Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2002

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Oralite Lavi (Yon Esè-Powèm)

—Dumas Fils Lafontant

N

ou antame youn diskou sou lavi pou eliside moun atravè mond lan pa nouvo esplikasyon sou pèsepsyon imedya.

Moun ap soufri soufrans vyolan ki ap mennen mond lan pa fòs. Nan dinamism sila lavi pa klè, tout flou menmlè imedya, nou vle di, teknoloji enfòmatik efase konsèp fizik klasik espas e tan. Youn bò, dènye mwayen kominikasyon rann lavi moun toupre. Youn lòt bò, mond lan pat k pi lwen prensip Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun.

Alwè, eta fè prensip yo ap eseye adrese kounyea sòti nan premye esplikasyon lanati e moun, nou vle di, rechèch sanfen pou youn pwoteksyon kont fòs ki kapab afekte imanite te fòse li envoke Bondye lè zèklè terib tonbe nan syèl. Pè parèt pou pwente chimen lavi. Fas pi dou e pi fre lanati kache, imanite echwe nan kesyon ki sa lavi ye? Yo tonbe nan sèk nesesite, yo goumen pou kanpe pi pre rivyè, yo fè konkirans ake kreyati vivan pou manje, anfen, bezwen pou pare kont solèy cho, yo devlope youn mòdvi nan youn anviwònman yo konprann ostil. Li evidan, mòdvi ki suiv esplikasyon imanite t ankò mwen kòrèk. Note remak sila konsène lantikite, men nan moman kontanporen lavi evolye selon panse Tout Koukou Klere pou Je ou, osnon Chaken pou Swa Dye pou Tous, ki pran rasin nan lwa natirèl, chapant tout sipèstrikti enstitisyon sosyal, ekonomik e relijye mond lan, patikilyèman Oksidan.

Bondye kreye Adan e Ev (premye koup moun daprè nosyon kreyasyonis Labib la) epi Li mete yo nan Jaden Eden, ak Pyebwa Lavi e Pyebwa Konesans Byen e Mal; youn rivyè rouze. Bondye te kòmande Adan e Ev pou yo manje tout fwi pyebwa jaden an eksepte fwi pyebwa konesans byen e mal. Men li pa t esplike ba yo pwyebwa yo reprezante chwa paske se pa ak volonte imen t ap kapab suiv kòmandman Bondye. Imanite nan kafou. Apati moman sila (selon vèsyon kreyasyonis jideo-kretyen an), lavi make pa fòt, moun kondane pou mouri. Fòt trajik sila koumanse lè kreyati vivan ki pi saj di Adan e Ev: «Bondye pa vle ou manje fwi Pyebwa Konesans Byen e Mal pou ou pa vini konnen menm jan ake Bondye byen e mal.»

Nou obsève istwa sou Paradi Pèdi enplike «lavi voryen, nou vle di pa voryen san valè, ki vle di, youn gran pòsyon popilasyon mond lan pa valorize lavi, pa yo, osnon pa zòt. Pwen an se nan konsyans yo detèmine bon moun, move moun li pa kesyon bon dispozisyon konsyans, zak ki suiv la se kòrèk deskripsyon entansyon.» [Bohm. D. Unfolding Meaning].

Kontni konsyans se pasyon, santiman, emosyon, anfen panse, e panse limite. Kididonk, imen touye selon kondisyon moun paske natirèl istwa se lit imen kont lanati e imen kont imen.

Deblozay ant mètkay Ejip diran rèy Farawon Ramses II e imigran Izrayelyen kondui dènye yo nan chawa osnon esklavaj. Moyiz ki t kouri kite Ejip apre Mouche t fini touye youn kòmandan Ejipsyen rapòte nan Pàntatek: Bondye t tande plent Izrayelyen ki t ap soufri fòm eksplwatasyon ki pi lèd. Bondye chwazi li kòm lidè ki pou t ale retire frè e sè li nan Ejip. Bondye chwazi yo kòm pèp Li e kondui yo sou tè kote lèt ak siwo myèl koule.

Malgre bèl pwomès sila konesans byen e mal te kontinye divize imanite, nou vle di, kominote jwif (yo te rele pèp chwazi), janti e lanfè. Alwè, se pa entèmedyè Labib yo te rive fè distenksyon nou mansyone la. Youn premye konklizyon nou tire, sèke, imen te kontinye manje fwi pyebwa konesans byen e mal, e rejte oralite.

