupman moùn ki kab pote non akademi an, se chita ansanm sou prensip travay nan kolaborasyon yoùn ak lòt yon fason pou demontre lanng kreyòl la pa gen limit, paske nan kèlkeswa peyi a, limit nou kab jwenn nan avansman lanng pèp la, se rezilta limit mounn ki ap sèvi ak lanng lan, paske youn lanng pa kab ekziste si pa genyen moùn pou pale li.

Jodi a, mwen chwazi santre mesaj mwen an sou mo ki ap rantre nan lanng kreyòl la pou agrandi li. Konsa, mwen kab di nan travay elijisman chan mo kreyòl yo nan divès domèn lakonesans, genyen plizyè filyè posib. Filyè sa yo genyen lontan yo ap manifeste anndan lanng kreyòl la. Se kouran angle ak vwayaj ale-vini Ayisyen nan peyi etazini ansanm ak vivasyon Ayisyen nan peyi Etazini, ki yomenm ap fwote ak youn seri reyalite ki pa te ekziste nan lavi yo. Mounn sa yo rantre mo sa yo nan pale kreyòl la. Ekzanp, pran broom lan pou mwen. Menm sitiyasyon sa a a devlope nan Kebèk ak Ayisyen Kebèk yo : pran vadrouille la pou mwen, petèt nan lanng panyòl la Ayisyen yo dwe ap fè youn eksperyans ki sanble ak de sa nou fenk noumen la yo. Kisa nou ap fè ? Nou ap jete mo sa yo epi kreye youn seri lòt moùn mo pyèsmounn pa konnen, oubyen nou ap rantre yo nan lanng nou an tankou youn anrichisman? Si nou deside fè sa, fòk gen youn ekip travay ki pou reglemante prezans kalite mo sa yo, ba yo batisitè, menm la ankò, èske li nesesè, paske depi tout tan mo sa yo ap rantre nan lanng kreyòl Ayiti a, fè ale-vini san pyèsmounn pa te ba yo batistè. Sepandan, kòm nou nan youn epòk modèn, li enpòtan pou genyen youn espas ki rantre mo sa yo nan youn liv, oubyen dwe genyen youn ekip moùn ki gen mand ofisyèl pou reflechi sou sitiyasyon sa yo. Diksyonè Lawous parèt chak ane, diksyonè Robert soti chak 5 ane. Poukisa? Se paske yo vle ajiste yo ak divès mo nèf ki rantre nan lanng franse a. Mwen pa kwè se akademi franse ki pouse yo fè travay sa a. Noumenm tou, nou bezwen youn espas pou sanksyone tout kalite diksyonè ki ap soti nan lanng lang kreyòl la. Anvan youn diksyonè pran lari dwe genyen youn seri ekspè ki analize li, ba li benediksyon anvan li rive nan men lektè yo. Sa, se ta kab travay yon ekip espesyalis anndan Fakilte lenguistik la.

Genyen gwoup mounn ki nan Edisyon Educa Vision ki ap blennde mounn ak mo nèf, genyen ekip Sosyete Koukouy la ki ap aji menm jan ak Educa Vision depi kèk tan. Nou konnen de ekip sa yo, kab genyen lòt ankò ki ap aji nan menm sans lan. Kidonk, dwe gen youn biwo pou analize travay moùn sa yo epi mete etanp sou yo. Li lè pou nou fini ak sitiyasyon tout voum se do a.

Nan pwodui mo nèf pou kèlkeswa domèn lan, nou dwe genyen kòm premye sousi pou ale nan tout kwen ki nan peyi a, chèche konnen kisa ki ap di, ki mo mounn nan peyi a itilize anvan nou rantrre youn mo nèf ki pa gen lesepase defakto nan lanng lan. Mwen sèten, si noumenm mounnn ki konn li ekri ta deside chwazi youn mo pou nou di frijidè, se refrijeratè nou ta di, vwala gen youn mo ki la pou nou defakto : se frijidè, non mak fabrik. Se pa frijidè sèlman kòm non ki defakto nan lanng kreyòl la. Genyen tou pami youn dal lòt nou pa konnen : kotèks, napking elatriye.

Sou teren Ayiti menm gen posiblite pou nou jwenn mo teknik nan domèn lapèch, meteyo suivan eksperyans pèp la nan domèn lan. Serge Fuertes te deja repere plizyè non pèp la itilize pou divè kalite van (Bilten Koukouy (1989). Nan geyoloji, Dr. Yves Joseph te bay kèk non wòch suivan eksperyans pèp la sou teren pa li. Kisa sa vle? Sa vle di, anvan nou al prete mo nan youn domèn gen youn travay resansman mo ki dwe fèt anndan peyi a nan divès domèn ki enterese nou yo. Sepandan, gen youn difikilte. Difikilte a, se sitiyasyon kote mo ki soti nan pèp la ka pa gen menm sans ak mo teknik nou jwenn nan liv yo. Ekzanp : Lè nou di lestomak nan lanng kreyòl, nou pa pe pale sou youn ògàn nan sistèm dijestif la non. Nou vle di pòtray moùn lan. Sa a se youn ekzanp. Kab genyen lòt ka konsa ankò. Sa mande pou gen moùn (espesyalis nan domèn lan) ki pou pran tan epi reflechi sou fason yo pral aji lè ka sa yo prezante.

Prensip kle, epi ki klè tou, se rasanble tout ekspè nou yo, nan divès branch, suivan enterè yo, pou yo travay ansanm. Ekip moùn sa yo dwe mete tout prejije ewosantrik yo sou kote pou yo santre yo sou mo nou genyen nan peyi a dabò, epi apresa pou yo ale chèche deyò. Nou oblije al chèche deyò, paske menm lè pèp la genyen pwòp mo teknik pa li nan domèn lavi chak jou li, konesans li nan domèn lan rete limite parapò ak divès rechèch entènasyonal ki ap fèt nan menm domèn lan. Se lè sa a espesyalis yo pral rantre swa pou prete mo pou domèn yo, oubyen pou sèvi ak mo ki sou teren an deja pou yo kreye lòt.

Vrè wòl akademi /ofis lanng / biwo lanng lan (rele li jan nou vle) se va elimine prejije negatif kont mo ki soti nan ran pèp la, epi kreye youn metòd travay pou pèmèt espesyalis ki ap viv nan dyaspora a pote koutmen pa yo nan domèn ki enterese yo san yo pa oblije rantre Ayiti si li pa obligatwa.

Pou nou fini nou ap di kèlkeswa jan nou vire li a li enpòtan pou nou genyen youn espas travay kote tout espesyalis Ayisyen ki enterese nan devlopman lanng kreyòl ka rasanble pou yo travay ansanm nan enterè lanng kreyòl Ayiti a.

—Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj), Manm Sosyete Koukouy Kanada.

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Automne 2012–Hiver 2013

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com