Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Pwezi ann ayisyen

Powèm pa Denize Lotu Lauture

San-tit, desen pa Anri Pyè Tousen.

Liv mwen

Liv mwen tanpri
Kou m leve lematen
Pran men mwen
Pran tou de men mwen
Kenbe men m
Kenbe men m fò
Jous midi sonnen
Pa lage men m
Pa lage men m ditou
Kenbe tou de tout apremidi
Jous solèy balanse dèyè mòn
Jous sol kowona kouche
Kenbe men m lè lannwit rive
Kenbe men m douvan chandèl
Douvan lanp tèt gridap
Kenbe men m nan klate zetwal
Kenbe men m nan limyè lalin
Lè nou a wè je m vle fèmen
Pa lage men m
Mennen m sou bout nat mwen
Jide m lonje kò mwen
Pase paj nou sou popye je mwen
Pase m lòd pou m reve bèl rèv nou
Pou m sa wè m ap vire paj nou
Pou m sa wè m ap bò nou
Pou m sa wè n ap antre nan tèt mwen
Pou m sa wè n ap antre nan ti kè mwen
Lonje kò nou akote mwen
Pou nou sa leve ansanm nan maten.

Kout Kreyon Granmoun II

Mwen se ti pipi pisannit
Mwen se ti pijon rechofe
Mwen se ti gigit k ap soukwe
Mwen se yoyo k ap moute desann
Mwen se ti kòk sou do ti poulèt
Mwen se bwa gayak
Mwen se zouti k ap taye
Mwen se manchèt koulin
K ap fann kokoye wole
Mwen se zo yo repete de fwa
Mwen se yon baton sikdòy.

(2007)

Kout poud desounen

Desounen poud desounen
Yo badinen figi peyi nou ak poud desounen
Yo simen poud desounen nan tout syèl peyi nou
Yo kouvri tout ti fèybwa ak poud desounen
Tout branch bwa tout rasin bwa ak poud desounen
Desounen poud desounen
Yo mare machwè peyi nou ak poud desounen.

Desounen poud desounen
Yo poudre anbazèsèl peyi nou ak poud desounen
Yo simen poud desounen nan tout chimen peyi nou
Yo kouvri tout tèt mòn ak poud desounen
Tout manman plenn tout lakou bitasyon ak poud desounen
Desounen poud desounen
Yo mare nou 2 bra dèyè ak poud desounen.

Desounen poud desounen
Yo badijonnen pati entim peyi nou ak poud desounen
Yo simen poud desounen nan tout sous dlo peyi nou
Yo kouvri tout ti tizon dife ak poud desounen
Tout ti zetwal tout ti lalin ak poud desounen
Desounen poud desounen
Yo chatre peyi nou ak poud desounen.

Desounen poud desounen
Yo maspinen solèy peyi nou ak poud desounen
Yo simen poud desounen nan nawèje tout Ayisyen
Gwo kout poud desounen rann avèg
Tout nèg tèt lespri
Tout nèg vanyan gason
Desounen poud desounen
Yo vole nanm nasyon nou ak poud desounen…

Nègmòn–Soudè–Powèt

Mwen fèt nègmòn
M ap toujou rete nègmòn.
Mwen tounen soudè
M ap toujou rete frè
Tout moun ki soudè.
Mwen se powèt
M ap viv lavi tout powèt serye.
Se sa m te ye
Se sa m ye
Se sa m ap toujou rete
Nègmòn–soudè–powèt !

—Denize Lotu Lauture

[Powèm sa yo tire de nouvo liv Denize Lauture Pi bèl son lanbi sanba dlo nan sensè a, yon konpilasyon powèm li nan lang ayisyen ki kouvri ane 1981–2020, pibliye kay Trilingual Press, Boston.]

