Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwopozisyon lwa pou kreyasyon akademi ayisyen an

Konsiderasyon

  • Dapre atik 5; 24-3; 40; 213 Konstitisyon 1987;
  • Lè nou konsidere entwodiksyon Konstitisyon 1987;
  • Lè nou konsidere Sikilè 31 janvye 1987 Depatman Ledikasyon Nasyonal te voye nan tout lekòl pou montre kijan pou ekri kreyòl ayisyen an;
  • Lè nou konsidere reyalite lengwistik peyi d Ayiti kote tout popilasyon an pale kreyòl, konprann kreyòl epi viv tout lavi li an kreyòl;
  • Lè nou konsidere dwa popilasyon an genyen pou li viv nan lang li san rezèv kit se nan pale kit se nan ekri;
  • Lè nou konsidere pwoblèm edikasyon nan peyi d Ayiti se yon baryè pou popilasyon ayisyen an fè devlopman politik, ekonomik, sosyal peyi a;
  • Lè nou konsidere edikasyon ak alfabetizasyon popilasyon ayisyen an dwe fèt nan lang li;
  • Lè nou konsidere Leta dwe sèvi ak lang kreyòl la nan plizyè domèn tankou domèn lasyans ak teknoloji;
  • Lè nou konsidere se responsablite Leta Ayisyen pou li asire pwogrè ak devlopman popilasyon ayisyen an nan tout sans;
  • Lè nou konsidere Leta ayisyen dwe veye pou tout enstitisyon prive kou piblik bay popilasyon ayisyen an sèvis nan lang kreyòl;
  • Lè nou konsidere Leta ayisyen gen responsablite pou li kreye enstitisyon ki pèmèt lang kreyòl la devlope pou fasilite entegrasyon tout popilasyon ayisyen an;
  • Lè nou konsidere nesesite pou Leta kreye Akademi Ayisyen an, ba li estati, misyon ak fonksyon li, jan Konstitisyon 1987 la mande li;
  • Lè nou konsidere Akademi Ayisyen an se yon enstitisyon nasyonal ki gen konpetans pou travay sou lang kreyòl la jan konstitisyon an mande li;
  • Lè nou konsidere Akademi Ayisyen an dwe garanti dwa lengwistik tout Ayisyen sou sa ki konsène lang kreyòl la;
  • Lè nou konsidere deklarasyon “Komite Inisyativ pou mete Akademi Ayisyen an kanpe” nan dat 28 oktòb 2010, ki mande pou respekte atik 213 Konstitisyon peyi a ki egzije yon Akademi Ayisyen;
  • Lè nou konsidere rezolisyon “Kòlòk Entènasyonal sou Akademi Ayisyen an” nan dat 29 oktòb 2011, kote divès enstitisyon nan peyi a mete yo dakò sou wòl, òganizasyon ak fonksyònman Akademi Ayisyen an;

Lwa sa a fèt, jan atik 214-1 Konstitisyon 1987 la egzije li, pou òganize Akademi Ayisyen sou lang kreyòl la, epi ba li fason pou li fonksyone.

Tit I

Dispozisyon jeneral

Chapit I: Non ak syèj akademi an

Atik 1: Akademi Ayisyen Konstitisyon 1987 la prevwa nan atik 213 la rele “Akademi Kreyòl Ayisyen”.

Atik 2: Syèj ofisyèl Akademi Kreyòl Ayisyen an nan Pòtoprens. Konsèy Akademisyen yo ka deside transfere li nenpòt kote sou teritwa nasyonal la si sa nesesè.

Chapit II: Estati ak misyon akademi an

Atik 3: Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon enstitisyon leta. Li otonòm, li endepandan e li kouvri tout peyi a. Li gen karaktè administratif, kiltirèl ak syantifik.

Atik 4: Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon enstitisyon leta ki gen konpetans pou li travay sou lang kreyòl la jan Konstitisyon 1987 la mande l. Li la pou garanti dwa lengwistik tout Ayisyen sou tout sa ki konsène lang kreyòl la.

