Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Otòn 2002

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Ayiti, inyon pou endepandans, ou lanmò

—Dumas Fils Lafontant

P

a genyen okenn evenman nan Istwa ki pote plis enterè pou Afrik osnon koz Vanjans Ras pase endepandans Ayiti Jeneral Janjak Desalin te pwoklame 1e Janvye 1804 apre viktwa Lame Endijèn sou espedisyon militè Premye Konsil Napoleon Bonaparte te depeche pou retabli esklavaj nan Sendomeng. Ak endepandans Nasyon Nwa sila a, ann efè, fè rekonèt e sekirize dwa revòlt kont tout jefò pou eksplwate nèg.

“Le guerrier/The warrior,” huile sur canvas —par Wilfredo Lam, 1947
“Le guerrier/The warrior,” huile sur canvas —par Wilfredo Lam, 1947

Dantan Sendomeng, nèg pat lib e ni nèg koulè pat egal avèk blan koloni esklavajis. Similarite ant kondisyon de gwoup yo aparan. Tandiske kolonis yo touye Oje e Chavàn, lidè milat ki tap lite pou egalite, pita gouvènman fransè ake kolonis rejte kwonpwomi Jan Franswa e Byasou, ki te antretan pran lidèchip rebelyon mas yo kont esklavaj. Menmlè de faksyon lidè nèg yo tap tire kouto, Carruthers di, te pataje esansyèlman menm filozofi: «Lòd kolonyal esklavajis, selon Kod Nwa Louis XIV tabli an 1685, te di sevre, men ekzekite kòrèkteman se te yon sistèm jis e nesesè ki te vize meyè posiblite byen pou tout eskalye popilasyon Sendomeng.» (Carruthers, paj 54)

«Filozofi ki eskprime nan paragraph avan an se nègkoulè ki te premye eksprime li avan Revolisyon 1791 e nèg lib te aksepte annapre [yo te deziyen tou de gwoup yo Afranchi]. «Yo te panse kolonis dwe aksepte afranchi, ki te resevwa yon edikasyon e otreman enfliyans lavi sivil te vini fè gen siksè kòm egal blan, entegre yo anplen nan sosyete kolonyal lan e pèmèt yo opòtinite egal pou akonpli kelkilanswa travay yo te kalifye pou pèfòme. Anplis de sa Afranchi yo te kwè esklavaj osnon travay fòse nan bafon sosyete a te yon demon nesesè. Dapre yo, Afriken nan eta natirèl ki pat ap fè anyen te kandida ekselan pou wòl travay fòse piske pa mwayen travay yo tap entwodui yo nan «sivilizasyon» e yo t andwa espere wè pitit kreyòl yo vini edike e lib sòti nan esklavaj.

Ann atandan, Afranchi yo te deklare se yon devwa espesyal pou lelit lib bonkè travay pou ede mas malere a remonte tèt yo pa mwayen edikasyon Kretyen e pa mwayen endoktrinasyon vèti sivik e etik travay. Sètensi Afranchi yo te rezone lè nèg parèy yo va bay yo libète e pèmèt yo vini patnè egal nan sosyete sivil la». (Carruthers, paj 55)

Kontras filozofi sila nou mansyone nan paragraf avan an te konsevwa nan mitan 1791 pa Boukmann Dutty, e lòt chèf nèg, Foucha rele Mawon Libète, ki tap viv nan kominote lib Afriken yo te tabli nan mòn. Li suiv pozisyon Afranchi yo an favè lide libète, egalite e fratènite te medye pa tèm libète ou lanmò, ki te rezilte nan kominote lib Afriken ki pat eigziste nan tout Sendomeng, sepandan ki te toujou posede detèminasyon pou reziste esklavaj. Mas la, politisyen tout pwèl e kwayans te neglije e inyore, te òganize pou kont yo e, finalman, kòmanse lit pou libète. Yo chante:

E! E! Bomba En! En!
Kanga, Bafio te!
Kanga, moun de le!
Kanga, do ki la!
Kanga, do ki la!
Kanga, li!
(James, paj 85)

(Men tradiksyon chan sila a pa Césaire: «E! E! espri benefik, En! En! Ouvri entèlijans nèg. Estèmine ewopeyen. Estèmine chòche sila. Estèmine li.» [Césaire, paj 193])

Leve-kanpe pou liberasyon

Leve kanpe esklav yo ki tap travay e viv ansanm pa santèn sou gran plantasyon Laplèndinò te non sèlman byen prepare men se te yon mouvman mas. Eksperyans t aprann yo jefò izole pat ap reyisi, e nan kòmansman 1791 bò Okap yo te kòmanse ap òganize revolisyon. Vodou se te mwayen pou yo kominike konplo a. Malgre entèdi, nèg vwayaje plizyè kilomèt ale chante danse nan seremoni e pale youn ak lòt. Mi Jiyè 1791 nèg Okap e vwazinaj te pare e yo tap tann. Plan an te kouvri yon gran nivo e yo te vize touye blan yo e pran koloni an pou yo. Te genyen apeprè 12,000 esklav Okap, 6,000 nan yo te gason. Siyal aksyon an te yon lannuit esklav nan bouk e andeyò Okap tap mete dife nan plantasyon yo. Apati siyal sila esklav lavil tap masakre blan e esklav laplèn tap konplete destriksyon an. Sepandan debi Dawou esklav Lenbe pran zam twò bonè e kolonis kraze yo.

