Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2009

Home page  |   Table of Contents  |   Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Jean-Benito Mercier

Timoun lanjelis

Nou se boujon dlo larivyè
Lavi n makònen ak limon,
Lil lavalas lespwa
Se dlo k ba n tete
Lakansyèl solèy kale n ak grandi n
Sevre n pou n pa janmè chikata
Nou se wozo gran rivyè
Lawouze kale n
Nou se lonbray Bawon Lakwa
Kle paradi n ak lanfè n nan menm kòd
Na va trase vèvè pou n louvri baryè
Chimen lespwa kout loray kale
Nou se pitit dlo boujon joumou
Ak kann zannana pennsik
Chimen n kwaze rasin mapou
Ak lyann mistik tè enkoni
Pèsonn pa konn kot tèt sous nou bwè lasous
Nou pa gen lannwit ak lajounen
Nou se kaliko kalalou gonbo
Nou san lanvè nou san landrèt
Sann pa kaliko chany
Kout zèklè kout loray ginen
Friksyonen n
Nou se Timoun Lanjelis
Nou se boujon dlo larivyè
Lavi n makònen ak nil lavalas lespwa
Se dlo k ba n tete lakansyèl solèy sevre n
Nou pa dwe janmè grandi chikata
Nou se wozo laforè dlo lawouze
Gran chimen ba n ladrès kasav molas
Pou n koube pa kase penga kouzen zaka
Pote chay madichon tete trese sen nikola
Solèy lenjistis lèzòt ki toudi vale san fimen
Lafimen pwazon pip tabak Ton Sam
Fasafas tichèz latanye pawòl depawòl
pawòl koubèlann pawòl dechoukè
Pawòl sereng san ak sèv nan mwèl
Zannimo ak pyebwa…
Tinèg je pete klere kòl kras
Lamayòt sou cha douvan Bawon Lakwa
Deplòtonen pawòl papiyon lasenjan
Pawòl kameleyon tout plimay
Jenès nou sou tab aza mèsenè aloufa
Grèk konviksyon n koule
Mouvman n makònen ak ma trip kòde
Kras lavi kwatchòkò
Nou se jenerasyon gran chimen
Vizyè n lyannen ak laforè zobop
Nou pat gen digèt ak pousyè limyè
Pou n wè kou loko ak mache pi dyanm
Sou chimen pelerinay mouvman n mare
Listwa n makonnen ak listwa
Zansèt jida eskaryòt ki te chwazi
Nwaye lespwa anba koudjay tafya
Kout bagèt kout vaksin douvan lanjelis…
Nou se timoun lanjelis…

—Jean-Benito Mercier

Powèm pa Pierre-Roland Bain

Manje m yon lòt jan

(Ochan pou mayi)

Mwen se mayi w
ou manje m boukannen
ou manje m bouyi
ou manje m griye
ou manje m ak pwa
ou manje m ak fèy
ou manje m ak aran
ou manje m ak siwo
jodi a mwen mande chanjman
ou mèt wete rad mwen
ou mèt beyen m
raze tout bab mwen
mase tout kò m
mase bra m tout longè tout lajè
mete pafen pou mwen
mete m kouche sou do
m bezwen w degrennen m
grenn pa grenn
m bezwen w mete m nan pilon w
m bezwen w pile m
ou mèt pile m
ou mèt moulen m
m se labouyi w
m se dejene w
m se dine w
m se soupe w
m se desè w
m se akasan ak siwo w
m se chanmchanm ou
m se bougonnen w
m se latòtòy ou
m se solda w
mete m ogadavou
m se fòkseli w
manje m yon lòt jan
maje m san rete
manje m vant plen
manje m vant deboutonnen
m se fòs ou
pase bra w nan tay mwen
kenbe m dyanm
prese m
prese m fò
prije m
jouke m
dyake m
leve de pye m anlè
monte m nan syèl
fè kò m pran dife
fè m rele ponpye
fè m rele anmwe
fè m voye dlo
fè m rann tout ji m
fè m rouze jaden w
fè m ponpe w ji kowosòl
jouk nou delala.

