Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Militan kreyolis Yvon Lamour ak Pierre-Roland Bain te voye yon kominikasyon ba nou sou Selebrasyon Jounen entènasyonal Lang Kreyòl la ki te fèt nan Monreyal jounen samdi 27 oktòb, 2001. Jounen an te òganize pa KIPKAA (Komite Inisyativ pou Kore Alfabetizasyon ann Ayiti)

Nòt pou zanmi kreyolis toupatou

Nou te gen entansyon prepare yon nòt espesyal pou te voye di nou kijan sa te pase nan lakou Monreyal nan selelebrasyon jounen entènasyonal kreyòl KIPKAA 2001, men kòm Yvon Lamour, youn nan potorik ki te patisipe nan woumble a, fenk voye yon mesaj pou nou ki rezime tout bagay, nou deside itilize l nan plas tèks nou te gen entansyon prepare a. Nou pa retire anyen ladan l. Nou voye l pou nou ansanm ak albòm foto jounen an. Men yo, al fè yon ti lekti ak jete yon koutje.

Avan n ale, nou vle pwofite voye yon djakout mèsi pou tout zanmi, tout kolaboratè oswa enstitisyon (òganis, jounal, radyo ak televizyon) ki te kore nou pou fè KIPKAA 2001 yon siksè san parèy. Kèlkanswa kote w ye sou planèt la, yon lòt fwa ankò, nou di w mèsi anpil.

Pou KIPKAA, Pierre-Roland Bain, kowòdonatè. Tanpri klike: http://hometown.aol.com/mit2canada/KIPfotos-01.htm

Kouzen pyè ben ak manm kipkaa

Mwen vle fè nou tout konnen mwen te santi yon vavari plezi pandan patisipasyon m nan selebrasyon jounen an… ni patisipasyon m kòm asistan, ni patisipasyon m kòm prezantatè, toude te ban mwen gwo satisfaksyon ak jwisans entèlèktyèl k’ap make lavi mwen pou tout tan m’ap viv, pou tout tan m’ap batay pou lang kreyòl montre longè ak kapasite li… selebrasyon an te ban m chans kontre ak nouvo kanmarad epi rewè anpil ansyen bon zanmi ak kanmarad… divès kalite espesyalis ki te pale yo, ponyen atis ki te etale zèv yo a, bann rara ak ekip ti mesye-dam rap ki tap simen dans, mizik ak lapawoli yo, restoran tropico ki te sèvi pla koupe-dwèt yo, epi latriye moun ki te vin asiste yo, yo tout te rann aktivite a chelèn epi wololoy… fwa sa-a anpil jenn gason ak jenn fi melanje ak grandèt te patisipe… kifèla, se san plan m ka di karebare koze a te bèl nètalkole, li te gen yon potorik siksè… bèl savalouwe pou kipkaa ansanm ak ayisyen montreyal!… prezans laprès radyo ak televizyon te rann koze a pi grandyòz ankò… koze a te rive antre lakay bonkou moun ki pa te ka fè deplasman nan okazyon an… sware dimanch nou te pase ap fè deba sou radio haitienne de montréal ak emisyon anba tonèl lakay nan boston an te pèmèt bonkou ayisyen boston ak ayisyen monreyal goute selebrasyon an pi dous toujou… bravo pou pwofesè vènè, istoryen jilyen, ekriven montès, filolològ pwofèt, pwofesè lamou!… savalouwe pou kipkaa ak tout lòt moun lwen ak moun pre ki te pèmèt selebrasyon sa-a atrap kòkennchenn siksè sa-a… mwen swete pou lavni k’a rasanble ansanm pou yon sèl grenn selebrasyon tout lòt moun nan monreyal k’ap batay pou vansman kreyòl la… alalit

—Ivon

Savalouwe pou Marilyn Mason

Kouzen pyè, mwen vle voye yon kout-chapo espesyal pou kouzin marilyn mason, fondatris mit2, paske li se yon kreyolis k’ap vanse kreyòl la nan yon sans, yon dimansyon k’ap benefisye nonsèlman kreyolis ak ekritè kreyòl, men kreyolofòn tout kalite, tout plimay… li te rive fè m konprann travay mit2 epitou jouk ki kote mit2 vle ale andedan maryaj kreyòl ak teknoloji li-menm li vle beni an… marilyn vle mete bag la nan dwèt kreyòl ak nan dwèt teknoloji… Marilyn se yon fanmm ki pa vle pale mete la… antouka, se konsa mwen konprann manmzèl, apre kèk konvèsasyon mwen te pran avèk li pandan vwayaj boston-monreyal vandredi pase a… san mwen te tresayi devan bèl prezantasyon adousi-zòrèy li te fè nan selebrasyon jounen oktòb 2001 an sou fason inivèsèl kreyòl ka rive kouche sou papye… pa sèlman sou papye, men nan tout lòt fason teknoloji alèkilè pèmèt lang moun pale layite kò yo… vrèmanvre, priz aksan ak ka dans ale devan, fè ti bak, sote ralanti, manke tonbe, epi leve kanpe manmzèl te lage nan zo-eskèlèt lang lan kapab rive konvenk lòt natif-natal rekalsitran sou enpòtans kreyòl, kèlkeswa degre rekalsitrans ayisyen sa-a… lapwoli marilyn, montre gangans lang lan epi li ka fè sa-ki-pa-vle pran konsyans, epi fè yo rekonsilye ak kilti yo epi ak tèt yo… marilyn konn pale epi li konn kenbe agiman ak pozisyon li pou defann maryaj teknoloji ak lang kreyòl la nan bon ti mamit… marilyn se yon rasanblèz… li gen yon apwòch atirans total ki chita sou bidon siwo myèl ak kalbas siwo kann; konsa, li jwenn sekrè pou rasanble bonkou ayisyen kreyolis ki pètèt pa tap kole zepòl ansanm nan lòt sikonstans ak lòt okazyon… mwen di ayibobo epi savalouwe pou gwo fanm sa-a!… marilyn se yon grennpwonmennen k’ap sikile toupatou nan milye ayisyen andedan tankou deyò pou li fè vansman lang kreyòl tounen siman pou simante kè, nanm, sèvo, ak zepòl ayisyen… nan demach li, li vize ayisyen tout plimay, tout tandans, tout zotobre, tout save, tout kouch—depi yo vle bay koutmen nan vansman kreyòl lang manman ak papa nou… marilyn se yon bwapiwo ki konn gade epi wè lwen… konsa, li konnen ki jan epi ki mannyè pou li pase je sou ti bagay piti epi okipe sa ki enpòtan… yon moun konsa nan mitan kreyolis se yon bèl kado… mwen panse kole-tèt ak marilyn se envite kreyòl la pouse pou pi devan… marilyn ap bay koutmen pa li; m’ap bay koutmen pa mwen; w’ap bay koutmen pa ou; epitou, zòt ap bay koutmen pa yo… tout koutmen ki parèt klè dwe resevwa ochan toutotan koutmen an rete koutmen kosekan… marilyn, kenbe la!… tout siy montre ou nan bon chemen… mwen se patizan fran, dizuikara, bon chemen… lè elektwonik sa-a, se pa yon mete-chita-sou-pyedestal, vrèmanvre se yon konstatasyon… mwen te panse se nesesè pou m te separe enpresyon mwen avèk lòt kreyolis parèy mwen… kouzen pyè, mèsi poutèt ou te fè m kontre ak marilyn… alalit.

—Ivon

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com