Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et courrier: Redaksyon@tanbou.com



Conjoncture haitienne/Sitiyasyon peyi Dayiti

Istwa tankou doulè, peripesi ak rezistans

Jodia ankò nan lemond antye, istwa peyi Dayiti ak trajedi pèp la vin sou pwent bouch tout moun; tout moun ap mande: Sa k ap pase laba a? Ki sa ki fè kriz konik ti peyi ginen sa a gen rezonans ekstraòdinè sa a sou konsyans lòt pèp yo? Ki sa ki fè ke menm nan peyi dominan yo gen mouvman solidarite k ap selebre koz ayisyen an? Ki wonga maji tètchaje ki fè ke 500 zan tribilasyon pèp zile sa yo pa anpeche yo kontinye ap goumen, jouk jounen jodia, pou yo fè lavi vin miyò?

Lè nou wè gwosè enfliyans zotobre klas dominan yo genyen sou kouman lavi òganize nan peyi a, epitou lè nou wè gwosè ravaj destriksyon yo koze nan kondisyon objektif pèp la ap viv (sètadi difikilte pou li jwenn yon moso manje pou l manje, yon pyès kay pou l abite, kote l voye pitit li al lekòl, kouman moun trete moun nan kominote a, kouman l trete malad li, ak ki laj moun mouri, kouman antèman yo fèt, elatriye); wi, lè nou wè bagay sila yo, gen twa keksyon ki dwe vin nan tèt tout moun, premye a se: Ki moun ki bay zotobre yo dwa sa yo? Dezyèm lan se: Ki sa ki dwe fèt pou bagay sa yo chanje? Epi twazyèm lan se: Kouman yo dwe fè sa ki dwe fèt yo? Jan nou ka wè tou, tout keksyon sa yo vin mennen ak yon sèl: Kouman moun kreye kalite pwòp lavi yo? Kouman yo ta ka fè pou yo jwenn desten yo, jefò yo ak rèv yo nan yon kominalite, nan yon kombit ant chak konsyans ak entelijans avèk yon detèminasyon konbatif pou yo kreye, pou yo fòje bonè yo nan yon vi ki libere selon jan yo vle l la?

Jounal Tanbou a twouvè li nesesè pou gen yon refleksyon sibstansyèl, ki ale nan manman nanm pwoblèm yo, lè n ap anvizaje sitiyasyon reyèl opresyon pèp ayisyen an. Se pou tèt ekzijans sa yo ke jounal la anbrase sa nou ka rele yon «apwòch sou plizyè bann», miltidimansyonèl, sou lit ayisyen an. Nou vle tou fè jwenn bèl chanson sou lanmou, sou pwezi, etid sou literati ouswa sou vodou oubyen sou lasyans, avèk yon refleksyon kareman politik sou sitiyasyon jeneral peyi a. Keseswa nan etid jeopolitik Tontonguy a sou kondisyon devlopman aktyèl lit la, oubyen nan sondaj e analiz politik Kwitoya a sou keksyon dèt e depandans peyi tyèsmond yo anvè peyi enperyalis dominan yo, oubyen tou atik Raymond Justin a sou «Nouvel òd entènasyonal» la, jounal la vle montre konplikasyon ak konpleksite reyalite lit jeneral pèp la nan yon espri pou l klarifye objektif la, nan yon lespri revolisyonè.

Reyaliyman jeopolitik an mouvman

Kouwè nou tout konnen deja, jounen jodia peyi a sou yon pant, yon kalfou, ki trè danjere; yon pant kote se avni peyi a antanke peyi lib, e rèv pou chanjman liberasyon pèp la, ki anje nan yon seri de dewoulman evenman politik k ap dekonstonbre lespri tout moun. Anplis de tètchaje, dlo nan je ak peripesi evenman sa yo koze kay pèp yo, genyen tou yon fenomèn ke nou rele yon reyaliyman sosyo-jeopolitik (un réalignement socio-géopolitique) k ap opere nan nivo sistèm relasyon ant peyi ak klas sosyal nan peyi sa yo. Yon reyaliyman kote pwisans entènasyonal ki konsidere yo gen laviktwa nan ansyen rivalite Es-Wès la, ap pouse ofansiv pou yo dabò demantibile rezistans pèp yo kont opresyon, epi mande yo apre pou yo «negosye» nan yon pozisyon feblès ki fè yo sètoblije asepte nòmalizasyon sistèm enjistis kraze-zo ki te deja la a—nan yon fason kote yo badijonnen penti lacho sou fasad ki pi detestab nan sistèm lan pou yo mistifye moun.

