Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Tontongi

Jenin

(dedye pou memwa plizyè santèn refijye ak rezistan liberasyon nasyonal palestinyen viktim masak envazyon lame izraelyen an nan vil Jenin nan mwa avril 2002)

I. Kadav yon tan nou te panse pase

Yo anvayi nan long liy
penetrasyon jeometrik
nan entansyon dyabolik
yo te vin avèk kleron
ki te fèt de konplent lanmò
Jenin, Ramallah, Nablus, Gaza
dwe demantibile
ansanm avèk pèp la!
Men Syèj la pa dire si lontan
kouwè long chimen libète
pèp vanyan Allah te beni.

Yo te anvayi nan long liy
troup solda kraze-zo kòmandè
bòzò kou santiryon romen
kanpe an pozisyon
elikoptè ak tank
ki la pou demoli ak efikasite
avèk manyèl ki montre pi bon jan
pou tiye e dekonstonbre
san lese ankenn tras
esepte kras lafimen
kras nwa kay bildozè aplati
ak kadav yon tan nou te panse pase.

Yo te anvayi nan long liy
men pèp la te gen grenn venn
ak rasin ki foure anndan fyèl latè;
yo te vin nan long liy
nan zantray rèl timoun
avèk entansyon pou brize zo do
elimine souf lavi.

Yo te anvayi pou dekonstonbre
plizyè milenè lit pou rasanbleman
onon zespri latè vòlò te agripe;
yo te vin nan long liy
men pèp la te bati pwòp ogatwa l
e yon long liy
de sakrifyè bonbadè-swiside
ak emisè pou lapè
ak revè ideyal libète.

Yo te anvayi pou krazebrize
estèmine kay ak vivan jeklere
ki kwè rèv ka vin reyalize
yo te vini avèk yon plan
nan entansyon dyabolik
yo te vini avèk yon plan
men pèp te gen plan pa l.

II. San Vanyan Pou Lapè ak Jistis

Pave yo te kouwè tapi wouj
ak san tout bon plis zo ki brize ak baton
ki sanble wòch nan rivyè sireyèl
kay kraze anba bildozè
tiye aboupòtan
san ankenn regrè;
konvwa tank ki prese
e pil kadav rebèl
e pil lòt ki pat menm rebèl
zòt rele teworis pou bay plan yo jarèt
non yon klan yo toujou vle detwi
men ki toujou reparèt ogalo
nan peyi Fatima, Mohammed ak David.

Pave yo te kouvri tou ak lam
lòtbò kote brebi sakrifisyèl
yon pèp si fyè e bèl vin
fè yon bouche labatwa sovè li
e tank yo vin lapriyè Bondyè li
malfektè a te antre nan bouk la
se te yon pinisyon mòtèl.

Yon moun ki fè l bonm se toujou yon trajedi
e yon dwa ki denye pa vle di li pa dwa
nou dwe konpranm yon nanm dezespere
ki vin si makonnen nan lapenn
e nan bay lòt moun lapenn
jenès li pase san l pa janm wè yon flè;
tout viktim gen menm dwa ak lavi
ak ekziste jan l vle.

Pa oprese yon lòt
e espere pou bonè fleri wòz
menm yon Leta toupwisan
oblije veye pou byenfè tout imen;
malfektè a antre nan bouk la
men tou yon tibonnanj kritik.

Pèp Palestinyen an gen pou l lib
se desten li chwazi pou tèt li
depi koumansman batay pou lavi;
pèp la gen pou l vin lib
se te toujou sa li vle
limenm pou pwòp tèt li.

—Tontongi, Boston, avril 2002

See the English version of this poem in Poetry in English

Powèm pa Barbara Victome

Mali’s life: a market, photo by Don Gurewitz

La vie au marché au Mali —photo par Don Gurewitz

Chimen Nwa

Nan yon ti kounouk
Nwasi ak lafimen chabon
Kote mouch ak moustik fin pran pouvwa
Yon fanm ak tranche
Ap rann dènye souf li
Nan yon pitit ki refize sòti
Pou vin wè koulè lamizè
Yon dividal moun
Bò kote li ap plenyen
Nan yon lòt kwen
Sèt ti zonbi
Mèg kou aransò nan sewòm
Nwè kou kakadyab
Ap kriye
Ap rele anmwey: GRANGOU
Pa yon po patat sou tab
Pa yon grenn sèl pou met anba lang
Yon lòt pitit
Yon lòt nimewo mizè
Gason reflechi
Gason kalkile
Li gade anwo
Li gade anba
Nan you sèl kous kouri
Gason bwaze
Gason pran rak
Yon kout rèl pati
Tout moun sezi
Lavi a bouyi tou nwa.

Deklarasyon

Pa di m “I love you”
Sa blan di?
Ma konprann ke se manman m
Wap joure
Pa di m «te quiero»
Papa m mouri nan brasewòs
Wa pote move souvni
Nan lavi m
Pa di m «Je t’aime»
Ou konnen bouch mwen sirèt
Bwat franse m pa long
Ma wont pou m reponn ou
Di m ou renmen m
Ou vle m
Pou menaj ou
Boubout ou
Fanm ou
Rakonte m kouman depi w wè m
Lòlòj ou chavire tèt anba
Ou anvi kouri
Ou anvi rete
Nan ki fason kè w senyen
Lè lòt ap koutize m
Ou san lè fè zak moun fou
Di m ou anvi tounen
Ti bebe sou janm mwen
Kriye ak mwen
Kriye pou mwen
Rive nan zetwal avè m
Fè ti kabicha sou nyaj yo
Esplike m kouman nanm mwen
Domine lespri w nan dòmi
Wap bwè solèy ak lapli
Sèlman pou ou kapab wè m
Ou pa bezwen parèt
Ak diskou manch long
Gaspiye papye ak lank
Monte kanson w
Gade m nan je
Epi vin di m
Ke ou vle m
Pou zanmi w
Konpay ou
Metrès lavi w
Manman pitit ou
Si ou serye
Mache sou mwen
Vin file m
Paske mwen bouke tann ou
Paske si se pa sa
Se mwen kap vin fè w
Deklarasyon lanmou.

—Barbara Victome ekstrè de Randevou Nan Labrin, koleksyon powèm, 2002

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com