—Pierre-Roland Bain Novanm 2000

Powèm pa Mesmin Charles

Zòt

Mezanmi gad sa zòt fè m
Gade manti zòt tap ban mwen
Zòt sitan konn ban m manti
Manti zòt monte pye bwa
Pou l tounen verite sou tanbou

Plan zòt si tan byen trase
Pou l kokobe m pou m pa janm leve
Premye bagay li makonnen
Li pran nanm mwen idantite m
Li fè m bliye kote m sòti
Pran relijyon m met anba pye l
Ban m tout vye non desounen
Koupe rasin kòd zansèt yo
Ki mare ak lonbrik Lafrik

Lè l fin donte m nan chenn soumisyon
Kraze zo m anba sabo lesklavay
Li poze tanp malachonnn sou mwen
Pou m bliye tout sa m te konnen

Dyòb zòt si tan byen mache
Matematik li si tan byen kare
Kout zo l si tan fè dekabès
Jous jounen jodi lespri m nan près

Men zòt ala mechan w mechan
Ou fè m tounen yon mafweze
Pou m entètè tankou w zonbi
Menm lè m sòti kase chenn kraze zo
Demantibile kwa soufrans lanmò
Lespri m te si tan maspinen
Jis nan tan jodi m ap bay tèt mwen manti

Sa fè m meprize kilti m
Pase zansèt yo nan betiz
Pi gwo ewo m tounen kriminèl
Nou foure dwèt nan de je frè n
Paske depi nan ginen nèg rayi nèg
Pi bèl pawòl nou tout gen gou fyèl
Menm lang papa n ak lang manman n
Ki kenbe tout sekrè lavin
Lang elastik lang lakansyèl
Lang nan lakou anba tonèl
Lang peyizan granmoun lontan
Kap bay kalinda anba men samba
Kap jwe vyolon nan kè simidò
Lang dyanm ki benyen nan sous revolisyon
Yo di m kantou se tèt kanna
Lang sa a pa ka monte tab

Men zòt te gen rezon
Li te konnen lang lafontèn
Tap toujou sevi baboukèt
Se sa k fè l itilizel
Pou l simen poud ladivizyon

Men zòt ou pat konn si sa ta chanje
Ou wè jodi w pa konn demen
Sonje: « kaka je pa linèt
De je kontre manti kaba »
Jodi a ban n machwè lanmò
Ki te tounen baboukèt desounen an
Map fè l tounen rigwaz laplas
Pou m retire tout pousyè pete je

Kounyea se lang Agwe
Lang Èzili lang Desalin
Lang ason ak lang tanbou
Lang vaksin ak lang rara
Lang pè savann lang vye granmoun
Se lang lakou anba tonèl
Lang peyizan dyakout nan do
Se lang manman m ak lang pap am
Kap di w se ra se ta

Boula

Ann fè w boula lapè
ann fè w boula lanmou
nan lakou fòs linite
konsa na bati linyon
nan mitan kè chenn pwogrè
pou n ka sove Ayiti.

Kònen lanbi

Kònen lanbi pou Ayiti
depi lannwit jous devanjou
sa fè de syèk ke lap soufri
zafè l pa bon pote l sekou

pitit lakay pitit lòtbò
moun nan lavil moun andeyò
ann pase move zany deyè
kwape tout dezakò lanfè
pou n fè w boula nan chan lapè
anba tonèl fòs libète
Desalin te kanpe pou nou
pou n ka trase chimen pa nou

kònen lanbi pou Ayiti
kè l prèt rete l prèt trepase
peyi n malad ap deperi
san nou menm li pa ka sove

zòt ap fè mannigans jèfò
pou l desounenn ak kwa lanmò
simen rayisab divizyon
nan mitan pitit yon nasyon
zansèt yo te bati ak san
pou desandans kap jwenn chanjman
fò n pa kite twòta bare n
sou chimen la fratenite n