Vennde Dawou lidè revolisyon yo, tòch nan men, rankontre sou yon teren nan forè Mòn Wouj. La, Boukmann pase dènye enstriksyon. «Bondye ki fè solèy, ki klere nou anwo, ki soulve lanmè, ki fè loraj gronde. Zòt koute, Bondye sila kache nan nyaj. E la li gade nou, li wè tou sa blan fè. Bondye yo a mande krim. Pa nou vle byenfè, men Bondye, ki si bon, òdone nou vanjans, Li va kondui nou, Li va ba nou asistans. Jete imaj dye blan ki swaf dlo nan je nou. Koute kè an nou ki rele libète.» (James, paj 87)

Fòk nou di ou nèg Afrik ki te viv terib Pasaj Mitan apati kot lwès Afrik rive nan Nouvo Mond pat vwayaje senp. Menmlè vyolans kolonyal te «radikalman retire yo nan sivilizasyon yo, men nèg Afrik neyanmwen, kou Gates di,»te pote ake yo nan Emisfè Lwès la aspè kilti yo ki te gen sans, ki pat kapab efase, e yo te chwazi, pa ak volonte, pat bliye mizik yo, lejand yo, estrikti ekspresyon enstitisyonèl yo, sistèm lòd metafizik yo, e fòm ekzekisyon/pèfòmans yo.» (Gates, paj 3)

Gates nan rechèch li etone jwenn repetisyon yon espesifik figi trichè ki reparèt nan mizik, lejand, e fòm pèfòmans, nèg ann Afrik, Karayib, e Amerik Sid. «Figi sila se Esu Elegbara, Papa Legba nan panteyon lwa vodou Ayisyen, ki parèt nan kilti nèg tèlman li panse li se yon tèm repetisyon. Tèm sila fonksyone kòm siy deranjman totalite yon sistèm esplikasyon e kwayans ann Afrik esklav nèg rekreye nan memwa yo, prezève pa istwa oral, enpwovize nan rityèl, espesyalman nan rityèl redi istwa oral, e voulwa jenerasyon posteryè yo, kat kod desandans kiltirèl ke yo fèmen yon fason pou anyen pa pase. (Gates, paj 5)

Nan fondamantal langaj sila nou jwenn andedan Ayisyen yon volonte pou li rekonstitye tout ansanm konsèp dapre ki zansèt yo tap viv vi yo avan kolonizasyon. «Jistis se lòt bò verite, ki se, prensip iltim espirityèl Afrik.» (Istwa Jeneral Afrik, vol. 2, paj 125). Nou andwa esplike jistis tankou yon balans e balans se zouti ki defini resipwosite. Jistis paske resipwosite e balans akonpli e jistis ranplase mal. Dyalektik sipèstrikti idewoloji e chapant ekonomi esplike rekou nèg pou vanje mal yo fè li. «Kidonk, filozofi Boukmann lan te anrasine nan istwa eksperyans rebelyon nèg kont dominasyon ewopeyen. Se te Vanjans Ras, ki te genyen eslogan libète ou lanmò. Kesyon kouman nèg tap kapab siviv san ekonomi fòmèl la pat soulve piske yo obsève kominote lib Afriken yo te viv andeyò ekonomi fòmèl la diran istwa koloni an.» (Carruthers, paj 54)

James ajoute limenm: «Se esklav nan plantasyon Gallifet ki te derape revolisyon an. Chak gang-esklav touye mèt yo e boule plantasyon an plat atè. Tout orizon Okap te yon mi dife. Mi dife sila a te bay yon lafimen nwè epè, ake flanm dife ki tap monte nan syèl. Diran prèske twa semèn moun Okap pat prèske kapab distenge lajounen de lannuit, tandiske yon siwo kann cho tankou lapli, van te mennen tankou flokon nèj, tap vole sou vil la e bato ki te sou waf, menase tou de ak destriksyon.» (James, paj 88)

Esklav yo detwi san fatig. Kri lagè a se te Vanjans! Vanjans! Nèg lib te vini fè pati revolisyon an. Anpil nèg koulè Okap te kouri vini mete ansanm ake nèg pou goumen kont menm lènmi. Apre kèk semèn, rebèl yo fè yon kanpe yon moman pou reòganize yo. «Se nan peryòd sila a, yon mwa apre revolisyon an te kòmanse, Tousen Breda vini patisipe e fè yon rantre san blokaj nan istwa. Andeyò kawo ki t ekziste nan Sendomeng e ansuit nan ane ki tap vini yo, Tousen koule fondasyon yon Eta Nèg ki dire jouk jodia.» (James, paj 91). Plan Boukmann lan pat reyisi antyèman, men li te prèske. James di anplè e òganizasyon konplo a pwente Boukmann premye nan long liy gran lidè ki te siksede rapidman youn apre lòt nan mitan esklav yo nan ane ki te vini avan Endepandans 1804 la.