Imanite reyalize li te komèt erè, e eseye pote koreksyon. Labib di «Bondye tèlman renmen mon lan, Li bay grenn pitit Li, Jezi-Kris, pou sove imanite ak san Li.» Li pwoklame inivèsalite moun anba ansanm ak moun anwo. Men Nouvo Mond lan te pi renmen byen pwopriyete pase moun; yo derefize aplike prensip inivèsèl Tousen Louvèti, youn moun pa kapab pwopriyete youn lòt moun. Tankou istwa Jozèf frè li te vann ake machann komès nan Pantatek, Afriken vann frè e sè yo ake komèsan Ewopeyen. Piske yo te dezobeyi Kris ki di: «pa fè pwochen ou sa ou pa ta renmen yo fè ou» Ewopeyen kite kontwa bò lanmè, Afrik, yo rantre avèk Labib nan youn men, zam nan youn lòt, e yo kolonize tout etanasyon Afriken, eksepte Etyopi.

Chak ane kolonis te voye vann apeprè 27,000 esklav Sendomeng nan Nouvo Mond. Abbey Raynal ki te konnen soufrans zansèt yo, esklav Sendomeng, lamante Bondye. Abbey Raynal predi youn liberatè va vini pou vanje frè e sè li yo.

«Mwen se Tousen Louvèti petèt Non Mwen rive jwenn ou. Mwen vle vanjans. Frè fè youn sèl ake mwen pou menm kòz la.»

Louvèti se youn mo Fransè ki vle di ouvri ou louvwi. Alphonse de Lamartine rapòte, youn jou pandan Tousen Louvèti t ap vire won nan Sendomeng, li rankontre youn mwàn ki mande li non li. Mouche reponn Tousen. Mwàn lan di li non. Tousen se non monden ou. Non espirityèl ou se Louvèti.

Zansèt yo afime depi vini Tousen nan sèn Sendomeng. Li kreye Louvèti pou ede libere frè e sè li kolonis te konsidere kòm pwopriyete yo, men tou nègkoulè ki pa t gen dwa sivil e kolonis ki te ap kokobe anba kontra ekonomik esklizif avèk Frans. «Ake lanmò Tousen Louvèti Sendomeng disparèt pou Ayiti parèt.» Premye Janvye 1804, Anperè Desalin 1e kanpe douvan Otèl Lapatri bò Pyebwa Libète e deklare endepandans Ayiti. Zansèt yo sèmante 77 fwa 7 fwa «Libète osnon Lanmò.»

Diran syèk limiyè, Frederick Douglass aprann nou: «chak etanasyon te gen youn leson pou yo te aprann mond lan. Etazini aprann mond lan demokrasi, Almay aprann mond lan filozofi osnon panse pafè, Angletè aprann mond lan faktori e Izrayèl aprann mond lan monoteyism osnon pèfeksyon. Men ti etanasyon Ayiti te gen leson pa l tou pou li te aprann mond lan, dayè youn leson mond lan t bezwen. Ayiti aprann mond lan danje ki genyen nan esklavaj, e libète. Nan mitan tout kominote sila yo, ti kominote Ayiti pi gran pase tout pwofesè modèn sila yo.»

Yo di lè de evenman enpòtan fè parisyon nan istwa, premye a se trajedi, dezyèm lan se karikati. Se poutètsa petèt Ayisyen di se ann Ayiti pou premye fwa youn rebelyon esklav reyisi. Nou di wi. Nan Nouvo Mond lan se sèl ann Ayiti esklav rive kase chenn yo, men Ayiti se dezyèm peyi endepandan nan Nouvo Mond lan. Kididonk, Karl Marx bay nou defi pou nou demontre nou pa karikati, nou vle di, kounyea Ayisyen dwe jistifye libète osnon Ayiti se Repiblik Bannann, youn egzanp pou lòt etanasyon evite.

Alwè, sitiyasyon ki fè youn etanasyon defann kont lòt etanasyon se youn kerèl natirèl, rezilta istwa. An fonksyon Oksidan, espirityalite moun pi apwopriye pou jere litij ant moun olye de Labib sou pretèks tout moun posede espri e, selon patizan espirityalite moun, se pa tout moun ki kwè nan Labib, osnon posede fwa nan Jezi -Kris ki sanble se youn sous dezakò.