Atik 5: Akademi Kreyol Ayisyen an gen pou bay direksyon sou fason yo sèvi ak lang kreyòl la nan peyi d Ayiti, kit nan pale, kit nan ekri, nan enstitisyon leta kou prive.

Atik 6 : Akademi Kreyòl Ayisyen an gen pou li:

  1. Pran tout dispozisyon pou tout enstitisyon leta kou prive fonksyone nan lang kreyòl la selon prensip, regleman ak devlopman lang nan;
  2. Pran tout dispozisyon pou ankouraje enstitisyon ak moun k ap pwodui nan lang kreyòl la suiv prensip ak regleman lang nan;
  3. Pran tout dispozisyon pou ede popilasyon ayisyen an jwenn tout sèvis li bezwen nan lang kreyòl la.
  4. Pran tout dispozisyon pou ede epi ankouraje tout biwo leta—kit se pouvwa egzekitif, kit se pouvwa legislatif, kit se pouvwa jidisyè—respekte Konstitisyon an nan zafè lang.
  5. Sèvi kòm referans pou lang kreyòl la pou tout sa ki konsène estandadizasyon lang nan kit se nan peyi d Ayiti kit se nan lòt peyi kote Ayisyen yo tabli;
  6. Fè tout sa ki nesesè pou Ayiti jwe wòl li kòm lidè nan monn kreyolofòn nan.

Atik 7 : Akademi Kreyòl Ayisyen an granmoun tèt li devan Lajistis, li responsab tèt li nan zafè jesyon, administrasyon ak finans.

Atik 8: Leta ayisyen mete tout mwayen finansye ak tout resous nesesè pou Akademi Kreyòl Ayisyen an fonksyone kòmsadwa.

Atik 9: Akademi Kreyòl Ayisyen an gen dwa chèche lajan epi resevwa tout lòt kalite resous li bezwen pou li fonksyone.

Atik 10: Akademi Kreyòl Ayisyen an ap jere finans ak resous li yo selon prensip kontablite piblik.

Tit II

Travay akademi an

Atik 11: Akademi Kreyòl Ayisyen an genyen misyon pou li:

  1. Fè tout sa ki nesesè pou ankouraje pwodiksyon nan lang kreyòl;
  2. Ankouraje eksperyans pèp la ap fè nan dekouvèt, nan kreyasyon, nan pwodiksyon l ap fè an kreyòl, kit se pwodiksyon oral, kit se pwodiksyon ekri;
  3. Fè tout sa ki nesesè pou fè kreyòl la gen bonjan reyònman ak prestij nan je popilasyon ayisyen an ak nan je lòt popilasyon yo;
  4. Travay epi siveye pou gen relasyon ki byen balanse nan jan enstitisyon yo ap sèvi ak lang yo nan sosyete a;
  5. Travay pou enstitisyon leta yo aplike Konstitisyon an nan piblikasyon tout dokiman ofisyèl yo nan lang kreyòl;
  6. Fè pwopozisyon sou fason moun kapab sèvi ak lang kreyòl la nan kominikasyon piblik nan peyi a.
  7. Ankouraje travay sou devlopman zouti tankou gramè, diksyonè, leksik nan tout domèn;
  8. Ankouraje travay sou pwogram fòmasyon teknik pou tout sektè ki bezwen fòmasyon avanse nan lang kreyòl;
  9. Fè envantè tout moun k ap travay sou lang kreyòl ak espesyalis nan tout domèn k ap pwodui nan lang kreyòl;
  10. Fè envantè pwodiksyon k ap fèt nan lang kreyòl ak pwodiksyon sou lang kreyòl anndan peyi a kou deyò;
  11. Ankouraje epi pwopoze bonjan travay rechèch sou lang kreyòl la;
  12. Travay pou enstitisyon rejyonal yo sèvi ak lang kreyòl la pou entegrasyon popilasyon kreyolofòn yo

Atik 12 : Nan akonpli misyon li, Akademi Ayisyen an genyen pou li:

