Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2001

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com



    Editoryal

D

epi premye sòti vèsyon elektronik jounal la an janvye 2000, anpil dlo te jete nan lakou a. Tinonm Elián González te retounen nan Kiba nan bra papa li; filalman bonsans larezon te pot laviktwa kont pasyon sanginè opozan nan Miami yo, lenmi revolisyon castris la.

Nan peyi Yougoslavi, apre tout chay dega enfrastriktirèl ak deblozay ekonomik agresyon l’OTAN yo to koze diran lagè Kosovo a, pèp sèbyen an mobilize l pou chanjman. Plis ankò ke lenmi OTAN, pèp la rann Slobodan Milisevic patikilyèman reskonsab de pwoblèm yo. Li ranvèse li an oktòb 2000, menmsi pou l te reyisi li te blije asosye li (dimwen nan nivo kalite èd lojistik Ameriken yo te bay opozisyon an diran eleksyon prezidansyèl la) avèk sila yo menm ki te konplis nan destriksyon gradyèl Leta Federal yougoslav la.

Nan Palestin, yon nouvo deblozay Intifada eklate apre plizyè zane mistifikasyon antreteni pa Akò Oslo yo. Nan Jeruzalem, jounen 28 novanm 2000, kont tout larezon, Aryèl Sharon antoure l ak plis ke yon milye polisye ame jiskodan e vyole youn nan sanntyè lieu sen ki pi venerab pou Islamik Palestinyen yo. Pakonsekan, aksyon Sharon lan sisite raj kolè pèp palestinyen an. Olyeke li kondane zak malonnèt Sharon kou zak yon fezè lagè, premye minis travayis israelyen an, Ehud Barak, jwe kat nasyonalis la e òdone lapolis ak lame pou yo tire kont manifestan palestinyen yo. Provokasyon sa a koute lavi plizyè santèn moun,ladan yo timoun, tijènjan ak vyeya.

Natirèlman vyolans la ekzèse nan tou de kan yo, Palestinyen yo tou atake tribò-babò, san esepte sivil; jeneralman yo atake avèk wòch, fistibal, men kèkfwa tou avèk bonm e mitrayèt. Nenpòtkidiran, liklè ke «lagè» saa se yon lagè inegal: yon kokennchenn lame okipan kont yon nasyon okipe; apeprè chak grenn Israelyen Palestinyen yo touye, genyen dis Palestinyen Israelyen yo masakre. San konte, bò kote Palestinyen yo, lòt konsekans «kolateral» kouwè chomaj fòse oubyen maladi.

Sete deja dezolan pou wè Israèl lanse yon nouvo lagè kont Palestinyen yo, men lè nou te wè Aryèl Sharon vin nonsèlman eli premye minis an Israèl, men tou wè moun ap flate li tankou yon respektab «Nonm Deta» akòz ouvèti li bay travayis yo, sa te fè n anvi vomi kou péfidi ki pi plat.

Nan Ozetazini, apre de mwa konfizyon sou kiyès ki te genyen eleksyon prezidansyèl novanm 2000 lan, yo finalman deklare George W. Bush prezidan gras a desizyon Lakou Siprèm federal la ki anile lòd rekontaj vote Lakou Siprèm leta Florid la te bay. Anpil obsèvatè te wè nan desizyon sila a yon vrè kou Deta à l’américaine, menmsi li te kamoufle anba atik lalwa.

Se pa etonan ke se menm lojik anti-popilè ki te tabli Kolèj Elektoral la depi koumansman Leta meriken an, pipatikilyèman pou sèvi kòm pwotèj kont deblozay popilè, ki jodi vin pote laviktwa. Malgre laviktwa Al Gore pote nan kantite vot popilè a, posibleman tou nan Kolèj Elektoral si yo te konte tout moun ki te al vote pou li, sistèm evantyèlman sakrifye Gore pou defann estabilite li. Bush pat gen lòt chwa ke asepte sò li, etandone lwayote li anvè sistèm lan.

Ojis, desounen oubyen choke sistèm konpreyansyon moun nan revèse jan ou ap tann pou yon bagay fonksyone sanble jodi a tout kote e nan tout bagay; kòmkwa ta gen yon nouvo paradig, yon nouvo rekonfigirasyon kote transpozisyon revèse de sa ki vre oubyen simile, reyèl oubyen vityèl, imaje oubyen otantifye vin repete san rete, e tounen menm yon sòt nouvo lwa natirèl.

