Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2001

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Gary Daniel

Lang manman m

My mother tongue

(pou Felik Morisseau-Leroy) (for Felix Morisseau-Leroy)
Van vante nan ti chimen The wind blows along the trails
Desann wete chalè, coming down to take away the heat,
Chalè granchimen the heat from the big roads
Chalè gran lizyè. and from the open spaces.
Van vante nan granchimen The wind blowing on the big roads
Maske koulè wanganègès masks the colors of the hummingbird
Dechire pwèl zèl tearing at the feathers of its wings
vwa manman m ban mwen. And the voice my mother gave me.
Lè l lè pou l pase When it’s time for it to flourish,
Pil plòt kwasan cheche kase a pile of turds looks to break
Pye nèg Ginen strong Haitian legs
Ake voum panyen chagren. With their many baskets of sorrow.
Rosiyòl kale boul je li the nightingale opens its eyes wide,
Gwo jounen pye lasigal kase in broad daylight the cicada’s legs break
Ake jaden kreyòl madichon with the Creole garden cursed
Anba tonnèl zobop pichon. Under the bower of the zobop of jinxes.
Pran kouray, pa kwè vye frè; Be strong, don’t believe the old guys,
Ti tak lajwa nan gòdèt kè a drop of joy in the hear’s tin cup
Kokobe grangou twa jou can cripple the three-day old hunger
Pouvwa nèg bakoulou. Of the con man’s power.
Nan kannal koridò kè m In the hallway drain of my heart
Chante lang manman m fè m        singing in my mother tongue makes me
Toupizi jèm mikwòb zòt squash the microbes of the others,
Toupizi jèm mikwòb zòt squash the microbe germs of the others
Anba fèy twa kalòt. Under the leaf called Three Slaps.

Degrenngòch! Degrenndwat!      

The left shoes! Two right shoes!

tow! tow! Bang! Bang
two! tow! Bang! Bang! Bang!
Kout mato ap tonbe hammer blows rain down
ti klou, gwo klou on little nails big nails
klou lajan, klou gagit silver nails shoes tacks
klou nwè klou pentire black nails painted nails
ak po with leather
po kochon, po kabrit pigskin goatskin
po koulèv snakeskin
san fòm shapeless
sou tèt fòm tèt gwopous on top of the thumb-made pattern
kout mato chape hammer blows come down hard
tow! Bang!
ayii! hssi! ayi! Tonnè aiee! Hssiii! danm
li fè m mal vayi! It hurts me bad, yow!
ala de mizè! What misery!
Ala de mizè pou yon soulye degrenngòch      what misery for a non-matching left shoe,
mezire l pou wè si l dous nan pye w try seeing if it fits you:
floup! Li rantre swa floop! The foo goes in cool,
 
gòch dwat; dwat gòch left right/ right left
dwat dwat; gòch gòch right right/ left left;
mèt li pran l lajan kontan. Its owner paid cash for it
priye Bondye pou lapli tonbe. Praying to god it doesn’t rain
 
tak! tak!
tik tak! tik tak!
tik tak tik tak! tik tak tik tak
Tak! tak!
Frarinay gwo dimanch Sunday morning drizzle,
legliz lage, tichimen tranpe mass is over, the road soaks
koneksyon zòtèy ak po relations between toe and leather
po kochon, po kabrit pigskin goatskin
po bèf cowskin
san kout mato san van without hammer blows or the wind
men but
kon pendou mouye ak dlo sale like thick cassava and salt water
ape gonfle, gonfle gonfle swell up swell up swell up
efase lizyè pou tanpe kè kò efacing boundaries to strike the heart
san koulè, san rablabla without color without blather
ti klou, gwo klou little nails big nails
mande ti zòtèy gwo zòtèy regleman: asking little and big toes for an accounting:
regleman degrenngòch a report on two right shoes
regleman degrenndwat in between the right and the left.
nan mitan dwat ak gòch.
  —Gary Daniel tradui ann angle pa Jack Hirschman

Powèm pa Patrick Sylvain

Metafò Dezespwa

Tankou yon tren k’ap woule sou ray lavi
Tanbou nago woule nan san m’ pou reveye Ogoun.
De batman militè, twa, kat batman, lafanmi Ogoun
Pral sele chwal yo pou ede veye nasyon an k’ap derasinen
Lespri zansèt yo pou yon biyè dola ak yon losti sèk.