«Mas la ki te leve kanpe te bezwen direksyon klè e vigoure. Premye kou a te echwe paske Jan Franswa e Byasou, menmlè yo te mete lòd nan mitan revòlte yo, pat genyen okenn ide sa pou yo te fè annapre(… )

Esklav yo te revòlte paske yo te vle viv lib, men kont esklav yo kolonis te sèlman konnen terè osnon fè san koule. Lè yo touye Boukmann, Asanble a mete tèt li nan yon pikèt ak yon pankat ki di: «Se tèt Boukmann, Chèf rebèl.» Blan yo konstwi twa echafo Okap e touye ant 20 a 30 esklav chak jou. San ega pou nèg menm kòm byen; yo masakre tout moun yo rankontre menm nèg sou plantasyon ki pat ankò revòlte. Nèg te reyalize pat gen espwa eksepte nan revolisyon, timid kou radi te pran lèzam. Nan kèk semèn te genyen prèske 100,000 rebèl.» (James, paj 96) James reprann pi lwen: «Blan yo te komèt atwosite kont nèg koulè tou. Yo touye yon fanm ansent, koupe vant li e lage tibebe a nan dife. Yo boule yo anvi, yo vaksinen yo ake vewòl.» (James, paj 102)

Jan Franswa, Byasou e lòt lidè nèg, pami yo Tousen tou, apre kat mwa enzireksyon, te rive nan yon chimen fèmen. «Yo eseye negosye yon trete lapè ake Komisyonè fransè a; libète pou yon santèn lidè nèg ansuit yo va kowopere ake sòlda Rwa Frans e chase sa yo ki refize soumèt yo. Jan Franswa konnen se te trayizyon e Tousen te ladan li jouk nan kou.» (James, paj 104) Kolonis yo derefize. «Se sèlman lè sila Tousen pran desizyon fèm san li pa janm detounen e ki koze lanmò li. Pou akonpli libète pou tout moun, e kenbe libète ake pwòp fòs yo.» (James, paj 107)

Kididonk, pandan yon moman, nèg pat konnen kote vrè enterè yo te ye. Poutètsa, lè Panyòl Sendomeng ofri pou fòje alyans ak yo kont Gouvènman fransè, yo te aksepte. Jan Franswa e Byasou te resevwa tit lyetnan-jeneral lame Rwa Espay. «Tousen negosye ake Panyòl kòm yon lidè endepandan, e pa kòm yon sibòdone Byasou. Li te kòmande 600 nèg, byen antrene e ki devwe a li, ki fè li te resevwa tit kolonèl. Tousen, tankou tout lòt lidè nèg, atake repiblik san bondye san rwa e li goumen pou rwayote, Espay e Frans. Men pou li, deja, eslogan sila a se te politik, pa konviksyon.» (James, paj 124) Tandiske Jan Franswa e Byasou te satisfè ake nouvo pozisyon ofisyèl yo te okipe. Tousen pwopoze Marquis Hermona, chèf hyerachik li, yon plan pou konkeri pati fransè koloni an e rann tou nèg lib. Hermona te dakò men Gouvènè Don Garcia derefize.

Jeo-estrateji triangilè Tousen

Alye Panyòl Tousen te kontinye ralye ake radiyès nèg revolte yo anba labanyè libète pou tout. Ventnèf Dawou li deklare: «Mwen se Tousen Louvèti petèt ou rive konnen non mwen. Mwen antreprann vanjans. Mwen vle pou libète e egalite reye nan Sendomeng. Mwen ap travay pou yo ekziste. Frè mwen yo nou fè inyon, goumen ansanm pou menm koz la.» (James, paj 125)

Majorite sòlda lame Tousen Louvèti yo te nèg ki fèt nan koloni an, yo pat kapab pale de mo Fransè jan Jan Franswa te di avèk awogans. Ofisye yo te, tankou Tousen Louvèti li menm, ansyen esklav. Apa Desalin, te genyen Kristòf, Pòl epitou Moyiz. Lame a, apa kèk ofisye blan, te yon lame revolisyonè, e se sa ki te fè fòs li.

Tandiske relasyon fòs yo ant rwayalis e repibliken, an Frans e nan koloni an pat pèmèt akò ant klas dirijan yo pou yo te sove sitiyasyon an. Asanble Fransè voye nan Sendomeng twa komisè pou retabli lòd ant kolonis e sispann revolt nèg. Sonthonax rantre Okap, li jwenn yon vil prèske ruine. Pou ajoute sou pwoblèm lan, ofisye rwayalis yo te dezète pou kan Panyòl, e esklav ki pat ankò revòlte derefize esklavaj. Ann koute James: «Youn nan kolonis ki te posede plizyè santèn esklav te di Sonthonax meyè solisyon an se aboli esklavaj, ansuit Sonthonax te aprann Jan Franswa tap pral ralye nèg ake yon mesaj libète pou tout. Kwense tribòbabò e nesesite pou fè alyans kont lènmi andedan tankou deyò, Sonthonax deklare esklavaj aboli ventnèf Dawou 1793.» (James, paj 128)

Desizyon Sonthonax la pat detache Tousen Louvèti de Panyòl pou li te ale fè alyans ak Frans. Malgre mas pèp la an Frans te favorize abolisyon esklavaj, Konvansyon an pat reyaji diran en nan. Kouwè James te relve, toutotan Brissot ake Girondins yo te sou pouvwa, pa yon mo pat pale konsènan esklavaj. Men Brissot ak pati li a pat ap dire. Piske yo te pè mas la, yo pat mete peyi a anba yon gouvènman santral fò, e malgre pakèt enzireksyon rwayalis e konplo, yo te kenbe yon sistèm federal kote boujwazi pwovens pat anba kontwòl revolisyon Paris. Mas la, ki te konnen sa li vle, bay Girondins yo do e yo bay Robespierre e pati Montagne la sipò yo.