Nou ka wè pa ekzanp reyaliyman sa a kounyea an Somali, an El Salvadò, an Irland, An Angola, an Afrik di Sid, nan Mwayen-Oryan oubyen an Ayiti, kote ansyen lenmi jire vin tounen nouvo kanmarad, paske nan nouvo reyalite sosyo-jeopolitik la, enterè anpil moun ki tap reziste men ki vin afebli vin fè yo wè nesesite pou yo «negosye» avek kan lenmi an ki limenm, gen rapò de fòs yo an favè li. Nou wè fenomèn sa a jodia nan pwosesis negosyasyon ant Aristid, LONI, OEA, Etazini avèk panzouis ayisyen yo. Nan yon bò, nou wè yon koalisyon (ant lame, boujwazi dirijan, ansyen makout pwisan ak CIA) ki deklenche yon koudeta militè kont Aristid paske sektè sa yo pat vle bagay yo chanje nan yon sans ki an favè pèp la; epi, nan yon lòt bò, nou wè gouvènman ekzile Titid la ansanm ak administrasyon Clinton lan e LONI k ap mande pou Aristid retounen opouvwa. Sa ki pa two vizib nan sistèm relasyon diplomatik sa yo, se yon pakèt antant anba-anba, yon pakèt manipilasyon k ap mennnen pou netralize rezistans, revandikasyon ak mobilizasyon pèp ayisyen an. Yon revandikasyon ki pa sèlman mande pou Titid tounen, men ki mande sitou pou jistis ak demokrasi vin pran pye an Ayiti nan yon sistèm sosyo-politik ki respekte e defann enterè sosyal, politik e ekonomik pèp ayisyen an.

Malerezman revandikasyon sila yo totalman meprize nan deliberasyon k ap fèt kounyea yo pou swadizan rezoud kriz la. E sa ba nou anpil enkyetid. Nou enkyete lè nou wè ke menm vakabon, asasen ak konplis yo ki fin masakre pèp la e avili, toupizi peyi a, ke se menm yomenm yo k ap pran devan bann lan pou di y ap vle «rezoud kriz la»; nou enkyete lè nou wè ke se menm sipèpwisans enperyalis ki ede sipòte e konsolide rejim otokratik la, ke se menm limenm lan k ap pran pòz l ap vle «ede Ayiti»; nou enkyete anpil lè nou wè ke se menm CIA ak Pantagòn ki fin fòme e antrene lame panzouis antinasyonal la, ke se menm yomenm yo k ap entrene gad-dikò Aristid; nou enkyete anpil lè nou wè anpil resous ap gaspiye bay «konsiltan» ak gwo chabwak ministeryèl olyeke resous sa yo depanse pou fè avanse òganizasyon ak mouvman popilè yo; wi, lè nou wè tout deblozay, trajedi, simagri, kwelekwekwe ak lenjistis k ap fèt kont konsyans, dwa ak aspirasyon pèp la, nou dwe tout louvwi je nou gran louvwi pou nou leve-kanpe pou n mande, ekzije e enpoze sa nou vle yo. Se nan ekleraj ak pèspektiv istorik, filozofik e politik sila a Tontonguy ekri tèks ki parèt nan nimewo Tanbou jodia e ki rele a: Haïti: entre le macoutisme, l’impérialisme et la libération («Ayiti: ant makoutism, enperyalism e liberasyon»).