Tankou koulèv k’ap file anba solèy dezè,
Nou ranpe chape nan papòt lanmò.
De batman, twa, kat batman, kè tchovi mal bat
nan kannkès kote lavi kore ak yon grenn diri.
Woule tanbou rada, pou n’ di Zaka nou grangou.

Tankou yon bouke flè fane k’ap defeyite,
Tchovi peyi a san lespwa mete pye nan bwa fouye
pou yo travèse vant Atlantik. Van soufle, vag lanmè move,
je vèt rayi nèg pito bay Kiben lamen. Noumenm, n’al chwe
nan bouch reken. Bra Agwee pa ase pou l’ sove n’.

Tankou Jezi-Nazarèt ki t’ap trebiche anba kwa senbo l’
Van dezespwa fè n’ tounen Aladen nan yon vil pousyè
Kote zotobre peze-souze mwèl zouk nan zo. Ak fòs lanmò
Avan jou, Baron mande yon revizyon nan simityè… Grann
voye Gede yo al amòti lanmò pou kwòk mò ka fè plas pou kadav.

(Desanm 2000)

Dekwafe Moral

Mwen anvi dezabiye rèv mwen
anba zèsèl syèl ble
pou lespri m’ danse
tòsni sou tonm gason lakwa
kote Grann Brijit chita sou yon ti chèz
pou l’ montre zepòl li ki tanponnen
ak yon kwa senbo.

Jodi a, mwen pral dekwafe moral mwen
Pou m’ demele ne katechism
Ki derefize rasin mwen grandi.
Mwen pral dekwafe moral mwen
Pou bon-anj mwen trese tandrès
Ak Freda /Dantò pou nou chame
Lanmou douvan je solèy k’ap fofile lavi.


(Desanm 2000)

Nou Nan Dlo

Apre san-katreven-sèz lane endepandans
Kòve toujou ap make rèl do ti nèg k’ap twote
Desann mòn anba gwo bak, gwo sak
Ak yon flanm solèy san pitye ki souze dlo
Jouk nan mwèl. Tonton Nwèl pa janm pase rèl
Ni pase wè yo ak medikaman ki ka geri kakarèl.

Lavi peyizan apre san-katreven-sèz lane endepandans
Se mare fyèl pou soutni lavi andetay. Lavni vay-ke-vay.
Ti maymay anba pay, pinèz tounen parazit nasyonal.
Aprè san-katreven-sèz lane endepandans, vil kapital
San kapital gen ratman kouran, ratman lekòl, ratman dlo,
Men kokayin ak zenglendo fè mikalaw.
Chak jou gen bal-maske
Se rafal bal k’ap keyi espwa. Izmery, Malary, Jan-Dominik.

Apre san-katreven-sèz lane endepandans,
Lespwa tounen lobedyans e tankou Chalmay chante:
«lobedyans nan lachanm, simagri nan salon
tout sa se menm bagay.» Mizè feray fè peyizan vann tè
Pou y’al chwe nan kanntè sou plaj Miyami.
Tout yon nasyon nan dlo.
Agwe Tawoyo nou nan dlo!
Nou pa zangi zenga nou nan dlo.

Apre san-katreven-sèz lane k’ap kouri sou desan
Lane endepandans, ak ki je nou ka gade Tousen?
Pa gen ase vant pou kontinye kòde, nou nan dlo.
Lè Tonton Nwèl lespwa pa pase nan Site Solèy,
Nan Site Letènèl, nan Laskawobas ak nan Pòdepè
Jèn ponyèt rezinyasyon blije anbake mizè yo
Ak dlo nan je pou y’al kemande. Nou zangi zenga
Nou nan dlo. Agwe Tawoyo nou nan dlo.
Nou nan dlo.
 