Nan tan difisil sila Robespierre e Montagne yo te bay Frans yon gouvènman fò. Konvansyon an finalman aboli lwa feodal, mete fen nan abi ki te pi repiyan, e resevwa konfyans pèp la. Mas fransè ki te tou pre pouvwa pat bliye nèg. Sa se eta fè an Frans ki, an Janvye 1794, te aksepte nan Konvansyon li twa depite, Bellay, yon esklav nèg ki te achte libète li, Mills, yon nèg koulè, e Dufay, yon blan, ki te sòti Sendomeng. James souliye «Bellay te pwononse diskou ki te entwodui youn nan pi enpòtan ak lejislatif ki te janm pase nan nenpòt asanble.» (James, paj 140)

Tousen Louvèti aprann nouvèl dekrè a an Me. Piske dekrè Sonthonax la te ratifye an Frans, li pat ezite yon moman men yon fwa li di Laveaux, kòmandan twoup fransè Sendomeng, li te vle fè pati ak li. Laveaux, kontan, aksepte òf la e dakò pou nome Tousen Jeneral Brigad. «Si Repiblik, libète e egalite te bay lame a moral, sant lan se te Tousen Louvèti. Si lame se te zouti pouvwa Tousen Louvèti, mas la te fondasyon li e pouvwa Tousen Louvèti grandi ak enfliyans li sou yo.» (James, paj 151)

«Pouvwa efektif e konpetans»

Douzan gè sivil e etranje te detwi koloni an. Sou 30,000 blan ki te nan koloni an an 1789, sèlman 10,000 te rete. Rès yo te mouri osnon te emigre. Sou 40,000 nèg koulè e nèg lib 30,000 te toujou anvi, tandiske sou 500,000 esklav nèg petèt en tyè nan yo te mouri. Agrikilti e plantasyon te detwi. Diran prèske dizan popilasyon an te fòme nan san koule e benyen nan vyolans. «Gang piyadò tap pwomennen an deyò. Sèl fòs disiplin se te lame, e Tousen Louvèti te enstore yon diktati militè.» (James, paj 242)

Yon sistèm Carruthers rele, «gouvènman pa pouvwa efektif e konpetans,» ekilib pouvwa a te pataje pa yon gwoup jeneral nèg entèlijan e administratè sivil blan e nègkoulè, e mas la te fondasyon òganizasyon koloni an sou Tousen Louvèti. Esansyèlman, li te konsiste de yon modifikasyon osnon refòm òganizasyon sistèm kolonyal esklavajis la. Grann diferans lan sèke yo te peye travayè tè 1/4 sa yo te pwodui, pwopriyetè osnon jeran 1/4 e gouvènman an 1/2; gouvènman an te retire e asime responsablite pou pini travayè tè olye de jeran e pwopriyetè. Ann efè, ansyen esklav yo te toujou asime menm mach sosyal ekonomik sou kontwòl gouvènman an, epitou blan kòm pwopriyetè oswa lokatè te sipèvize pakèt nivo travay. Chanjman djòb pat nòmalman disponib. Anplis yo te voye nenpòt moun ki pat kapab pwouve yo te genyen yon travay valab e konduit egzanplè travay tè. Paran te genyen responsablite pou fè timoun yo aprann yon metye yon fason pou yo te kapab sipòte tèt yo nan granmoun. Omwen pitit yon travayè tè te kapab leve anlè sistèm travay latè a. Carruthers defini konsepsyon egalite Tousen Louvèti kòm opòtinite egal ki te kondane majorite nèg nan menm kondisyon travay latè diran esklavaj. Men se pat sèlman refòm divizyon travay koloni an Tousen Louvèti te antreprann, li te enstitye yon sistèm moral ke gouvènman te ankouraje pa pwomosyon relijyon Kretyen. «Tousen Louvèti te demontre yon talan ekstrawòdinè kòm òganizatè e administratè yon sosyete »ideyal». Lide a te yon ide Ewopeyen enpoze sou nèg ki te toujou oprese.» (Carruthers, paj 51)

An Jiyè 1801 Tousen Louvèti fè ekri yon konstitisyon ki te bay libète e egalite yon kò jiridik, pa abolisyon esklavaj e deklarasyon tout moun ki pran nesans nan Sendomeng te sitwayen fransè. Konpozisyon gouvènman li te reflete prensip sila a. Tandiske pifò jeneral lame li te nèg, administrasyon sivil li te domine pa blan e nègkoulè. Konsa, youn nan aspè konsepsyon egalite Tousen Louvèti te baze sou merit olye de ras. Akò jeneral tabli ki di lòd anfèt te tabli e anpil moun te aplodi pwosperite e gran degre kilti ki te layite sou gouvènman Tousen Louvèti.