kònen lanbi pou ayiti
depi dèyè mòn jous nan dlo
poun retire peyi n nan di
anba politik kraze zo

zansèt yo te mouri pou sa
pandye lesklavay tèt anba
ak lesplwatasyon pete fyèl
nan lakou pèp kriminèl
pa koute priyè sendenden
kap met lendepandans nan zen
tankou boul malachonn panzou
nan lespri generasyon pa nou
Kònen lanbi pou Ayiti
nan nò nan sid nan lès nan lwès
ann rasanble tout fòs lespri n
pou yon solisyon bèl nègès

se pa yon misyon enposib
se pa kout kat kap bat nan lib
fò n sèmante kou zansèt yo
pou n pa kite move kout zo
tounen san nasyonlis nou
nan soumisyon lapèrèz fou
anba labanyè lendiferans
kape simayen lasoufrans

kònen lanbi pou Ayiti
kònen lanbi.

—Mesmin Charles

Powèm pa Régine Beauplan

Kè nou poze…

Soti Pòdepè
rive Jeremi
yon peyi an antye
paka dòmi
nan Pòtoprens
nan tout vil pwovens
pa dèyè mòn
nan tout zòn
yon peyi an antye
anba soufrans
yon peyi an antye
anba vyolans

Kote nou ye
pitit mwen yo
sa ki isit
sa ki lòtbò
uit milyon nanm
kanpe ozabwa
uit milyon nanm
fè youn
pou kanpe ak lafwa
nou lapriyè
jis nan fon kè
nou lapriyè
jis li fè klè
kretyenvivan
mete jenou atè
resantiman vole gagè

Nan yon ti van
ki vin pase
nan yon ti van
nou tout tande
lanbi chante
pote mesaj ale
Lapè desann
nou ka respire!
Lapè desann
Kè nou lage chay!
Lapè desann
Bondye konn tout bagay!
Lapè anfen…
Lapè sou Ayiti
Mezanmi!
Lapè desann
nou ka reve yon peyi!

—Régine Beauplan

Powèm pa Emmanuel W. Vedrine

21 kout kanno pou Obama

21 Kout kanno pou yon Tyovi Ginen!
Zòt fou tout bon lè yo wè
OBAMA prezidan.
Yo kite kabrit fin pase
epi y ap rele fèmen baryè.
Baryè ba men yo pa ka janbe l.
Yo anzim de kontraryete.
Maladi lagratèl atake yo.
Sa yo pa t vle a, se li yo wè.
Se sa l ye wi: Obama prezidan pou
katran toujou!
Nimewo msye se 44,
44triyèm Chèf Leta Etazini
ki gen dwa a 21 kout kanno
20 janvye 2009.
Ay, zòt mete men nan machwè
pou pouse katchil pase yo
wè lanjelis bare yo lè yo wè:
Afrik vle OBAMA
Amerik vle OBAMA
Azi vle OBAMA
Ewòp vle OBAMA
Ostrali vle OBAMA
Oseyani vle OBAMA
Ziltik vle OBAMA
Lemonn antye vle OBAMA.
Zòt, si ou fache
w a pran l jan w vle.
Ou kite twò ta bare w!

Emmanuel W. Vedrine Koleksyon: «Kri pou liberasyon», pibliye premye fwa nan Potomitan: http://www.potomitan.info/vedrine/obama2.php

Powèm pa Jean B. Mercredy

San papye

Nan demele trip gwo jounen
Pou kout loray lesefrape
Sitiyasyon peyi a
Pa pote laviktwa sou zantray
Rale m pre mennen lwen
Aprè dans tanbou lou
Pran ban m pran tanpri frè m
Rale kò w ban m pase
Avanyè jan m wè Frantz
Mwen pa kwè l ap chape
Se konsa li pran avyon al tonbe Ozetazini
Yon dimanch fèt ramo
Pye palmis t ap kriye
Lè chanje bridsoukou
Tout katrè pa katrè