  1. Bay rekonesans piblik rezilta rechèch ak tout travay ki fèt sou lang kreyòl la tankou envantè, diksyonè, travay sou sentaks, tèminoloji, leksik, fonoloji, regleman sou òtograf ak lòt zouti enpòtan pou lang nan;
  2. Bay rekòmandasyon sou ankèt ak travay ki dwe fèt sou lang kreyòl la tankou envantè, diksyonè, travay sou sentaks, tèminoloji, leksik, fonoloji, regleman sou òtograf lang nan, ak lot zouti enpòtan pou lang nan;
  3. Bay konsiltasyon epi sèvi referans sou sa ki konsène lang kreyòl la;
  4. Bay rekòmandasyon ki nesesè sou jan pou yo sèvi ak lang kreyòl, epi sou travay ki dwe fèt pou lang kreyòl la kontinye sèvi popilasyon ayisyen an nan dekouvèt, nan kreyasyon, nan pwodiksyon oral oswa ekri
  5. Pran desizyon ki nesesè sou sa ki konsène misyon Akademi Kreyòl Ayisyen an.

Tit III

Òganizasyon akademi kreyòl ayisyen an

Chapit I: Chapant

Atik 13: Akademi Kreyòl Ayisyen an ap fonksyone ak kat (4) ògàn:

  1. Yon Konsèy Akademisyen
  2. Yon Konsèy Administrasyon
  3. Yon Konsèy Konsiltatif,
  4. Yon Sekretarya Egzekitif.

Seksyon 1: Misyon ak travay Konsèy Akademisyen an

Atik 14: Konsèy Akademisyen an se pi gwo otorite Akademi Kreyòl Ayisyen an. Se li ki dwe bay oryantasyon pou Akademi an fonksyone kòmsadwa.

Atik 15: Konsèy Akademisyen an gen pou li:

  1. Defini politik jeneral Akademi an;
  2. Fè eleksyon pou chwazi manm Konsèy Administrasyon yo;
  3. Pran desizyon kraze Konsèy Administrasyon an si sa ta nesesè apre dizon 2/3 nan Konsèy Akademisyen an;
  4. Konvoke Konsèy Administrasyon an pou mande li rann kont sou travay l ap fè.

Souseksyon 1.1: Fonksyònman Konsèy Akademisyen an

Atik 16: Konsèy Akademisyen an reyini chak ane nan seyans òdinè sou envitasyon Konsèy Administrasyon an, epi nan seyans ekstwòdinè chak fwa sa nesesè.

Atik 17: Konsèy Akademisyen an kapab pran desizyon kòmsadwa lè 2/3 pou piti nan manm li yo prezan nan seyans lan. Si yo pa jwenn kowòm, Konsèy Akademisyen an ap reyini nan yon delè 15 jou fran. Si apre de (2) seyans yo pa rive jwenn kowòm, Konsèy Akademisyen an kapab pran desizyon kèlkeswa kantite manm li ki prezan.

Atik 18: Pou yon desizyon nan Konsèy Akademisyen an pase, fòk majorite manm ki prezan nan seyans lan vote pou li (sa vle di mwatye manm konsèy Akademisyen an plis youn).

Souseksyon 1.2: Kondisyon, kantite, reprezantasyon ak manda Akademisyen an.

Atik 19: “Akademisyen’’ se yon tit onorifik. Moun ki gen tit “Akademisyen” p ap travay pou lajan, li pa gen salè, jan atik 214 Konstitisyon 1987 la mande li.

Atik 20: Pou yon moun vin gen tit Akademisyen, li dwe:

  1. Ayisyen, fi kou gason;
  2. gen 40 lane pou pi piti;
  3. ap jwi dwa sivil ak politik li, epi li pa gen pwoblèm ak lajistis;
  4. moun ki travay, ki fè rechèch nan lang kreyòl la osnon sou lang kreyòl la; ki pwodui an kreyòl osnon sou lang kreyòl bon jan travay ki gen bon jan valè pou avansman ak devlopman lang kreyòl la;
  5. moun sosyete a deja rekonèt zèv li ap fè pwomosyon pou avansman lang kreyòl la.

Atik 21: Kantite Akademisyen yo nan Akademi Kreyòl Ayisyen an se 33 pou pi piti, 55 pou pi plis.

