Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com



Sou asasinay Jovenel Moïse la

—pa Tontongi vèsyon revize jou 24 jiyè 2021

Nan lannwit madi rive mèkredi 7 jiyè 2021, kouwè nan yon fim Francis Coppola, yon pwosesyon djip 4x4 fofile silansyezman nan riyèl katye Pelerin 5 ki mennen nan rezidans prive fanmi Moïse yo nan Petyonvil. Daprè yon anrejistreman odyo Martine Moïse pibliye pita sou Twitter ak enfòmasyon li bay FBI, lè koup Moïse la tande kout tire mitrayèt yo, Jovenel di l : « Cheri nou mouri. » Konsa yo ale kache anba kabann lan, apre yo òdone de pitit yo ki te nan kay la pou y al kache nan twalèt la. « San nou pa ba t zye nou, mèsenè yo antre nan kay mwen e krible mari mwen ak bal », manmzèl di1.

Manifestan anti-Jovenel Moïse sou Channmas jou 17 oktòb 2018 k ap mande remèt lajan PetroCaribe la.

Manifestan anti-Jovenel Moïse sou Channmas jou 17 oktòb 2018 k ap mande remèt lajan PetroCaribe la.

Lapolis ayisyen di 26 nan 28 mèsenè ki patisipe nan asasinay prezidan an se Kolonbyen, de ladan yo Ayisyen-Ameriken. Daprè nimewo 11 jiyè jounal New York Times la, Kolonbi konfime ke 13 nan sispèk yo arete yo se ansyen manm lame kolonbyen, lapolis ayisyen touye de ladan yo. Jounal la di tou kèk nan mèsenè kolonbyen yo rive ann Ayiti depi mwa d me ; yo vwayaje al Panama, pase nan Repiblik dominikèn e finalman tabli yo ann Ayiti. De Ayisyen natiralize Ameriken, James J. Solages, 35 an, e Joseph Vincent, 55 an, fè pati de mèsenè ki akonpli zak la. Yo di yo te sèvi senpleman kòm entèprèt pou konplotè yo2.

Imaj deplwayman sa a—plis lefèt ke pa gen okenn lòt moun ki ni grafouyen ni twomatize—fè anpil kritik panse ke se yon aksyon ki soti nan sen rejim lan menm. Kritik Raoul Noster Etienne, ansyan manm PHTK, di sou WhatsApp fòk nou « pa chache lanmò Jovenel lwen, se rat kay ki manje pay kay », li bay yon long lis rezon ki fè sa.

Direktè jounal Haiti Times la, Gary Pierre-Pierre, di kareman se yon frap moun nan kay : « Gen kèk moun k ap gade asasinay la daprè yon optik politik pwiske, aprè tou, Moïse te prezidan. Evalyasyon sa a ap fo. Daprè mwen zak sa a te yon frap mafya. Li te pèsonèl. Asasen yo krible nonm lan ak bal, yo kraze zye li e kase bra l ak kou l—prezimeman anvan yo rafle yon fiziyad kont li ak madanm li Martine Moïse. Li toujou ap goumen pou lavi li nan lopital Jackson Memorial nan Miyami pandan m ap ekri liy sa yo. Se te klèman yon mesaj. »

Pierre-Pierre menm sigjere gouvènman etazinyen an te ka o kouran de li paske « li absoliman enposib ke ajans lan [CIA] pa t o kouran de konplo a, paske youn nan bagay nou klèman aprann pandan rejim orib Trump lan sè ke yo woutinman siveye chak dirijan etranje ak alye yo »3.

Gen tandans pami sèten moun pou fè aksyon an pase tankou se yon frap « mèsenè » oswa atak pwisans etranje ki pa renmen Ayiti. Se pa nesesèman kòrèk paske yon mèsenè se sèlman sa yo rele ann angle yon “hired hand”, yon mendèv ou anplwaye pou ede akonpli yon pwojè militè espesifik. Li nòmalman enplike e siyifye ke gen yon moun, yon gwoup oswa yon òganizasyon oswa yon peyi ki dèyè e otè pwojè a. Kiyès yo ye ? Se sa yon ankèt serye dwe montre.