De gwo blan tèt bobis
Sou kontwa imigrasyon
Gen bagay je pa wè
Zafè nèg se mistè
Mouche pran lari
Kout ke kout mezanmi
Si bouji pa limen se pa fòt lanati
Se pètèt bri sirèn
Ki bay moun kè sote
Sikonstans fè nenpòt ki
Jwè titato sou tab pèsonalite l
Goldenbè gad anwo Goldenbè gad anba

Te gen vye restoran li kouri li antre
San papye pa pale
Se kenbe sa yo ba w
Si w pa vle pye w glise
Al tonbe nan sobwe
Ak papye depaman
Gad blan nan je pa lizay
Boulvèse mal alèz
Pi bon chwa se marye
Èske ou konn kiyès mewen ye?
Mwen sonje w peyi m
Kote m t abite kòm yon wa
Lavi di pa lanmò
Aprè nou fòk se nou
Bwa joumou dwe gen dlo.

Verite

Verite fè vayevyen
Nan mitan de moun onèt
Verite fè nich
Nan mitan moun seryè
Verite se kle pòt konfyans
Yo konn sèvi ak li kòm linèt
Li fè akò ak tout moun ki jis
Li bay akolad ak tout moun ki vle l
Li sekle move zèb
Nan jaden moun ka fè ti pil gwo pil
Li mache ak kè kontan
Li mache ak kè fè mal

Pale pale w y ap koute
Pale pale w n ap tande
Pale l ap koute
Pale non m ap tande
Wete fènwa bay limyè
Di sa w vle
Ekri ekri w pale pale w
Depi se verite w ap separe
Ou mèt ba yo ti moso
Ou mèt ban n tikal
Ou mèt ba m m enpe
Ou mèt ba li l

—Jean B. Mercredy

Powèm pa Tontongi

Òd dlo nan je pou Gaza

Apre tout misil fin voye
apre wout koupe an de
nan chimen san rive
apre alam sirèn anbilans
ap sonnen san rete
pou kanale estwopye lopital
e silans tabli kou yon move sò
apre katye depalaw
mi kay ki tounen sann
zo ki jete nan fòs komin
menm chen pa ka jwenn dlo pou bwè

apre lopital pa gen plas
apre mòg yo ranpli
sakristen pa gen chan
plant yo pa ka leve
sou tab pa gen diri
manje sèlman sèvi
lè lachans fè oun ti souri.

Apre lekòl fèmen
san yo pa di pèsonn
apre oun fanmi pèdi frè e sè
papa ak manman ak kouzen
ak zanmi bò lakay
apre san fin tounen pou latè
senp eleman koulan pou piyay.

Apre pa gen kote pou kouri
e menm lakay vin tounen kalvè
e sib pou bal tijènjan nan lame
apre rele timoun nan grangou
zo yo kale kou jibye ka bouche.

Apre w anvayi tè nou
jete bonb sou tout kretyevivan
kouwè myèt bisuit pou pijon
apre ou detwi lavi nou
tire bal sou menm sekou ijans
fèmen mache anba tout lavil
kreye rivyè koule ak san lapenn
detwi tout biwo batistè e brile
tout kote lannwit nou konn flannen.

Apre ou fè tout sa w vle
pou yo pa ta janm ekziste
apre w itilize tout zam
pou bare tout vwa ki di non
ou rete toujou yon tèt kre
toujou makonnen nan move nanm ou
toujou petri sou pwa laperèz
toujou menase pa global angloutisman
toujou anpetre nan tèt chaje.

Apre ou fin fè e defè
pou vanje nan memwa w
depòtasyon ak ekzil
chanm a gaz ak kè mare
zansèt ou te andire
nou ka jwenn nan memwa latè
e pataje ansanm plizyè milenè
dlo nan je ak rèv pou lavi
ankenn nou pa gen monopòl malsite
ankenn nou pa sèl manm Linivè.

Menm apre plizyè dekad tribilasyon
Gaza toujou ret anvi ap goumen
Gaza pa reskonsab pou move sò w
se pwòp ou ki kreye lanfè pa w.