Powèm pa Ewald Delva

Pita pi tris

Malgre n pa t esklav
Nan tan koloni
Yo vle fè n epav
Anndan Ayiti
N pa gen chèn pye
Ki byen kadnase
N pa ka l Boutilye
Pou n pa kidnape.
Pa pran l pou rizib
Kòmsi m pa nòmal
Chèn yo pa vizib
Men may yo mantal
Y ansèkle sèvo
Yon dal patriyòt
Pou yo awoyo
Sou sèvèl wòwòt.
Kòman w vle n konprann
Yon maten bing bang
Yon nèg chèf bannann
Pran simaye gang
Kenbe an otaj
Yon popilasyon
Pou l pran avantaj
Nan fè eleksyon?
Li kraze Palman
Pou l ka pran dekrè
Epi toubònman
L ap fè edefè
Pèp ret silansye
Ak bouch li tepe
Pou ti bouchepen
K fèt nan gatpetren.
Pa gen advèsè
Pou bare l lawout
S on kolonn ransè
Yo met andewout
Panse dwategoch
Tank yo maladwat
Diskou yo agoch
Men pòch yo adwat.
Kòm yon jwè foutbòl
K ap fè ti pas kout
Ak men l ap ba w gòl
N ap pran l koutkekout
Se majigridi
Tribò a babò
Timanman cheri
Pral tounen ankò.
Y ap refè polis
Pou met barikad
Lekòl pral gratis
Nan vennsenk estad
Kòm y ap bezwen rant
Leta ba yo dwa
Taks dola senkant
Pral monte a twa.
Yo pral fè moun pè
Gason tankou fanm
Gang pral sou bidjè
K ap vote lachanm
Ka nou pral pi grav
L ap sisite hèn
Nou pral pi esklav
Menm lè n pa gen chèn.

Pa gen ras, noutout se menm

Se vre noutout pa menm koulè
Men sepandan noutout gen kè
E si nan gou nou diferan
Men malgre tou nou gen menm san

Poukisa blan pa vle wè nwa
Men otan nwa pa rayi blan ?
Se blanmannan ki òlalwa
Ki tanzantan ap fè frekan.

Omwen si blan te renmen nwa
Pa t ap gen gè, ni gen touman
San manje dan devan lalwa
K pou fè n patnè ekivalan.

Lè w vin soumèt anba presyon
Sa pa vle di obeyisans
Se tankou mèt sou represyon
Yo fè di wi nan ren soufrans.

Toujou gen sa nan tou de kan
W ap jwenn jouman san fwa, ni lwa
Men gen plis nwa k vle viv ak blan
Ke ta gen blan k vle viv ak nwa.

Pouki se blan yo k domine ?
Èske s akoz yo pi peple ?
Ki fè yo kwè yo siperyè
Antite nwa yo enferyè.

Si koulè po nou diferan
M ap redi l byen, nou gen menm san
Anplis defo n pa depaman
Se menm chimen, menm parèyman

Noutout se menm sou plizyè faz
Ke achitèk la desine
Vi n kenbe men m pou n konstwi baz
San fè echèk pou nou rive.

Se twòp solèy ki chofe po n
Ki plen pigman n ak melanin
Yo tonbe dwat sou tout rèl do n
Men k fè nou djanm avèk jèvrin.

Poutan sou ou yo twò panche
Ki fè w bezwen pou rechofe
Men an n vole anlè tout sa
Se pozisyon nou k fè l konsa.

Ke l te Lafrik oubyen Lachin
Nou se vwazen avèk vwazin
Ke l te Lewòp ou Lamerik
Nou pataje menm politik.

Pa gen nou youn ki diferan
Pou youn twouve ap fè frekan
Nou pa t bezwen nan fè mètdam
Ni pou n detwi lòt ak gwo zam.

E lè n poze kesyon sèvo
Tout èt imen nan menm nivo
Sa pral depann ki bon mwayen
Ki bon espas ki fè w dibyen.

Vrè sa pou n wè ki esansyèl
Noutout kreye nan men Lesyèl
E si toutfwa sa fè w defo
Konnen w se frè ak Gobino.

—Ewald Delva « Zòf »

Powèm pa Doumafis Lafontan

Lafimen

Nonm lan ap vire lòlòj li.
Li pa konnen si pou li monte,
desann, chita, kouche.
On doulè sou kè,
On soufrans nan vant,
Lapenn makonnen senti li.

Pa mande li sa ou santi.
Pwa lavi sou biskèt li.
Listwa ap obsève,
Li pa bay chimen,
Li pa montre lavni,
Li sèlman ofri on plas
Sou kabann jijman.

Tranch responsabilite li
Pou lapatri, lafanmi eklipse
Nan on lafimen,
Siyal kominikasyon,
Eritay Karayib.

