Home page • Table of Contents • Send your writings and e-mail to: Editors@tanbou.



Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) voye Chapo ba pou akademisyen Pierre Michel Chéry

Pierre Michel Chéry

Pierre Michel Chéry, 18 mas 1956–25 me 2024

Yon pwasenkant sou do Akademi Kreyòl Ayisyen. Nouvèl ap Samdi 25 me 2024, se yon dat tris, yon dat malouk ki plonje Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan lapenn, yon dat ki pral rete talanmò Akademisyen Pierre Michel CHÉRY, ki t ap goumen depi kèk tan ak yon maladi, lage tout Akademi an nan chagren ak dezolasyon. Akademisyen Pierre Michel CHÉRY janbe, li fè gran vwayaj la. Se yon gwo kou. Kou a fè nou mal. Yon kou pou non sèlman Akademi Kreyòl Ayisyen men tou, pou tout sosyete a, anjeneral, lè nou sonje nivo enplikasyon pèsonaj la nan lavi pèp ayisyen an, kit se kòm Akademsyen, ekriven, anseyan oubyen militan politik.

Disparisyon Akademisyen Pierre Michel CHÉRY se yon gwo pèt pou Ayiti. Kontribisyon Akademisyen an nan anrichisman memwa literè ayisyen an fondamantal. Zèv li yo, sitou divès woman ak atik li jeneralman ekri an kreyòl, montre kijan Akademisyen an te rete kole ak kilti, tradisyon, idantite ak filozofi pèp ayisyen an. Tout zèv li yo se yon kèt, yon afimasyon, yon ranmase, yon vwayaj nan fenfon istwa peyi a. Akademisyen CHÉRY itilize materyo li detere nan abitid pèp la pou li gani tab literè ayisyen an ak anpil bèl chedèv tankou Eritye Vilokan, Bèbè Gòlgota, Senfoni Nago, Dogid Atisou, Peleren… Se yon pitit otantik peyi a pèdi, malgre zèv Akademisyen an pral rete vivan.>

Alafwa Lengwis, Womansye, Enfòmatisyen, Jesyonè, Akademisyen Pierre Michel CHÉRY te sitou yon gwo defansè lang kreyòl ayisyen an, li te pran abitid defann ak anpil detèminasyon. Li fèt 18 mas 1956 nan komin Miragwàn (Ayiti). Se yonn nan ra ekriven ayisyen ki te chwazi ekri sèlman nan lang kreyòl la epi ki mennen gwo batay pou fè respekte dwa lenguistik tout Ayisyen.

Akademi Kreyòl Ayisyen te byen kontan konte Akademisyen Pierre Michel CHÉRY pami manm li yo. Tout gwo konba li te mennen, toupatou nan peyi a, ap rete kòm sous enspiration pou manm ki la kounye a yo ak pou jenerasyon k ap vini yo

Akademi Kreyòl Ayisyen ap pwofite moman difisil sa a pou li prezante senpati li bay pitit Akademisyen CHÉRY yo, fanmi, zanmi, etidyan ak tout lòt moun lanmò sa a lage nan tristès. AKA envite tout sosyete a ede li ranmase bèl eritaj literè vanyan gason sila a kite, pandan li pwomèt li pral travay pou non Pierre Michel CHÉRY rete byen vivan nan mitan nou.>

28 oktòb 2023, AKA te remèt yon plak Onè ak Merit bay Akademisyen Pierre Michel CHÉRY pou latriye liv li ekri ak konba li mennen pou fè respekte lang kreyòl ayisyen an.

—PIMICH, w ap toujou prezan nan AKA ! Deklarasyons tire nan paj Facebook AKA, May 27 e 28, 2024)

Forum Politique des Socioprofessionnels Progressistes Haïtiens (FPSPH) salyememwa Akademisyen Pierre Michel Chéry>

ReferansJean Medy Pierre-Toussaint

Gwoup Refleksyon FPSPA ap anonse ak anpil tristès lanmò kanmarad nou, frè nou Pierre Michel Chéry jodi samdi 24 me 2024 la. GR-FPSPA ap salye depa yon konbatan vètikal, yon militan wodpòt ki pase lavi l ap mete tout kapasite pèsonèl li osèvis batay kolektif pou chanjman peyi ak anpil diskresyon. Anmentan tou, depi sa nesesè, li pa t rate okazyon jwe wòl dan devan pou batay la vanse.

Py Michèl se te pòt pawòl ak youn nan ideyològ GR-FPSPA, yon entèlektyel òganik nan batay mas Pèp la pou chanjman total kapital peyi a. Pyè Michèl kite nou apre plizyè mwa maladi. Sitiyasyon sante l te vin detèryore nan dènye moman yo an pati akoz tout difikilte ki genyen pou yon moun jwenn bonjan swen nan peyi a.

Li kite nou nan yon konjonkti difisil difisil anpil, kote polivalans li, analiz li, kouraj li ak detèminasyon vwa l pi enpòtan toujou. Pyè Michel devan !!! Nou menm nou dèyè ! Batay la p ap kanpe ! N ap fini nòt sa ak kouplè chanson Carole Demesmin a « Lè yon Mapou tonbe » :

Lè yon branch wozo kase bò letan
Ranmye pa menm espantan>
Men lè son mapou nan granbwa ki tonbe
Tout zwazo blije mande : « kote n pral poz ? »
Lan jaden nou
Ou te yon mapou
Kote n poze
Lè n te bouke
Se pou piyay
Ou te bay lonbray !!!
(…)

Ni fèy ni fwi nan branch bwa ki pandye
Yon lè rive yo tonbe
Fèy la tonbe al pouri fè fimye
Fwi a ale pou jèmen
Pou l repouse
Lè w te tonbe sete tankou
Yon fwi k plante anndan kè nou
Sa w te konn di
BPa janm pèdi…

—Gwoup Refleksyon—FPSPA, Deklarasyons tire nan paj Facebook FPSPH, May 27 e 28, 2024)

Home Page • Table of Contents • Send your writings and your letters to: Editors@tanbou.com