Travay Tousen Louvèti pou li rekonstitye sistèm politik e sosyal pre-esklavaj la te pran fen bò Novanm 1801 kan rebelyon eklate toupatou kont aplikasyon sistèm travay fòse li pibliye nan sa yo te rele Dekrè Diktati Tousen. Tousen Louvèti te deklare rebelyon an se dezòd. An reyalite, se te yon rebelyon masif kont nouvo sistèm travay la te pran granri. Mas pèp la te obsève nouvo lòd la e yo pat apresye refòm ni lefèt ke abolisyon esklavaj pa te ranplase pa yon sosyete ki bay plis opòtinite egal. Ann efè, yo te ekzakteman nan menm pozisyon avan revolisyon an. Yo tap travay tè e resevwa lòd de yon gwoup pwopriyetè blan privilejye ki pat ap travay. Ou andwa konprann, yo te panse Papa Tousen te retounen yo nan esklavaj e restore ansyen mèt yo sou tèt yo. Ofisye e sòlda nèg nan lame a te enstore fyète, men sa pat sifi pou soulaje mizè travayè tè yo.

Yo te wè nouvo dirijan yo tankou yon gwoup privilejye anplis ki te fè pati opresè yo. Petèt posiblite pou pitit yo te atenn estati piwo pase travayè tè pa mwayen edikasyon te enpòtan, men sa pat anpeche santiman trayizon. Te genyen plizyè ka rebelyon e travayè tè te menm touye kèk kolonis, e an jeneral yo te defye otorite. Te genyen lòt ka, nèg te kòmanse chape ale viv nan kominote Mawon Libète, osnon tabli nouvo kominote ak espesifik entansyon pou mennen revolisyon kont nouvo lòd la. Finalman, andedan lame a dezobeyisans e mekontantman te kòmanse simayen tèlman ke Jeneral Moyiz, youn nan pi ansyen tòp lyetnan Tousen Louvèti, te ouvètman defye sistèm travay fòse Gouvènè a. Moyiz pat dakò ak politik Tousen Louvèti an ki te pwoteje kolonis yo. Li te toujou esprime ouvètman rayisman li pou kolon e prekonize pou yo te debarase il la de kolonis. Reprezay represif Tousen Louvèti kont rebelyon an kondui l ekzekite Moyiz—pwòp neve li—ki te vini senbòl popilè rebelyon an.

Echèk egalite: «Libète ou lanmò»

Dizan apre kolonis asasinen Boukmann, revolisyon an te fè laviwonn nan Sendomend. Mas la te leve kanpe kont nouvo lòd lelit militè nèg tap mennen. Mas la dejou anjou te vini pi angaje nan lit pou libète ou lanmò. Kidonk, desen ki te parèt nan lit konplike sila a se eta fè plizyè faksyon nèg tap eseye apreyande pou yo te kapab metrize Ewopeyen yo, pou mete fen ak opresyon e pran lidèchip lil la. Yon pòsyon lidèchip sila te konsidere mannyè Ewopeyen yo kòm bèl vi e yo te sèlman vle fè pati de li. Pwendvi yo, konsènan esklav yo, se yon lè yo tou te andwa fè pati sosyete a lè yo vin pare. Kididonk, nèg koulè te panse si yo vini egal ake Ewopeyen yo va gradyèlman soulve esklav yo nan nivo sivilizasyon e egalite. Pozisyon sila a te souzantandi pa Jan Franswa e Byasou; Ewopeyen va aksepte yo epitou yo va travay nan meyè enterè esklav yo ki, dapre Franswa, «pat kapab pale de mo Fransè.» Ann site sa Carruthers di: «Goumen Tousen Louvèti pou libète e egalite nan yon premye kout je te sanble opoze a pozisyon Afranchi yo. Men refòm sistèm kolonyal esklavajis la Tousen Louvèti te antreprann demontre pozisyon li te sèlman diferan nan degre.» (Carruthers, paj 45)

Sepandan, Carruters pa konsevwa Tousen Louvèti tankou yon senp trèt nan lit pou libere nèg. Li sijere, «sistèm gouvènman li an te pran rasin nan teori devlopman ki te genyen konpayèl nan lit liberasyon jodia. Li te kwè agrikilti e komès te fondasyon pwosperite. Epitou li te kwè anba kalite libète, egalite e vèti sivik li a Sendomeng tap pi pwospè pase ansyen lòd kolonyal esklavajis e eskalye koulè a.» (Carruthers, paj 51) Jefò Tousen Louvèti pou konplete libète e egalite nan yon koloni ras entegre te echwe. Menm blan yo ki te jwen favè nan administrasyon li te kòmanse devlope yon plan altènatif.

