Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2004

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Editoryal
Laglwa yon rèv e yon viktwa: Lit la ap kontinye

A

vèk repwodiksyon tablo Patrick Noze a «Combat de Vertières» nou pibliye nan pòtay nimewo Tanbou sila a, nou vle make komemorasyon 200 zan endepandans Ayiti, pi patikilyèman defi preske enposib esklav Sendomeng yo te leve a lè yo te rive ranvèse yon rejim malfezans ak enjistis ki te sipòte pa pi gran lame nan lemond epòk la: lame Napoleon Bonapat la.

Lè nou raple nou kondisyon difisil e falèz dekalaj ki ekziste ant fòs kolonizatè yo ak fòs esklav rebèl yo, nou remake e reapresye detèminasyon yon pèp, anyen pat ka defèt, pou pran libète li e materyalize aspirasyon li. Keksyon anpil moun ap mande, se kouman yon lit ki te mennen avèk kokennchenn sakrifis sila yo, e yon viktwa pou yon koz ki si nòb, vin dejenere nan yon lit fratisid otodestriktif e yon lit de klas si opresif ki kenbe peyi a nan sa nou rele yon «kriz pèmanan» ki mentni li nan povrete, indevlopman, e depandans anvè menm milye kolonyalis eksplwatè yo ki te toujou vle kenbe l nan opresyon?

Kou nou konnen, eskalad kriz politik kap sakaje Ayiti jounen jodia te pran jarèt nan eleksyon lejislatif kontrovèse ki te òganize nan avril-me 2000, kote pati Lafanmi Lavalas la te genyen majorite vwa elektè yo, men te gen huit senatè eli pati opozisyon yo te konteste paske te gen keksyon sou fason malouk bilten vòt yo te distribye pou favorize eleksyon huit kandida sila yo ki te sipòte pa gouvènman an. Se regretab gouvènman an pat pran yon inisyativ rapid pou korije iregilarite yo, sitou nan yon peyi kote Papa Doc te nonmen tèt li avi avèk 99.9 pou san vot referandum 1964 la. Avrèdi, opozisyon an pat janm sanble enterese nan yon rezolisyon negosye kriz la, li ki pase tan li ap konte sou presyon prezidan repibliken nan Washington lan.

Se trè regretab tou lè nou wè fòs popilè ayisyen yo ap goumen ant yo avèk si tèlman destriksyon lè gen si tèlman travay ki gen pou fèt e defi pou leve. Nivo otodestriksyon an te rive si wo ke anpil sektè nayif e sektè reyaksyonè nan opozisyon anti-Aristid la tap mande pou entèvansyon etranje ann Ayiti nan lavèy komemorasyon 200 zan endepandans peyi a—yon entèvansyon, byennantandi, ki tap yon afron nasyonal.

N’ap viv jounen jodia nan yon tan chaje ak malè e danje kote enperyalism nò-ameriken an pa pè di se soumisyon ak depandans total-kapital li vle enpoze nan lemond, patikilyèman sou ti peyi ak pwisans mwayen kouwè Irak ki panse yo ka refize dikta li. Se yon atitid enkyetan pou noumenmmenm Ayisyen kap fè souvenans jounen jodia sou sakrifis zansèt yo te konsanti pou tabli libète ak fyète nan alafwa espas e imajinè ayisyen an.

Menmsi gouvènman Aristid la gen tò li e kontribye nan anpirisman kriz la e donk reta peyi a, nou dwe rekonèt tou ke pandan tout dire li gouvènman Aristid la te swa pran koudeta, swa andikape pa obstriksyon, swa bòykote pa Washington kote administrasyon Georges W. Bush la rive bloke, avèk èd Inyon Ewopeyen an, tout èd pou devlopman pou Ayiti, kouwè pa ekzanp èd Bank Entè-ameriken pou Devlopman (BED) te konsanti ba li e ki bloke depi 2001.

Noumenm nan Tanbou nou deside lontan ke «kriz» nevan (1995–2004) kap debat nan sen klas politik ayisyen an, se yon kriz atifisyèl ki pa fonde sou yon kontradiksyon fondamantal nan relasyon nan sen klas politik tradisyonèl dominan yo ki toujou kontrole peyi a. Pou mentni gouvènman l lan opouvwa Aristid kontinye idantifye li ak revandikasyon pèp la, e montre opozisyon an kouwè enmi ki vle reprann privilèj yo. Sa vre nan yon sans, men li pa vre nan yon lòt sans. Pa ekzanp dabò Rene Preval epi Aristid te ka fè plis jefò pou yo pat alyene anpil eleman ki te ansyen alye e zanmi yo e ki te sipòte eksperyans Lavalas la okòmansman. Megalomani, konplèx sèl-kòk- nan-gagè a gen tou anpil awè nan sitiyasyon jodia. Natirèlman konsta sa a pa eskize obstriksyonism ak jusqu’au-boutisme opozisyon ki pa gen pwoblèm jete peyi a nan abim pou l ka genyen lit pou pouvwa a.