Daprè jounal New York Times, gen yon twazyèm Ayisyen, Doktè Christian Emmanuel Sanon, 63 an, otorite ayisyen arete kòm sispèk nan asasinay prezidan an. Chèf lapolis la, Léon Charles, penn misye kou yon konplis enpòtan nan konplo a. « Li rive pa avyon prive en jen avèk objektif politik e kontakte yon ajans sekirite prive pou rekrite moun yo ki komèt zak la », jounal la site chèf lapolis ayisyen. Ajans sekirite a se yon konpayi venezyelyen ki rele CTU ki baze o Zetazini, jounal la di.

De Ayisyen yo arete yo di jij la objektif aksyon an se pa t pou touye prezidan an, men mennen l nan palè a (men yo pa bay plis detay poukisa). Chèf lapolis la di « misyon inisyal yo te bay atakan yo se te pwoteje moun yo rele Emmanuel Sanon an, men apre sa misyon an chanje », jounal la rapòte.4

CNN jounen 16 jiyè a site chèf Lapolis Nasyonal Kolonbi a, jeneral Jorge Vargas, ki deklare ke yon ansyen ofisyèl Ministè Lajistis ayisyen an, Joseph Felix Badio, se « yon aktè kle nan asasinay prezidan Ayiti a (…) Nou panse kat ofisye lapolis te travay ak Badio pou netralize polisye ki alantou kay prezidan an pou fasilite aksè. Yo arete youn nan ofisye yo, twa lòt yo nan mawon ». Jounal la di tou biwo pwokirè Pòtoprens lan te pibliye yon manda d arè kont Badio pou « asasinay ak vòl ame kont Prezidan Moïse »5.

Natirèlman, enfòmasyon sa yo—ke moun pa nesesèman oblije fè konfyans—se pwent tèt isbè a, pi gwo rès pati li kache anba dlo…

Yon asasinay repiyan

Menm si mwen te opoze ak politik gouvènman l lan e siyen lèt pou li demisyone lane anvan an, se avèk yon kè mare e yon santiman apreyansyon mwen te resevwa nouvèl lanmò Jovenel Moïse ak tantativ asasinay madanm li anba men asasen. Sepandan asasinay Jovenel Moïse lan pa fè m sipriz ditou ; anfèt nan plizyè okazyon mwen te gen entwisyon posiblite sa ka rive etandone blokaj konplè misye koze nan peyi a, etandone tou asosyasyon li—aktif oswa tasit—avèk gwoup gangstè k ap teworize popilasyon an depi yon sèten tan.

Misye sanble tou li t ap fè lanmò filalang, antouka se enpresyon mwen te genyen lè mwen te wè l sou videyo nan kanaval Pòdepè a an fevriye 2021, ansanm ak madanm li, Martine. Cha youn nan djaz yo an patikilye estope devan estand ofisyèl komite òganizasyon kanaval la, kote Jovenel ak Martine Moïse kanpe, ak atitid moun an banbòch. Chantè prensipal djaz la, depi cha a, fè echanj salitasyon avèk Jovenel sou wopalè, li pwofese bay prezidan an lanmou patriyotik li toujou genyen pou li. Si yo te ret la, pa t ap gen anyen nan sa. Men, apre sa, chantè a mande prezidan an pou li kite estand kote l ye a pou vin ba l yon akolad. Misye menm egzije l, daprè egzòtasyon vwa li. E Jovenel, kou yon timoun ki pa ka reziste presyon admiratè l, desann estand lan e al monte sou cha a pou l al jwenn chantè a e yo bay youn ak lòt akolad.

Se te sètennman yon jès imilite bò kote prezidan an, men se te tou yon trivyalizasyon fonksyon prezidan an, e yon enpridans initil pou sekirite pèsonèl li. Te gen yon kote nan mwen ki te admire mank lespri serye jès la revele a, men lè w mete l nan kontèks Ayiti nan moman an, li te petèt siyifi tou misye gen kontwòl sila yo ki ka fè laterè yo e ke li pa pè ekspoze tèt li si nesesè.