Pawòl Ginen

Byen mennen Jeni irite,
Ki bay lavi san kòmansman,
San fen.

Lòd mele nan tout.
Imoralite lelit mennen
Deklen moral piblik.

Pa kite pou demen sa ou ka fè jodi a.
Yè rete nan pase,
Tandiske demen poko rive.

Lè ou konnen travay ou dedye tan ou a li.
Travay sèl si ou pa jwenn konpayon.

Kiltive,
Pran swen latè.
Fè latè pwodui,
Donnen, e
Abondan.

Lajan pa t fè seremoni Bwa Kayiman,
Lajan pa t bay viktwa nan Vètyè,
Lajan pa t ankouraje Kako.
Di koutye yo non,
Nan travay n ap devlope Ayiti.

Pote limyè zansèt yo,
Mache selon pawòl ou.
Ak konsyans e aksyon dyanm,
Kenbe men ou pwòp,
Kè ou pi.

Kado Papa Desalin,
Ki mouri pou libète ekonomik majorite mas popilè.

Ayiti konte premye nan soufrans.
Bouwo demokrasi ba li kou sou kou.
Plis pase desan lane pandye kòd nan kou.
Pitit tè a prefere viv nan pèseverans
Olye sou depandans.

Ayiti devan limanite ilistre karaktè.
Grenn revolisyon donnen on digdal sanba.
Zèv pitit tè a kontinye nan Ginen.
Istwa Ayiti nan kat kwen konte eksplwa Afriken.

Mete enterè frè ou devan
Pou pa ou vanse.
Adopte sajès pou sè ou.
Sèvi ak antant kòm paran.

Elve timoun yo ak disiplin
Pou yo pa pini yo nan granmoun.
Pawòl paran bay lavi pou pitit ki obsève li.
Fòk ou bay pou jwenn.
Pale verite pou pa twonpe tèt ou.

Nan Ginen, chimen limyè,
Kè, pawòl ap pase,
Karaktè etènèl.

Mèt kò, veye kò.
Panse ou se ou,
Pale sa ou konnen.

Papa Desalin òdone nou jije Newokolon,
Men ou pa bezwen fè vanjans.

Avan ou pran lari ogmante dèt la,
Mande tèt ou :
Ki devwa m pou peyi m ?

Mete pasyon,
Obsesyon sou kote.
Lè on nonm renmen on famn,
Li tankou on timoun ki nan tete.

Bèl fanm po pistach,
Cheve kòn,
Tete e dèyè doubout.

Libète ou makònen ak pa pwochen ginen.
Se on byen ki definini Endepandans,
Osnon Lanmò.

Gade dwat devan ou.
Deteste fo mamit.
Toujou kenbe on sèl mo,
Wi, non, osnon
M pa konnen,
Pou ou pa al lajitis.

Lanati se grèp verite.
Lè lakay divize,
Vwazen pwospere.
Gran, ou sèl ;
Mayifik yo rayi ou.

Wa bay lòd.
Prezidan fè sijesyon.
Pou gen repo aksyon ou komèt suiv ou jis pititpitit.
Kilès ki ka blame moun lespri posede ?

Joumou pa donnen kalbas.
Viv nan lanmou,
Kenbe endepandans nan kè ou,
Renmen li nan panse,
Viv li kontinyèlman.

Pa bliye si richès ou ogmante
Pa mete kè ou ladann.
Pou ou pa renmen dola
Plis pase pwochen ou.

Zye se miwa kè
Lè ou gade on lòt Ayisyen.
Lapawòl sòti nan kè
Lè ou pale ak on lòt Ayisyen.

Viv nan kè ou,
Li panse ou lajounen kou lannuit.

—Doumafis Lafontan

[Soti nan rekèy powèm bileng (ayisyen-angle) Krik! Krak! Dèyè mòn gen mòn / Mountains Behind Mountains, ed. Trilingual Press, 2012.