Nou obsève agiman silaa, asavwa espirityalite moun, pote bon jan rezilta piske moun newokolonizasyon pi afekte anbrase agiman an san yo pa apèsi bi a se pou mete chita Mache Mondyal kilti jennen. Nou vle di esplikasyon espirityalite moun se mòd pwodiksyon ki ap janbe baryè, ale de peyi a peyi, ki mande kolaborasyon moun ake diferan kwayans, fwa, pawòl, elatriye. Alwè, pou mete tout moun sa yo ansanm, pou konvèti yo an travayèlajan pou lavi, nesesite youn kontrent espirityèl ki apwopriye ake Mache Mondyal, atò, gwozouzoun ankouraje espirityalite moun paske espirityalite kouvri menm Amazòn. Kididonk, opòtinite parèt kòmkwa natifnatal ap kapab pale de Inyon Orijinèl Pèdi, ki rete nan souvni depi kolonis te fini detache moun nan bèso; souvni, ki kounyea se youn dezi, natifnatal ap kapab jwenn pa mwayen espirityalite.

Dane latè pa dwe aksepte mwens, tandiske yo pèmèt ou antame dyalòg sou espirityalite moun, sepandan, èske yo remèt ou tè a? Ki se esansyèl kil patrilenè.

Espirityalite se siy lòd sosyal la pouri jouk nan mwèl, li pa anmezi pou li rezoud angwas kondisyon moun. Kididonk, gwozouzoun vini ake vodou, asavwa espirityalite moun, youn fason pou moun pa wè li ap konsolide sistèm peze-souse nan tout mond lan. Epitou vodou pa denye yerachi, nou vle di, kolonis pataje mond lan an diferan domèn ekonomik; yo relye mòso yo nan youn Mache Mondyal yo sèl kontwole. Mond lan san fwontyè yo deklare. Poutan eta fè travayèlajan ap konfwonte sou fwontyè prouve lekontrè. Men sa pa anpeche pwopagandè dyòl dous jwe wòl misyonè swadizan mond san fwontyè a.

Ò nou plase istwa pèp Izrayèlit e Kreyòl nan menm kontèks, nan tou de ka, pèp Izrayèlit e Kreyòl te fè fas a youn eta fè, esklavaj, ki te oblije yo pran mezi pou zòt pat vòlò nanm kiltirèl yo.

«Istwa, eksepte etaj di primitif, se yon kont sou lit klas; klas sosyal ki ap goumen youn kont lòt se toujou rezilta relasyon pwodiksyon e twokay, nan youn mo, relasyon ekonomik epòk respektif pa yo; poutètsa estrikti ekonomik sosyete toujou fòme vrè baz, selon lakyèl, nan dènye analiz, nou dwe esplike tout sipèstrikti enstitisyon legal e politik ansanm ake relijyon, filozofi, e lòt ide yon peryòd istorik done.» [Engels, F., Socialism Scientific and Utopian]. Anplis Bohm di: «Fondamantalman, tout konfli sòti nan jefò pou pwoteje enterè, egoyism, jeneralman ki konsidere kòm siprèm, anlè tout lòt kichòy e, ki pa ouvri pou diskite, osnon kritik rasyonèl.»

Èske youn nouvo esplikasyon pa enpoze, konsideran trajedi Ayisyen, degradasyon diferan klas sosyal yo ap sibi? Kesyon an rete poze. Sepandan, nou va eseye pwopoze esplikasyon ki matche eta fè mond lan selon pèspektif Ayisyen. Pou yo pa akize nou de patipri, nou pral opine sou tèz yo konsidere inivèsèl e anile sa yo konsidere patikilye a youn moun, youn gwoup, youn etanasyon. Rezon an senp. Nou mete nou ak Jacques Stephen Alexis ki pa patisipan patikilyarism, ki panche youn bò, anklwazone mond lan e towouta kondui moun nan divizyon.

Nou rezone pèsepsyon pwopòsyonèl, selon Oksidan, pote youn mòdvi baze sou kosmoloji. Men se pa menm pou Ayiti, pa egzanp, ou andwa toujou tande Ayisyen ap di: nou ap bouske lavi osnon nou ap chèche kote lavi fè kwen. Pito se youn pèsepsyon lavi kote pawòl genyen mwens enpòtans ke sans, kòm fas kache, moun dwe eklere ki konstitye Louvèti. Lesansyèl esplikasyon pèmèt nou konprann verite oralite lavi. Pwen an; esplikasyon pèsepsyon sila pa menm ake pèspsyon pwopòsyonèl solèy leve, solèy kouche, oubyen kat pwen kadinal nò, sid, lwès e ès. Tandiske Ayisyen pa konsidere mond lan nan youn fas a fas li dwe koupe, manipile, itilize, men pito li pèsevwa don mond lan revele. Li suiv Jenèz lavi se praxis Oralite, ake kòtèj reyèl, pa konsekan youn lòd, nan mannyè tèks vènakilè e literè, dyalektik ant ide e panse moun oralite relye mòso yo youn. Jan nou konsevwa frè e sè nou se menm konsepsyon an pou pwòp tèt nou. Nouvo esplikasyon sila pa ekzije youn chwa, osnon youn volonte pou aji, senpleman se lavi.

