Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Diskou rektè Fritz Deshommes

nan kad seremoni Komisyon Restriktirasyon Lekòl Dwa ak Syans Economik Gonayiv la (EDSEG)

Se ak anpil plezi, anpil kè kontan, n ap enstale Komisyon Restriktirasyon Lekòl Dwa ak Syans Economik Gonayiv.

Fritz Deshommes, Rektè IEA.

Fritz Deshommes, Rektè IEA.

Anpil kè kontan paske seremoni jounen jodi a mete n sou wout pou n ranpli yonn nan egzijans Rezolisyon Eta Jenewo UEH la, nan dat 16 me 2019, ki te mande Konsèy Egzekitif la nan Dispozisyon no 23 li pou nou voye yon kout je espesyal, san pèdi tan, sou de (2) Lekol an patikilye ki nan system UEH la : Gonayiv ak Okay. Epi pou li chache rezoud pwoblèm grav y ap konfwonte.

Seremoni sa a pèmèt nou fè yon lòt pa tou nèf nan konsiderasyon nou genyen pou michan etid Federasyon Bawo d Ayiti te prezante nan mwa janvye 2020 sou Ansèyman Syans Jiridik nan peyi d Ayiti. Se te yon veritab kout lanbi sou ki kalite jiris n ap fòme ak sou ki danje sa reprezante pou pwofesyonèl Dwa ak sistèm jidisyè peyi a. Nou te ranmase etid sa a alapapòt. E n ap pwofite salye prezans Me Michel Thermezi, Direktè Lekòl Majistrati, Me Robinson Pierre Louis, Sekretè Jeneral Federasyon Bawo d Ayiti ki se patnè nou nan komisyon Tripatit UEH-EMA-UEH sou Ansèyman Dwa nan peyi d Ayiti.

Seremoni jodi a pèmèt nou vanse tou sou pwogram Rektora a genyen pou restriktire tout Lekòl Dwa ak Ekonomi nou yo, nan Pòtoprens ak nan Provens. Nou fè Jakmèl deja. Jodi a n ap fè Gonayiv. N ap gen pou n kontinye nan Okay, Pòdepè, ak tout lòt yo.

Nou kontan tou pou kalite moun ki mete yo disponib pou gwo travay sa a. Nou sot tande pakou Me Dufrene, pakou Me Cherizard Joseph. Pakou akademik yo, pakou pwofesyonèl yo. Anpil konpetans, anpil kapasite, men tou anpil entegrite, anpil volonte, anpil kouraj. Kòm moun Gonayiv, kòm pwofesè, kòm sitwayen, yo estime yo dwe peyi yo sa, yo dwe vil yo a sa, yo dwe etidyan yo sa. Mèsi Direktè Dufrene, mèsi asistan-direktè Cherizard Joseph pou kokenn chenn angajman nou pran jounen jodi a.

Nou kontan tou dèske kriz EDSEG la kòmanse jwenn solisyon. Nou konnen anpil etidyan ap soufri. Yo pa konn kote yo gad. Lekòl la blije fèmen. Anpil pwofesè ap soufri tou. Pwofesè sa yo ki vle mete konesans yo nan sevis etidyan yo nan bon kondisyon. Pèsonel administratif la tou nan gwo difikilte. Kontra yo poko ka siyen paske depi 5 mwa paske lekòl la pa gen direktè.

Nou vle rasire tout moun. EDSEG pral relouvri. Li pral relouvri nan bon kondisyon. Depi jounen jodi a, Komisyon an pral travay pou l kòmanse panche l sou pwoblèm tout kominote a. Etidyan rezidan ak etidyan non rezidan. Pwofesè, pèsonèl. Komisyon an pral travay tou pou lè w gen yon papye EDSEG nan men w, w ap fyè, w ap rejwi. Tankou sa te ye pa gen two lontan. Paske EDSEG pral retounen sou de (2) pye l. Paske EDSEG gen yon long tradisyon ekselans, konpetans, diyite, verite.