Pa respè pou soufrans fanmi Moïse la ki t ap viv yon doub trajedi difèt zak orib sa a, mwen pa t di kouwè Malcolm X te di apre asasinay John F. Kennedy an 1963 : « Poul ki retounen vin repoze sou branch lakay yo pa janm fè m tris ; yo toujou fè kè m kontan », nan sans sa w fè se li w wè6. Non, mwen p ap di sa paske nou dwe kondane asasinay ak malfektasyon pou sa yo ye, endiferamman de non moun ki viktim ak moun ki lakoz yo. Sepandan, mwen ka di, si w kreye yon sitiyason eksplozif pa etone w si eksplozyon an atenn ou tou.

An jeneral kriz politik yo toujou jwenn yon fason pou yo rezoud tèt yo oubyen jwenn yon kanal pou yo koule pi fò, keseswa pa vwa koudeta, demisyon, destitisyon, kowalisyon, oswa eleksyon. Pafwa tou se vwa asasinay oswa egzekisyon opozan kanalizasyon an pran : Janjak Desalin, Cincinnatus Leconte, Vilbrum Guillaume Sam, Chalmay Peralt, Jovenel Moïse.

Anplis de repiyans moral li fè m santi, mwen ret kwè asasinay politik pa repons ak kriz politik e souvan anpire pwoblèm yo. Asasinay Jules César an 44 avan Jezikri presipite pwosesis abolisyon Repiblik Romen an ; asasinay Abraham Lincoln an 1865 o Zetazini vin mennen ak siksesyon l pa Andrew Johnson, yon reyaksyonè ki mande pou asepte Eta sidis yo nan Inyon an san ni rekonèt ni pwoteje dwa moun ki te nan esklavaj yo ; asasinay achedik otrichyen Frantz Ferdinand Ludwig an jen 1914 nan Sarajewo, an Bosni e Herzegovin, te presipite premye Lagè Mondyal la. Asasinay Vilbrum Guillaume Sam an jiyè 1915 te itilize kòm jistifikasyon pou okipasyon Ayiti pa Etazini.

Ojis, se plis moun nan kan politiko-ideyolojik mwen senpatize ak yo a ki plis viktim asasinay politik : Dutty Boukman, Jean-Paul Marat, Janjak Desalin, Patrice Lumumba, Martin Luther King, Malcolm X, Gasner Raymond, Antoine Izméry, Jean Dominique, Marielle Franco, Diego Charles, Antoinette Duclair, elatriye.

Kiyès asasinay la benefisye

Lè yon asasinay politik rive kesyon ki pou poze se kiyès ki benefisye de li. Se sèten se pa pèp ayisyen an ki benefisye de krim kont fanmi Moïse yo, paske se plis kawo, enstabilite ak ensekirite l ap koze nan peyi a. Anfèt, nan woulawoup vyolans peyi d Ayiti tonbe a depi dènye twa ane yo, se plis pèp ayisyen ak sa ki pi pov yo ki viktim de li, paske vyolans la koze ensekirite e ensekirite koze lavi chè, fèmti travay, fèmti lekòl, mank ravitayman, rarite resous, elatriye. Epitou, li ankouraje sila yo ki ta renmen pou yon rejim fò, san manman e krazezo vin pran pouvwa (alamanyè vyolans ak enstabilite nan ane 1910–1915 ak ane 2001–2004 ke fòs anti-pèp yo te itilize kòm jistifikasyon pou entèvansyon enperyalis ann Ayiti).

Benefisyè imedyat asasinay Jovenel Moïse la se ansyen premye minis Claude Joseph, ki itilize absans Moïse pou l ret o pouvwa alòske misye te deja revoke l e ranplase l pa Ariel Henry (ki t ap tann ratifikasyon). Sa pa vle di ditou se misye ki otè zak la, men li endike gen yon sèten sektè politik asasinay la favorize pa yon sòt de benefis kolateral.

Byenke se sèten peyi a bezwen yon deblokaj apre senk ane enpas politik, asasinay Jovenel Moïse la siseptib pou l rann sitiyasyon sosyal, ekonomik e politik la pi malouk, pi destabilize, donk pi pwoblematik pou moun san mwayen yo.