(Me 2000)

Tokay

(pou Martha Jean-Claude)
Depi m te ti katkat,
mizik ou ap flannen nan bouch
pou y’al ateri nan zorèy.
«Kouzen pa pran kouzino»
Kouzin, mizik ou dodine m
jiskaske dòmi anvlope m
tankou yon manman k’ap bay ti bebe tete.

Martha, vwa ou se rosinyòl k’ap chame lalin,
vwa ou se yon plim poul k’ap sikre zòrey.
Ou se dyaman yon kilti ki refize depafini
menmlè li anba zam, menmlè li grangou
kilti nou ret kanpe doubout. Li doubout
nan Cuba pou l karese bab Castro.
Martha ou ret fidèl menmjan ak Fidèl
ki rete bradsou bradsa avèk revolisyon an.

Ou se yon dyaman kreyòl ki kouwone
sou yon kabann flè choublak.
Ou chita sou kè nou tankou yon flanbo,
kwake zye n pat janm rankontre, men vwa ou
te la pou siwolize «kiling kidong tolalito.»
Martha, Ou mèt monte chwal pou galope nan Cuba
men nou mare lalo pou n kenbe poto mitan lakilti.

Aprè 40 tan nan panyòl, ou danse chante pou Fidèl
ou danse chante pou fyète Ayisyen militè ap mitraye.
Di m, konbyen fwa ou kriye lè ou tande lame ap tire
dèyè Choukoun? Konbyen fwa ou tranble, frisonnen
lè ou wè ti kannot k’ap navige anndan bouch reken?
Konbyen fwa ou fè rèv lakay, rèv ti zwazo
k’ap chante nan palmis, rèv Ezili k’ap danse anba peristil.

Nou menm tou nou reve ou, nou reve ou k’ap chante
pou yon pèp ki gen dlo nan je, ki pyeje, k’ap soufri
pou grenn diri ki paka jwenn ak bouch,
nou reve ou k’ap chante pou zòrey kapab chame
vant ki grangou, pou lamizè ka sispann pyafe
pandan w’ap ede n soutni doulè n.
Martha, kòd lonbrik nou mare
ak lyannmòl e li pap janm kase
menmlè chwal ou ta pati e li pa janm tounen,
w’ap toujou rete manman ak anbasadè lwayal kilti nou.
Tu esta la madre, y el embajador leal de nuestras cultura.


(1994)

Pwezi Anvi

(pou J. D)
San ou pa konnen,
depi twa mwa mwen dezabiye ou avèk zye m’
pou m’ admire koub kuis ou,
lonbrik ou ki kache nan twou l’—
prezans ou sèlman se yon kanaval jwisans,
yon rara plezi ou toupiyonnen nan tèt mwen.

Yon jou, anba yon solèy oranjat
ki pral dodomeya nan lanmè,
mwen imajine ou k’ap danse
tankou yon papiyon.

Yon lòt fwa,
nou kanpe anba yon pye seriz,
lalin ansent e fosfaresan limen kò ou—
karamèl seduizan, karamèl kolan—
bouch-a-bouch nou manje seriz
lang nou tatonnen palèt lòt,
po bouch nou tounen po griyo
nou souse san fatige.

Motè biskèt mwen akselere,
kè m’ palpite, nou tranpe nan swe lòt.
Bouch mwen ansèkle pwatrin mandarin ou
mwen kannale desann nan sous fanm ou
pou m’ goute siwomyèl nati ou,
ou kage tèt ou pou soupire jwisans,
chalè kò ou galope m’,
yon loray anvi eklate nan tèt mwen,
ou mòde m’, latranblad misk ak ògàn
nou kominike anvi n’—youn akòde pou lòt
e la, anba pye seriz lan, nou jwe mizik
jouk enstriman n’ mande repo.

