Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Shakespeare an kreyòl ayisyen

Tradiksyon Romeo ak Jilyèt pa Nicole Titus

—revi pa Tontongi

La couverture de «Romeo et Juliet», traduit par Nicole Titus.

Kouvèti Romeo ak Jilyèt, tradui pa Nicole Titus.

Se avèk anpil plezi m ap viv moman jounen jodi a kote lang kreyòl ayisyen an ap deplizanpli rekonèt kou lang lejitim pa michan milye entelektyèl ak enstitisyon politik, san retire Leta ayisyen an ki jodi a gen nan sen li yon enstitisyon lengwistiko-kiltirèl, Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ki gen misyon prensipal elevasyon lang nasyonal la.

Menmlè Leta santral ayisyen an toujou ap fè katimini osijè yon pratik nasyonal konsekan de lang ayisyen an nan tout ministè ak administrasyon li yo e sou tout teritwa nasyonal la, gen layite pwogrè ki ap fèt, pa egzanp nan atitid ekriven yo pou yo ekri nan lang ayisyen. Genyen menm yon etidyan Inivèsite Duke o Zetazini—Lydia Bradford—ki ekri tèz donè kolèj li an kreyòl ayisyen an 2017.

San retire, byennantandi, yon layite « Selebrasyon Mwa Kreyòl Ayisyen » ki fèt chak mwa oktòb, ann Ayiti kou nan Dyaspora ; yon nouvo tradisyon ki kòmanse ak Keppa nan Monreyal, Kanada, e ki vin reprann ann Ayiti, nan Boston, nan Nouyòk, elatriye. Pami dènye aktivite selebrasyon sa yo pou mwa oktòb 2018 la, genyen yon « Senpozyòm sou lang, relijyon ak kilti ann Ayiti : Twa chimen kontre » ki ap fèt nan Booklyn College nan Nouyòk, ak kolòk entènasyonal k ap fèt ann Ayiti anba parennaj Inivèsite Deta d Ayiti (tcheke enfòmasyon pwomosyonèl sou li nan edisyon Tanbou sila a).

Palan de pwogrè lang kreyòl ayisyen an onivo konsyantizasyon sou valè li, an n mansyone jefò Marc-Kensen Curvinglines ki ap tradui kounye a liv filozòf Alman Friedrich Hegel The Phenomenology of Spirit, men sa l di sou sa sou Facebook : « Paske kritik antikreyolis yo gen tandans imajine ke Kreyòl ta swadizan gen yon difikilte pou eksprime panse abstrè, mwen anmenm tan chwazi tèks Fenomeloji Lespri an pou defye kritik sa yo paske tèks sa se yon tèks ki difisil kou konplike pou dechifre. Dechifre li an Kreyòl atò ap vin youn nan plizyè lòt evidans irefitab ki demontre san kache men voye wòch ke Kreyòl Ayisyen an pa gen okenn limitasyon epistemolojik ni lengwistik ni pedagojik. Se pou rezon sa tou, sètadi pou defye kritik antikreyolis sa yo, ke mwen baze tradiksyon kreyòl mwen an sou yon tèks ki ekri an Anglè. Se pou demontre ke Kreyòl Ayisyen an pa depann sou Fransè kòm yon mwayen entèmedyè pou eksprime konsèp abstrè ni pou pwodui ide abstrè. »

La quatrième de couverture de «Romeo et Juliet», traduit par Nicole Titus

Kouvèti dèyè Romeo ak Jilyèt, tradui pa Nicole Titus.

Natirèlman, genyen anpil dlo ki koule anba pon an, kouwè yo di, depi lè Félix Morisseau-Leroy te tradui pyès Sophocle la, Antigòn, ann ayisyen (1953), paske lontan apre tradiksyon sa a milye frankofil, oswa frankolonize yo, selon bon ti mo Idi Jawarakim la, kontinye devalye merit lang kreyòl ayisyen an, e milye entelektyèl yo pa fè anyen ak sa paske, yo asime, pa gen bous, ni grant, ni lektora pou zèv kreyòl ayisyen. Epi pa gen enfraestrikti pwodiksyon liv ak zèv entelektyèl e atizay ki fikse sou kreyòl ayisyen an.

Sepandan, malgre lantè ak minimalism pwogrè nan levasyon e pwopagasyon lang kreyòl ayisyen an, genyen anpil pwogrè ki fèt onivo konseptyèl e pratik, sitou onivo nòmalizasyon lang kreyòl ayisyen an kou lang lejitim. Byennantandi, youn nan eleman pi enpòtan pou nòmalizasyon an vin pi byen chita se pou kontinye wè li, trete li e pratike li kou lang lejitim. Se sa Michel DeGraff fè pa egzanp nan travay li sou lasyans an kreyòl ayisyen, oswa kou noumenm n ap fè nan literati ak edisyon.

Lè m t ap leve nan Pòtoprens nan lane swasant yo, yon kolòk syantifik sou kreyòl ayisyen nan lasyans senpleman pa t konsevab. Epi, lè w gade moun ki layite pou pale sou li yo, se ankò pi enkonsevab : manm lakrèm intelligentsia ayisyen an nan diferan domèn konesans imanis. Soti de epòk—ki pa two lontan de sa—kote lekòl te konn pini elèv ki pale kreyòl menm nan lakou rekreyasyon, rive nan òganizasyon michan kolòk sou valè kreyòl, genyen yon gwo pwogrè ki fèt, menmsi n ap ret tann ankò lè tout prezantasyon kolòk yo ta fèt nan lang kreyòl ayisyen, antouka plis kòm règ ke eksepsyon règ la.

Sila a se yon long entwodiksyon pou anonse soti nouvo liv Nicole Titus la, Romeo ak Jilyèt, yon tradiksyon zèv fame William Shakespeare la. Liv sa a se twazyèm liv Titus pibliye lakay Trilingual Press ki djanmen anbakman manmzèl nan tradiksyon an kreyòl ayisyen gran zèv klasik ekriven enpòtan nan literati mondyal la. Premye a se te Plato / Platon Apology, Crito, Phaedo / Apoloji, Kriti, Fedo (2012), kote manmzèl rann fon panse ak pwosesis panse gran filozòf grèk la nan lang vènakilè nou an. Dezyèm lan se Hamlèt (Prens Dànmak), tradiksyon pyèsteyat Shakespeare la, kote Titus rann vivan pou lektè venteyennyèm syèk yo dram rwayote peyi Dànmak an nan fen sèzyèm syèk ewopeyen an.

Travay Madam Titus yo fè demonstrasyon ke se pa kapasite, ni konpetans ki manke nan lang ayisyen an e ki fè lelit yo meprize l pandan kat syèk la, men pito mank yon volonte politik delapa tout nasyon an ak absans jefò pèsonèl ekriven e edikatè yo ki plis konsène nan sèvi lwayalman sistèm lengwistiko-edikatif frankofil ki tabli a—e jodi a anglofil tou…

Sa Michel Foucault rele yon epistemè kiltiralo-lengwistik la (ki ka tou ekonomik, militè, syantifik, filozofik, elatrye) p ap chanje de yon jou ak yon lòt ; li ka pran plizyè dekad, souvan plizyè jenerasyon, vwa menm plizyè santenè pou defèt sèten abitid ki p ap mache oswa adopte nouvo fason pou fè yon bagay mache. Jounen jodi a, nou ta di nou ant de (2) epistemè : youn ki poko vle ale nèt e ki kwè toujou franse se mèt lakoloni eke lang kreyòl ayisyen la pa yon lang lejitim, totalkapital ; ak yon lòt ki kwè lekontrè. Nouvo epistemè sa a—ki poko ka pran pye pwiske lang franse a toujou rete dominan ann Ayiti—, adopte okontrè postila ke pa gen lang ki enferyè ak yon lòt lang eke diferans nan pèfòmans ant yon lang ak yon lòt depann de relasyon pouvwa ant yo ak degre angajman sosyete sivil la deplwaye pou soutni e djanmen lang lan.

Lè n fin tabli ke se pa kesyon siperyorite, ni enferyorite, ni konpetans ki diferansye lang yo, men pito rapò de fòs ant fòs sosyal e politik kote lokitè yo ye a, ki fè sèten gwoup deside ki sa ki gen valè e ki sa ki pa gen valè ; lè n fin tabli, kouwè lengwistik jenerativ la montre, ke lang ak langaj fè pati de fonksyonalite ak kapasite biyolojik èt imen eke tout jefò pou kreye atifisyèlman yerachi ak sistèm de valè ant yo se magouy klas dominan ak lelit yo pou kenbe pèp la nan iyorans e anba pat dominasyon enperyslism kiltirèl peyi Lafrans ; wi, lè n fin tabli premye prensip sa yo, n ap vin wè bezwen yon nouvo epistemè k ap tabli yon lòt òd valè ak priyorite lengwistik, yon lòt griy referans ak apresyasyon de sa pèp ayisyen an deja genyen e ki fè fòs li : yon lang ak kilti ki pa l e ki diferansye de miraj mistifikasyon boujwazi dominan ayisyen an ki chache tire lejitimite li de koneksyon l avèk boujwazi ak lelit franse a, e, jodi a, lelit etazinyen an tou.

Pou yon dominasyon vin konplè li dwe non sèlman kontwole domèn sosyal, ekonomik oswa militè yo, men sitou domèn kiltirèl, lengwistik, atistik e afektif yo tou. Se sa yon dominasyon kiltiralo-lengwistik enperyalis fè : li tabli yon dominasyon total e totalize.

Pou nouvo epistemè a vin tabli tout bon vre, sètadi pou l vin idantifye l ak reyalite chak jou a, se pou—e se lè—Leta ayisyen, ann akò ak dezi sosyete sivil ayisyen an, dekrete lang ayisyen an pa pitimi san gadò ankò eke tout tranzaksyon ak aktivite administratif Leta ap fè dwe fèt nan lang kreyòl ayisyen an, eke lekòl yo, de klas elemantè ak nivo inivèsitè, dwe fèt ladann, lang kreyòl ayisyen la, ke nou dwe yon jou rele senpleman ayisyen pou konplètman retire konotasyon kolonyalis e konfizyon deziyatif mò kreyòl la genyen.

Pou fini ti refleksyon sila a, an n di, menmlè nan Romeo ak Jilyèt se pa kesyon langaj ki pwoblematik la, nou ka remake li se youn nan zèv ki tabli e konsakre kanonizasyon lang angle, patikilyèman apati piblikasyon li an 1597. Li montre ankò yon fwa se literati ak pwodiksyon atistik e entelektyèl nan yon lang ki fè grandèt li.

Pou ede nouvo epistemè a vin vrèman tabli, se pou gen yon refleksyon e reoryantasyon jeneral ki serye nan kouman Ayiti fonksyone e sou kouman sèten jan li fonksyone aji negativman sou devlopman li, e ki sa ki dwe fèt pou reponn ak pwoblèm l ap konfwonte yo. Pami yo, alyenasyon lengwistik. Ekriven, tradiktè, editè, edikatè ap jwe yon wòl enpòtan nan reoryantasyon sila a, zèv tradiksyon Nicole Titus yo ede nan nouvo epistemè a.

—Tontongi septanm 2018

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com