Prezantasyon Anba Bòt Kwokodil

Edisyon Près Trileng/Trilingual Press pran plezi anonse sòti nouvo liv Patrick Sylvain an, Anba Bòt Kwokodil, yon roman istorik [ISBN: 978-1-936431-24-3, 290 paj].

La couverture de Anba Bòt Kwokodil.

Premye fwa mwen te li maniskri Anba Bòt Kwokodil la, mwen di tèt mwen roman sila a se yon klasik imedyat (nenpòt kèk lè l sòti). Dizan pi ta, Sylvain vini avèk vèsyon final liv la. Lè yon nonm pote bon komisyon, ou ka padone l li te pèdi tan nan chemen. Wi, kanta bon komisyon, Sylvain pote anpil nan roman sila a.

San antre nan ankenn entrig nan liv la, an n di dabò ke li se premye roman istorik ki ekri nan lang ayisyen an, istorik nan sans li dewoule sou gouvènman Divalye yo, pè e fis, e li dekri sèten mès ak pratik politik pandan l’ap brase tablo sosyolojik yon sèten milye ak yon sèten epok.

Mwen remake depi premye lekti mwen te fè de roman sila a twa bagay an patikilye : ke Sylvain respekte izaj lang lan, ke l se yon estilis ki manye langaj kon yon majòjon manye yon jon, e ke l fòme nan lekòl pi gran romansye ak romansyèz ki ekziste depi kòmansman istwa roman.

Lè w li pwezi Patrick Sylvain—ki se tou yon powèt—, ou ka wè filyasyon ant zèv powetik li ak zèv romanès li, paske li montre nan toulède trè reyalis avèk dòz neo-romantik, vwamenm pòsmodènis (tit liv la limenm ka ba w yon ide, yon kwokodil ki pote bòt!)

Langaj lavi nan roman Sylvain an, se langaj chak jou moun pale, e se aspè sa a, san konte entrig swivi, enteresan roman an, ki fasine kritik kouwè Yvon Lamour ak Josaphat-Robert Large.

Avèk roman sila a, ansanm ak lòt zèv literè serye ekri nan lang ayisyen an, Edisyon Près Trileng/Trilingual Press vle montre pa gen ankenn fontyè nan nivo konesans, emosyon ak imajinasyon imen lang kreyòl ayisyen pa ka travèse e depase. Pami dèsantèn ekzanp, an n site yon ti pasaj nan liv la :

« Solèy la te kòmanse tenyen je l’ dèyè mòn yo, yon ti lanp tèt gridap te gentan limen anba tonèl Grann Lamèsi a, tout poul te gentan al chache pye bwa pou yo kamoufle. Dèlfis ak Pengal kontinye ap pale kòmsi li fèk jou. Yo pale sou epòk lè yo te jèn, match foutbòl yo te konn jwe, fanm yo te konn koutize; yo pale sou kozman politik tankou koudeta lame te bay prezidan Pòl Maglwa a; yo rantre nan koze levasyon, yo menm diskite relijyon, sitou kanpay destriksyon ak derasinman peristil ki te pran pye nan de premye ane 1940 yo, epi ki te reparèt sou gouvènman Maglwa a.

Woujasyon syèl la te kòmanse disparèt tèlman nwasè lanjelis te fin vale tout klète solèy. Gras a lalin ak kèk poto limyè ki te bay yon ti zuit eklèsisman, mesye yo pa te fin pèdi visaj lòt anba gwo dra nwasite ki toujou vale provens yo depi solèy lan chanje kanton pou l’al klewonnen nan lòt zile. Menmsi lalin lan te yon ka ranpli, li te bay ase klète.

Kèlke jou anvan eleksyon prezidansyèl lan, kè tout Ayisyen te sou biskèt, sou tout miray peyi a, foto ak plaka kandida yo afiche. Toupatou, tout moun ap pale sou Dejwa, Divalye ak Jimèl. Espwa sou tèt bouch tout moun, yo te fatige ak gouvènman efemè, nan yon sèl ane, kat prezidan te gentan pase sou pouvwa a; koudeta te tounen vokabilè kotidyen. Fwa sa a, tout moun t’ap swete kolonèl Antonyo Kebro, aprè li te jete Fignole, ta pral asire yon eleksyon ki jis. »

An n site, pou apresyasyon li, kèk pasaj nan koutje Yvon Lamour ak Josaphat-Robert Large pote sou Anba Bòt Kwokodil, kòmante kritik sa yo sou roman an repwodui nan fen liv la.

La quatrième de couverture de Anba Bòt Kwokodil.