Gaza se pa Hamas
men Hamas sot nan matris Gaza
vote pou gouvènman oun moun vle
èske se pa sa yo di demokrasi ye?
Vote pou gouvènman oun moun vle
pa vle di sèlman si gwo peyi apwouve.
Kote k pa gen jistis pa ka gen lapè
nou tout se timoun yo bliye
kap suiv konpa pakou latè je fèmen
tout masak se masak
ke l rive nan Gaza ou nan Qana
nan Ramallah, Haditha ouswa Haifa
ke l rive nan Fallujah
oubyen nan Site Solèy.

Gaza se pa Hamas
men nou tout se Gazayen
konsyans ki pa donte kap lite
pou dwa pou yon demen miyò
dwa pou nou deside sa nou vle.

Izrayèl koze lanmò san bezwen
sa se laverite desandelye piknik
menmsi Gaza pa Nouyòk ni Filadèlfi
ni Wachinngtonn DC ni Boston
san k koule frape pòt konsyans nou tout.

Tiye yon mas moun nan kèlke zè
se krim lagè nan Auschwitz
kouwè nan Guernika
oubyen nan Nouyòk kòm nan Gaza
chanjman se sispann defannn san rezonnman
avèk zye kale yo tòtire
tout malsite Izrayèl
chanjman se mande pou sa chanje.

Gaza se peche nou tout anndan kè n
konsyans ak memwa istwa latè
memwa malsite ki pat dwe rive
memwa jistis ki dwe blayi
konsyans pou Gaza libere.

Doulè dwe reyini olye li divize
istwa ak memwa mechanste
olye se obstak gran chimen
fè pase pou laperèz simayen
dwe lanse tout vag yo
nan zèv levasyon pou tout limanite
nou dwe kriye pèt tout sa k ale yo
ann pran randevou sou wout nouvo lespwa.

(Boston, janvye 2009)

Lè m rele Èzili

(powèm damou sa a dedikase pou pèp Afrik di Sid la, pou liberasyon total-kapital li; li dedikase tou, pi patikilyèman, pou Winnie Mandela ak Nelson Mandela pou sakrifis y’ap fè pou liberasyon pèp yo an)

Lè kè mwen ap rache ak doulè latristès
Paske tiboulout mwen kite m nan lapenn;
Lè lavi mwen pa bèl paske kè m pa kontan
Sou koze desten nou tankou kretyenvivan
K’ap viv anfouraye sou wonga sò detrès
Chak jou Bondye mete nan lakou kaparenn.

Lè apre yon kout gwòg m’al wè Papa Gede
Mwen rele lèzetwal nan yon kalfou lakwa
Ak balèn degouden e ak lanp tètgridap,
Epi w wè sou yon tab yon bèl grap
Rezen ki ankadre yon bèl nègès kore
Ki gen yon bèl chenèt ak yon bèl tèt mouda.

Epi w gade ankò bò kote Rèn Chantrèl
Ou wè w nan yon anbyans tankou vizyon pwofon
Ki fè w jete yon ti dlo pou manmzèl Èzili
K’ap bay sèvitè yo lanmou ak sèlman souri li;
Epi konsa w rete w santi w nan yon bèl sitadèl,
Oun estad delivrans ki fè w yon revelasyon.

Lè m rele Èzili mwen wè vil Soweto,
Mwen wè Bantoustan yo sou bòt Blan madichon;
Mwen wè yon pèp vanyan k’ap goumen tètkale
Kont opresyon kolon ki chak jou mitraye
Fanm ansent ak timoun plis elèv lekòl yo
K’ap defann dwa pèp yo pou yo ka libere.

Lè m rele Èzili mwen wè manmzèl Winnie
Yon kokenn fanm ginen ki kanpe kou yon loraj
Ak mari e pèp li pou defann lajistis
E met sou tè Lafrik mechan yo vann gratis
Konfyans rezistans pèp ap fè lespwa blayi
Yon ideyal chanjman menm sa k pèdi kouraj.