Tousen Louvèti fini karyè li nan defèt e imilyasyon paske alapwòch espedisyon militè Bonaparte li pat rezoud konfli li ki te rezilte ant sa ki te di e sa ki tap fèt, nou vle di, li te refòme sosyete Sendomeng enstore yon nouvo lòd apati lide ki te nan tèt Ewopeyen pou yon swadizan sosyete ras entegre. Men lè mas la e blan yo te revòlte kont nouvo lòd li a, solisyon pwoblèm lan pat reside nan tèt li osnon nan filozofi, men se te nan mitan nèg li te dwe chèche repons pou rezoud pwoblèm lan. Pou Desalin, Carruthers di, «lame fransè pat bat Tousen Louvèti, men se elokans pwoklamasyon ajan yo; Zonbi Libète yo te pann douvan zye li.» (Carruthers, paj 71)

Nou ap raple, tèm libète, egalite, e fratènite te mete nèg koulè an premye e nèg lib anbranl, pita tèm sila te rive osomè ak Tousen Louvèti jan nou te detaye rèy li. Sepandan, Premye Konsil Bonaparte te gade Gouvènè Tousen Louvèti tankou yon esklav ki an rebelyon, sepousa li te depeche yon espedisyon militè ak bòfrè li Charles Leclerc kòm kòmandan, e Jean-Baptiste Rochambeau kòm lyetnan dezyèm lan, ki te vize pou retabli sipremasi aryen nan Sendomeng, nou vle di, restorasyon sistèm kolonyal esklavajis la ak yon kòmandè blan Fransè nan tèt koloni an. E pou yon grenn fwa, depi Tousen Louvèti te parèt sou sèn nasyonal e entènasyonal la, li pat aji ak vitès. Lè finalman li pase sòlda li lòd pou anpeche espedisyon an rantre nan koloni an pifò kòmandan yo te gentan soumèt yo anba otorite Leclerc. Se sèlman Tousen Louvèti, Janjak Desalin e Anri Kristòf ki pat mete balèzam.

Tousen Louvèti te planifye yon lagè geriya osnon batay nan bwa ki te prèske reyisi. Men menmlè Tousen Louvèti tap mennen rezistans kont Leclerc, li te bay Kristòf pèmisyon pou negosye ak Leclerc. Toutakou, sezisman Tousen Louvèti fè li kapitile, li aksepte demisyone kòm gouvènè e pran retrèt sou bitasyon li nan Ènri. Alwè, Tousen Louvèti pat janm pwononse mo endepandans menm nan moman desizif pou li goumen kont Leclerc. An nou koute: «Kouraj, brav mwen yo, kouraj… èske ou ka bliye esklavaj, tòtie kriyote ou soufri pandan twa sanzan. Mete ou tòs ni gade mak fè cho. Fransè pap goumen pou libète oswa pou peyi men pou anbisyon ak layèn Premye Konsil lan. Yo pa soufri imilyasyon etanp… Ankò pran kouraj, Ewopeyen ki pa mouri anba manchèt ap mouri nan klima nou ki va vanje pitit li. Zo yo pral atè bò kote wòch nou ak mòn nou, oswa blanchi anba lanmè nou… Libète nou va reparèt nan tonbo yo.» (James, paj 307)

Konklizsyon Carruthers tire se pwoklamasyon libète e egalite nan Sendomeng pa Tousen Louvèti enplike e nan aplikasyon yon rejè pwoklamasyon libète ou lanmò pa Boukmann: «Egalite nan lòd kolonyal la, kèlkilanswa refòm osnon nouvo lòd te sèlman siyifi opòtinite egal baze sou kalifikasyon. Sèl tach yon travayè te kalifye pou fè se te travay tè. Poutètsa koloni an sou Tousen Louvèti te senpleman yon vèsyon pi imen lòd kolonyal esklavajis la e pozisyon filozofik li te yon varyasyon menm tèm nèg koulè e lidè rebèl opòtinis ki tap goumen sèlman pou pwòp libète yo ki te eseye vann rès nèg. Filozofi sila li menm te yon varyasyon liy prensipal panse Ewopeyen ki te pran rasin nan Aristotle; Aristotle, Politics, men ki te refòmile diran peryòd apre-Makyavèl. Petèt meyè espresyon deklarasyon filozofi sila a se Dezyèm Trete sou Gouvènman pa John Locke ki te sikile atravè Frans pandan dizuityèm syèk la. Etik travay, jistifikasyon pwopriyete prive e esklavaj, te tabli kòm yon pati pwendvi modèn Ewopeyen e filozòf Fransè yo te enkòpore ide sila yo; espesyalman Carruthers note Montesquieu nan Espri Lwa yo(Carruthers, paj 57)

«Tousen pat senpleman fè erè jan Stewart e James sijere. Rejè li pou kèk baz dimansyon reyalite te rezilte nan filozofi li, yon filozofi ki te dekoule nan dezi li pou pataje mond opresè te kreye. Se yon filozofi ki mande bilateralism osnon resipwosite, men pa genyen baz nan istwa pou fè kwè Ewopeyen tap trete an tèm resipwòk e egal ak Afriken ki te nesesè pou yon apwòch konsa. Boukmann e tout lidè nèg ki te an rebelyon depi sèzyèm syèk la te konnen sa, Desalin tou. Men kote ideyal libète Tousen pat ka demakònen ak egalite, Desalin pat ka demakònen ak endepandans.»