Koutje Yvon Lamour :

« Dizondi, si w te viv nan epòk la, Anba Bòt Kwokodil ap fè w reviv li; si w pat viv li, l ap louvri zye w sou li; si se premye fwa w ap li sou bout istwa Ayiti sa a, ou p ap kapab depoze liv la atè, lè w tanmen li li. Otè a itilize anpil dyalòg ak rakontay pou li kenbe lide prensipal-santral la nan tras li. Fraz long ak fraz kout manbre, balanse tribòbabò, makònen anba anpil mo nouvo k ap simen deskripsyon ak detay ponmen, fen, fètefouni. Pèsonaj yo anpenpan nan wòl yo chak ap jwe yo, epitou non yo pote senbòl ak makfabrik ki depi nou repete yo nou rekonèt yo lapoula kiltirèlman. Konsa, Èzila pa sèlman yon bèl fanm, men otè a detaye tout langay ki souke tout sans nou yo pou fè nou santi bote ak gangans manman ak madanm Jozafa sa a. Ogoul ak Ayida se 2 ti marasa ki pi replè epi pi entèlijan ki rive fèt, kale nan Difò. Ti chyen Jozafa pa vle wè a, pa sèlman mèg, men maleng sou do li, jan li jape ba li yon plas espesyal nan istwa epi anndan imajinasyon nou tou. Tout ti detay nan tout trajè Jozafa fè yo, depi li kite Difò, pase pa Maryani, al tonbe Kafou jouk li rive Pòtoprens, se detay ki deploye kat jeyografi zòn nan nètalkole. Makoutis dizuikara Onora parèt tou limen, toutouni nan defans kin msye pa janm sispann fè pou rejim nan.

(…) Puize nan Anba Bòt Kwokodil pou w aprann pale, li, epi ekri kreyòl ayisyen; fè konesans ak pèsonaj ki charye senbòl ak tradisyon lakay nan konpòtman yo; dekouvri kreyativite Patrick Sylvain kòm ekriven. Moun ki fèk kòmanse li kreyòl ap jwenn pa yo, sa ki gentan maton pral benyen sèvo yo nan Anba Bòt Kwokodil 271 deskripsyon fètef ouni ki charye digdal detay ak presizyon. Rès sa ki rete pou fèt la, se ou-menm ki pral plonje benyen byen fonn nan lekti zèv la lapoula. »

—Yvon Lamour, M.Ed., M.S.W

Koutje Josaphat-Robert Large :

« Ou annik louvri roman Anba Bòt Kwokodil Patrick Sylvain an, gen yon ekriti siwolin ki kòmanse trase chimen l’ nan lespri ou. Depilò a, ou kòmanse jwi ak rekòt bèl mèvèy k’ap fleri nan chan paj yo. Chay silab yo, bèl òganizasyon fraz yo ki ekspoze nan gadmanje zèv la, kenbe atansyon ou, fè w pa fouti depoze liv la. Enpi, menm lè blakawout nwaye limyè lakay ou, pou goumen ak anvayisman fè nwa, lè sa a, ou limen balèn, ou kapte tibout limyè lalin melanje ak zetwal, pou rapouswiv lekti roman an. Ou pa kapab mete liv la akote, ni ou pa kapab nonplis tann solèy leve pou plonje nan paj kote ou te rive a, anvan blakawout la. Se nan konsa, lantouraj ou vlope ak tibout limyè adwat-agòch, ou repran lekti a, pou vale pleziman liv la.

(…) Tout detay ki tonbe anba plim sa a, yo jwen yon demonstrasyon estetik ki fè yo parèt, klè kou dlo kòk. Kanta pou bèl imaj ki simaye nan paj liv la, yo eklate ak tout limyè yo, nan tout chapit yo. An nou, pou n’ fini, mete kèk nan imaj sa a yo atè, nan tèminezon prezantasyon nou fè la a, san nou pa anpyete sou bèl sipriz ki pral anvayi lespri lektè yo, nan avansman lekti yo nan liv la. 1. Depi kòk chante, teyat lavi kòmanse jwe! 2. Zizi, tèlman mwen renmen ou, si m’ te kapab foure kòm nan kò ou, m’ ta rantre floup pou kò m, fonn andedan ou jiskaske nou tounen youn pou letènite. 3. Mabouya ap gazouye sou pouvwa, peyizan tounen machann, machann tounen vòlè, vòlè tounen militè, militè tounen popetwèl. 4. Chante lakou a te byen klase nan zòrèy Jozafa ki t’ap wose drapo lakilti pa l’ nan konba lajenès kont tilititi sosyal. Mezanmi, lè ou fin li bèl imaj sa a yo, kijan pou gen odas pou kanpe epi deklare, ak tout sanfwa ou: kreyòl pa yon lang ki kapab ofri kilti ayisyèn nan yon literati. »

—Josaphat Robert Large, Ayiti

Liv la ka kòmande sou sit Amazon oubyen sou sit Près Trileng/Trilingual Press ak Tanbou.

A collective publication and collective publishing house, to buy books, click here:
pour acheter des livres, cliquer ici:
pou achte liv, klike la a: