Prezantasyon Sèl pou dezonbifye Bouki

[Scroll down for English summary / Glise desann pi ba pou wè rezime ann anglè]

La couverture de Sèl pou dezonbifye Bouki.

Trilingual Press/Près Trileng pran plezi pou l anonse sòti nouvo liv Tontongi an, Sèl pou dezonbifye Bouki [ISBN 978-1-936431-22-9]. Liv la se yon koleksyon esè politiko-literè li ekri antyèman an kreyòl ayisyen sou plizyè aspè pwoblematik politik, literè e lengwistik ayisyen an.

Nan chak chapit liv la, keseswa lè l pale sou idantite, sou esklizyon lengwistik oubyen sou trayizon demokrasi ann Ayiti, otè a itilize menm temerite ikonoklastik (tandans kraze imaj sakre) li deplwaye nan prèske tout zèv kritik li.

Le quatrième de couverture de Sèl pou dezonbifye Bouki.

Lektè yo ka apresye refleksyon otè a fè sou zèv Jak Roumen, Pòl Larak, Jean-Paul Sartre oubyen Edwidge Danticat, ki sèvi ak literati pou swa afime yon libète (Sartre), swa pou chache yon pòtdesòti nan tinèl dezespwa ayisyen an (Larak) oubyen tou swa pou mentni yon vijilans pa vwa eksitasyon yon memwa reprime men ki dwe renouvle (Danticat).

Tontongi panse genyen sèten timès lengwistik ak konpòtman sosyolojik ki nwizib a pwojè liberasyon nasyonal ayisyen an, e ki rann posib pèmanansyalizasyon dominasyon yon lang minoritè sou yon lang majoritè nasyonal ; li pale de enpak negatif sa genyen sou alafwa sa Ayisyen panse de tèt yo ak sou devlopman pratik peyi a.

Nou ka jwenn liv la sou sit Trilingual/PrèsTrileng lan oubyen sou : amazon.com.

Trilingual Press is pleased to announce the release of Tontongi’s new book Prezantasyon Sèl pou dezonbifye Bouki (“Salt to Demystify Bouki”) [ISBN: 978-1-936431-22-9]. Written entirely in Haitian Creole, the book is a collection of essays that address many of Haiti’s political, literary and linguistic problematics. It includes reflections on authors such as Jacques Roumain, Jean-Paul Sartre, Paul Laraque, Edwidge Danticat, etc.

The book can be purchased at the following links: Trilingual Press/Près Trileng, or on amazon.com.

[Read excerpts in Pdf format / Ouvri lyen pdf sila a pou ti lougal]

Prezantasyon Hamlèt (Prens Dànmak)

[Scroll down for English summary / Glise desann pi ba pou wè rezime ann anglè]

La couverture d’Hamlèt.

Trilingual Press/Près Trileng ap anonse avèk plezi sòti nouvo liv Nicole Titus la, Hamlèt (Prens Dànmak) [ISBN 978-1-936431-19-9], yon tradiksyon/adaptasyon michan zèv teyatral Wilyam Chekspi a an kreyòl ayisyen. Se dezyèm liv Mis Titus pibliye lakay Trilingual Press apre sòti remakad zèv li Apoloji/Krito/Fedo (Apology, Crito, Phaedo), yon edisyon ann anglè e an kreyòl ayisyen zèv Platon sila yo.

Le quatrième de couverture d’Hamlèt.

Kouwè Pwofesè Yvon Lamour di nan yon apresyasyon nou pibliye sou kouvèti do liv la, « Chekspi ak Moriso-Lewa dwe kontan kote yo ye a ». Kou lektè yo ka wè si yo konpare vèsyon Nicole Titus la avèk vèsyon orijinal Chekspi a, tradiksyon Titus la, kouwè Lamour te remake ban nou, se plis yon « adaptasyon » zèv Chekspi a paske li pa swiv menm fòm pwetik ak kadans ayanbik (iambic pentameter, ki gen senk mezi ki pa rime) Chekspi anplwaye nan Hamlèt. Men sa Titus fè, avèk èd imaj tèksyèl e siyifikasyon anpirik Chekspi enonse yo, li reyalize yon adaptasyon ayisyen, sètadi yon konpreyansyon nan kontèks lengwistik ayisyen yon zèv ki pale de yon istwa-lejann ki dewoule nan yon peyi, Dànmak, ak yon epok istorik, XIIèm syèk ewopeyen an, ki vin anvan ekzistans istorik Ayiti.

Grann akonplisman liv la se lefètke li rann istwa a konsilyab ak yon narasyon ayisyen. Epitou li louvri chan rejwisman literati mondyal la sou fenèt kreyolofòn Ayisyen yo. Men sa Titus limenm di de zèv Hamlèt la :

« Mwen kontan dèske m kapab tradui Hamlètan kreyòl ayisyen jodi a. Elèv lekòl, ansanm ak lòt moun ki li ak pale kreyòl, va kapab jwenn mwayen li èv kokenn chenn ekriven anglè sila a nan lang pa yo. Sa va anrichi konesans yo, epi li va ouvè pòt literati anglè a pi gran devan yo, yon bagay ki va rann konesans yo pi varye. »

Nou ka jwenn liv la sou sit Trilingual/PrèsTrileng lan oubyen sou amazon.com.

Trilingual Press is pleased to announce the release of Nicole Titus’ new book Hamlèt (Prens Dànmak) [ISBN 978-1-936431-19-9], a translation/adaptation in Haitian Creole of William Shakespeare’s masterpiece. This is the author’s second book published at Trilingual Press after the remarkable release in 2012 of Apoloji/Krito/Fedo (Apology, Crito, Phaedo), a bilingual edition (English-Haitian) of Plato’s great works.

The book can be purchased at the following links: Trilingual Press/Près Trileng, or on amazon.com.

[Read excerpts in Pdf format / Ouvri lyen pdf sila a pou ti lougal]