Atik 22: Akademisyen yo ap soti toupatou nan peyi a nan tout domèn. Se enstitisyon ki ap travay sou lang kreyòl la k ap pwopoze moun sa yo.

Atik 23: Se enstitisyon ki fòme «Komite Inisyativ pou mete Akademi Kreyòl Ayisyen an kanpe» ak enstitisyon ki te aktif nan òganize Kòlòk oktòb 2011 lan, k ap gen pou chwazi premye manb yo nan lis yo va resevwa. Enstitisyon sa yo se:

  • Inivèsite Leta d Ayiti,
  • Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl
  • Ministè Kilti
  • Sekreteri Leta pou Alfabetizasyon,
  • Fakilte Lengwistik Aplike (FLA).
  • Jounal Bon Nouvèl,
  • Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen,
  • Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS),

Atik 23-1 Se Konsèy Akademisyen an ki ap genyen pou chwazi lòt manm ki pou rantre yo.

Atik 24: Akademisyen yo kapab sòti nan nenpòt sektè, nan nenpòt kote nan peyi a, depi yo respekte kondisyon ki nan atik 20 an.

Atik 25: Yon moun Akademisyen pou lavi diran, tout Akademisyen se manm Konsèy Akademisyen an. Yon Akademisyen pèdi tit li lè li pèdi dwa sivil ak politik li, lè li pa respekte prensip etik Akademi an tabli.

Atik 26: Si yon Akademisyen demisyone, oubyen mouri, oubyen gen gwo pwoblèm sante ki fè li pa ka fonksyone, Konsèy Akademisyen an ap gen pou ranplase dapre regleman entèn Akademi an.

Atik 27: Konsèy Akademisyen an ap tabli Règleman fonksyònman entèn li ak yon Kòd etik li jan lalwa mande li.

Seksyon 2: Misyon, fonksyonman ak travay Konsèy Administrasyon an

Atik 28: Konsèy Administrasyon fòme ak sèt (7) Akademisyen ki sòti nan eleksyon ki fèt anndan Konsèy Akademisyen yo. Manm Konsèy Administrayon an p ap travay pou lajan men yo va genyen prim pou reyinyon.

Atik 29: Konsèy Administrasyon an sèvi entèmedyè ant Konsèy Akademisyen an ak Sekretarya Egzekitif la.

Atik 30: Konsèy Administrasyon an gen pou li:

  1. Bay oryantasyon estratejik;
  2. Apwouve plan Aksyon Sekretarya Egzekitif la;
  3. Apwouve bidjè Akademi an selon bezwen chak sèvis;
  4. Sanksyone rapò Sekretarya Egzekitif la;
  5. Bay dizon li sou regleman entèn Akademi an;
  6. Pran tout kalite mezi pou asire bon fonksyònman Akademi an
  7. Prezante rapò travay li bay Konsèy Akademisyen an.

Atik 31: Konsèy Administrasyon an gen pou li reyini chak twa (3) mwa. Nan dènye reyinyon pou lane a, li ap envite reprezantan twa pouvwa yo (egzekitif, lejislatif, jidisyè) kòm obsèvatè.

Seksyon3: Konposizyon ak wòl Konsèy konsiltatif la

Atik 32: Konsèy Konsiltatif la ap gen de (2) kalite manm : yon ekip espesyalis ayisyen kou etranje ki reprezante divès rejyon, yon ekip moun ki reprezante divès enstitisyon sosyal. Tout se moun ki ap travay pou pwomosyon lang kreyòl nan tout kominote nan peyi a tankou nan peyi etranje.

Atik 33: Wòl Konsèy Konsiltatif la se bay Konsèy Administrasyon an dizon li sou travay ekip teknik la, sou kijan Akademi an ap mache, sou oryantasyon Akademi an.

Atik 34: Se Konsèy Akademisyen an ki chwazi manm Konsèy Konsiltatif la sou baz nivo eksperyans yo nan domèn travay yo ak nan pwodiksyon nan lang kreyòl la.

Seksyon 4: Misyon, konpozisyon ak travay Sekretarya Egzekitif la:

Atik 35: Sekretarya Egzekitif la se ògàn egzektif Akademi Kreyòl Ayisyen an.