—Patrick Sylvain Jiyè ’98

Powèm pa Emmanuel W. Védrine

Estrè nan koleksyon Koze Lanmou II

De flè nan jaden lavi

Mwen sonje lè reyon solèy la
Te frape sou flè solèy ou
Kouman l te blayi toutouni
Pou fè myèl mwen jedou
Pandan l t ap vonvonnen nan w van lespwa
Epi l vin poze sou li
Yon gwo apremidi
Kote l t ap dodomeya
Men yon nyaj pase li bare je solèy la
Epi flè sa a fèmen bèldriv.
Lavi a ban m payèt
Prentan m fleri flè kenèp mal
Lespwa m tenyen
Tankou yon flè dizè.

Se bon tande!

Sa m wè pou ou Antwàn nan Gonmye
pa wè l!
Tansèlman w ap takinen m
W ap plede agase chen m
Epi lè fini pou di l mòde an trèt
W ap plede woule balon m
Kòmkidire se choute w pral choute l
W ap taye banda ban mwen
Epi w ap plede gade m dwòl
Mwen chita byen pwòp
Epi w vin ap grate tèt mwen
Kòmkidire se kap mwen genyen
Kouto digo m la byen pwòp
Epi w ap pase men w sou lanm li
Apre pou di m ou blese
M wè w ap plede satouyèt mwen
Pou wè si m sansib
Se bon tande,
Tansèlman se bon!

Sen valanten, priye pou mwen

Sen Valanten prèt pou rive
Gen moun k ap tann sa l ap pote
Pwasondavril mwa fevriye
Oubyen kado ki pa vlope

Sen Valanten, priye pou mwen
Tanpri souple pou m jwenn chans mwen
Pwasondavril, se pa sa m vle
Men yon ti kado san vlope.

Lago san kache

Mwen chita ap gade w la a
Tankou yon chat ki lemante yon rat
Tankou yon mantèg tou pre yon chat
Tankou yon papiyon tou pre yon lanp
Tankou yon zegwi tou pre yon leman
W ap gade m
M ap gade w
Ou konn sa m ap panse
M konn sa w ap devine
W ap fè jwèt lago avè m
Epoutan w pa bouche
M ap reve w
Epoutan nawè m byen kale
Tankou je chat k ap kontwole rat
Ou sanble tèt koupe ak Choukoun
Je w klere kou chandèl
Nòde w ap boulvèse lanmè m,
Yon van ki rann li makawon
Vag mwen monte de sèt wotè
Epi… Epi w kontinye ap fè m filalang
Epi… Epi anyen.

Mwen reve w dwòl

Yèswa m reve w
M wè se bobin fil mwen
M ap deplòtonnen
Pou m al monte grandou w
M wè m kanpe drèt sou tèt Lakrètapyewo
M ap domine
Yon vale,
Yon bèl vale chaje ak flè solèy
Ki blayi toutouni.
Jilèt mwen gentan pre
Pou tache nan ke grandou a
Dekwa pou bandi pa pwoche
Pou pa menm manke panse
Voye kap mwen ale.
Tanzantan m wè m ap ba w liy
Epi w ap fè zikap-zikap
Anba yon boul solèy cho
Pou al jwi van lespwa m
Yon van ki koumanse satouyèt zòrèy ou.

Lanmou se yon fri san sezon

Li donnen nan epòk prentan
Li fleri nan nenpòt sezon
Gen lè l donnen epòk ete
Gen lè l fleri epòk otòn

Sa depann de chans pou jwenn li
Dèfwa ou ka wè l lè ivè
Dèfwa ou wèl nan tout sezon
Se yon fri ki donnen lè l vle.

Solèy sa a

Lè m pa wè Solèy sa a
Lonbray fè m chagren
M santi m frèt
Yon fredi nan mwèl zo
M santi m bouke
Bouke nan tout manm
Dòmi nan je m
Yon dòmi gwo lajounen
Mwen tris
Yon tristès san parèy
M fatige,
Nan bra ou
M ta renmen
Repoze.