Istorik ak pwoblematik yon dèt koupe-gòj

Natirèlman, nou pap ka konprann anyen nan sa k ap pase jounen jodia yo san nou pa mete yo nan kontèks istorik, san nou pa konekte yo avèk yon tradisyon ak pratik dominasyon bò kote gwo chabwak yo ki fè yo toujou itilize vyolans ak enjistis pou yo enpoze sistèm sosyo-ekonomik eksplwatè a k ap souse san san pèp la. Nan yon kondisyon konsa, nou ka konprann enpòtans sistèm ak mekanis ekonomik yo genyen nan sistèm opresyon an. Se jisteman mekanis politiko-ekonomik sa yo, pi presizeman keksyon dèt ak depandans peyi tyèsmond yo anvè peyi dominan yo, ke konpè Kwitoya analize nan tèks ki rele: Quelle voie à suivre autre que l’endettement? («Ki pi bon chimen ki pa dèt koupe-gò?)

Nou ta ka eksplike keksyon dèt sa a avèk ekzanp sila a: Se tankou yon moun ta ba w yon ponya 10 goud pou 13 goud. Premyèman, anvan menm li voye lajan an ba ou, li pran 4 goud ladan li pou l peye moun k ap pote lajan an bay ou an. Nan 6 goud ki rete a, li kenbe 2 ladan li pou peye premye enterè sou ponya a; nan rès 4 la, li fe w achte pou 2 goud yon machandiz pa l ki vo sèlman yon grenn goud; apre sa li ba ou rès 2 goud la sou kondisyon e avèk ekzijans pou w ba li yon goud edmi (G.1.50) chak mwa pou pèyman sou sèlman enterè manman lajan an, ki toujou rete 10 goud! Se pou tout rezon sa yo ki fè Fidèl Castro te di yon jou ke keksyon dèt sa a se yon trik koupe-gòj ki apovwi, ki ogmante mizè peyi tyèsmond yo pandan ke l ap rann yo pi depandan de peyi dominan yo. Misye te di ke pèyman dèt sa a enposib pou peye, e li te mande pou tout ti peyi yo mete tèt yo ansanm pou yo refize peye dèt ozanfè sa a.

Kwitoya raple nou tout bagay sa yo, e li ale pi lwen pou l fè remonte pwoblematik dèt peyi tyèsmond yo, ak dèt ayisyen an pi patikilyèman, nan dèt Lafrans te enpoze sou gouvènman Boyer a, sètadi depi menm koumansman istwa nasyonal peyi a, lè li te mande l pou l peye 150 milyon fran pou «endemnite» endepandans peyi a. Yon sòm nan lepòk la ki te vo yon trezò ekstraòdine. Kwitoya fè remonte sous andètman, soudevlopman ak depandans peyi Dayiti jounen jodia nan nan «peche orijinèl» eskwokri premye dèt sa a.

Epitou misye pale de yon sòt «transfè de depandans», de yon pasaj de depandans anvè Lafrans ak yon nouvo depandans anvè Etazini ki vin anplifye sou okipasyon ameriken an ant 1915–1934. Pou Ayiti te peye dèt franse sa a, li te sètoblije prete lajan nan men gwo bankye ameriken yo, patikilyèman Rotschild e Lafilte. Dèt sa yo ansanm avèk vòl rezèv trezò ayisyen an pa nouvo okipan yo vin plase Ayiti bwa sou kòd nan sa yo rele an franse a, la sphère d’influence américaine, anba enfliyans mèt lakou meriken. Kwitoya pale de tout bagay sa yo, san konte fenomèn «pétro-dollar» a ki koumanse nan lane 60–70 yo avèk gwo pwofi ki tire de eksplwatasyon min petròl nan Mwayen-Oryan, e ki vin pèfeksyone sistèm andètman ak depandans peyi tyèsmond yo anvè peyi enperyalis eksplwatè yo. Natirèlman etid sa a pa epaye konplisite boujwazi ak oligachi tradisyonèl ayisyen yo nan piyaj peyi a; e sistèm ekonomik gouvènman Malval la limenm t ap prekonize pou swadizan devlopman peyi a pat diferan de politik andètman ak depandans sila a.

—Tanbou Janvye 1994

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Écrivez-nous à: Redaksyon@tanbou.com