Une délégation française dans la manif à Philadelphie. —photo par Tanbou, avril 1999
Black Radicals for Mumia. —photo by Tanbou, avril 1999
Nan jounen 24 avril 1999 te gen yon kokennchenn manifestasyon nan Filadèlfi, Eta Pennsilvani, pou mande liberasyon Mumia Abu-Jamal, kap peri nan prizon Pennsilvani depi 1982 pou lanmò yon polisye ke yo te tire apre li estope Abu-Jamal pou vyolasyon trafik. Se te yon pwotestasyon djanm ki te reyini plis ke 25.000 moun selon sèten estimasyon. S’ak te pi enpresyonan an, sèke moun sa yo te sot toupatou nan Etazini (Kalifoni, Nouyòk, Ohio, Masachusèt, Nwoujèze, Ilinòy, eksetera), e plizyè peyi nan lemond ki te voye delegasyon. Konsa ou te wè siy ki di «Alman pou Mumia», «Franse pou sove Mumia» «Latino-Ameriken pou Mumia», «Azyatik pou Mumia», «Nòvejyen pou Mumia», elatriye; te gen menm kèk delegasyon Ayisyen ki sòti plizyè kote nan Etazini, youn ladan yo te brandi yon bèl drapo ayisyen ki tap flote nan mitan manifestasyon an.
Polis te arete Mumia nan yon lè endiy pandan li tap fè taxi nan Filadèlfi, an 1982. Polisye Faulkner rete misye pou yon limyè wouj li pran; gen yon diskisyon ki pran pye, epi yon tire pete. Polis jwenn ofisye Faulkner blayi sou beton an, bò kote Mumia kap senyen ak bal nan estomak li. Polis yo akize Mumia de lanmò Faulkner ke yon tribinal jwenn koupab e kondane li a mò. Men gen anpil bagay ki malouk nan ka a. Gen de temwen ki di yo te wè yon lòt nèg ki te kouri kite sèn tire; epitou, tès balistik espesyalis fè sou bal ki tire Faulkner montre ke bal la pat sot nan revolvè Mumia (ke l te pote pou pwoteksyon pèsonèl li).
Men polis yo te jwenn pou jije Mumia yon jij mechan, Albert Sabo, ki te gen ti non jwèt «jij pandyezon» paske li te kondane a mò anpil lòt inosan. Jij la apuiye akizasyon polis yo e kondane Mumia a mò. Natirèlman, jij la te kondisyone pou l twouve Mumia koupab anvan menm li te jije l, paske non sèlman misye te nwa, men tou paske antanke manm branch «jenès» òganizasyon Black Panthers la («Pantè Nwa») li tap goumen kont sistèm enjistis Etazini an nan pwogram radyo li te konn fè; li te toujou defann dwa tout ras moun ak klas moun sistèm sosyo-politik meriken tap toupizi.
Sa te fè plezi pou te wè yon si grann kantite moun sòti plizyè kote nan lemond pou vin manifeste pou sove yon sèl moun. Menm lè tout moun yo te fache kont volonte Eta Pennsilvani pou l ekzekite yon inosan, manifestasyon an te anvan tou yon manifestasyon pou fratènite, bèlte, jenewozite, e sitou solidarite ant plizyè konsyans moun avèk tribilasyon yon sèl moun. Timoun kou granmoun, tibebe kou vyeya ak andikape te vin pote-kole. Manifestasyon an te tou maryaj mobilizasyon kolektif avèk pwezi, pwezi pou lavi, pwezi pou tout moun reprann dwa yo pou yo viv san enjistis, san eksplwatasyon, san pouvwa kraze-zo yon Leta polisye ki fè monte lis ak pwofil de kiyès li vle met nan Fò-Dimanch meriken.
Radical Surrealists for Mumia / Philadelphia demonstration, April 1999. —photo by Tanbou
Yo te dabò met dat ekzekisyon Mumia pou 17 oktòb 1995, men akoz manifestasyon djanm yon latriye moun toupatou Ozetazini e aletranje, presyon an te pouse jij Sabo sispann ekzekisyon an, men li toujou refize òdone yon nouvo jijman pou Mumia; e jounen jodia, ka a toujou nan apèl. Nan mwa oktòb 1999, Lakou Siprèm etazini a te refize tande apèl Mumia a; desizyon sa a te favorize Gouvènè Pennsilvani ki pran dat 2 desanm 1999 kou jou ekzekisyon misye. Men erezman yon jij federal te mete yon fren nan ekzekisyon. Jounen jodia, ka Mumia a toujou nan pwosesis apèl la. Mobilizasyon an dwe kontinye pou anpeche rasis Pennsilvani yo asasine Mumia.
Mumia mande tout moun kap goumen kont ekzekisyon li an pou yo pa gen lapenn pou li. Nan plizyè liv li ekri nan prizon, li kenbe zespri enganm. Kofraj selil chanm lanmò yo plase l la pa anpeche l rete yon nonm lib. «Pa plenyen ka m», li di, «kenbe mobilizasyon an, paske lit la se yon lit pou anpeche yon sitiyasyon enjestis non sèlman kont yon moun, men tou se yon lit pou anpeche sistèm lan met sou pye yon enstitisyon enjistis totalitè kont tout moun».