Rilaks

Pafwa m santi m ta jwe akòdeyon pou ou
si m te Dyo Jak
M ta jwe gita pou ou
si m te Betova Oba
M ta jwe pyano pou ou
si m te Chopen
M ta jwe vyolon pou ou
si m te Motza
M ta chante pou ou
si m te Oulyo Iglesias

M santi m ta kapte pòs kazo w
sou bann a.m ou f.m
pou m tande son dous, son matyavèl:
kalipso
konpa
merenge
rege
salsa
soukous

Ala soukous ou ta bay
pandan w ap danse patyangga!
Epi lò fini m ta met sik
sou bonbon w
Wi w ta rilaks!

Meditasyon

Lè m pa pale ak ou
pa panse m pa panse a ou
m jis ap medite

Si m pa rele w cheri,
pa panse solèy lanmou m kouche pou ou
se jis orizon krepiskil solèy sa a ou wè

Nan rèv mwen,
m karese pawòl siwo myèl ou
ki te koumanse jèmen anndan m
tankou bèl ti flè peyi k te koumanse
boujonnen sezon prentan

Pafwa m menm pase pawòl dous ou yo an revi
pou restore prezans lanmou w nan mwen
M konn fèmen de je m,
blayi sou do
epi m ouvè de bra m
kòmkidire m ap rale w lantman
pou miyonnen w tout kote k dwòl
pou m ka tande son matyavèl
men lè m voup m ouvè yo,
m wè se nan yon rèv je klè m te ye.

Lavi

Lavi se yon powèm
Bondye se yon powèt
Chak engredyan nan Lanati
Se yon vèr
Yon seri engredyan kouwè:
Nonm, fanm
Fòme yon rim enteryè
Dèfwa si chans ou kwaze on boubout
Sou chimen w
Epi nan pale pale, nou gen w seri aspirasyon marasa
Sa rele: rim kwaze
Pi douvan nan fè ti karès matyavèl,
Ti bo alawonnzenga
Sa rele: rim anbrase
Lè tout bagay vin fèt:
Youn plis youn fè youn
Sa rele: rim antre-mele
Lè lavi wòz kou tonmat,
N ap kontanple Lanati
Sa fè bèlte powèm nan
Men lè bagay yo pa mache kòmsadwa,
Nou di: tonnè, ala powèm raz se Lavi!

Jou pa ou

Lemonn te kontan yè
Paske se te lavèy anivèsè ou
Lemonn kontan jodi a
Paske ou te fèt jou sa a
Se sa k fè y ap selebre konsa
Epi koudyay sa a va kontinye chak jou
Sot lendi rive dimanch
Pou kontinye fete jou espesyal sa a
Bòn anivèsè
Jodi a!

(pibliye nan Haiti en Marche, Vol.XIII, #51)

Rèv mwen pou demen

Estrè nan koleksyon Kri pou liberasyon

Douvanjou n se rèv demen
ki dwe plòtonnen nan konbit tèt ansanm
Mizè ayè n va sèvi fèy papye listwa
pou korije devwa demen
Nawè n va sèvi plim ak lank
pou kouche sou papye
zègrè n nan manje ayè
pou jenerasyon k tou piti
ak sa k gen pou wè premye solèy lavi
apre bonnèt ventyèm syèk chavire
N a kontinye met angrè ak fimye
nan pepinyè Ginen yo
pou kontinye bay bon rekòt
N a sekle raje zigzani, lògèy ak egoyis
nan jaden nou
pou n simen plan lanmou
dekwa pou rebwaze lakay ak bèl flè peyi.