Estad entèmedyè ankèt la

Twa semèn apre asasinay la, pa gen okenn pis kredib ankèt la devwale. Chèf lapolis la, Léon Charles, di yo arete yon total 26 sispèk, pami yo 18 ansyen sòlda Kolonbyen ; yo arete tou 7 ofisye polis wo grade ki fè pati sekirite prezidan an, men yo pa chaje yo fòmèlman. Gouvènman de dwat Iván Duque Márquez nan Kolonbi lonje dwèt sou Christian Emmanuel Sanon ak Joseph Felix Badio kou otè entelektyèl e finansye zak la ; lòt sektè lonje dwèt sou Claude Joseph, ki finalman demisyone anba presyon, men yo ba li pozisyon minis zafè etranje nan nouvo gouvèn Ariel Henry a.

Avèk entwodiksyon FBI ak CIA nan envestigasyon an, sanble Core Group la, ki gen vokasyon pran Ayiti an chay, prezante tèt li kou jij ak desidè desten peyi a. Men genyen tou fòs popilè yo ak yon pati enpòtan klas entelektyèl la ki mande pou yon gouvènman pwovizwa ki reprezantatif, sètadi ki regwoupe fòs popilè yo k ap goumen depi lontan yo pou yon Ayiti miyò.

Soupson ki te plane sou Joseph Claude alantou asasinay Moïse la san dout amwendri rezistans misye kont presyon lwayalis kan Moïse la, pwiske mwens ke yon semèn apre l deklare tèt li premye minis toujou an fonksyon, li retire tèt li. Men jan Kim Ives, redaktè nan Haïti Liberté, karakterize chanjman ki fèt de Claude Joseph a Ariel Henry a : « Etazini, segonde pa lòt nasyon “Core Group” yo kouwè Lafrans, Kanada, Almay, Espay, ak Brezil, te pouse deyò Premye Minis Ayiti a Claude Joseph an favè Doktè Ariel Joseph, 71 an, ke yo enstale madi 20 jiyè. (…) Claude Joseph ak Ariel Henry toulè de se alye Etazini. » Kim Ives raple piblik la wòl Claude Joseph ak Ariel Henry nan dènye kou d men “Core Group” sa a ann Ayiti : « De konsè avèk wòl Joseph [ladan li], Henry te fè pati de “Conseil des sages” Etazini te konkòkte a ki te founi fasad pou fasilite transfè pouvwa a de Aristid a Premye minis defakto a Gérard Latortue apre koudeta 29 fevriye 2004 la.»

Pou sa ki konsène ankèt la limenm, mwen gen enpresyon otè veritab asasinay la ap pwopaje lafimen pou kreye nwaj pou byen kache pis ak endis yo ki ka mennen ak yo. Mwen dakò ak kritik Gary Pierre-Pierre ki di Etazini konnen plis ke l fè sòti : li itilize privilèj enfòmasyon li posede yo pou l kenbe tout moun ak tout sektè politik yo anba sispektasyon—kidonk, sou kontwòl.

Yon ideyal chanjman

Pandan kat ane edmi prezidans Jovenel Moïse la dire a, peyi a anfonse e mangonmen nan enstabilte, ekonomi an nan resesyon konstan, inegalite yo ak soufrans pèp la anpire. Daprè òganizasyon Centre d'analyse et de recherche des droits de l'homme (CARDH), yon pakèt krim e ensandi kriminèl pwopaje nan peyi a, kidnaping ogmante de 27 an mas ak 91 an avril jiska 200 an jen 2021 (yon mwa anvan asasinay Jovenel Moïse)7. Depi 2018 tout yon layite seri manifestasyon kontinye mande gouvènman an pou l remèt lajan fon PetroCaribe yo, rele an jistis koupad koripsyon yo ansanm ak demisyon prezidan an. Nan dènye de lane yo Leta rekile toupatou e pratikman refize fè travay yon sosyete nòmal t ap atann li de yon gouvènman. Alafen Jovenel Moïse efektivman fèmen Palman an e refize òganize eleksyon lejislatif, avèk sèlman dis senatè ki rete an fonksyon. Gouvènman l lan te dèyè (e koule dlo frèt sou envestigasyon) plizyè masak inosan ak opozan. Se pa dekrè li t ap gouvène, souvan pou pran desizyon an favè klan ak klas ki sipòte l yo.