San dout, foul ki te fè masakre li 30 Septanm 1991 pa t genyen ankenn anbiguite: èske moun fèt pou mouri, osnon viv etènèlman? Lavi moun sila yo te gide pa youn esplikasyon ki pa t nan tete lang ake ankenn kontrent divin, osnon sosyal, ki kenbe anbiguite e angwas. Moun sila yo te lib; libète sila te rann yo mèt tout bagay e yo t ap oryante yo ak esplikasyon ki te mete yo anmouvman kont sila yo ki panse lwa natirèl reji tout bagay. Kididonk, baz la pa genyen dout, men kanta pou filozòf se youn lòt koze. Espesyalman, sila yo ki panse yo ka depann de filantròf ki manm entènasyonal la. Nou pral esplike, pa egzanp, akò jeneral rekonèt Ayisyen konn viv. Sepandan, jan yo ap trete yo se siy; rezon pa rezonab, bon kè pran kout baton, nan silans tankou lannuit chanjman ap fèt san kolonis pa kapab anpeche.

Zansèt yo pa t goumen pou kase chenn kounyea pou se nou ki ap enpoze Ayisyen istwa lòt pèp, san sanzega pou pretansyon inivèsèl istwa sila. Men nou ap ensiste pou Ayisyen pa sonbre nan derespekte lòt kilti, rejete tèm inivèsèl, sanzega kolonis te pran pretèks etik pou jistifye chawa. Non sèlman kondisyon yo pa reyini pou chawa repete, men tout moun bonkè mete ansanm pou chawa pa jamè repete. Kididonk, nou se youn farouch elèv Istwa. Espesyalman, Istwa Ayiti, zansèt yo ki lege nou youn paj Istwa ewoyik e gloriye tout elèv lekòl dwe aprann. Sepandan, li pa nòmal pou youn seri menm fè ap repete nan Istwa Ayiti, kou pou leta, reprezay, lagè sivil, jent militè, gouvènman pwovizwa, prezidan popetwèl, double…elatriy…

Jodia, li nesesè pou nou sispann komèt menm erè yo, dayè ki parèt pou pifò moun tankou natirèl Istwa. San dout se sèlman lè Istwa Ayiti ekri an Kreyòl, Ayisyen pral rekonèt li nan Istwa, li pral wè li se aktè Istwa. Se li ki ap fè Istwa, se pa Istwa ki fè li. Li pral konprann li pa youn pwodui Istwa, men li se pwodiktè Istwa piske oralite li se tèks ki mete li an mouvman, òdone lavi li. Esplikasyon sila va leve fado glorye e eroyik pase zansèt yo ki te depase Sendomeng, kolonis esklavajis, pou fonde Ayiti, lib e endepandan, youn fason pou Ayisyen pa kontinye konprann Istwa pote esplikasyon sou linivè.

Nou wè, vi, sa yo rele pèsepsyon, se li ki imedya. Piske vi pa nan pase esplikasyon nou andwa nouvo si nou pa depann de memwa, ki dire youn ti tan pou li vini panse, osnon pasyon, santiman, emosyon, e suit. Pwen an se pa sikonbe anba fado memwa pou nou sètoblije sonje ki sa ki te di, ki ta dwe rete nan pase, e ki sa ki predi, ki vini youn dezi. Kididionk, nou dwe itilize Istwa nan ka limite paske oralite apriyori a loji, mitoloji, e suit. Poutètsa nou pap resevwa ankenn teyori ki esplike tout bagay paske se pozisyon Ayisyen nan linivè ki esansyèl pou nou. Esplikasyon silaa se youn etap, men se pa dènye a.

Otan nou ap bouske, eklere, otan esplikasyon ap fè sifas. Se tankou vag lanmè ki pa depase bòdi lanmè. Pawòl nou andwa parèt wo, men li pa depase limit.

Kounyea, pou nou ale nan pwofondè pèsepsyon silaa, nou pral esplike linivè Ayisyen pa mwayen Ar Lang Kreyòl.