Entelektyèl Komokyèl

Mesyedam, bonjour!
E lè nouvèl?
Non mwen se Doktè Entelektyèl Komokyèl
Mwen fèt Ayiti Toma.
Mwen gen yon dal ak yon pakèt konesans
Nan domèn Pa Konn Fè Anyen
Ak plizyè diplòm mwen pran
Nan Inivèsite Wazif
Mwen dekwoche yon metriz
Eks-Lèt nan Filozofi
Grate Santi
Fini m te fin diplome
M al fè plizyè estaj kay Doktè Joujou Lakonmedi
Msye se yon Espesyalis Toutis Enternasyonalis,
Yon zotobre byen repite nan domèn nan.
Mwen chaje ak plan pou m al devlope Ayiti.
Mwen pa nan politik
Men m sipòte
Kèlkeswa gouvènman k monte
Pou gouvène lapatri.
Mwen pa renmen wè pèp k ap pale
K ap revandike, ranse pou ti krik ti krak
Epitou lè m ap fè bèl diskou
Pawòl tafya an franse
Moun sa yo pa tande.
Apre tout konesans mwen,
Inivèsite Bòkyè
Ban m yon doktora nan Syans Pa Konn Fè Anyen
Ak anpil lòt gwo diplòm nan
Syans Tann Blan Vin Fè.
Mwen pa nan Politik, se vre
Men ou pa janm konnen kote dlo pase
Li antre nan bwa joumou.
Sètadi, si se ta dezi pèp la yon lè
Pou ta chwazi m kòm lidè
Ke sa volonte swa fèt!

—Emmanuel W. Védrine

Powèm pa Orèsjozèf

Legba

Ou di m ou se manman e papa tout lwa
Mwen respekte w pou sa
San ou menm pa gen lavi
San ou menm lanati fini
Legba ou se pòt linivè
Ou se pi gwo mistè
Nou met ajenou nan pye w
Pou nou toujou priye w
Nou mande lavi pou zanfan yo
Nou mande sante pou malad yo
Nou mande kouraj pou nou tout
Ban nou pwoteksyon sou tout wout
Montre nou kouman pou nou viv
Ban nou lamanjay pou nou siviv
Nou mande lentelijans pou nou ede
Tout moun sitou ti moun nan tete
Souple Legba peyi nou ap fin kraze
Ou se manman se ou nou rele
Tanpri mete limyè kote k nan fè nwa
Ban nou lapawoli kote nou san vwa
Mete jistis tout kote w pase
Moun yo ap vin plis rezone
Legba nou pap bouke priye
Pou jouk tout moun konsole.

—Orèsjozèf

Powèm pa Tontongi

Michel

Black Beauty —pa Blondèl
Black Beauty. —pa Blondèl

(konik yon epòk tètchaje)

Yon jou Vandredi Sen nan Bòlòs sou Pòtay
Estival pat lakay yon ti fanm sou kote l,
Se te mouche Michèl renmen fanm pase sa
Ki t’ap di l ti pawòl dous kou dlo kokoye,
Ki t’ap kase ti bwa nan zorèy bèl manmzèl.
Bonm te tonbe jou sa a nan Lise Louvèti,
Timoun, granmoun, ti jèn jan kou jèn fi
T’ap chache pòt lakay nan Pòtoprens bloke
Ak makout linèt nwa gwo-ble Uzi chaje,
Ki t’ap veye tout kwen pou chache kamoken.

Ri-dè-mirak ansanm avèk ri-dè-seza,
Sou Bèlè, nan lelit menm ka Pè Seminè
Fanm ak gason vanyan pat chita sou pingaw yo;
Yo te rele «Anmwe!», yo te mande goumen
Nan trak yo te simen ki konvoke pèp lan
Pou l desann nan lari pou defans libète.
Men pèp pat diferansye zanmi li de lennmi l
Paske li te konnen depi tout tan nan vi l
Tiboujwa soufnantyou toujou jwenn ak gran Blan
E zotobre grannèg pou maspinen sò li.