Lè m rele Èzili mwen wè mouche Nelson,
Mwen wè Lumumba ak Kastro. Mwen wè Palestinyen
K’ap chache viv lavi ak tèt yo leve wo
Menm lè kè yo petri ak chagren pou frè yo.
Si m rele Èzili se paske m gen pasyon
Pou m reve lavi mwen kòmsi li pat anven.

Lè m rele Èzili
Mwen santi fanm Winnie;
Lè m rele Èzili
Mwen wè Chalmay Peralt
Mwen wè batay lakay.
Mwen wè libète kay tout pèp sou latè.
Lè m rele Èzili mwen wè lanmou lajwa,
Mwen wè solidarite ant tout pèp sou latè.

(Boston, desanm 1988)

Lè m tande Mercedes Sosa

Lè m tande Mercedes Sosa
ap chante melodi tan lontan,
tan pwezi jwenn avèk souvenans
sans souvenans odè pwason fri
odè swe swentay lanmou, lavi,
souvenans tan lapli k’ap tonbe,
bwatchenn desann e vètè k’ap siviv
ti jènjan k’ap jwe kat kè kontan,
plezi jwe ansanm youn ak lòt
plezi mizik, plezi machann k’ap vann
diri ak pwa, sèl, pwason fre aprèmidi,
plezi bèlte prentan, lajwa fanmi
k’ap mennen pitit yo nan fèt 18 me,
tansyon diskisyon anime ant jeklere,
lòt yo k’ap bat bravo pou Kastro
pou Che ki kraze mouda malfektè,
bravo pou Afrik k’ap pran lendepandans,
bravo pou travayè k’ap goumen
pou eksplwatasyon disparèt nan koze moun,
bravo pou yon lavi ki miyò,
bravo pou yon lòt lavi pou omoseksyèl
k’ap chache egalite liberasyon moun lib,
bravo pou tout moun k’ap soufwi.

Lè m tande Mercedes Sosa
mwen jwi moman sa a mwen ye a
sa mwen ye, sa mwen vle, sa m espere,
jwi moman kri pou n ede lòt rele,
ede m rele! ede yo rele! kri, kri, kri
pou yo rele anmwe! pou yo fè sa ki bon,
sa yo vle se yon lòt rèv
yon lòt inivè sans jakorepèt
inivè san movèz entansyon!

Lè m tande manmzèl Sosa
mwen tande plent rèl manman
rèl fanmi san lavi k’ap mande sekou
mwen tande diskou kont desounman
pwezi pou jeklere k’ap keksyone
kalvè kabrit nan pòtay labatwa,
diskou pou lanmou nan sen latè,
penetrasyon nanm lespwa,
vizyon pou demen tout timoun egare
vin rejwenn chimen delivrans inosans,
vizyon pou rajenisman ògàn k’ap vyeyi,
pou semans manje, mango, zaboka mi,
semans yon fwi sou lèv kè kontan.

Lè m tande nègès-ginen Sosa
mwen wè espedesyon tontonmakout
nan fwaye viktim nan vèp jeremyèn
zenglendo ki detwi vilaj san remò ni regrè,
mwen wè silans nan kwen kay,
jènjan jènfi san orizon
pèp meprize yo lese nan malvi
malvi madyòk nan lanfè pèdisyon
pèdisyon nan sa kipat dwe la!

Lè m tande mizik ou, tande vwa ou
sa fè mwen reve ak tout mèvèy nou vle
mwen santi rekreyasyon imanans bèl bagay,
yon mond mouvmante nan chanjman
k’ap pran direksyon redanmsyon
bò kote bèlte, layite rejwisans fyète
pou lavi kontinye chache mèvèy lapè.

San m tresayi lè m tande mizik ou,
jan nou voye kò n, jan nou anbrase lòt,
jan w fè kè nou kontan nan santiman inite,
santiman inyon òganik, solidarite kanmaradri,
bon sant lavi, bon sant lespwa, bon sant lajwa,
mèvèyman lanmou, lanmò ak letènite.