Atik 36: Misyon Sekretarya Egzekitif la se asire jesyon estratejik Akademi an an pèmanans.

Atik 37: Sekretarya Egzekitif la gen yon Sekretè egzekitif ki gen divès sèvis teknik sou responsablite li.

Atik 38: Aksyon Sekretarya Egzekitif la angaje Akademi an devan lajistis.

Atik 39: Sekretè Egzekitif la ap reponn devan Lajistis pou Akademi an.

Atik 40: Travay Sekretarya Egzekitif la se:

  1. Asire jesyon ak bon fonksyònman Akademi an;
  2. Fè pwopozisyon bay Konsèy Administrasyon an sou jan pou yo sèvi ak bidjè Akademi an selon bezwen chak sèvis;
  3. Asire nominasyon pèsonèl Akademi an;
  4. Asire aplikasyon rezolisyon ak desizyon Konsèy Administrasyon an;
  5. Mande Konsèy Administrasyon an pou òganize seyans ekstwòdinè si sa nesesè;
  6. Reprezante Akademi an nan peyi a tankou nan lòt peyi;
  7. Tabli rapò ak lòt enstitisyon depi sa nesesè;
  8. Patisipe nan reyinyon Konsèy Administrasyon an, men li p ap gen dwa vote.

Atik 41: Sekretarya Egzekitif la ap monte divès seksyon ak sèvis pou asire fonksyònman Akademi an.

Chapit II: Ògàn piblikasyon

Atik 42: Akademi Kreyòl Ayisyen an kreye yon ògàn piblikasyon ki rele “Bilten Akademi Kreyòl la”

“Bilten Akademi Kreyòl la” ap sèvi pou pibliye ansanm dispozisyon, rezolisyon ak desizyon Akademi an pran sou lang kreyòl ayisyen an.

Atik 43: “Bilten Akademi Kreyòl la” ap parèt yon fwa chak ane.

Konsèy Akademisyen an ka deside fè piblikasyon espesyal si sa nesesè.

Tit IV

Relasyon akademi na ak lòt enstitisyon leta yo

Atik 44: Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon enstitisyon ki transvèsal, se pou sa li ap gen pou li tabli akò kolaborasyon ak tout ministè ki gen yon wòl pou yo jwe nan travay Akademi an.

Atik 45: Desizyon Akademi Kreyòl Ayisyen an pran ap pibliye nan jounal Monitè, nan Bilten Akademi an epitou Laprimati ap mete yo sou fòm sikilè pou tout administrasyon piblik la.

Atik 46: Chak lane, Akademi Kreyòl Ayisyen an ap fè yon rankont travay ak chak pouvwa yo separeman: youn ak Palman an, youn ak Pouvwa Jidisyè a epi yon lòt la ak Pouvwa Egzekitif la sou travay yo fè pandan lane a, pou pataje satisfaksyon ak pwoblèm yo genyen—youn pa rapò ak lòt—epi pou diskite sou bidjè Akademi an.

Tit V

Dispozisyon tranzitwa

Atik 47: Akademi Kreyòl Ayisyen an gen pou li veye:

  1. Pou tout fonksyonè leta jwenn fòmasyon nan lang kreyòl, nan yon delè 3 lane,
  2. Pou tout lwa yo tradui nan lang kreyòl nan yon delè ki pa depase 3 lane,
  3. Pou Palman an vote tout lwa yo ni an kreyòl ni an fransè nan yon delè 6 mwa.
  4. Pou Leta pran angajman pou tout anplwaye li yo ak tout administrasyon li yo kapab fonksyone nan lang kreyòl.

Tit VI

Dispozisyon final

Atik 48: Lwa sa a anile tout Lwa ak Dispozisyon Lwa, tout Dekrè Lwa ak Dispozisyon Dekrè Lwa, tout Dekrè ak Dispozisyon Dekrè ki depaman ak li.

Atik 49: Lwa sa a gen pou pibliye epi pou aplike san pèdi tan sou tout teritwa nasyonal la.

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com