Nou te avèti lektè Tanbou yo, depi nan kòmansman kriz la, kont envitasyon po yo jwenn yon kan kont yon lòt kan nan meli-melo ideolojik e absans vizyon ki karakterize kriz politik la. Nou vle reitere, relanse avètisman an jodia, paske nou rete kwè pwojè pou liberasyon pèp ayisyen an, pou devlopman peyi a, pou jistis sosyal nan relasyon klas yo, e pou sovgade fyète peyi a e diyite pèp la, se yon konba ki presede Aristid e ki ap kontinye jouk jounen jodia, yon konba ki mande pou angajman tout Ayisyen ak Ayisyèn.

Nou kondane lit fatrisid nan sen pèp la kap deroule jodia; nou kondane manipilasyon pa eleman ekstrèm-dwat nan gouvènman nò-ameriken kap fè ti dife vole; nou kondane tou 200 zan bòykotaj e neglijans anvè pwojè devlopman peyi a. Si gen yon leson enpòtan nou ka tire de lit pou endepandans ansyen esklav yo, se kouman yon aspirasyon pou libète e yon detèminasyon pou endepandans rive simonte e venk kokenn chay obstak anpil moun te wè k te endepasab, patikilyèman nosyon ke yon esklav nwa ka gen menm dwa ak devwa kou yon kolon blan. San konte, byennantandi, viktwa militè kont fòs lame enperyalis ki te pi michan nan tan an.

Nou kondane lit fatrisid la paske li motive pa yon lit pou pouvwa nan sen yon menm klas politik ki pa ezite detwi peyi a pou avanse objektif sijektif ak privilèj yo. Yon lit pou pouvwa ant pèsonalite ak sektè opòtinis peyi a ki defigire pwojè devlopman peyi a, e ki fè eksperyans lavi chak jou tounen yon eksperyans lanfè, antouka detounen kou yon kontenjans ki negativize prensip aspirasyon moral, etik e estetik ki anbeli lavi, e ki separe nou de animal kap sèlman viv pou manje, dòmi, kaka e goumen ant yo. Nou kondane lit fatrisid la paske nou kwè nou dwe goumen pou materyalize, konplete pwojè liberasyon esklav yo, pou reimanize eksperyans lavi, pou chanje lavi.

Nou kondane lit fatrisid la, paske nou kwè nan yon nouvèl ewoism, yon ewoism ki pa baze sèlman sou enzireksyon, revòlt, jete gouvènman, aksyon militè glorye, men sou konbyen kay ki bati nan zòn lan, konbyen lekòl ki louvri, konbyen lopital kap bay moun swenyaj, konbyen konpatriyòt ki jwenn alemye nan pwòp peyi yo. Yon ewoism ki glorifye yon Leta de dwa kap travay pou byen komen e ki refize wòl predatè sila yo fè l ap jwe a.

Etandone chak kan yo gen pwòp tò yo, tout solisyon kriz la pase pa yon solisyon konstitisyonèl oubyen negosye. Yon priz pouva a pa mwayen extra-konstitisyonèl pa opozisyon an pap viv rezoud kriz, l’ap sèlman defere lòt kriz pou yon fiti sekans eskalad, sètadi kontinyasyon kriz pèmanan ayisyen an.

Komemorasyon bisantenè Ayiti a fè nou plezi, ban nou fyète e raple nou jefò kolosal zansèt yo te deplwaye pou tabli yon antite nasyonal ayisyen, men nou deplore e regrete ke klas dominan yo ansanm ak peti-boujwa nan klas politik ayisyen an pat fè ankenn jefò pou mete peyi a sou de pye li. Se pou levasyon tout defi sila yo Tanbou konvoke tout fòs viv nasyonal ayisyen yo pou yo travay, yon konvokasyon pou yo travay pou anbeli lavi pou yon nouvo santenè libète ayisyen.

—Tanbou Boston, fevriye 2004

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2004

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com