Se lè sa a menm Michèl, ki pat yon bèl gason
Men k’te yon bon kozè t’ap kouche fanm mouche;
Li pat nan politik men l’te renmen lavi;
Lè Estival voye dèyè konpè Michèl
Yon chay espedisyon makout ak dan sere
Se nan ti chanm manman m li te al pran refij.
Mizè nwa lakay nou se te yon trendevi,
Moun Tigwav kou Kapwa, moun lavil kou nan mòn
Te nan kwelekwekwe pou met dlo sou dife.
Mamit diri t’ap vann pou sèlman ven santim
Men pat gen degouden ki te la pou achte l
Ansanm avèk mantèg plis ti mamit pwa nwa
Pou bay tout moun manje nan yon kay anpil bouch.
Menmsi nan tan sila a tout moun t’ap mare vant
Te gen grennpwomennen ki te vle pran chans yo;
Te gen ti madichon ki t’ap pran devan bann
Nan tout sa ki t’ap pase ki pat kontante yo.
Genyen k’te pran gagè, te genyen k’nan kache,
Te gen tou k’pran kanntè avèk tout fanmi yo
Pou chache delivrans nan oun peyi Papadòk
T’ape senyen avif kou bèf nan labatwa.
Nan Monnatif sou-djak ki te katye Michèl
Bann madigra te la pou andòmi moun yo,
Te genyen Nivana, rara ak bank bolèt
Plis yon monsenyè kaka ki pat kwè nan Lekris
Ki t’ap chante lajwa nan yon peyi vant ba.
Men te gen tou k’kanpe kouwè tan lesklavaj
Pou yo rele Ase! pou joure, reziste!

Michèl tou se te mwenmenm ak oumenm
Sou tè peyi lòtbò tankou yon jwif eran
Ki t’al chache lavi nan vant yon lòt reken.
Michèl se te, se te… se te tou, mesye-dam,
Loraj k’ap gronde san lapli;
Se te plenyen, rele, rele anmwe! ase!
Se te tou yon faktori nan zòn Bouklin-Nouyòk
Ke w’ale chak maten anvan ti kòk chante
Pou w’wè yon bòs gwo vant ak de min sou fon li
K’ape pase w lèzòd kou oun kolon sou plantasyon;
Si w te pran yon breakfast avèk yon vè kafe
Ou ka travay jiskou pitit poul vin ponn ze!
Si w te ale vant vid san yon moso kasav
Ou ka vin retrouve w sou yon tab lopital
Avèk machwè w leve kouwè pon Lestè a!

Sa fè lapenn lè w wè yon tijoudlan san fon,
Yon pitit malmakak ki pa janm bwè yon gòg
K’ap vin di w pou w chante tankou yon wosiyòl,
Pou w ka fè li santi l tankou yon gwo zafè,
Tankou yon malfini k’ap viv de san moun pòv.
Lè yon nonm pran kanson l pou yon gwo kanson fè
Li bliye ke l kaka kouwè tout bèt vivan,
Li bliye ke l se oun sann, yon ti pay lafimen!
Se pat desten yon nonm pou l ale nan zafra,
Pou l troke santiman l, bonnanj li ak sante l
Pou yon vi de lanfè ke li pa merite.
Se pat vizyon yon nonm pou l ale lòtbò dlo
Travay kou yon wobo pou l kotize de goud
Paske l kwè lavi li se yon bèl rèv bolèt
K’ap vin fè li vole piwo pase oun pengwen.
Se lè pou noumenm tou, noumenm yo patriyòt
Pou nou mete sou pye bèl bagay nan lavi;
Pou nou chante, jwaye, rele, vole, sote,
Pou nou chanje lavi, pou nou viv ak fyète!

Michèl ak Estival se te lèt ak sitwon;
Se te makout yon bò ak pèp vanyan lòt bò.
Lè misye al kache pou l pat nan tètchaje
Estival t’ap mande l si li tou pat dèyè l
Pou li kraze zo li, pou li dechalbore l,
Paske makout yo lach pi mal pase ti poul.