San nou pa rantre nan twòp detay, men nou ap bay youn pwopozisyon abstrè: Ar Lang Kreyòl te ap evolye depi plizyè syèk. Okòmansman nan estil reyalism elemantè kont yo siyifi rive nan reyalism mèveye Feliks Moriso Lewa te remake Ayisyen t ap esplike. Li pran konsyans epi li ekri an Kreyòl. Apati etaj literè sila nan Ar Lang Kreyòl, kontni e fòm fè youn, nou vle di, zèv literè pi apwopriye pou esplike reyèl e sosyal Ayisyen paske anyen pa pèdi ant sa ki di e sa ki ekri pou konprann verite zèv literè Lang Kreyòl.

Nou konnen lakay nou pa fè anyen san chante. Nan youn kouplè youn chan tradisyonèl, samba a chante:

«Mwen Se Nèg Ginen Oooo!

Mwen pa pè anyen.»

Dapre nou, diskou samba a tradui fwa li nan Kreyatè. Se youn diskou baze sou chan dans, ki esplike sitiyasyon Ayisyen nan mond lan. Gwozouzoun repati mond lan an etanasyon Jideo-Kretyen, prensipalman pou kenbe mas pòv yo nan kondisyon mendèv bon mache. Yo relye etanasyon yo ant yo nan youn sistèm mondyal, peze anba pou anlè souse. Granmèsi Nanginen istwa dechire rekoud, kil patrilenè rekonstitye, zansèt yo reparèt, Kapwa Lanmò, Tousen Brav, Marijann, elatriye.

Olye ou mande sa Ginen siyifi? Ginen siyifi li, ki se pwòp oralite li, ki dwe chanje, fondamantalman, lè nouvo esplikasyon chanje pa pèsepsyon Kreyatè ki esplike nouvo e inivèsèl. Konsènan esplikasyon sou Kreyatè samba pa pote repons final, men li ankouraje nou toujou wè nouvo, pa pè anyen.

Kounyea, li sanble, Ayisyen pa posede espri pou travay kont eksplwatasyon menm jan ake dantan Sendomeng, men lakyèl travay?

Ou se samba si ou pa pote esplikasyon kouman mond lan ap fè konprann sa travay siyifi. Byenere samba ki ap travay nan Ar Lang Kreyòl. Youn grenn pawòl zòrèy koute, zye gade, sijè espri miltipliye, kapab ranvèse lòd. Byenere otan ou ap esplike, otan ou ap dekouvri esplikasyon. Atò, ou ap aleje kè ou jouk li pi leje ke youn plim poul; sèvo ou ap mezire sa ki di e sa k ap fèt pou pote nouvo esplikasyon. Se tankou chan dans gèp, Ayisyen va anbrase youn nouvo esplikasyon pou depase Mache Mondyal; jwenn louvèti atravè Nouvo Lòd Mondyal. San dout depasman sila ap fèt pa mwayen Ar Lang Kreyòl ake fòm esansyèl pwezi, chan dans e istwa. Remake nou pa site teyat selon esplikasyon teyat se zak nèg sou sèn nasyonal e entènasyonal.

Gade! Ayisyen andwa nan eta trepa sou kabann, oubyen nan eta vayevyen, kwense, epi nouvo esplikasyon, pèsepsyon youn nouvo esplikasyon, pèmèt Ayisyen leve kanpe, kouri, rele, tankou Lanmò, annavan Brav, Marijann, Lannuit Karayib, 200 nui, 1804 Bisantnè 2004.

O lannuit sen, lannuit silansye
Zye yo t ap gade
Zèklè
Loraj
Tenèb
Fèy pyebwa tonbe
Apre manman Dlo parèt, papa Boukmàn,
Yo se samba ki plante grenn Kreyòl nan kè nou
Youn rivyè wouze li.
Anba twopik, solèy briye sou li.
Ki ès ki ap pran swen li?
Fè li donnen ann abondans
Travay Ayisyen pa ni di, ni fatigan.
Chan dans samba
Rann ouragan mwen frekante Ayiti.
Youn jwayo tonbe nan men Bondye
Adje! Dèyè mòn, gen mòn
Yo va tande Kreyòl
E! E! E! Kreyòl pale, Kreyòl konprann
Ake Ar Lang Kreyòl panse e kè Ayisyen fè youn.
Youn pou Patri?
Tout pou Libète!
Youn pou Louvèti?
Tout pou ekriti Kreyòl!

—Dumas Fils Lafontant avril 2002

Lake Péligre, close to Thomonde —photograph by Mary Jo Bane
Étang Péligre, près de Thomonde —photo par Mary Jo Bane
Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2002

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com