Lekòl Dwa Gonayiv prèske gen yon syèk depi l ap feraye. Mwa janvye 2022 a, pou n pi klè, 16 janvye 2022 pral fè Lekol la 100 lane depi l kòmanse fòme etidyan, daprè rechèch sekretè Teknik CSPJ an, Me Jean Robert Constant, ki se yon ansyen dirijan EDSEG, yon istoryen vil Gonayiv, epi ki te travay anpil pou fè Lekol la vanse.

Èske nou konnen Lekòl Dwa Gonayiv la se premye lekòl nan tout inivesite Leta a, nan tout istwa peyi a kote premye memwa soutni nan domen Dwa? Se te memwa Me Ertha Pascal Trouillot ki pral vin Premye Prezidan fi peyi d Ayiti. Soutnans lan te fèt nan mwa jiyè 1971 pou respekte Dekrè 23 janvye 1969 ki te mete tout lekòl dwa pwovens yo sou kont Inivèsite leta a epi ki te egzije etidyan Dwa yo pou prezante yon memwa pou yo te ka jwenn grad lisans.

Èske nou konnen anpil gwo tèt, anpil gwo jiris, anpil gwo sitwayen ki fè lonè tèt yo, lonè vil Gonayiv, lonè Depatman Latibonit, lonè peyi a, nan konpetans, nan diyite, nan kapasite se nan EDSEG yo soti ? Nou te site Madan Trouillot. Men nou jwenn anpil anpil lòt anvan l ak apre l. Sa vle di lekòl la pa t toujou konsa. Li te gen moman glwar li.

Nan memwa fondatè Lekol la, Me Etienne Dorneval, Me Valencourt Pasquet, Me Ascagne Pelissier, Me Marceau Lecorps, Me F. Francois, Me Rene Latortue, nou pa ka kite Lekol la jan l ye la a.

Devwa nou jounen jodi a se pran egzanp sou tout gwo tèt sa yo, sa k deja ale kite nou, sa k la toujou pou nou ede Lekol la vanse nan bon direksyon.

Se yo k pou sèvi n egzanp, se sou tras yo pou n mache. Se yo k pou sèvi Komisyon an bousòl pou l rive egzèse epi reyisi manda l komsadwa.

Nou konnen travay la pa fasil. Wout la ka pi long ke n kwè. Sitou nan moman difisil peyi a ap travèse kote tout nosyon valè, prensip, règ, tout sanble pa gen lavwaochapit. Men chak fwa n sonje sa EDSEG te ye, sakrifis ki te fèt pou l rive kote te ye a, kalite moun ki te fonde l, valè gwo sitwayen l bay peyi a, n ap jwenn fòs ak kouraj pou n kontinye vanse sou chimen ekselans, sou chimen diyite, sou chimen konpetans, sou chimen verite.

Nou menm nan Konsèy Egzekitif la, nou pwomèt tout sipò nou pou akonpaye Komisyon an nan travay difisil sa a.

N ap pwofite mande konkou tout kominote EDSEG la, pwofesè, etidyan, pèsonèl, pou lekòl la, lekòl nou an, retounen sa l te ye a, vin sa l dwe ye a epi sa anpil moun Gonayiv, anpil moun Latibonit, ap tann.

Nou mande Leta, sosyete sivil la, tout pwofesyonèl Dwa ak Ekonomi, tout otorite ak notab nan Gonayiv pou yo bay Komisyon an jarèt, pou yo ede Komisyon an bay EDSEG yon lòt figi, mete l nan yon lòt nivo, fè EDSEG la tounen yon modèl pou Gonayiv, pou peyi a, pou UEH la.

Yon chay remèsiman pou tout kolèg, tout kolaboratè, tout sitwayen, menm moun ki pa konnen nou, ki ankouraje nou nan pwosesis sa a.

Nou p ap sispann remèsye epi felisite manm Komisyon Restriktirasyon an ak tout pwofesè Egenet kòm konseye, ki aksepte gwosè chay sa a.

Nou swete yo anpil kouraj, anpil siksè. Mèsi anpil.

—Fritz Deshommes Rektè Inivèsite d Eta d Ayiti 14 janvye 2021

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com