(Janvye 1997)

Yon moniman pou Yaruba

Vwa m se eko revivans
ginen yo ki soti Yaruba
eko ginen zansèt tan lontan
kap sove memwa nan nwayaj
ak nan tanpèt loubli ak dezè vid
yo pempe tout sa yo k tèt drese
ki pa t jwenn lagras sou bato negriye.

Vwa m se eko yon peyizan Domon
ki mande pou wout pa dwe fèt
pou sèl lonè madan prezidan
vwa m se afimasyon verite tout moun
se menm moun sou latè temerè.

Vwa m di zonbi reskonsab
si l pa chache sove nan malvi
si l pa chache sèl pou l goute.

Vwa m di fòs dega tanpèt siklòn
se pa sèl reskonsab perisman Gonayiv
li pa sèl reskonsab souf lavi viktim
ki kite govi al deperi nan peyi san chapo
vwa m di fòs dega tanpèt siklòn
se pa sèl lanati k reskonsab.

Vwa m se konvokasyon pou koumbit
tout sa yo kap kwape wonga jebede
nan nouvo plantasyon modènite bati
pou desounen jeklere sou vwa laverite.

Vwa m se eko Grand’Ans
memwa Yaruba nan dyaspora
vizyon zansèt ki ret sou kasèt
Jezilòm ki rejte vèdik grandizè
siyal liberasyon san pèmisyon.

Vwa m se kesyonnman testaman
espekilatè nan vil Lond ak Wall Street
kap vòlè nan mache kout kreyon
konmpwitè ki lage ozanchè
lavi malere nan seray malsite
Leta ki pa di anyen nan zafè
finans dekonstonbre yo abreje.

Vwa m se vizyon sa k rive
apre zak k akonpaye debakman
dè milye aloufa sou bèl plaj.
Vwa m se memwa sa k rive
apre sa k te la vin tounen tabou
koze kache pechè pa dwe konnen.

Vwa m se eko demand toupatou
pou lòt jan pou respekte dwa moun
dwa inivèsèl tout kretyevivan genyen
pou di non ak sa k pa fè yo byen
dwa pou kriye osekou sou gran ri
kont tout malfektasyon zòt benefisye.

Vwa m se rezonans kalamite
ansanm ak jwisans santiman libere
chan libera pou andisi kadav nan sèkèy
ansanm ak fèt chanèl dènye jou Madigra
soulajman nanm Ginen apre malediksyon.

Vwa m bay ochan pou prezidan Obama
gran viktwa senbolik ansklave yo merite
ann espere li pa tounen Tonton Tom
osèvis gwo bacha sou nouvo plantasyon
ni pou zotobre tout koulè sou bòdmè.

Vwa m se chan lespwa
apre milyon ane nan zafra
retounman Baka sou gran chan
eklatman mèvèyman sou Chandmas.

Vwa m se silans nan bwouhaha
debòday nan lapè simityè
siro myèl sou ti sale nan ziltik
kwelekwekwe pou Awoyo.
Vwa m se eko Agwe lòtbòdlo.

(Powèm sa a te pibliye pou premye fwa nan Haïti Liberté, an desanm 2008)

—Tontongi

Powèm pa Ewald Delva

An nou pran Leson

Pou konbyen fwa tè nou souye?
Pou konbyen tan nou anba pye?
Tout tan nou nan rekòmanse
Ki fè moun wè ke n ap ranse
Moun vin pa pran nou pou anyen
Yo di nou pa konn sa n bezwen
Nou si tèlman desann figi n
Tout ti zile tonbe ap ri n
Yo wè se nou k ta dwe premye
Poutan se nou k klase dènye.