Opsyon radikal: endepandans nasyonal

Desalin ki te gen yon filozofi ki te pi makonnen ak reyalite nan Sendomeng la, te kòmanse klewonnen kondisyon malouk reyalite sila a bay sòlda yo. James site Desalin: «Kouraj, mwen di ou kouraj. Fransè pap kapab rete Sendomeng pou lontan. Okòmansman, yo ap mennen, men byen vit apre yo ap kòmanse malad e mouri tankou mouch. Zòt koute! Si Desalin bay legen san fwa se pou li trayi yo san fwa. Mwen repete, pran kouraj, e ou va wè lè kantite fransè diminye nou va jennen yo, nou va bat yo, nou va boule rekòlt lan e pran refij nan mòn. Yo pap kapab kenbe peyi a e yo pral oblije pati. Lè sa a, mwen va ba ou endepandans

Nan pwen mwen rive ake esè sila olye nou fè yon ekspoze sou lit endepandans lan, mwen pral eseye esplike prensip Desalin ki, pa pawòl e pa aksyon, te rive plase li ant estrikti ideyoloji e chapant ekonomi Sendomeng pou akonpli depasman Tousen Louvèti—anpasan pa medyasyon Boukmann—pou noumenm tou dwe kapab, pa aksyon, reyisi fè pase nan reyalite lide endepandans ou lanmò.

Selon prensip Desalin mwen ap pwopoze a, Ayisyen se ajitatè ki gen pou misyon istorik pou l kontinye elaji chan endepandans la, e fè li nan fidelite ak prensip fondamantal Boukmann e Desalin te dekouvri, sètadi endepandans ou lanmò, sepousa atribi jeneral lit endepandans la reflete mouvman konkrè ki poko konplete, mouvman epòk pou chanje lavi, istwa tan pa nou e pa aksyon pa nou.

Lit endepandans lan pote kèk karakteristik plizyè jenerasyon ekriven Ayisyen eseye esplike. Alwè, tèks yo kouvri diferan tèm, nou vle di, genyen otè ki diskite lide Revolisyon Sendomeng se apanaj Revolisyon Fransè, zòt tankou Jean Fouchard, ki di lit libète te kòmanse byen avan anbakasyon pou Pasaj Mitan, li kontinye sou bato, jouk rive Sendomeng. Malgresa, yon analiz Marxis, nou jije ak enterè, reprezante pa CLR James nan Jakoben Nwa, denye wòl koulè po e metafizik nan aksyon istorik. Sepandan, nou va chèche eklèsi pozisyon Boukmann-Desalin lan, Carruthers deziyen kòm yon twazyèm pozisyon ki pran rasin, istorikman, nan revolisyon an.

Anpatan nou te di objektif lit endepandans lan se te reyalizeVanjans Ras. An nou esplike. Trèt Esklav te entwodui nèg Afrik nan Sendomeng pou ranplase premye abitan mèt lil la, kolonis Panyòl tap ekstèmine nan fè travay di. Kididonk, nesesite pou rann tè a valab te mande yon mendèv bon mache; Afrik san defans parèt tankou yon rezèvwa imen pwovidans kreye, yon mendèv ki pa koute chè e san danje. Dapre Diop: «Ranvèsman wòl yo pa mwayen kondisyon rapò teknik te antrene relasyon mèt e esklav ant blan e nèg onivo sosyal. Tranpe siperyorite teknik te rann Ewopeyen gaga pou richès Afrik a yon tèl pwen li meprize valè imen epitou inyorans osijè istwa antik nèg, diferans mès ak koutim, prejije etnik ant de pèp, pakèt faktè badijonnen espri Ewopeyen, li falsifye pèsonalite moral e aptitid konesans nèg. Nèg vini sinonim èt primitif, enferyè, don mantalite prelojik. Piske èt imen toujou bezwen jistifye konduit li, kolonis ale pi lwen, pou plis presizyon bezwen pou jistifye kolonizasyon e komès esklav, kondisyon sosyal nèg nan mond modèn, akouche tout yon literati ki dekri swadizan karaktè enferyè nèg. Sanwont, yo prezante kolonizasyon kòm devwa imanite, envoke misyon sivilizatè Oksidan ki pran chaj pou leve afriken nan nivo lòt moun. Dorenavan kapitalis alèz, li va rive ekzèse ekplwatasyon pi fewòs anba pwoteksyon pretèks moral.» [Diop, paj 24]

Fas a vize pou retabli sipremasi aryen sila espedisyon militè Bonaparte la te siyifi, ki te genyen pou bi nonsèlman retablisman ansyen rejim lan nan Sendomeng men tou ekstèminasyon tout nèg ki te engaje nan lit pou libète. «Zonbi libète te defini lènmi kòm opozan libète e egalite. Definisyon nonkonkrè sila a te brouye sib aksyon militè tèlman lame endijèn pat konnen si pou li goumen kont twoup Leclerc. Alwè, Tousen pat di nèg Fransè se lènmi.» (Carruthers, paj 78)

Apèl Desalin, diran dènye faz lit endepandans lan, te mobilize tout moun, gason tankou fanm, nèg nwè tankou nèg koulè. Se te Lagè Total, ki vle di, sakrifis total. Yo te boule vil yo plat, ki te milye liks pou bon vivan, sepousa nèg ki tap viv nan konfò te sakrifye kay yo, mòd vi yo, elatriye. Men kouman Desalin te karakterize sakrifis li: «Mwen sakrifye tout pou mwen vole defann ou, paran, timoun, fòtin, e koulyea mwen sèlman rich nan libète ou.»