Genyen tou, Aristid ki vin reeli ann Ayiti apre senk an «chofaj chèz prezidansyèl» la pa René Préval, prezidan ki prale a. Olyeke yo te ede nan solisyon kriz politik la, kouwè anpil moun te espere, eleksyon minisipal ak lejislativ me 2000 te anpire li, opozisyon an (yon tyaka ki bouyi tout tandans) akize pati Preval ak Aristid la ke yo gen tandans enstale yon diktati ann Ayiti, akoz de frod elektoral ki te komèt. Toutdemenm sa te yon tijan etranj pou wè mo «diktatè» kole bò kote non Titid, ansyen prèt pou «pawòl delivrans» nan Sen Jan Bosco. [Li esè Tontongi a sou kriz ayisyen an].

Menmsi pèp ayisyen an espere solisyon kriz la baze sou priyorite pou sove peyi a tonbe nan katastròf, sa te yon tijan detoudi nou lè n wè non Marc Bazin [avèk lòt twa konpayèl li yo] afiche bò kote non lòt manm gouvènman Aristid la. Men lè nou panse plis sou sa, nou wè li te lojik apre tetelang Aristid avèk enperyalis nan Washington, ke l te konsidere yon tan kou eksplwatè pèp ayisyen an, yo pou l ta fè sa suiv tetelang li avèk grann boujwazi pro-divalyeris la ke Bazin se youn nan reprezantan li ki pi bòzò. Men denonse Aristid kòmsi li se Demon an limenm, tankou opozisyon dedwat la ap fè a, se yon ekzajerasyon ki malonnèt e danjere.

 
  Le cap Haïtien. —photo par Danielle Legros-Georges
  Le cap Haïtien. —photo par Danielle Legros-Georges
 

Pou n retounen nan Etazini, selon kèk media meriken yo, Jesse Jackson, yon disip Martin Luther King ki pase tout jenès e preske tout vi adilt li pou defann koz dwa sivil ameriken, vin jounen jodia «ekspoze» akoz ke li te kouche e fè pitit ak yon fanm ki pa madanm li. Ki krim li komèt anpil moun ap mande? Men sa pa anpeche cham lan te vin brize, kouwè yo di an franse: Pastè Jackson vin prouve li se sèlman yon nonm, yon nonm ki gen bèl konsyans politik avrèdi, men toujou yon nonm ki gen yon libido andyable! Natirèlman, pov-malere nan geto yo pa met bouch yo nan koze sa a, yo wè nan enterè media yo nan istwa lapat mechan enmi yo…

Kouwè Ecclezias di, pa gen anyen nouvo anba sou solèy la. Alterite ant sa ki nòb ak sa ki inyòb, oubyen pi presizeman pasaj ant fonksyon ak anti-fonksyon ekziste depi koumansman politik nan sosyete imen yo. Youn nan ekzanp, se kouman dijou-olandemen Khrouchtchev demantibile imaj Stalin apre li denonse li an 1956. Pi devan se tou Michael Gorbatchev, ke anpil moun te konsidere kou yon lidè kap vin pote plis limyè nan sistèm sosyalis la, ki okontrè vin tounen foswayè ki kraze non sèlman sa ki pat bon nan sistèm, men tou lideyal pou lavi sistèm te genyen. Misye vin tounen alafen yon nonm mizerad san rasin.

Jounal nou an vle pou l se vwa sa ki bèl ak sa ki kouraje; li vle keksyone preke tout bagay, menm zèt siprèm yo, ansanm ak verite ofisyèl yo. Paj jounal la ap kontinye fè pwezi fleri, fleri menm nan kri, nan dlo nan je, fleri tou avèk bèlte, enèji kè kontan e lespwa pou nou viv nan yon sosyete libere.

—Tanbou mas 2001

Aller au sommaire de ce numéro de Tanbou/Tambour, Printemps 2001

Page d’accueil  |   Sommaire de ce numéro  |   Contribution de Texte et de Courrier: Editeurs@tanbou.com