Poutan lontan, nou te modèl
Modèl pou sak te bezwen zèl
Zèl dwa granmoun pou yo vole
Vole nan gran chan libète
Libète wete chèn nan pye
Sou do n anpil jwenn alemye
Jounen jodi n tankou epav
Nou repran chèn lan kòm esklav
Nan pye peyi n te konn ede
Nan men peyi n konn sipòte
Epi nou fyè pou n ap di n gran
Se nou k premye endepandan.

Vwazen lès di: Se ra, se ta
Li fini avèk koudeta
Pèsòn pap vin reokipe l
Etranje pap manipile l
Li resakle, li replante
Jodi a men l ap rekòlte.

Nan je lemonn, Dominiken
Pi respekte ke Ayisyen
Loni sonje nou pou lafòm
Paske gen biwo dwadelòm
Men kòm peyi nou pa yon pay
Se nou k vann tèt nou pou piyay.

Okenn peyi pap respekte w
Si toutfwa w pa vle ranje pye w
Si n vle rejwenn bon solisyon
Ann respekte konstitisyon
Ann respekte tout sa n vote
Pou nou pa nan rekòmanse
An nou sispann rache manyòk
Menmlè n di prezidan an medyòk
Konsa baz peyi n pap kraze
E nou pap nan rekòmanse
L a yon devwa demokratik
Pou n pa fè chwa nan fanatik
N a chwazi moun pou konpetans
Olye n pran moun pou militans.

Nou di nou pa bezwen lame
Poutan nou nan mande prete
Eske n pa wè nou nan erè
Kò Minista a se militè
Si n te bale, n ta gen merit
Olye n al pran vòlè kabrit
Sispann ekri majigridi
Si nou vle refè Ayiti
Remete an aplikasyon
Konstitisyon pou bon leson.

(2009)

—Ewald Delva

Powèm pa Andre Fouad

Si m’ap chèche

M’ap cheche yon powèm
ki pou ba’m zel pou’m vole
ma va peze’l nan balans ke’m
pou’m konnen kantite pwa’l genyen

Ma va ajenou douvan pye lanmè
pou powem lanmou sa ba’m zèl
pou’m vole piwo piwo latourefèl
pu’m vole piwo piwo tèt katedral yo
pou’m vole piwo piwo la sitadèl

Piwo piwo tèt montay yo
piwo piwo estati la libète a
piwo piwo piwo piwo tèt lanmè yo
piwo piwo piwo tèt lezòm yo

piwo piwo piwo
piwo piwo piwo
piwo piwo piwo
piwo piwo piwo
piwo piwo piwo

Sou po je’m lalin lan poze mak li
li poze tankou ti zwazo
annpann ti goute rèv
annpann ti goute beze
annpann ti repozwa lajwa

Tout jou mwen yo benyen nan rèv dwòl
timoun k’ap dòmi alabèletwal

M’ap chèche yon bèl powèm pou’w
piwo piwo
piwo
piwo
piwo piwo

Chadavaye

Chadavaye drivaye
m’ap drivaye
chadavaye drivaye
m’ap drivaye

drivaye solèy gravye kòd kase
pat amodle la vin’n defèt

tan an se yon bèjè alman anraj
ripikan! ripikan!
ri lama! ri lama!
la frechè akimafè ap penyen lage

boulva balkon
cheve chabon dife
bouch la tranblad
kann kale la dous anmè

chadavaye drivaye
m’ap drivaye
chadavaye drivaye
m’ap drivaye

la vi fele miyèt miyèt
sou chak grenn sab mouye zile karayib 0
kat geografi’n plen mak twou van
youbiyon van

Ti moso lanmou

M’anvi mode yo
nan pwent tete goch yo

se la mwen jwenn
yon pwelyem pawòl pintire
pou’m di chak zwazo k’ap vole
bò fenèt lanmè mwen

yon pousyè anvi
pou’m fè siy de lakwa douvan estati lanmou

mo yo se nechèl mwen
pou’m touche zòtèy Bondye

chak zetwal nan kare syèl la
se yon bann mo
k’ap limen brenn mwen

—Andre Fouad tire de cd’m Chimen souvni’m, 2008)

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2009

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com