Aspè iltim konsèp lagè total sila a eksprime abilite nèg pou goumen nan menm nivo entansite lènmi tap goumen. Li pat sifi pou demontre siperyorite militè e konduit jantiyòm tankou Tousen Louvèti te fè. Se te yon goumen terè kont opresè. Rochambeau abitrèman te touye e tòtire nèg e nèg koulè pandan kòmandman li. Desalin te kif kif. «Lè Rochambeau te fè mennen chyen manjè-moun pou ekstèmine nèg, Desalin garanti li tap fè Fransè manje chyen. Atò, Desalin asyeje vil kote chyen yo te ye e vini pat gen anyen pou manje Fransè te oblije manje chyen.» (Carruthers, paj 82)

San dout plan batay Desalin te aplike debi Otòn 1802 a Otòn 1803 lè Rochambeau mete balèzam san kondisyon se menm ak estrateji Boukmann, ki vle di, Desalin te pase lòd fòmèl pou detwi vil yo totalman e ansuit nèg te pou pran mòn. La yo tabli kan, plante manje, viv tankou kominote Mawon Libète yo, e yo te angaje nan yon lit san mèsi kont Lame Fransè ki te oze rantre nan peyi a. Diran faz final batay la, nan Konba Vètyè 18 Novanm 2003, efektivman, lènmi an te izole Okap; Rochambeau te panse li te enpenetrab paske li te byen fòtifye. Sepandan, kouraj e ewoyism grenadye Lame Endijèn te fòse lènmi an kapitile osnon yo tout tap mouri.

Men kouman Laroche esplike viktwa sila nan deklarasyon kap suiv la, ki souzantandi chanjman kalitatif enèji mond lan travay Kapwa siyifi: «Nan lajounen 18 Novanm 1803, diran Konba Vètyè a, Lame Fransè sibi pi gran defèt pase Dien Bien Phu. Sou bit ki mennen Okap, sòlda sou lòd Janjak Desalin fè lame fransè manje pousyè. San nou pa kontrarye Hegel, se jou sila a yon filozòf, ki te nan zòn lan, te andwa wè espri mond lan sou cheval ansanm ak Kapwa, di Lanmò, chevalye ki tonbe sou cheval san li pa kanpe kous viktwa li. Menmsi anyen pa sanble te chanje nan desten mond lan, yon pati limanite te konnen vyolans te chanje kan e dorenavan tan te sonnen pou kolonis peye pou krim yo komèt.» [Laroche, paj 55]

(A swiv nan pwochen nimewoTanbou-Tambour)

—Dumas Fils Lafontant 2002

Lis liv ak atik site:

Carruthers, Jacob H. (1985) The Irritated genie, The Kemetic Institute. Chicago, IL
Césaire, Aimé. (1981) Toussaint Louverture, Présence Africaine. Paris, France
Charles, Christophe. PH. (2000) Pawòl Kreyòl, Editions Choucoune. Port-au-Prince, Haïti
Centre de Linguistique Appliquée. (1989) Hommages au Docteur Pradel Pompilus. Imprimerie Henri Deschamps, Port-au-Prince, Haïti
CRESFED. Présence de Jacques Stephen Alexis, Port-au-Prince, Haïti
De Lamartine, Alphonse. (1998) Toussaint Louverture, University of Exeter Press. Exeter, England
Diop, Cheik Anta, (1974) The African Origin of Civilization, Lawrence Hill Books. Chicago, IL
Fannon, Frantz. (1971) Peau noire, masques blancs, Editions du Seuil. Paris, France
Fouchard, Jean. (1988) Les Marrons de la Liberté, Editions Henri Deschamps, Port-au-Prince, Haïti
Gates, Henry Louis (1988) The Signifying Monkey, Oxford University Press. New York, NY
Glissant, Edouard. (1981) Le Discours antillais, Editions du Seuil. Paris, France
Presence Africaine, Histoire Générale de l’Afrique, volume 2. (1987) Edicef, Unesco. Paris, France
Hurbon, Laennec. (1987) Dieu dans le Vaudou Haïtien, Editions Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haïti
James, C. L. R. (1989) The Black Jacobins, Random House. New York, NY
Laroche, M. (1981) La Littérature Haïtienne, Les Editions Lemeac. Québec, Canada
Madiou, Thomas. (1989) Histoire d’Haïti, volume 3, Imprimerie Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haïti
Roumain, Jacques. (1995) When the Tomm-Tom Beats. Azul Editions. Washington, DC
Sellassié, Hailé. (1997) My Life and Ethiopia’s progress, Research Associates School Times. Chicago, IL
Senghor, Leopold S. (1998) Anthologie de la nouvelle poésie nègre et malgache, Presses universitaires de France. Paris, France
Walcott, Derek. (2002) The Haitian Trilogy, Farrar, Straus and Giroux. New York, NY.

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Otòn 2002

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com