Yo te bay pòv Michèl menm non de kominis
Paske l pat janm dakò pou li viv kokobe;
Pou li lavi se te yon solèy k’ap limen,
Flè prentan k’ap louvwi ak bèlte k’ap grandi!
Lè li kouche sou do pou l panse ak lavi
Li wè moun toupatou nan tout kwen sou latè
K’ap viv avèk lapè kouwè yon gran fanmi,
Moun k’ap chante, jwaye, rele, vole-sote!
Moun k’ap viv pou lòt moun keseswa sa yo ye
Gen dwa tou pou yo viv keseswa jan yo vle.

Michèl pa te yon nonm ki soti nan lalin
Ni yon gwo chat boure ak soulye degrenngoch;
Li se yon nonm tankou w ki bezwen lòt bagay.
Lè w’ap viv nan Harlèm oubyen Lafrik-Disid,
Nan kè Site Solèy oswa an Palestin
Ou pa gen tan pou di w ki sa desten ou ye,
Yo vle fè w oun delalay ki pèdi konsyans li,
Yon vye ti nanm dane menm lenfè refize!
Lè m’ap viv nan Boston tankou yon pedevi
Mwen konn panse kouman nou lese yo roule n
Ak bèl grimas avyon, bèl greenback, bèl lanèj
Kòmsi nou pat genyen lakay nou bèl bagay
Ke wobo bò isit pa ta janm espere!
Mwen konn panse kouman nou lese yo achte n
Avèk bèl laviray sou zafè peyi blan,
San ke nou pat mande n poukisa yomenm tou
Yo vini lakay nou lè yo fin fatige,
Lè zo yo fin kraze nan toupizi lavi,
Lè san yo fin seche nan dezè biwokrasi!

Lè Bobo ak Lòris t’ap simen laterè
Michèl li t’ap jwe mab ak ti zanmi li yo
Pou bay lavi yon chans pou li ouvè zèl li.
Misye te konn ale sou mòn Teren-Saye
Pou koze ak tinèg ki pat ale lekòl,
Ki t’ap viv kou oun vètè sou yon beton galri.
Yo te konn jwe foutbòl avèk boul kalbas vèt
Paske yo pat ka jwenn menm boul chosèt santi
Malerèz te bezwen pou fè ranyon matla.

Zòn lan te gen oun makout yo te rele Pingaw
Ki pat janm griyen dan l menm ak pwòp pitit li,
Lè l remake Michèl te kòm yon enkoni
Li mande l si l te la an misyon detektè
Pou debakman Kiben ak kamoken rebèl.
Michel li ki pat nonm ki te fèt je fèmen
Konprann vit ke jou sa a zetwal li pral file!
Men kou pwovèb la di w ke w rele Dyab bonmèt
Oubyen papakaka l’ap manje nenpòt jan,
Misye pase Pingaw yon priz ki kase kou l
E li vole gagè san di pye l sa l mande!

Si ou nan sen fanmi w, pitit ou ak fanm ou
E ou jwenn ti soulajman ak bèl pawòl damou
Ouswa yon bèl bòl soup ak yon tèt aransò
Ou dwe kapab konprann menm lè w pa yon richa
Ke w se yon nonm chanse lavi favorize.

Mwen vin rewè Michèl apre 7-Fevriye;
Misye te la pirèd ap defann libète,
Li te pase prizon, li te pase kalvè;
Li te fè twa timoun ak manmzèl Lamèsi
Ki te yon rèn chantrèl nan oun òganizasyon fanm.

Si yon bon jou konsa san ke ou pat chache l
Ou gade epi w wè zantray ou ap vide,
W’ap kanpennen pap-pap! bop-bop! kaw-kaw!
W’ap kriye an kachèt, w’ap pèdi tout lespwa;
Si w ta pèdi kouraj paske lit la two long
W’a sonje ke Michèl toujou la ap lite,
Men w mèt chache jan w vle bò isit kou lòtbò
Ou pap janm wè misye sou yon fotèy ofisyèl…

—Tontongi jen 1986

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2001

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com