Alaverite, se pa Jovenel Moïse sèlman ki responsab de pwoblèm Ayiti yo, se tout yon klas e sektè de voryen san etik e san konsyans ki otè degradasyon an. Sitiyasyon kriz kawotik ak enpwisans Leta Ayiti tonbe jodi a se rezilta akimilasyon koudeta militè an seri, envazyon etranje, okipasyon onizyen, restorasyon divalyeris ak rejim banditis peyi a viv dènye senkant ane ki sot pase yo. Se aboutisman yon pwosesis pourisman ak degradasyon ki kòmanse depi 1957, depi avènman Divalye yo. E li se konsekans negatif aksyon reyaksyonè boujwazi parazit la ki jwenn avèk milye enperyalis entènasyonal yo pou fè echwe tout pwojè liberasyon ak devlopman pèp la ak peyi a konsevwa e chache met sou pye.

Se defi sa a ki poze kounye a, yon defi pou deside chwazi ant, yon kote, rete nan kawo banditis la oswa retonbe nan yon fachism ki aliyen ak pwojè neokolonyalis yo—oswa, yon lòt kote, fòmile yon reyaliyman estratejik pou yon nouvo pwojè politik liberasyonèl, nan sans deklarasyon yon kowalisyon patriyòt fè soti kote yo mande pou inite fòs demokratik yo : « Nou lanse yon apèl ak tout fòs chanjman yo pou òganize yon blòk solid, detèmine e angaje nan konstwiksyon yon peyi kote n ap kapab viv nan diyite, nan respè youn pou lòt ak respè pou lavi, an sekirite. »8

Finalman, mwen espere krim sa a sèvi kòm motivasyon pou chache yon solisyon politik, sètadi non-militè e non-entèvansyonis, nan kriz politik ayisyen an. Se yon eta de dwa ak lajistis ki te dwe jije krim Jovenel Moïse ak asosye l yo koze kont peyi a ; se pa ni asasen, ni mèsenè, ni frè-lennmi ganstè, ni bon-papa enperyalis ki gen otorite sa a.

Yon nesesite pi imedyat se òganizasyon yon gouvènman de sovtay piblik pou remèt peyi a sou yon vwa rasyonèl pou l ka reprann kap li e òganize eleksyon lib e demokratik—sètadi non kontwole pa ni sektè anti-pèp yo ni parennaj enperyalis—kote pèp la ka, veritableman, fè tande vwa li.

(Jiyè 2021)

Nòt

1.Haiti president’s assassination: What we know so far, bbc.com
2.Colombia says 13 of its ex-soldiers are among suspects in Haiti New York Times, 11 jiyè 2021.
3.Gary Pierre-Pierre, Mourning Haiti’s Moïse, who stood alone on an island, Haiti Times, 9 jiyè 2021, tradui de angle pa noumenm.
4.Tcheke Catherine Porter, Haiti’s police chief suggested a Florida-based doctor arrested in the president’s killing was plotting to assume the presidency, New York Times, 11 jiyè 2021.
5.Former Haitian justice official emerges as alleged key figure in President’s assassination, CNN, 16 jiyè 2021
6.Chickens coming home to roost never did make me sad; they've always made me glad. Malcolm X te petèt t ap panse ak lagè Vyetnam lan, antouka metafò Malcolm X lan te enplike genyen yon sòt jistis imanan ki toujou posib menm lè moun toupwisan yo sanble kraze-brize nan enpinite.
7.Kim Ives, Washington Chooses Ariel Henry for PM as more details about Moïse murder emerge, Haïti Liberté, 14–21 jiyè 2021.
8.Rencontre de concertation entre la société civile organisée et les secteurs politiques / Communiqué N°1 (8 juillet 2021), yon apèl trileng ki pibliye tou nan revi Tanbou jou 11 jiyè 2021. Tradiksyon pa nou de franse, atik sa a pibliye egalman sou revi Tanbou, 12 jiyè 2021 e revize 24 jiyè 2021

Page d’accueil • Sommaire de ce numéro • Contribution de texte et de courrier: Editeurs@tanbou.com