Powèm pa Charlot Lucien

Revèsibilite

Ti flè a di mwen : gade,
Jan petal mwen ap liminen tankou you flanm dife.
Epi, mwen gade,
Mwen ranje talon pye mwen,
Mwen graje ti flè a atè a anba pye mwen.
Papiyon an di mwen : gade,
Jan lakansyèl la ap liminen nan zèl mwen.
Mwen gade, epi,
Mwen voye yon men san pitye
Mwen krabouye li nan mitan dwèt mwen.
Gen yon ti sous dlo ki t ap chante
L ap mande m vin wè kijan,
Li t ap briye tankou yon bijou emwod ak tout klate l.
Mwen gade, epi,
Mwen rakle gòj mwen,
Mwen krache fyèl mwen ladan li ak yon raj.
Pi lwen, yon ti zwazo t ap gazouye anlè a,
L ap twaze m ak kout je
L ap wè si li t a enève m,
Paske li panse m pa ka manyen l.
Mwen ranmase yon wòch, epi mwen vize l.
Yon ti moman apre, ti zwazo a sispann chante ;
Li poze sou yon branch
L ap gade yon bagay pi ba atè a.
Mwen wè li beke ti branch bwa, ti branch flè,
L ap lage yo anba pye bwa a…
Mwen pwoche pou mwen gade, epi,
Nan mitan rasin bwa a, nan labou a,
Tèt li eklate nan mitan you kouwòn san ak flè :
Piti mwen an,
Piti mwen an, ki te mouri ak yon kout wòch…

Lè flanbo lalibète Christophe te touche syèl la

Nan landegras 1801
Napoléon Bonaparte, Premye konsil franse, Voye je l lòtbò dlo sou koloni Saint Domingue, Li gade li wè kontinan ameriken pi dèyè ;
Li rele bòfrè li, jeneral Leclerc, li di li : Leclerc, debake nan Saint Domingue Arete, depòte, frape bòt ou sou zile
Pou tout moun, blan kou nwa, tande w ; Mete Toussaint Louverture anba fè
Ki pèmèt li derespekte Napoléon Bonaparte ! Anchene bann sovaj afriken l yo sou bitasyon yo ; Lè ou rive Cap-Haïtien,
Kajole, menase, flate Jeneral Christophe ; Mwen tande li fin gen foli grandè.
Fevriye 1802 nan rad Cap-Haïtien Lè flòt franse a te pwoche,
Yo di tèlman li te lou
Li te fè lanmè a monte ;
Non, se pa t pwa mas sòlda ki te nan vant bato yo Non se pa t pwa kanno ki te vin bonbade lalibète Non se pa t pwa mèb Pauline Bonaparte te anbake Pou te vin prelase l Saint Domingue ;
Non, se te pwa chenn ak feray yo te pote Pou anchene
Nèg vanyan ki te fin goute libète
Nèg vanyan ki te kite mak tout pye yo Ak mak lalibète
Nan tout mòn, nan tout chan kann koloni a…
Leclerc te voye emisè Lubin kote Christophe Al pote pawòl donè ak pawòl pèfidi…
« Premye konsil Bonaparte voye konplimante Christophe kòm vanyan gason,
E li mande ou, an bon sòlda la France Pou remèt kle vil bay jeneral Leclerc. »

Christophe to voye Lubin tounen ak yon repons brital :
« Si m pa gen zòd jeneral Toussaint, Pèsonn p ap rantre nan vil Au Cap ;
E si jeneral Leclerc ta debake san otorizasyon Se nan lafimen ak sou sann l ap debake,
E menm sou sann sa yo
M ap fout kwaze fè avèk li. »
Vil Cap-Haïtien te pran yon sezisman
Lè jeyan an, jeneral Christophe, te plonje soti, Bra li leve, prèske touche syèl la,
Epe vanjans nan yon men, Flanbo libète nan yon lòt. Yo di gen yon vwa k te rele :
« Jeneral, Jeneral veye pou pa mete dife nan syèl la. »
Men nan moman sa yo,
Christophe pa t pè ni lanfè, ni lesyèl ; Li mache sou bitasyon yo,
Sou kazèn, sou tout gwo moniman lavil la, Li flanbe yo san bra li pa tranble !
Popilasyon an sezi : « Mon général, votre palais ! Palè w la ap boule ! »
« Mwen se Christophe le Bâtisseur ! Se pa palè m nan sèlman,
Se tout zile a k ap fout boule,
Si etranje pile tè sa a pou vin manke lalibète dega ! Sòlda ! Rale zam nou ! Limen flanbo nou !
N a fout rebati ! »
Men Christophe tout kò li tounen yon poto chabon dife K ap wouji nan fè nwa a,
Chak pawòl nan bouch li soti ak lafimen ak flanm, Men Christophe k ap ensandye vil Au Cap, Napoléon te fin pwomèt Pauline
Kòm ti Versailles nan zile yo.

Leclerc sou lanmè a pa t vle ni wè, ni kwè :
Quel est ce fou furieux ?
Quelle est cette race démente ?
Kote Toussaint, ban m Toussaint ?
Fè Toussaint mete lòd nan zile Napoléon an !
Leclerc ak sòlda li yo debake nan yon lanfè,
Kote se la fimen, sann ak fantòm ki t ap tann yo ;
Men yo pa t kapab pase ni fè, ni chenn,
Nan pye fantòm.
Apre prèske 2 lane,
Lè kadav plis pase 40,000 anvayisè
Te fin mele sann yo ak sann nan tè boule Saint Domingue
Lè van lalibète te fin pouse lwen zile a
Vapè foli konkèt nan tèt konsil Bonaparte…
Christophe nan rèv grandè pa li
Te fè bati sou tèt Bonnet à l’Évêque
3 mil pye anlè tèt mòn Plaine du Nord
Sitadèl Henri Christophe
Yon manman moniman pou te defann manman
Libète e pwoklame nèg pa t ap janm esklav ankò
Nan premye repiblik nèg listwa limanite, Ayiti.

—Charlot Lucien

[Ti goute ki soti nan rekèy powèm La tentation de l'autre rive / Tantasyon latravèse, ed. Trilingual Press, 2013.]

Powèm pa Gary Daniel

(Pwezigòl bileng ann ayisyen e ann angle)

Bawon (3-4-3)

labanyè refij granparan
lapèsonn fè-n pè manyen
nanmèy pa genyen

Respè (3-4-3)

kwi chavire bridsoukou
antere mouri grangou kanpe
tonbo lavi blanchi

Degou (2-3-3-2)

fyèl pete
jayi gou endezirab
mele jwisans vyann
jennen palèt

Amikal (3-4-3)

jwè atè choke
voye boul la touch
abit rele doktè

Atakan (3-4-3)

jwe jwèt di
kabre drible pase choute
boulchosèt chire filè

Lanmou (4-2-4)

maryaj sekirite seksyèl amoni
selebrasyon lavi
asirans dekouvèt lespwa jodi

Koupe (4-3-3)

dwete woule mouye tranpe
rantre goyinen dous
ede fonn bwa gayak

Soup (3-4-3)

bon joumou jòn
Legim kawòt navè vyann
bòl-anm plen… m’gou

Fyète (3-3-4)

tèt-an m byen dwat
tonmak-anm anlè bonbe
opa kaporal-anm map vanse.

—Gary Daniel

[Ekstrè nan koleksyon powèm bileng (ayisyen angle) Foutbòl lavi 2 a 1 / Life Soccer 2 to 1, k ap pibliye pa Trilingual Press nan mwa jen 2021.]

Powèm pa Tontongi

Mache-an-fè nan Pòtoprens an jiyè 2018, anvan dènye dife ki dekonstonbre l la.

Laglwa yon jou 17 oktòb

(Dedye a manifestan ayisyen yo k ap goumen kont koripsyon gouvènman an)

Mwen bese chapo m ba
pou ou sòlda brav nan lari yo
depi lontan yo bani
nan lavi a kè sere
lwen nan silans laterè,
an deyò gid konpa
konsyans nou an pou klerè.

M ap toujou onore jou sila a
yon jou 17 Oktòb ansoleye
ansanm ak tapaj nan yon
Pòtoprens estoyikman an revòlt
jou yo te depalfini Anperè a
epi ou resisite
ideyal li yo pou lalibète
nan dyeksyon orizon enfini.

Mwen jwenn ak nou jou sa a
kè kontan nan solidarite
ak kòz nòb ou a, o pèp !
e ak sila yo ki mouri yo
anba men Malfrezi.
Se pou kri ak rebelyon w
pou yon lemond miyò jwenn eko
nan pouswit chak jou labèlte.

—Tontongi

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com